Ekriti yo
2 Nefi 33


Chapit 33

Pawòl Nefi yo se verite—Yo temwaye konsènan Kris la—Moun ki kwè nan Kris la yo pral kwè nan pawòl Nefi a yo, ki pral sèvi kòm temwen devan tribinal jijman an. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Epi, mwen menm Nefi, m pa kapab ekri tout ansèyman pèp mwen an te resevwa; ni tou m pa a nan ekri menm jan m fò nan pawòl la; paske lè yon moun bpale avèk pouvwa Sentespri a, pouvwa Sentespri a pote pawòl la nan kè pitit lèzòm.

2 Men gade, gen anpil moun ki fè kè yo adi kont Lespri Sen an, konsa li pa gen plas nan yo; se poutèt sa, yo rejte anpil bagay ki ekri e yo pa pran yo pou anyen.

3 Men, mwen menm Nefi, sa m te ekri a, m ekri l nèt, e m konsidere l avèk anpil avalè, espesyalman pou pèp mwen an. Paske, bm priye tout tan pou yo lajounen, e je m mouye zòrye m nan nuit, poutèt yo; e m kriye nan pye Bondye m nan avèk lafwa, e m konnen l ap tande kriye m.

4 Epi m konnen Senyè Bondye a pral konsakre priyè m yo pou byen pèp mwen an. Epi pawòl m te ekri yo nan feblès mwen pral vin a pou yo; paske li bpèsyade yo pou yo fè byen; li fè yo konnen konsènan zansèt yo; li pale konsènan Jezi, e li pèsyade yo pou yo kwè nan li, pou yo pèsevere jiska lafen, ki se lavi cetènèl.

5 Epi li apale di kont peche, daprè bklète verite a; se poutèt sa, pèsonn p ap fache kont pawòl m te ekri yo si li pa gen lespri dyab la.

6 M pran plèzi nan klète; m pran plèzi nan verite; m pran plèzi nan Jezi m nan, paske li te arachte nanm mwen anba lanfè.

7 M gen acharite pou pèp mwen an, ak gwo lafwa nan Kris la, m konnen m pral rankontre anpil nanm san tach devan fotèy jijman li a.

8 M gen charite pou aJuif yo—m di Juif, paske m vle di moun kote m te sòti yo.

9 M gen charite pou aJanti yo tou. Men, gade, m pa espere pou okenn nan moun sa yo si yo pa brekonsilye avèk Kris la, e antre nan cpòt etwat la, e dmache nan echemen dwat ki mennen nan lavi a, e kontinye nan chemen an jistan jou eprèv yo a fini.

10 Epi kounyeya, frè byenneme m yo, ak Juif yo tou, ak tout ekstremite tè a, koute pawòl sa yo e akwè nan Kris la; e si nou pa kwè nan pawòl sa yo, kwè nan Kris la. Epi si nou kwè nan Kris la, n ap bkwè pawòl sa yo, paske yo se cpawòl Kris la e li te ban mwen yo; e yo dansenye tout moun pou yo fè byen.

11 Epi, si se pa pawòl Kris la yo ye, jije noumenm—paske Kris la pral montre nou, avèk apouvwa e anpil laglwa, se pawòl li yo ye, nan dènye jou a; e nou menm avèk mwen menm pral kanpe fasafas devan btribinal li a; e nou pral konnen m te resevwa kòmandman nan men l pou m ekri bagay sa yo, malgre feblès mwen.

12 Epi m priye Papa a nan non Kris la pou anpil nan nou, si se pa nou tout, pou sove nan awayòm li a nan gran dènye jou sa a.

13 Epi kounyeya, frè byenneme m yo, tout moun ki fè pati kay Izrayèl la, ak tout ekstremite tè a, m ap pale avèk nou tankou vwa yon moun k ap arele sòti nan pousyè a: Orevwa jistan gran jou sa a rive.

14 Epi ou menm ki pa vle goute nan bonte Bondye a, e ki pa vle respekte apawòl Juif yo, ak bpawòl mwen yo tou, ak pawòl yo ki pral sòti nan bouch Ti Mouton Bondye a, m di nou orevwa pou tout tan, paske pawòl sa yo pral ckondane nou nan dènye jou a.

15 Paske sa m sele sou tè a pral prezante kont nou devan tribinal ajijman an; paske se sa Senyè a te kòmande m, e m dwe obeyi l. Amèn.