Ekriti yo
Mowoni 8


Chapit 8

Batèm timoun piti se yon abominasyon—Timoun piti yo vivan nan Kris la poutèt Ekspyasyon an—Lafwa, repantans, kè dou ak bon kè, resepsyon Sentespri a, ak pèsevere jiska lafen mennen nan sali. Anviwon 401–421 apre Jezikri.

1 Yon lèt, Papa m Mòmon te ekri m, mwen menm Mowoni; e li te ekri m li apre m te fin resevwa apèl nan ministè a. Epi, men jan li te ekri m, li te di:

2 Pitit gason byenneme m nan, Mowoni, m kontan anpil Senyè Jezikri w la te sonje w, e li te rele w vin nan ministè li a, ak travay sen li a.

3 M sonje w tout tan nan priyè m yo, tout tan m priye Papa Bondye nan non Pitit Sen li a, Jezi, pou l kapab, nan bonte ak gras enfini li, kenbe w nan pèsevere nan lafwa nan non li jiska lafen.

4 Epi kounyeya, pitit gason m nan, m ap pale w konsènan sa ki fwase m anpil; paske sa fwase m pou gen diskisyon leve nan pami nou.

5 Paske, si m te byen tande, te gen diskisyon nan pami nou konsènan batèm timoun piti yo.

6 Epi kounyeya, pitit gason m nan, m ta vle w travay avèk dilijans, pou vye erè sa a ta sòti nan pami nou; paske, se poutèt sa m ekri w lèt sa a.

7 Paske, imedyatman m te aprann bagay sa yo konsènan nou, m te mande Senyè a konsènan sijè sa a. Epi pawòl Senyè a te vin jwenn mwen avèk pouvwa Sentespri a, li te di:

8 Koute pawòl Kris la, Redanmtè w la, Senyè w la, ak Bondye w la. Gade m pa t vin nan mond lan pou m rele moun ki jis yo nan repantans, men pou pechè yo; moun ki gen sante pa bezwen doktè, men se moun ki malad; se poutèt sa, timoun piti yo byen, paske yo pa kapab fè peche; se poutèt sa, malediksyon Adan an sòti sou tèt yo poutèt mwen, konsa li pa gen pouvwa sou yo; e lalwa sikonsizyon an fini ak mwen.

9 Epi se konsa Sentespri a te manifeste pawòl Bondye a ban mwen; se poutèt sa, pitit gason m nan, m konnen se yon zak ki grav devan Bondye, pou timoun piti yo ta batize.

10 Gade, m ap di nou kisa, pou w preche la—repantans ak batèm, pou moun ki gen matirite, e ki kapab fè peche; wi, ansenye paran yo pou yo repanti e pou yo batize, e pou yo gen imilite menm jan avèk timoun piti yo, e yo tout ap sove avèk timoun piti yo.

11 Epi timoun piti yo pa bezwen repanti, ni batize. Gade, batèm se pou repantans, pou akonpli kòmandman yo, jouk nan remisyon peche.

12 Men timoun piti yo vivan nan Kris la, menm depi nan fondasyon mond lan; si se pa sa, Bondye se yon Bondye ki nan patipri, epi tou, yon Bondye ki kapab chanje, epi ki gade figi; paske gen yon pakèt timoun ki te mouri san batèm!

13 Se poutèt sa, si timoun piti yo pa t kapab sove san batèm, timoun sa yo ta pral nan yon lanfè san fen.

14 Gade, m ap di nou, yon moun ki panse timoun piti yo bezwen batize, li nan mitan yon fyèl anmè ak anba kòd inikite; paske li pa gen ni lafwa, ni esperans, ni charite; se poutèt sa, si l ta mouri pandan l ap panse sa, li ta pral desann nan lanfè.

15 Paske se yon mechanste terib panse Bondye sove yon timoun poutèt batèm, e yon lòt dwe peri paske li pa t batize.

16 Malè moun ki pèvèti chemen Senyè a konsa, paske y ap peri si yo pa repanti. Gade, m pale, paske Bondye ban m otorite; e m pa pè sa lèzòm kapab fè; paske lanmou pafè chase tout krentif.

17 Epi m chaje avèk charite, ki se lanmou etènèl; se poutèt sa, tout timoun piti yo menm jan devan m; se poutèt sa, m renmen timoun piti yo avèk yon lanmou pafè; yo tout menm jan, e yo pral patisipe nan sali a.

18 Paske m konnen Bondye pa nan patipri, ni tou li pa yon Bondye k ap chanje; men li enchanjab depi nan letènite jouk nan tout letènite.

19 Timoun piti pa kapab repanti; se poutèt sa, se yon mechanste terib lè moun nye mizèrikòd pi Bondye genyen pou yo, paske yo tout vivan nan li poutèt mizèrikòd li.

20 Epi yon moun ki di timoun piti yo bezwen batize, moun sa a nye mizèrikòd Kris la, e moun sa a pa bay ekspyasyon li a ak pouvwa redanmsyon li a okenn valè.

21 Malè pou moun konsa, paske yo nan danje lanmò, lanfè, ak yon touman san fen. M pale sa klè; Bondye te kòmande m. Koute bagay sa yo, e prete atansyon, oubyen y ap leve kont nou devan fotèy jijman Kris la.

22 Paske gade nou dwe konprann tout timoun piti yo kòm vivan nan Kris la, epi tou ak tout moun ki pa gen lalwa. Paske pouvwa redanmsyon an vini sou tout moun ki pa gen lalwa; se poutèt sa, yon moun ki pa kondane, oubyen yon moun ki pa sou okenn kondanasyon, li pa kapab repanti, e pou yon moun konsa, batèm pa gen okenn valè—

23 Men, se yon zak ki grav devan Bondye, lè yon moun nye mizèrikòd Kris la ak pouvwa Lespri Sen li a, e li mete konfyans li nan travay ki mouri.

24 Gade, pitit gason m nan, bagay sa a pa dwe fèt, paske repantans se pou moun ki anba kondanasyon ak anba malediksyon yon lalwa li te vyole.

25 Epi, premye fwi repantans se batèm; e batèm nan vini pa mwayen lafwa pou akonplisman kòmandman yo; e akonplisman kòmandman yo pote remisyon pou peche yo.

26 Epi, remisyon peche yo pote dousè ak kè poze; e poutèt dousè ak kè poze Sentespri a vizite moun, kòm konsolatè ki chaje avèk esperans ak lanmou pafè, lanmou ki pèsevere avèk dilijans nan lapriyè, jistan lafen an vini, lè tout sen yo pral rete avèk Bondye.

27 Gade, pitit gason m nan, m ap ekri w ankò si m pa mache talè konsa kont Lamanit yo. Gade, lògèy nasyon sa a, oubyen lògèy pèp Nefit la ap lakoz destriksyon yo si yo pa repanti.

28 Priye pou yo, pitit gason m nan, pou yo ka jwen la repantans. Men, gade, m pè pou Lespri a pa sispann lite avèk yo; e nan zòn sa a nan peyi a, y ap chèche kraze tout pouvwa ak otorite ki sòti kote Bondye; e yo nye Sentespri a.

29 Epi apre yo te fin rejte yon si gwo konesans, pitit gason m nan, yo dwe peri pou akonpli pwofesi pwofèt yo te pale yo, ak pawòl Sovè a limenm te pale yo tou.

30 Orevwa, pitit gason m nan, jistan m ekri w, oubyen jistan m rankontre w ankò. Amèn.