Ekriti yo
3 Nefi 20


Chapit 20

Jezi fè yon mirak pou bay pen ak diven e li bay pèp la sentsèn nan ankò—Rès desandan Jakòb yo pral vin gen konesans konsènan Senyè Bondye yo a, e yo pral eritye Amerik yo—Jezi se pwofèt ki tankou Moyiz la, e Nefit yo se pitit pwofèt yo—Lòt moun nan pèp Senyè a pral rasanble nan Jerizalèm. Anviwon 34 apre Jezikri.

1 Epi, se te konsa, li te kòmande foul la pou yo sispann priye, ak disip li yo tou. Men, li te kòmande yo pou yo pa t sispann priye nan kè yo.

2 Epi li te kòmande yo pou yo leve kanpe sou pye yo. Epi yo te leve, e yo te kanpe sou pye yo.

3 Epi, se te konsa, li te kase pen ankò, li te beni l, e li te bay disip yo manje l.

4 Epi lè yo te fin manje, li te kòmande yo pou yo kase pen, e pou yo bay foul la.

5 Epi, lè yo te fin bay foul la, li te ba yo bwè diven tou, e li te kòmande yo pou yo bay foul la tou.

6 Kounyeya, disip yo pa t pote ni pen, ni diven; foul la pa t pote tou;

7 Men, reyèlman li te ba yo manje pen, epi tou li te ba yo bwè diven.

8 Epi li te di yo: Moun ki manje pen sa a, li manje nan kò m pou byen nanm li; e moun ki bwè diven sa a, li bwè nan san m pou byen nanm li; e nanm li p ap janm grangou ni swaf, men l ap ranpli.

9 Kounyeya, lè tout foul la te fin manje e bwè, menm lè a, Lespri a te ranpli yo; e yo te rele avèk yon sèl vwa, epi yo te bay glwa pou Jezi, ke yo te wè epi yo te tande.

10 Epi, se te konsa, lè yo tout te fin bay Jezi laglwa, li te di yo: gade, kounyeya, m akonpli kòmandman Papa a te ban mwen konsènan pèp sa a, ki se yon rès nan kay Izrayèl la.

11 Nou sonje m te pale avèk nou, e m te di konsa lè pawòl Ezayi yo akonpli—sètènman yo ekri, nou genyen yo devan nou, se poutèt sa, fouye yo.

12 Epi anverite, anverite, m di nou lè yo akonpli, lè sa a se akonplisman alyans Papa a te fè avèk pèp li a, O, kay Izrayèl la.

13 Epi lè sa a rès la ki pral dispèse sou sifas tè a, gen pou l rasanble, sòti nan lès ak nan lwès, e sòti nan sid ak nan nò; e y ap vin konnen Senyè Bondye yo a ki te rachte yo a.

14 Epi Papa a te kòmande m pou m te ba nou sa a, kòm eritaj nou.

15 Epi m di nou, si janti yo pa repanti lè yo fin resevwa benediksyon yo pral resevwa a, lè yo fin dispèse pèp mwen an—

16 Lè sa a, ou menm ki se rès kay Jakòb la, nou prale nan pami yo; e n ap nan pami yo, y ap anpil; e n ap nan pami yo menm jan avèk yon lyon ki nan pami bèt nan forè, e menm jan avèk yon jèn lyon ki nan pami patiraj mouton, ki kòmsi si l antre nan pami yo, l ap pilonnen yo, e l ap dechire yo fè ti mòso, e pèsonn pa kapab delivre yo.

17 Men n ap leve kont advèsè nou yo, epi tout ènmi nou yo ap retranche.

18 Epi m ap rasanble pèp mwen an ansanm menm jan yon nonm rasanble grenn rekòlt li yo sou yon glasi.

19 Paske m ap fè pèp mwen an avèk yo menm Papa m te fè alyans la, wi, m ap ba nou kòn fè epi m ap ba ou sabo eren. Epi n ap kraze anpil pèp, e m ap konsakre sa yo genyen pou Senyè a, e byen yo pou Senyè tout tè a. Epi gade, se mwenmenm ki fè sa.

20 Epi, se te konsa, Papa a di konsa, epi epe lajistis mwen an ap pandye sou tèt yo nan jou sa a; e Papa a di konsa, si yo pa repanti l ap tonbe alatèt yo, wi alatèt tout nasyon Janti yo.

21 Epi, se pral konsa, m ap tabli pèp mwen an, O, kay Izrayèl la.

22 Epi gade, m ap tabli pèp sa a nan peyi sa a, pou m kapab akonpli alyans m te fè avèk papa nou, Jakòb; e se ap yon Nouvo Jerizalèm. Epi, se pral konsa, pouvwa syèl la ap nan mitan pèp sa a; wi, menm mwen menm m ap nan mitan nou.

23 Gade, m se moun Moyiz t ap pale a, lè l te di: Senyè Bondye nou an pral leve yon pwofèt tankou m, pou frè nou yo; nou dwe koute l nan tout sa li di nou. Epi, se pral konsa, nenpòt moun ki pa koute pwofèt sa a m ap rejte l sòti nan pami pèp la.

24 Anverite m di nou wi, tout pwofèt yo depi Samyèl ak tout lòt ki vin apre yo, tout sa ki te pale yo, yo te temwaye konsènan mwen menm.

25 Epi gade, nou se pitit pwofèt yo; e nou konte nan pami kay Izrayèl la; e nou konte nan alyans Papa a te fè avèk zansèt nou yo, lè l te di Abraram: Epi tout pèp sou tè a ap beni nan jenerasyon nou yo.

26 Papa a te leve m pou nou premyèman, e li te voye m pou beni nou, pou chak moun nan pami nou sòti nan inikite li yo; e li fè sa paske nou se pitit alyans la—

27 Epi lè nou te fin beni, alyans Papa a te fè avèk Abraram nan ap akonpli, ki di: Tout pèp sou tè a pral beni nan desandan ou yo—m ap devèse Sentespri a sou Janti yo, benediksyon sa a pral tèlman fè Janti yo pi gran pase tout lòt pèp, se yo menm ki pral dispèse pèp mwen an, O kay Izrayèl la.

28 Epi, Papa a di konsa, epi yo pral yon chatiman pou pèp peyi sa a. Men, lè yo resevwa plenitid levanjil mwen an, lè sa a, si yo fè kè di kont mwen, m ap retounen inikite yo alatèt pa yo.

29 Epi, Papa a di konsa, epi m ap sonje alyans m te fè avèk pèp mwen an; e m te fè alyans avèk yo pou m rasanble yo ansanm lè tan an rive, pou m ba yo zansèt yo ankò kòm eritaj, tè Jerizalèm nan, ki se tè pwomiz yo a pou tout tan.

30 Epi, lè a pral rive, pou yo resevwa predikasyon plenitid levanjil mwen an;

31 Epi yo pral kwè nan mwen, yo pral kwè m se Jezikri, Pitit Gason Bondye a, e yo pral priye Papa a nan non m.

32 Lè sa a santinèl yo pral leve vwa yo, e yo pral chante ansanm; paske yo pral wè avèk je pa yo.

33 Lè sa a Papa a pral rasanble yo ansanm ankò, e li pral ba yo peyi Jerizalèm nan kòm eritaj.

34 Lè sa a yo pral sote ponpe ak lajwa—chante ansanm, noumenm, zòn nan Jerizalèm yo ki te ravaje yo a; paske, Papa a rekonfòte pèp li a, li te rachte Jerizalèm.

35 Papa a te devwale ponyèt sen li a devan tout nasyon yo; e tout kwen tè pral wè sali Papa a; epi Papa a ak mwen nou fè yon sèl la.

36 Epi lè sa a bagay ki te ekri a pral rive: Reveye, reveye ankò, e pran fòs nou, menm Siyon; mete bèl rad nou sou nou, nou menm Jerizalèm, vil sen an, paske kòmanse pou kounyeya, moun ki pa sikonsi yo ak moun sal yo, p ap vin kote nou ankò.

37 Souke pousyè a sòti sou ou; leve, chita, ou menm Jerizalèm; demare kòd ki nan kou w la, ou menm pitit fi prizonye Siyon an.

38 Paske, Senyè a di: Ou te vann tèt ou pou anyen, e m ap rachte w san depanse lajan.

39 Anverite, anverite, m di nou, pèp mwen an pral konnen non m; jou sa yo pral konnen se mwen ki pale.

40 Epi lè sa a yo pral di: Moun sa a ki pote bòn nouvèl ba yo a, ki pibliye lapè a, sou tèt montay yo, ala bèl pey l bèl moun sa a ki pote bòn nouvèl ba yo a, ki pibliye sali a; ki di Siyon: Bondye ou se sèl wa!

41 Epi yon bri pral kouri: Sòti, sòti, sòti kò nou deyò nan kote sa a, pa touche bagay sal; sòti nan mitan l; nou dwe pwòp, nou menm ki pote veso Senyè a yo.

42 Pa soti vit ni kouri; paske Senyè a ap mache devan nou, epi Bondye Izrayèl la ap veye dèyè pou nou.

43 Gade, sèvitè m nan pral aji avèk pridans; yo pral egzalte l, yo pral louwe l, e yo pral leve l anlè nèt.

44 Anpil moun te sezi wè w—figi l te dekonpoze, plis pase tout lòt moun, e li pa t sanble moun ankò—

45 Se menm jan an li pral wouze anpil nasyon; wa yo pral fèmen bouch yo devan l, paske yo pral wè sa moun pa t di yo; e yo pral konprann sa yo pa t tande.

46 Anverite, anverite, m di nou, tout bagay sa yo dwe rive reyèlman, jan Papa a te kòmande m nan. Lè sa a alyans Papa a te fè avèk pèp li a pral akonpli; e lè sa a pèp mwen an pral abite nan Jerizalèm ankò, e se pral tè eritaj yo a.