Ekriti yo
Mozya 4


Chapit 4

Wa Benjamen kontinye mesaj li—sali a vini pa Ekspyasyon an—Kwè nan Bondye pou nou kapab sove—Asire padon pou peche nou yo pa mwayen fidelite—Pataje byen nou yo avèk pòv yo—Fè tout bagay nan sajès ak nan lòd. Anviwon 124 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, lè wa Benjamen te fin pale pawòl sa yo zanj Senyè a te ba li a, li te voye je l alantou sou foul moun yo, e li te wè yo te tonbe atè, paske lakrent Senyè a te vini sou yo.

2 Epi yo te wè tèt yo nan yon sitiyasyon chanèl, menm pi ba pase pousyè tè a. Epi yo tout te kriye ansanm avèk yon sèl vwa, yo di: O, gen mizèrikòd, e aplike san ekspyatwa Kris la pou nou kapab resevwa padon pou peche nou yo, e pou kè nou kapab pirifye; paske nou kwè nan Jezikri, Pitit Gason Bondye a ki te kreye syèl la ak tè a ak tout bagay ki pral desann nan pami lèzòm.

3 Epi, se te konsa, lè yo te fin pale pawòl sa yo Lespri Senyè a te vin sou yo, e yo te ranpli ak lajwa, paske yo te resevwa padon pou peche yo, e paske yo te gen lapè nan konsyans yo, poutèt gwo lafwa yo te genyen nan Jezikri ki te gen pou l vini, daprè pawòl wa Benjamen te pale avèk yo.

4 Wa Benjamen te louvri bouch li ankò e li te kòmanse pale avèk yo, li di: Frè m yo ak zanmi m yo, fanmi m yo ak pèp mwen an, m ta vle atire atansyon nou ankò, pou nou kapab tande ak konprann rès pawòl m pral pale nou yo.

5 Paske gade, si nan moman sa a, konesans bonte Bondye a te reveye sans nou pou fè nou konnen nou pa anyen, nou san valè, e nan sitiyasyon moun ki chite—

6 M ap di nou, si ou vin gen konesans konsènan bonte Bondye, ak pouvwa enkonparab li a, ak sajès li, ak pasyans li, ak andirans li pou byen pitit lèzòm; epi tou, ekspyasyon li a ki te prepare depi nan fondasyon mond lan, pou sali a ki vini pou moun ki mete konfyans nan Senyè a, epi ki respekte kòmandman li yo avèk dilijans, e ki pèsevere nan lafwa menm jouk nan finisman lavi kò mòtèl la—

7 M ap di, se moun sa a ki resevwa sali, pa mwayen ekspyasyon ki te prepare depi nan fondasyon mond lan pou tout limanite, ki te la depi chit Adan an, oubyen ki la e ki pral la pou tout tan, menm jouk nan finisman mond lan.

8 Epi se fason sa a sali a vini. Epi pa gen okenn lòt sali eksepte sa yo te pale a; epi tou pa gen okenn kondisyon pou lèzòm sove, eksepte kondisyon m te di nou yo.

9 Kwè nan Bondye; kwè li egziste, kwè li te kreye tout bagay nan syèl la ak sou tè a; kwè li gen tout sajès, ak tout pouvwa, ni nan syèl la ni sou tè a; kwè lèzòm pa konprann tout bagay Senyè a kapab konprann.

10 Epi ankò, kwè nou dwe repanti nan peche nou yo, abandone yo, epi imilye tèt nou devan Bondye; mande avèk yon kè sensè pou l padone nou; e kounyeya, si nou kwè tout bagay sa yo, pratike yo.

11 Epi m ap di nou ankò, menm jan m te di nou anvan an, kòm nou te vin gen konesans konsènan glwa Bondye, oubyen si nou te vin konnen bonte l e nou te goute nan lanmou l, e si nou te resevwa padon pou peche nou yo, sa ki te lakòz kantite jwa sa a nan nanm nou, menm jan an tou, m ta renmen nou sonje e pou nou toujou kenbe nan memwa nou grandè Bondye ak eta nil nou an, ak bonte li ak pasyans li pou nou menm kreyati endiy, epi pou nou imilye nou menm jouk nan pwofondè imilite a, pou nou rele non Senyè a chak jou, e kanpe fèm nan lafwa bagay ki gen pou fèt, bagay bouch zanj la te pale yo.

12 Epi gade m ap di nou, si nou fè sa, n ap toujou rejwi, e n ap ranpli avèk lanmou Bondye, e n ap toujou kontinye gen padon pou peche nou yo; e konesans nou ap progrese nan laglwa moun ki te kreye nou an, oubyen nan konesans bagay ki jis epi ki vrè.

13 E nou p ap mete nan lide nou pou youn fè lòt mal, men pou nou viv nan lapè e pou nou bay chak moun daprè sa li merite.

14 Epi nou p ap kite pitit nou yo ret grangou, oubyen toutouni; epi tou nou p ap kite yo transgrese lwa Bondye yo, pou yo goumen, e pou youn fè lobo avèk lòt, e pou yo sèvi dyab la, ki se mèt peche, oubyen ki se lespri malen zansèt nou yo te pale a, paske li se ènmi lajistis.

15 Men nou va, ansenye yo pou yo mache nan chemen verite ak sajès; ansenye yo renmen pou youn lòt, epi pou youn sèvi lòt.

16 Epi, noumenm, sekouri moun ki bezwen sekou nan men nou; pataje byen nou yo avèk moun ki nan bezwen yo; e pa kite mandyan an sipriye nou pou granmesi, epi pa voye l al peri l pou l peri.

17 Petèt nou va di konsa: moun nan te atire pwòp mizè l; se poutèt sa m ap rale men m, e m p ap ba li nan manje m, epi tou m p ap pataje byen m avèk li pou l pa soufri, paske pinisyon l yo jis—

18 Men m ap di nou, O, mesye nenpòt moun ki fè sa, moun sa gen bonjan rezon pou l repanti; e si li pa repanti pou bagay sa a li te fè a l ap peri pou tout tan, e li pa gen plas nan wayòm Bondye a.

19 Paske gade, èske nou tout pa mandyan? Èske nou tout pa konte sou menm Moun nan, Bondye menm, pou tout byen nou genyen, ni pou manje ni rad, pou lò ak lajan e pou tout kalite richès nou genyen?

20 Epi gade, kounyeya menm, nou te fèk ap rele non li pou nou mande l padon pou peche nou yo. Èske li te kite nou mande anven? Non; li te vide Lespri l sou nou, e li te fè kè nou ranpli avèk lajwa, epi li te fè bouch nou fèmen, nou te san pawòl, tèlman nou te gen anpil jwa.

21 E kounyeya, si nou konte sou Bondye ki te kreye nou an, li pou ki ba nou lavi nou pou tout sa nou genyen ak tout sa nou ye a, akòde nou tout sa nou mande ki bon, avèk lafwa, paske nou kwè n ap resevwa, O, se plis ke yon devwa sou youn pataje byen li yo, avèk lòt.

22 Epi si nou jije moun ki mande nou nan byen nou, pou l pa peri a, e nou kondane l, ala jis kondanasyon nou an ap pi jis poutèt nou kenbe byen nou an, ki pa pou nou, men ki pou Bondye ki se mèt lavi nou an; e malgre sa nou pa sipliye ni repanti pou bagay nou te fè a.

23 M ap di nou, malè pou moun sa a, paske byen l yo ap peri avèk li; kounyeya, m di bagay sa yo pou moun ki rich avèk bagay mond sa a.

24 Epi ankò, m ap di pòv yo, nou menm ki pa genyen, men ki gen ase pou nou kapab viv jou apre jou; m vle di tout moun ki pa bay mandyan yo, paske nou pa genyen; m ta renmen nou ta di nan kè nou: m pa genyen, men si m te genyen m ta p bay.

25 E kounyeya, si nou di sa nan kè nou, nou p ap koupab, san sa n ap kondane; e kondanasyon nou an jis paske nou konvwate sa nou pa t resevwa.

26 E kounyeya, akoz bagay m te pale nou yo—ki vle di pou nou kapab toujou gen padon pou peche nou yo jou apre jou, pou nou kapab mache san repwòch devan Bondye—m ta renmen pou nou pataje byen nou ak pòv, chak moun dwe bay daprè sa li genyen, tankou bay moun ki grangou manje, abiye moun ki toutouni, vizite moun ki malad yo e ba yon soulajman espirityèl, ak tanporèl, daprè bezwen yo.

27 Epi fè tout bagay sa yo nan lasajès ak nan lòd; paske li pa nesesè pou yon moun kouri plis pase kouraj li. Men nan yon lòt sans, li nesesè pou yon moun dilijan, pou l kapab ranpòte viktwa; se poutèt sa, tout bagay dwe fèt nan lòd.

28 Epi m ta renmen nou sonje ke nenpòt moun ki prete nan men vwazen l dwe remèt bagay li te prete a, daprè jan kondisyon an te ye a, san sa n ap fè peche; e petèt n ap fè pwochen nou an fè peche tou.

29 Epi finalman, m pa kapab di nou tout fason nou kapab fè peche; paske gen anpil fason ak mwayen, tèlman gen anpil m pa kapab konte yo.

30 Men sèlman sa m kapab di nou, si nou pa veye tèt nou, ak panse nou yo, ak pawòl nou yo, ak aksyon nou yo, pou nou respekte kòmandman Bondye yo, e kontinye nan lafwa bagay nou te tande konsènan vini Senyè nou an, menm jouk nan finisman vi nou, nou dwe peri. E kounyeya, O mesyedam sonje e pa peri.