Ekriti yo
2 Nefi 19


Chapit 19

Ezayi pale tankou Mesi a—Moun ki nan fènwa yo pral wè yon gwo limyè—Se li ki pral Prens Lapè a e li pral renye sou twòn David la—Konpare Ezayi 9. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Men tenèb yo p ap menm jan avèk lè te gen chatiman an, lè l te yon ti jan aflije apeyi Zabilon an ak peyi Neftali a, premyèman an, e apre sa, lè l te aflije yo pi rèd kote Lanmè Wouj, pa lòtbò Jouden an nan Galile nasyon yo a.

2 Pèp la ki t ap mache nan atenèb la te wè yon gwo limyè; moun ki rete nan peyi lonbraj lanmò yo, se sou yo limyè a te klere.

3 Ou te miltipliye nasyon an epi w te aogmante lajwa a—yo gen lajwa devan ou menm jan yo rejwi nan lamwason, menm jan yo rejwi nan fè piyay.

4 Paske w wete chay ki t ap pese li a, ou kase baton ki t ap frape zèpòl li a ak frèt ki t ap bat li a.

5 Paske nan chak batay solda a se gwo bri konfizyon, ak rad benyen nan san! men fwa sa a se pral dife ak flanm dife.

6 Paske, yon apitit fèt pou nou, yo ban nou yon pitit gason, e bgouvènman an pral chita sou zèpòl li; yo pral rele li Mèveye, Konseye, cBondye Toupuisan an, dPapa etènèl La, ePrens lapè a.

7 Pou agouvènman an pran chè, ak lapè bki p ap janm fini pou lòd sou twòn David la ak pou wayòm li a gen lòd e pou tabli l daprè lalwa ak lajistis depi kounyeya, pou tout tan, Senyè tout Lame yo pral deplwaye tout fòs li.

8 Senyè a te voye pawòl li bay Jakòb e li te klere aIzrayèl.

9 Epi, tout pèp la pral konnen, menm Efrayim ak abitan Samari yo, ki fè deklarasyon avèk lògèy epi fyète.

10 Brik yo tonbe, men nou pral pase wòch pou rebati yo pye m apou yo tonbe, men nou pral ranplase yo ak bwadchèn.

11 Se poutèt sa Senyè a pral monte tèt ènmi aRetsen yo kont li, e li pral mete tout ènmi li yo ansanm;

12 Siryen yo devan ak Filisten yo dèyè; e yo pral louvri bouch yo pou yo adevore Izrayèl. Epi, malgre tout bagay sa yo, bkòlè li pa p detounen, okontrè, men l fèk kare lonje.

13 Paske pèp la apa retounen vin jwenn moun k ap frape yo a, ni tou, yo pa chèche Senyè tout Lame yo.

14 Se poutèt sa, Senyè a pral rache tèt ak ke, branch ak fèy Izrayèl nan yon sèl jou.

15 Ansyen an se tèt la, e pwofèt k ap ansenye manti yo se ke a.

16 Paske dirijan pèp sa a lakòz yo egare; e moun ki resevwa direksyon nan men dirijan yo pèdi.

17 Se poutèt sa a, Senyè a pa ka kontan ak jèn gason yo, ni tou li p ap gen amizèrikòd pou moun ki san papa yo ak vèv yo: paske tout se ipokrit ak malfektè, e bouch yo pale pawòl moun ki bfou. Malgre tout bagay sa yo, kòlè li pa detounen, okontrè cmen l fèk kare lonje.

18 Paske, mechanste boule tankou dife; li pral devore raje yo ak pikan yo, li pral limen nan pwofondè forè a, yo fè anpil lafimen monte.

19 Peyi a vin fènwa poutèt kòlè Senyè tout Lame yo, e pèp la pral tankou gaz pou dife a; apèsonn p ap epaye pwòp frè l.

20 Epi, moun pral vòlè sou bò dwat, men l ap grangou; amoun pral manje sou bò goch, san l pa satisfè; chak moun pral manje vyann pwòp ponyèt li—

21 aManase, bEfrayim; epi Efrayim, Manase; yo pral tonbe ansanm kont cJida. Malgre tout bagay sa yo, kòlè li p ap detounen, okontrè, men l fèk kare lonje.