Ekriti yo
2 Nefi 11


Chapit 11

Jakòb te wè Redanmtè Li a—Lwa Moyiz la reprezante Kris la epi li pwouve Kris la pral vini. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, lè sa a, aJakòb te pale anpil lòt bagay avèk pèp mwen an; men se sèlman bagay sa yo m te fè bekri, paske bagay m te ekri yo ase pou mwen.

2 Epi kounyeya, mwen menm, Nefi, m ekri plis nan pawòl aEzayi yo, paske nanm mwen pran plèzi nan pawòl li yo. Paske m ap aplike pawòl li yo nan lavi pèp mwen an, e m ap voye yo bay tout pitit mwen yo, paske li te wè bRedanmtè m nan reyèlman menm jan m te wè l la.

3 Epi, Jakòb, frè m nan, te a l tou, menm jan m te wè l la; se poutèt sa, m ap voye pawòl yo al jwenn pitit mwen yo pou m kapab pwouve yo pawòl mwen yo se verite. Se poutèt sa, avèk pawòl btwa moun, Bondye te di, m ap etabli pawòl mwen. Men, Bondye voye plis temwen, e li pwouve tout pawòl li.

4 Gade, nanm mwen pran plèzi pou l apwouve pèp mwen an verite konsènan baparisyon Kris la; se pou rezon sa a, nou te resevwa clalwa Moyiz la, e tout bagay Bondye te bay lòm depi nan kòmansman mond lan se reprezantasyon l.

5 Epi tou, nanm mwen pran plèzi nan aalyans Senyè a te fè avèk zansèt nou yo; wi, nanm mwen pran plèzi nan lagras li, nan lajistis li, ak pouvwa li, ak mizèrikòd li nan gran plan etènèl k ap delivre nou anba lanmò a.

6 Epi, nanm mwen pran plèzi pou l pwouve pèp mwen an si Kris ki se asovè a pa vini tout moun dwe peri.

7 Paske si apa gen Kris, pa gen Bondye; e si pa gen Bondye, nou pa egziste, paske pa t ap gen okenn bkreyasyon. Men gen yon Bondye, e li se Kris la, e l ap vini lè tan pa li rive.

8 Epi kounyeya, m ekri kèk nan pawòl Ezayi yo, pou nenpòt moun nan pami pèp mwen an ki wè pawòl sa yo kapab leve kè yo, e pou yo rejwi pou tout moun. Se pawòl yo sa, e nou kapab aplike yo nan lavi nou ak lavi tout moun.