Ekriti yo
2 Nefi 32


Chapit 32

Zanj yo pale avèk pouvwa Sentespri a—Lèzòm dwe priye e jwenn konesans pou tèt pa yo nan men Sentespri a. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Epi, gade, frè byenneme m yo, m sipoze n ap yon jan ap reflechi nan kè nou konsènan sa nou dwe fè lè nou fin antre nan chemen an. Men, gade, poukisa nou reflechi konsènan bagay sa yo nan kè nou?

2 Èske nou pa sonje m te di nou konsa, lè nou te fin aresevwa Sentespri a nou t ap kapab pale nan blang zanj yo? Epi kounyeya, kòman nou ta kapab pale avèk lang zanj yo si se pa t pou Sentespri a?

3 aZanj yo pale avèk pouvwa Sentespri a; se poutèt sa, yo pale pawòl Kris la yo. Se poutèt sa, m te di nou, fè yon bfesten ak pawòl Kris la yo; paske gade, pawòl Kris yo pral di nou tout bagay nou dwe fè.

4 Se poutèt sa, lè m te fin pale pawòl sa yo, si nou pa kapab konprann yo, se poutèt nou apa mande, ni tou nou pa frape; se poutèt sa, nou pa vini nan limyè a, men nou dwe peri nan fènwa.

5 Paske gade m di nou si nou antre nan chemen an, e nou resevwa Sentespri a, l ap montre nou tout bagay nou dwe fè.

6 Gade, se doktrin Kris la sa, e nou p ap resevwa okenn lòt doktrin jistan li aprezante kò fizik li devan nou. Epi lè l prezante kò fizik li devan nou, nou pral obsève bagay li pral di nou pou nou fè yo.

7 Epi kounyeya, mwen menm Nefi, m pa kapab di plis; Lespri a sispann enspirasyon m, e m rete nan soufrans poutèt aenkredilite, ak mechanste, ak iyorans, ak kou rèd lèzòm; paske yo pa vle chèche konesans, ni konprann gran konesans, lè yo jwenn li bklè, menm pi klè nan jan yon pawòl ta kapab.

8 Epi kounyeya, frè byenneme m yo, m sispèk nou toujou ap reflechi nan kè nou; e sa fè m mal pou m oblije pale konsènan bagay sa a. Paske si nou te vle koute Lespri a, ki ansenye yon moun pou l apriye, nou ta konnen nou dwe priye; paske blespri malen an pa ansenye yon moun pou l priye, men li ansenye li pou l pa priye.

9 Men, gade, m di nou konsa nou dwe apriye tout tan e pa fayi; e nou pa dwe fè anyen pou Senyè a, san premyèman, nou pa priye Papa a nan bnon Kris la, pou l konsakre sa nou pral fè a pou nou, pou sa nou pral fè a kapab pou cbyen nanm nou.