Ekriti yo
2 Nefi 8


Chapit 8

Jakòb kontinye li nan Ezayi: Nan dènye jou yo, Senyè a pral rekonfòte Siyon, epi Li pral rasanble Izrayèl—Moun ki sove yo pral vin nan Siyon, nan mitan gran lajwa—Konpare Ezayi 51 ak 52:1–2. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Koute m, ou menm k ap chèche lajistis. Gade awòch kote ou te sòti a ak twou kote yo te rale w sòti a.

2 Gade apapa w, Abraram ak manman w bSara, li menm ki te pote ou la; paske m te rele Abraram, e m te beni l.

3 Paske Senyè a pral konsole aSiyon, li pral konsole tout plas vid li yo; e li pral fè bdezè li yo vin tankou Edenn, epi dezè yo pral vin tankou jaden Senyè a. Pral gen lajwa, kontantman, remèsiman ak vwa k ap chante.

4 Koute m, pèp mwen an; e louvri zòrèy ou ban mwen, O, nasyon m nan; paske yon alalwa pral sòti nan mwen, e m pral fè jijman m sèvi yon blimyè pou pèp mwen an.

5 Lajistis mwen an tou pre, asali m nan te pwopaje e ponyèt mwen pral jije pèp la. bZile yo pral ret tann mwen, e yo pral fè ponyèt mwen konfyans.

6 Leve je w, gade nan syèl, e bese je w gade anba sou tè a; paske asyèl yo pral bdisparèt tankou lafimen, e tè a pral vin cgranmoun tankou yon vye rad, e moun ki ret sou li yo pral mouri menm jan an. Men sali m ap pou tout tan, e lajistis mwen p ap aboli.

7 Koute m, ou menm ki konnen lajistis, pèp ki gen lalwa m ekri nan kè li a. Pa a kritik lèzòm, e pa pè jouman yo.

8 Paske, vèmin pral manje yo tankou yon rad, e vè pral manje yo tankou lenn. Men lajistis mwen ap pou tout tan epi sali m pral depi nan yon jenerasyon a nan yon lòt.

9 Reveye w, reveye w! O, ponyèt Senyè a, mete afòs ou deyò; reveye w tankou nan tan lontan. Èske se pa ou menm ki te koupe tèt Raab e ki te blese dragon an?

10 Èske se pa ou menm ki te seche lanmè a, dlo ki fon anpil la; ou menm ki te fè yon awout sou pwofondè lanmè a pou rachte yo te pase?

11 Se poutèt sa, moun Senyè a te arachte yo pral retounen, e yo pral vin nan Siyon avèk bmizik; e lajwa etènèl ak sentete pral sou tèt yo: e yo pral resevwa kontantman ak lajwa; tristès ak clamantasyon pral vole ale.

12 Se amwen menm; wi, se mwen menm ki konsole w. Kisa ou ye pou ou b lòm ki pral mouri; e pitit lòm nan ki pral vin tankou czèb?

13 Epi, pou w abliye Senyè a ki te fè w la, ki te mezire syèl la, e ki te fè fondasyon tè a, e pou w pè kontinyèlman chak jou, poutèt kòlè opresè a, kòmsi li te pare pou l detwi ou? E kote kòlè opresè w la?

14 Prizonye an egzil la pral libere, e li k ap mouri nan twou a, ni tou p ap manke pen l.

15 Men, m se Senyè Bondye w la, avag mwen yo te gwonde; non mwen se Senyè tout Lame yo.

16 E m te mete pawòl mwen yo nan bouch ou, e m te kouvri ou anba lonbraj men mwen, pou m kapab gani syèl yo, pou m kapab fè fondasyon tè a, e pou m kapab di Siyon: gade, ou se apèp mwen an.

17 Reveye, reveye, kanpe, O Jerizalèm, ou menm ki te bwè nan atas bkòlè ki te nan men Senyè a—ou te souse dènye kras ma nan tas kòlè a—

18 Epi pa t gen onkenn moun pou mennen l nan pami tout pitit gason li te fè yo; ni tou pa t gen youn nan pitit gason li te fè yo ki te kenbe men l.

19 De apitit gason sa a yo vin jwenn ou, kiyès k ap gen lapenn pou ou—dezolasyon ou ak destriksyon ou la, famin nan ak epe a—e kiyès m pral fè konsole ou?

20 Pitit gason w yo te pèdi konesans, eksepte de sa yo; yo kouche nan tout lari yo; tankou yon bèf sovaj ki pran nan pèlen, yo ranpli avèk kòlè Senyè a, reprimand Bondye w la.

21 Se poutèt sa, tande sa kounyeya, ou menm ki aflije, ki asou san w pa bwè diven:

22 Senyè w la di konsa, Senyè ak Bondye ou la ap aplede kòz pèp li a; gade, m te retire tas plen kòlè m nan nan men ou, dènye kras tas kòlè m nan; ou p ap bwè l ankò.

23 Men, am pral mete l nan men moun k ap aflije ou yo; ki te di nanm ou konsa: Bese tèt ou pou nou kapab pase sou ou—e ou te lonje kò ou plat tankou tè a, e tankou lari a pou moun ki te pase yo.

24 aReveye, reveye, mete bfòs sou ou, O cSiyon; mete bèl rad ou sou ou, O Jerizalèm, ou menm vil ki sen an; paske apati jodi a, ensikonsi yo ak malpwòp yo dp ap vin kote ou ankò.

25 Retire pousyè a sou kò w; aleve, chita, O Jerizalèm; lage bkòd ki mare kou ou la, O ou menm pitit fi kaptif Siyon an.