Ekriti yo
2 Nefi 10


Chapit 10

Jakòb eksplike ke Juif yo pral krisifye Bondye yo a—Yo pral dispèse jistan yo kòmanse kwè nan Li—Amerik pral yon tè libète kote okenn wa p ap gouvène—Rekonsilye avèk Bondye epi jwenn sali pa mwayen gras Li. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Epi, mwen menm Jakòb, m ap pale avèk nou ankò, frè byenneme m yo, konsènan abranch ki jis m te pale a.

2 Paske gade, apwomès nou te resevwa yo, se pwomès n ap jwenn pandan nou nan kò fizik la; se poutèt sa, jan yo te montre m nan, anpil nan pitit nou yo pral peri nan kò fizik la poutèt enkredilite, men, Bondye pral gen mizèrikòd pou anpil ladan yo; e pitit nou yo pral restore, pou yo kapab vin jwenn bagay ki pou ba yo vrè konesans konsènan redanmtè yo a.

3 Se poutèt sa, jan m te di nou an, li nesesè pou Kris la—paske, yèswa, azanj la te di m se konsa yo pral rele l—dwe bvini nan pami Juif yo, nan pami moun ki pi mechan nan mond lan; e yo pral ckrisifye l—paske, se konsa Bondye nou an vle l, e pa gen okenn lòt nasyon sou tè a ki t ap dkrisifye eBondye pa yo.

4 Paske, si gwo amirak sa yo ta fèt nan pami lòt nasyon yo, yo t ap repanti; e yo t ap konnen li se Bondye yo a.

5 Men, poutèt aentrig prèt ak inikite yo, moun ki nan Jerizalèm yo pral fè kou rèd kont li, pou yo kapab krisifye l.

6 Se poutèt sa, poutèt inikite yo, destriksyon, famin, lapès, ak masak pral tonbe sou yo; e moun ki pa detwi yo pral adispèse nan pami tout nasyon.

7 Men gade, aSenyè Bondye a te di: b jou a vini pou yo kwè nan mwen, pou yo konnen m se Kris la, lè sa a, jan m te fè alyans avèk papa yo a, y ap restore nan kò fizik la, sou tè yo te eritye a.

8 E Bondye di konsa, epi, se pral konsa, yo pral arasanble pou sòti tout kote yo te dispèse yo, nan bzile ki sou lanmè yo ak kat kwen tè a; e nasyon Janti yo pral vin gran devan je m, pou cpote yo ale nan tè eritaj yo a.

9 aWi, wa janti yo pral papa pou nouri yo, e rèn yo pral sèvi yo manman pou nouri yo; se poutèt sa a, bpwomès Senyè a fè Janti yo gran anpil, paske, li te di sa, e kiyès ki kapab opoze?

10 Bondye te di gade, tè sa a pral tè eritaj nou, e aJanti yo pral beni sou li.

11 Epi, tè sa a pral yon tè alibète pou Janti yo, e p ap gen okenn bwa sou tè sa a, nan pami Janti yo.

12 Epi, m ap fòtifye tè sa a kont tout lòt nasyon.

13 Epi, Bondye di: nenpòt moun ki agoumen kont Siyon ap bperi.

14 Paske yon moun ki leve yon wa kont mwen l ap peri, paske, mwen menm Senyè a, awa syèl la, se mwen menm k ap wa yo, e m ap tounen yon blimyè pou tout tan pou moun ki koute pawòl mwen yo.

15 Se poutèt sa, pou aalyans mwen te fè avèk lèzòm yo kapab akonpli, pandan yo nan kò fizik la, li nesesè pou m detwi bzèv sekrè ctenèb yo ak masak ak abominasyon yo.

16 Epi, Bondye nou an di: Se poutèt sa a, yon moun ki goumen kont aSiyon, ni Juif ak Janti, ni esklav ak lib, ni gason ak fi pral peri, paske byo se postitye ki sou tout tè a; paske cmoun ki dpa pou mwen, yo ekont mwen.

17 Paske, m ap aakonpli pwomès m te fè pitit lèzòm yo pandan yo nan kò fizik la—

18 Se poutèt sa, frè byenneme m yo, Bondye di: m pral kite Janti yo aflije desandan nou yo; men m pral touche kè aJanti yo, pou yo kapab vin tankou yon papa pou yo; se poutèt sa, Janti yo pral bbeni e y ap c pati nan pami kay Izrayèl la.

19 Bondye di m, se poutèt sa, m pral akonsakre tè sa a pou desandan nou yo, ak moun ki pral konte nan pami desandan nou yo, pou yo eritye l pou tout tan; paske se yon tè ki pi bon pase tout lòt tè, se poutèt sa, m ap fè tout moun ki rete sou tè sa a sèvi m.

20 Epi kounyeya, frè byenneme m yo, etandone Bondye nou an, ki plen mizèrikòd la, te ban nou gwo konesans sa a, konsènan bagay sa yo; an nou sonje li, e an nou voye peche nou lòtbò; e pa pann tèt nou, paske Bondye pa chase nou. Malgre yo te apouse nou sòti nan tè nou te eritye a, nou jwenn yon bpi bon tè, paske Senyè a te fè cchemen sou lanmè a pou nou, e nou nan yon dzile ki sou lanmè a.

21 Men, pwomès Senyè a fè moun ki rete nan azile yo ki sou lanmè a gran anpil; kòm li di zile yo, dwe gen lòt ankò, e frè nou yo rete sou yo tou.

22 Paske, tanzantan, lè Senyè Bondye vle, li mennen kay Izrayèl la yon alòt kote. Epi kounyeya gade, Senyè sonje tout moun ki te debranche, se poutèt sa, li sonje nou tou.

23 Se poutèt sa, fè kè nou kontan, e sonje nou alib pou nou baji pou tèt pa nou—pou nou cchwazi chemen lanmò etènèl oubyen chemen lavi etènèl.

24 Se poutèt sa, frè byenneme m yo, rekonsilye nou avèk volonte Bondye, non pa avèk volonte dyab la, ak kò fizik la; e sonje lè nou fin rekonsilye nou avèk Bondye, se sèlman nan e pa mwayen alagras Bondye nou bsove.

25 Se poutèt sa, se pou Bondye leve nou sòti anba lanmò avèk pouvwa rezirèksyon an, e anba lanmò etènèl la avèk pouvwa aekspyasyon an, pou yo kapab resevwa nou nan wayòm etènèl Bondye a, pou nou kapab louwe l nan lagras diven an. Amèn.