Ekriti yo
2 Nefi 20


Chapit 20

Destriksyon pèp Asiri a se yon egzanp ak destriksyon mechan yo lè Dezyèm Vini an—Sèlman kèk moun pral rete apre Senyè a retounen—Rès Jakòb la pral retounen jou sa a—Konpare Ezayi 10. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Malè pou moun ki pwononse dekrè ki enjis e ki fè pase lalwa ki tèrib.

2 Pou yo kapab wete lajistis nan men pòv yo, pou yo kapab wete dwa pòv ki nan pami pèp mwen an, dechèpiye avèv yo ak pou yo kapab vòlè lòt ki san papa yo!

3 Epi kisa nou pral fè lè jou ajijman an ak jou dezolasyon yo ki pral vini nan yon tan an? Kiyès nou pral jwenn pou ede nou, epi kote nou pral kite laglwa nou?

4 San mwen, yo pral blayi pami prizonye yo epi yo pral tonbe pami mò yo. Malgre tout bagay sa yo, kòlè li p ap detounen, okontrè, men l ap fèk kare lonje.

5 O, Asiryen yo, baton kòlè m, epi frèt ki nan men yo a se endiyasyon apa yo.

6 M pral voye l akont yon nasyon ipokrit e m pral voye l kont pèp ki fè m fache a pou l piye yo, pou l dechèpiye yo, e pou l pilonnen yo tankou labou ki nan lari.

7 Se pa sa li gen nan tèt li, ni tou, se pa sa ki sou kè l; men, nan kè l li pran desizyon pou l disparèt anpil nasyon.

8 Paske li di: Èske tout prens mwen yo se pa wa yo ye tou?

9 Èske se pa tankou pou ak Kakemich ak Kalno? Tankou pou Apad ak Amat? Tankou pou Damas ak Samari?

10 Menm jan m te poze men am sou wayòm zidòl yo, ki gen plis imaj taye pase Jerizalèm ak Samari a,

11 Èske m pa kapab fè kont Jerizalèm ak zidòl li yo, tankou m te fè kont Samari ak zidòl li yo?

12 Se poutèt sa se pral konsa, lè Senyè a fin akonpli tout travay li sou Mòn Siyon ak Jerizalèm, m pral pini wa aAsiri a pou ògeye ak awogans li yo.

13 Paske ali di: Se avèk fòs men pa m e ak lasajès pa m mwen te fè bagay sa yo; paske, m entèlijan; e m te pouse fwontyè pèp yo, m te vòlè trezò yo, e m te rabese abitan yo tankou yon nonm vanyan;

14 Epi, m te poze men m sou richès moun yo tankou sou nich; e m te rasanble tout tè a fè yon sèl tankou lè moun ap ranmase ze nan yon nich abandone; e pèsonn pa t menm souke zèl yo, ni louvri bouch yo, ni yon ti krik.

15 aÈske yon brach kapab gonfle kò li devan yon men k ap sèvi avèk li? Èske yon si kapab monte zèpòl devan moun k ap itilize l? Tankou rigwaz ta kapab souke kò l nan men moun ki leve l la, oubyen, tankou yon baton ta kapab monte tèt li tankou se pa bwa li ye!

16 Se poutèt sa, Senyè a, Senyè tout Lame yo, pral fè gwo nèg li yo vin mèg; e li pral limen yon flanm ki sanble ak flanm dife anba ekla ali yo.

17 E limyè Izrayèl la pral tankou yon dife, e moun Sen Bondye a pral tankou yon flanm k ap boule e k ap devore rasin ak pikan nan yon sèl jou;

18 Epi li pral adetwi nan dife laglwa forè li a, ak bèl jaden plen manje li a, ni kò ni nanm; epi yo pral tankou yon pòt drapo ki febli.

19 Epi, arès pyebwa yo ki nan forè li a pral tèlman pa anpil, yon timoun pral kapab konte yo.

20 E, se pral konsa, ajou sa a, rès Izrayèl la ak moun ki pa mouri nan pami bkay Jakòb la p ap capiye sou moun ki te frape yo a, men yo pral apiye sou Senyè a, Sen Izrayèl la, an verite.

21 aRès la, wi, menm rès Jakòb la pral retounen jwenn Bondye toupuisan an.

22 Menm si pèp Izrayèl ou a ta anpil tankou sab lanmè a, yon rès ladan sèlman pral retounen; e adestriksyon ki gen pou fèt pral fèt la, bavèk lajistis.

23 Paske Senyè a, Bondye tout Lame yo pral afè destriksyon ki te prepare a nan tout peyi a.

24 Se poutèt sa, Senyè a, Bondye tout Lame yo di: O, pèp mwen an ki rete nan Siyon, pa pè Asiryen an; li pral frape nou avèk yon baton epi li pral leve baton l sou nou amenm jan Ejip te fè w la.

25 Nan yon ti tan ankò, chatiman an pral sispann e kòlè mwen pral detwi yo.

26 Epi, Senyè tout Lame yo pral leve yon chatiman pou li, tankou masak aMadyan an, bò wòch Orèb la, e menm jan baton li a te sou lanmè a, se konsa li pral leve l, tankou nan peyi Ejip la.

27 Epi, se pral konsa, nan jou sa a, achay li a pral sòti sou zèpòl ou, kròk ki dèyè kou w la pral tonbe, epi kròk la pral kase akoz bonksyon an.

28 aL ap mache sou Ajat, li pase nan Migwon; e li kite zafè li yo nan Mikmach.

29 Yo te travèse baryè a; yo te rete nan Geba; Rama pè; e Gibea Sayil la sove.

30 Louvri bouch ou, O pitit fi Galim nan; fè vwa ou sonnen jouk nan Layis, Pinga! Anatòt.

31 Madmena gaye; abitan Gebim rasanble pou yo sove.

32 Malgre sa l ap rete, li pral rete nan Nòb, jou sa a sèlman; li pral menase mòn pitit fi Siyon an kolin Jerizalèm nan.

33 Gade, Senyè a, Senyè tout Lame yo pral rache branch la avèk kòlè; sa ki awo yo pral desann anba e sa ki awogan yo pral imilye.

34 Li pral koupe epesè forè a avèk fè, e Liban pral tonbe anba yon moun ki pwisan.