Apèl Misyon
Chapit 3: Leson 3—Levanjil Jezikri a


“Chapit 3: Leson 3—Levanjil Jezikri a,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Chapit 3: Leson 3,” Preche Levanjil Mwen an

Chapit 3: Leson 3

Levanjil Jezikri a

Imaj
The Second C (omingDezyèm Vini an), pa Harry Anderson

Moun Gen Dwa Mande

  • Kiyès Jezikri ye? Kijan Li ka ede mwen menm ak fanmi m?

  • Kisa gen lafwa nan Jezikri vle di? Nan ki fason lafwa nan Li ka beni lavi m?

  • Kisa repanti vle di?

  • Kijan m ka santi lapè ak padon Bondye apre m fin fè move chwa?

  • Ki bi batèm?

  • Kisa don Sentespri a ye?

  • Kisa pèsevere jiskalafen vle di?

Levanjil Jezikri a fason nou kapab vin jwenn Kris la. Li tèlman senp ke menm yon timoun piti kapab konprann li. Leson sa a konsantre sou levanjil la ak doktrin Kris la, sa enkli lafwa nan Senyè Jezikri, repantans, batèm, don Sentespri a, ak pèsevere jiskalafen. Li konsantre tou sou jan levanjil la beni tout pitit Bondye yo.

Mo levanjil la vle di literalman “bòn nouvèl.” Levanjil Jezikri a se bòn nouvèl paske li ba nou doktrin—verite etènèl—nou bezwen pou nou vin jwenn Li epi sove a (gade 1 Nefi 15:14). Levanjil la anseye nou kijan pou nou viv bon lavi ki gen sans. Bòn nouvèl levanjil la ba nou fason pou nou jwenn padon pou peche nou yo, pou nou sanktifye, epi pou nou retounen nan prezans Bondye.

Sigjesyon pou Ansèyman

Seksyon sa a bay yon egzanp plan leson pou ede w prepare pou w anseye. Li gen ladan tou egzanp sou kesyon ak envitasyon ou ta kapab itilize.

Pandan w ap prepare pou w anseye a, nan yon espri lapriyè, konsidere sitiyasyon ak bezwen espirityèl chak moun. Deside kisa ki ap pi itil pou w anseye. Prepare pou w defini tèm ke moun yo gen dwa pa konprann yo. Planifye dapre kantite tan ou genyen an, pandan w ap sonje pou w kenbe leson yo kout.

Seleksyone ekriti pou w itilize pandan w ap anseye a. Seksyon “Fondasyon Doktrinal” ki nan chak leson an genyen ladan l anpil ekriti ki ka itil.

Reflechi sou kesyon pou w poze pandan w ap anseye a. Planifye envitasyon pou w bay ki pral ankouraje moun yo pou yo aji.

Mete aksan sou pwomès Bondye yo, epi pataje temwayaj ou pandan w ap anseye.

Imaj
misyonè ki ap anseye yon fanmi

Kisa W Ka Anseye Moun nan 15-25 Minit

Seleksyone youn oswa plis nan prensip sa yo pou w anseye. Yo bay fondasyon doktrinal pou chak prensip apre plan leson sa a.

Misyon Divin Jezikri a

  • Bondye te voye Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri, sou tè a pou rachte nou anba peche ak lanmò.

  • Gras ak sakrifis ekspyatwa Jezi a, nou kapab pwòpte anba peche nou yo epi sanktifye si nou repanti.

  • Apre yo te fin krisifye Jezi, Li te resisite. Akozde Rezirèksyon L lan, nou tout ap kapab resisite apre nou fin mouri. Sa vle di ke espri ak kò chak moun ap reyini ankò, epi nou chak pral viv pou tout tan nan yon kò resisite ki pafè.

Lafwa nan Jezikri

  • Lafwa se premye prensip levanjil Jezikri a.

  • Lafwa nan Jezikri vle di ke nou gen asirans ke Li se Pitit Gason Bondye epi nou kwè nan Li kòm Sovè ak Redanmtè nou.

  • Lafwa nan Jezikri se yon prensip aksyon ak pouvwa.

  • Nou fòtifye lafwa nan nan priye, etidye ekriti yo, ak obeyi kòmandman yo.

Repantans

  • Lafwa nan Jezikri fè nou repanti. Repantans se pwosesis pou nou tounen al jwenn Bondye epi vire do bay peche. Lè nou repanti, aksyon, dezi, ak panse nou chanje pou yo vin pi plis an amoni avèk volonte Bondye.

  • Lè nou repanti sensèman, Bondye padone nou. Padon posib paske Jezikri te ekspye pou peche nou.

  • Lè nou repanti, nou santi lapè paske kilpabilite ak chagren nou an geri.

  • Repantans se yon pwosesis ki dire tout yon lavi. Bondye akeyi nou ankò chak fwa nou repanti. Li p ap janm abondone nou.

Batèm: Premye Alyans nou avèk Bondye

  • Batèm se fason nou premye antre nan yon relasyon alyans avèk Bondye.

  • Batèm gen de pati: batèm nan dlo ak nan Lespri a. Lè nou batize epi konfime, nou pwòpte anba peche nou, sa ki ba nou yon nouvo depa nan lavi a.

  • Nou batize pa imèsyon, pou nou suiv egzanp Jezi a.

  • Timoun yo pa bezwen batize anvan yo gen laj uitan. Timoun ki mouri anvan yo gen laj sa yo rachte atravè Ekspyasyon Jezikri a.

  • Nou pran sentsèn chak semèn an souvni sakrifis Jezi a ak pou nou renouvle alyans nou avèk Bondye.

Don Sentespri a

  • Sentespri a se twazyèm manm Divinite a.

  • Apre nou fin batize, nou resevwa don Sentespri a atravè òdonans konfimasyon an.

  • Lè nou resevwa don Sentespri a, nou ka gen konpayi Li pandan tout lavi nou si nou rete fidèl.

  • Sentespri a sanktifye nou, gide nou, rekonfòte nou, epi ede nou konnen laverite.

Pèsevere Jiskalafen

  • Pèsevere vle di kontinye egzèse lafwa nan Kris la chak jou. Nou kontinye kenbe alyans nou fè avèk Bondye yo, nou chèche konpayi Sentespri a, epi pran sentsèn.

  • Si nou chèche fidèlman pou nou suiv Jezikri, Bondye pwomèt ke n ap gen lavi etènèl.

Levanjil Jezikri a Beni Tout Pitit Bondye yo

  • Viv levanjil la apwofondi lajwa nou, enspire aksyon nou, ak anrichi relasyon nou.

  • N ap gen plis chans pou nou gen kè kontan—endividyèlman epi antanke fanmi—si nou viv ansèyman Jezikri yo.

  • Atravè levanjil Jezikri a, fanmi yo beni nan lavi sa a epi yo ka ini pou letènite epi viv nan prezans Bondye.

Kesyon Ou Ka Poze Moun

Kesyon sa yo se egzanp sou sa w ta ka poze moun yo. Yo ka ede w fè konvèsasyon enpòtan avèk yon moun epi konprann bezwen li ak pwendvi li.

  • Kisa w konnen apwopo Jezikri?

  • Kisa sa vle di pou nou gen lafwa nan Jezikri?

  • Ki chanjman ou vle fè nan lavi ou?

  • Kisa w konprann apwopo repantans?

  • Kisa w konprann apwopo batèm? Kisa w ka fè kounyea pou prepare w pou batèm?

  • Ki fason Sentespri a ka ede w nan vwayaj ou pou retounen al nan prezans Bondye a?

  • Pale nou de yon pwoblèm ke oumenm oswa fanmi w ap fè fas? Èske nou ka pataje kèk fason levanjil Jezikri a ta kapab ede?

Envitasyon Ou Ka Fè

  • Èske w pral mande Bondye nan lapriyè pou L ede konnen ke sa n ap anseye w yo se verite? (Gade “Ide pou Ansèyman: Lapriyè” nan dènye seksyon leson 1 an.)

  • Èske w ap vin legliz Dimanch sa a pou w ka aprann plis sou sa nou anseye w yo?

  • Èske w ap li Liv Mòmon an epi priye pou w ka konnen ke l se pawòl Bondye? (Ou gen dwa sigjere kèk chapit oswa vèsè espesifik.)

  • Èske w ap suiv egzanp Jezikri epi batize? (Gade “Envitasyon pou Batize ak Konfime,” ki imedyatman presede leson 1 an.)

  • Èske nou ka fikse yon dat pou pwochen vizit nou?

Fondasyon Doktrinal

Seksyon sa a bay doktrin ak ekriti pou w etidye pou ka fòtifye konesans ou ak temwayaj nou de levanjil la ak pou ede w etidye.

Imaj
Douz Sa Yo Jezi Te Voye Yo, tablo Walter Rane

Misyon Divin Jezikri a

Papa nou ki nan Syèl la te voye Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri, sou tè a pou rann posib pou nou tout fè eksperyans lajwa nan mond sa a ak lavi etènèl nan mond k ap vini an. “Epi sa se levanjil la, bòn nouvèl, … ke [Jezikri] te vini nan mond lan … pou l pote peche mond lan, epi pou l sanktifye mond lan, epi pou l netwaye l anba tout enjistis; pou tout moun kapab sove pa mwayen li” (Doktrin ak Alyans 76:40–42).

Kòm mòtèl, nou tout peche, epi nou tout mouri. Peche ak lanmò t ap anpeche jwenn lavi etènèl avèk Bondye amwenske nou te gen yon Redanmtè (gade 2 Nefi 9). Anvan mond lan te kreye, Pè Selès la te chwazi Jezikri pou l te rachte nou. Nan yon ekspresyon lanmou siprèm, Jezi te vini sou tè a epi Li te ranpli misyon divin sa a. Li te rann posib pou nou rachte anba peche nou yo, epi Li asire nou ke nou tout ap resisite apre nou fin mouri.

Jezi te viv yon lavi san peche. Nan fen ministè L nan mòtalite a, Li te pran peche nou yo sou tèt Li kote L te soufri nan Jetsemane ak lè L te krififye a (gade 1 Nefi 11:33). Soufrans Jezi te si anpil ke sa te lakoz Li te “tranble anba doulè, epi l te senyen nan chak twou swè nan kò” Li (Doktrin ak Alyans 19:18). Apre Krisifiksyon L lan, Jezi te resisite, li te ranpòte laviktwa sou lanmò. Ansanm, evenman sa yo se sa nou rele Ekspyasyon (Sakrifis Ekspyatwa) Jezikri a.

Peche nou yo fè nou sal espirityèlman, epi “anyen sal pa kapab rete avèk Bondye” (1 Nefi 10:21). Epitou, lwa jistis la mande pou gen yon konsekans pou peche nou yo.

Sakrifis ekspyatwa Jezi a ba nou mwayen pou nou vin pwòpte anba peche epi sanktifye lè nou repanti. Li bay mwayen pou satisfè egzijans lajistis yo tou (gade Alma 42:15, 23–24). Sovè a te di, “Mwen … te soufri bagay sa yo pou tout moun, pou yo pa soufri si yo repanti; men si yo pa vle repanti, yo dwe soufri tankou m” (Doktrin ak Alyans 19:16–17). Si se pa t pou Jezikri, peche t ap mete fen a tout espwa pou nou ta viv yon jou avèk Pè Selès la.

Nan ofri tèt Li kòm yon sakrifis pou nou an, Jezi pa t elimine responsablite pèsonèl nou. Nou bezwen gen lafwa nan Li, repanti, epi fè efò pou nou obeyi kòmandman yo. Si nou repanti, Jezi ap reklame dwa mizèrikòd Li genyen sou nou an nan men Papa L Mowoni 7:27–28). Gras ak entèsesyon Sovè a, Pè Selès la padone nou, epi libere nou anba fado ak kilpabilite pou peche nou yo (gade Mozya 15:7–9). Nou espirityèlman pwòpte epi nou ka finalman admèt nan prezans Bondye.

Misyon divin Jezi a sete pou sove nou anba lanmò tou. Paske L te resisite, n ap resisite apre nou fin mouri. Sa vledi ke espri ak kò chak moun pral reyini, epi nou chak pral viv pou tout tan nan yon kò pafè e resisite. Si se pa t pou Jezikri, lanmò t ap mete fen a tout espwa pou nou ta viv yon jou avèk Pè Selès la.

Etid ekriti

Bondye Te Voye Pitit Gason L lan

Sali vini pa lentèmedyè Jezkiri.

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Lafwa nan Jezikri

Premye prensip nan levanjil la se lafwa nan Senyè a, Jezikri. Lafwa se fondasyon pou tout lòt prensip levanjil yo.

Lafwa nan Jezikri mande pou nou gen konfyans ke Li se Sèl Pitit Gason Literal Bondye a. Sa enkli kwè nan Li kòm Sovè ak Redanmè nou—ke Li se sèl fason pou nou retounen nan prezans Bondye (gade Travay 4:10–12; Mozya 3:17; 4:6–8). Yo envite nou pou nou egzèse “lafwa fèm nan li, pandan n ap depann antyèman sou merit limenm ki gen pouvwa pou l sove a” (2 Nefi 31:19).

Lafwa nan Jezikri enkli kwè ke L te soufri pou peche nou nan sakrifis ekspyatwa L la. Gras ak sakrifis Li a, nou kapab pwòpte ak rachte si nou repanti. Pwòpte sa a ede nou jwenn lapè ak esperans nan lavi sa a. Li pèmèt tou pou nou resevwa yon plenitid lajwa apre nou fin mouri.

Lafwa nan Jezikri enkli kwè ke atravè Limenm, nou tout ap resisite apre nou fin mouri. Lafwa sa a kapab soutni nou ak rekonfòte nou nan moman dèy yo. Chagren lanmò kapab efase pa pwomès Rezirèksyon an.

Lafwa nan Jezikri enkli kwè ak gen konfyans ke L te pran sou tèt Li afliksyon ak enfimite nou yo (gade Ezayi 53:3–5). Li konnen pa eksperyans kijan pou L soutni nou avèk mizèrikòd atravè pwoblèm lavi yo (gade Alma 7:11–12; Doktrin ak Alyans 122:8). Lè nou egzèse lafwa nan Li, L ap ede nou avanse atravè difikilte.

Atravè lafwa nou nan Li, Jezi kapab geri nou fizikman ak espirityèlman. Li toujou pare pou ede nou si nou sonje envitasyon Li pou nou “gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè” a (Doktrin ak Alyans 6:36).

Yon Prensip Aksyon ak Pouvwa

Lafwa nan Jezikri mennen nan aksyon. Nou eksprime lafwa nou nan obeyi kòmandman yo ak nan fè byen chak jou. Nou repanti pou peche nou. Nou rete lwayal anvè Li. Nou fè efò pou nou vin plis menmjan avèk li.

Lè nou egzèse lafwa, nou ka fè eksperyans avèk pouvwa Jezi nan lavi kotidyèn nou. L ap mayifye efò ki pi sensè nou yo. L ap ede nou pwogrese ak reziste anba tantasyon.

Fòtifye Lafwa Nou

Pwofèt Alma te anseye ke bati lafwa kapab kòmanse avèk yon senp “dezi pou kwè” (Alma 32:27). Apresa, pou lafwa nou nan Jezikri ka grandi, nou dwe nouri li atravè aprann pawòl Li, aplike ansèyman L yo, ak obeyi kòmandman L yo. Alma te anseye ke si nou nouri pawòl Bondye a avèk pasyans ak dilijans nan kè nou, “l ap pran rasin [epi l ap vin tankou] yon plant k ap devlope pou lavi etènèl”—epi konsa, l ap fòtifye lafwa nou (Alma 32:41; gade vèsè 26–43).

Etid Ekriti

Lafwa, Pouvwa, ak Sali

Doktrin Lafwa a

Egzanp Lafwa

Zèv ak Obeyisans

Lafwa ki mennen nan Repantans

Aprann Plis sou Prensip Sa a

  • Gid Ekriti yo: “Jezikri,” “Ekspye, Ekspyasyon,” “Lafwa

  • Diksyonè Bib la: “Lafwa

  • Sijè Levanjil: “Jezikri,” “Ekspyasyon Jezikri,” “Lafwa nan Jezikri

Repantans

Kisa repantans ye?

Repantans se dezyèm prensip nan levanjil la. Lafwa nan Jezikri ak lanmou nou pou Li mennen nou repanti (gade Elaman 14:13). Repantans se yon pwosesis pou nou tounen al jwenn Bondye epi vire do bay peche. Lè nou repanti, aksyon nou, dezi nou, ak panse nou chanje pou yo vin plis an amoni avèk volonte Bondye. Padon pou peche posib atravè Jezikri ak sakrifis ekspyatwa L la.

Repantans se plis pase egzèse volonte pou chanje yon konpòtman oubyen simonte yon feblès. Repantans se sensèman tounen al jwenn Kris la, ki ba nou pouvwa pou nou fè eksperyans yon “gwo chanjman” nan kè nou (Alma 5:12–14). Lè nou fè eksperyans chanjman kè sa a, nou espirityèlman fèt ankò (gade Mozya 27:24–26).

Atravè repantans, nou devlope yon nouvo vizyon sou Bondye, sou tèt nou, ak sou mond lan. Nou santi lanmou Bondye pou nou ankò, antanke pitit Li—ak lanmou Sovè a pou nou. Opòtinite pou repanti a se youn nan pi gwo benediksyon Bondye ba nou atravè Pitit gason L lan.

Pwosesis Repantans

Lè nou repanti, nou rekonèt peche nou epi nou santi yon remò sensè. Nou konfese peche nou bay Bondye epi nou mande Li padon. Nou egalman konfese peche ki trè grav yo bay dirijan otorize nan Legliz la tou, ki ap soutni nou pandan n ap repanti a. Nou fè sa nou kapab pou nou fè reparasyon, kivle di eseye korije pwoblèm aksyon nou yo kapab lakoz yo. Repantans sensè pi byen demontre nan aksyon ki jis pandan yon peryòd tan.

Repantans se yon pwosesis jounalye atravè tout lavi nou. “Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a” (Women 3:23). Nou dwe kontinyèlman repanti, pandan n ap sonje ke nou “kapab fè tout bagay, granmesi Kris la ki ba nou fòs kouraj”(Filipyen 4:13). Senyè a asire nou ke “depi pèp mwen an repanti m ap padone peche yo fè kont mwen” (Mozya 26:30).

Benediksyon Repantans

Repantans se yon prensip pozitif ki pote lajwa ak lapè. Li mennen “nan pouvwa Redanmtè a, pou nanm [nou] kapab sove” (Elaman 5:11).

Lè nou repanti, kilpabilite nou ak chagren nou geri pandan tan ap pase. Nou santi enfliyans Lespri a an pi gwo abondans. Dezi nou pou n suiv Bondye vin pi fò.

Imaj
Prezidan Russell M. Nelson

“Gen twòp moun ki konsidere repantans kòm yon pinisyon—yon bagay pou yo evite. … Men, santiman pinisyon sa a se nan Satan l soti. Li eseye anpeche nou al jwenn Jezikri, ki kanpe avèk bra louvri, avèk espwa epi dispoze pou L geri, padone, pwòpte, fòtifye, pirifye, ak sanktifye nou” (Russell M. Nelson, “Nou ka fè pi byen epi vin pi bon,” Liahona, Me 2019, 67).

Etid ekriti

Repantans

Redanmsyon ak Padon

Mizèrikòd pou Moun Ki Repanti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Imaj
yon jènfi k ap batize

Batèm: Premye Alyans Nou avèk Bondye

Lafwa nan Jezikri ak repantans prepare nou pou òdonans batèm ak konfimasyon. Batèm se premye òdonans sali nan levanjil Jezikri a. Lè nou resevwa òdonans plen espwa sa a, nou fè premye alyans nou avèk Bondye.

Yon òdonans se yon aksyon sakre ki fèt pa otorite prètriz la. Kèk òdonans, tankou batèm, esansyèl pou sali nou.

Atravè òdonans yo, nou fè alyans avèk Bondye. Alyans sa yo se pwomès sakre ant noumenm ak Bondye. Li pwomèt pou L beni nou si nou kenbe pwomès nou fè L yo. Nou dwe pran yon angajman fèm pou nou kenbe pwomès nou avèk Bondye.

Bondye bay òdonans ak alyans yo pou ede nou vin jwenn Li epi gen lavi etènèl. Lè nou resevwa òdonans prètriz yo epi nou kenbe alyans ki asosye avèk yo, nou ka fè eksperyans “pouvwa divinite a” nan lavi nou (Doktrin ak Alyans 84:20).

Alyans Batèm nan

Sovè a te anseye ke batèm nesesè pou nou antre nan wayòm syèl la (gade Jan 3:5). Li nesesè tou pou nou vin manm Legliz Jezikri a. Sovè nou an te montre egzanp la lè l te batize (gade Matye 3:13–17).

Lè nou batize epi nou kenbe alyans nou, Bondye pwomèt pou L padone peche nou (gade Travay 22:16; 3 Neffi 12:1–2). Gran benediksyon sa a posib atravè sakrifis ekspyatwa Jezikri a, ki renmen nou, epi ki lave nou anba peche nou yo nan pwòp san Li” (Revelasyon 1:5). Bondye pwomèt tou pou L beni nou avèk konpayi Sentespri a pou nou ka sanktifye, gide, ak rekonfòte.

Nan pati pa nou an nan alyans batèm nan, nou temwaye ke nou dispoze pou n pran non Jezikri sou tèt nou. Nou pwomèt pou nou toujou sonje L ak respekte kòmandman L yo tou. Nou pwomèt pou nou “kriye ak moun k ap kriye yo; … konsole moun ki bezwen konsolasyon, e pou nou sèvi kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay e tout kote” (Mozya 18:9; gade vèsè 8–10, 13). Nou eksprime yon detèminasyon pou sèvi Jezikri jiskalafen vi nou (gade Doktrin ak Alyans 20:37; Mozya 2:17).

Angajman nou pran pa alyans ki asosye avèk batèm yo se yon gwo responsablite. Yo se egalman yon sous lajwa ak enspirasyon. Yo kreye yon relasyon espesyal ant noumenm avèk Papa nou ki nan Syèl la atravè ki Li kontinyèlman etann lanmou Li.

Batèm pa Imèsyon (Plonje nan Dlo)

Jezi te anseye ke nou bezwen batize pa imèsyon pou remisyon peche nou (gade Doktrin ak Alyans 20:72–74). Batèm pa imèsyon se senbòl lanmò, antèman, ak Rezirèksyon Jezikri (gade Women 6:3–6).

Batèm pa imèsyon genyen yon senbolis puisan pou nou pèsonèlman tou. Li reprezante lanmò ansyen lavi nou an, antèman lavi sa a, ak fòs nou nan renesans espirityèl. Lè nou batize, nou kòmanse pwosesis pou nou fèt ankò epi vin pitit gason ak pitit fi espirityèl Kris la (gade Mozya 5:7–8; Women 8:14–17).

Timoun yo

Timoun yo pa dwe batize pazavan yo atenn laj responsablite, ki se uitan laj (gade Doktrin ak Alyans 68:27). Timoun ki mouri anvan laj sa a yo rachte atravè Ekspyasyon Jezikri a (gade Mowoni 8:4–24; Doktrin al Alyans 137:10). Anvan timoun yo batize, yo dwe anseye yo levanjil la pou yo ka prepare pou etap enpòtan sa a nan lavi yo pou yo fè alyans avèk Bondye a.

Sentsèn nan

Papa nou ki n an Syèl la vle pou nou rete fidèl ak alyans nou fè avèk Li yo. Pou ede nou fè sa, Li kòmande nou pou nou reyini souvan pou nou ka pran sentsèn. Sentsèn nan se yon òdonans prètriz ke Jezikri te prezante bay Apot Li yo jis anvan Ekspasyon L lan.

Pran sentsèn se objektif santral reyinyon sentsèn chak semèn nan. Yo pase pen an ak dlo a epi distribye l bay kongregasyon an. Pen an reprezante sakrifis kò Sovè a pou nou. Dlo a reprezante san Li, ke L te vèse pou nou.

Nou pran amblèm sa yo an souvni de sakrifis Sovè a epi pou renouvle alyans nou avèk Bondye. Nou resevwa pwomès renouvle ke Lespri a ap avèk nou an.

Etid Ekriti

Egzanp Kris la

Alyans Batèm nan

Kalifikasyon pou Batèm

Benediksyon yo Pwomèt pou Batèm

Nesesite pou Gen Otorite

Jezi Etabli Sentsèn nan

Priyè Sentsèn yo

Pran Sentsèn

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Imaj
Kris la mete men sou tèt yon fi

Don Sentespri a

Resevwa Don Sentespri a

Batèm gen de pati. Jezi te anseye ke nou bezwen “fèt nan dlo ak nan Sentespri a” pou nou ka antre nan wayòm Bondye a (Jan 3:5; Joseph Smith te anseye: “Batèm nan dlo a se sèlman mwatye batèm nan, epi li pa vo anyen san lòt mwatye a—ki se batèm Sentespri a” (Enseignements des présidents de l église: Joseph Smith [2007],95).

Batèm nan dlo a dwe suiv pa batèm Sentespri a pou l ka konplè. Lè nou resevwa toulède batèm sa yo, nou pwòpte anba peche nou yo epi nou espirityèlman fèt ankò. Lè sa a, nou kòmanse yon nouvo lavi espirityèl kòm disip Kris la.

Nou resevwa batèm Sentespri a atravè yon òdonans yo rele konfimasyon. Òdonans sa a akonpli pa youn oubyen plis detantè prètriz ki mete men yo sou tèt nou. Toudabò, yo konfime nou kòm manm Legliz la, epi apresa yo konfere don Sentespri a sou nou. Sa se menm òdonans yo fè referans nan Nouvo Testaman an ak nan Liv Mòmon an (gade Travay 8:14–17; 3 Nefi 18:36–37).

Sentespri a se twazyèm manm Divinite a. Li travay nan inite avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Lè nou resevwa don Sentespri a, nou ka gen konpayi Li pandan tout lavi nou si nou rete fidèl.

Kijan Sentespri a Beni Nou

Don Sentespri a se youn pi gwo kado Papa nou ki nan Syèl la ba nou. Sentespri a pwòpte nou ak sanktifye nou, li fè nou vin pi konplè, pi plis tankou Bondye (gade 3 Nefi 27:20). Li ede nou chanje ak grandi espirityèlman pandan n ap chèche suiv presèp Bondye yo.

Sentespri a ede nou aprann ak rekonèt laverite Mowoni 10:5). Li konfime verite a nan kè nou ak nan lespri nou tou. Adisyonèlman, Sentespri a ede nou anseye laverite (gade Doktrin ak Alyans 42:14). Lè nou aprann ak anseye laverite pa pouvwa Sentespri a, Li pote l nan kè nou (gade 2 Nefi 33:1).

Si nou enbleman chèche direksyon nan men Sentespri a, L ap gide nou (gade 2 Nefi 32:5). Sa enkli enspire nou sou fason nou ka sèvi lòt moun.

Sentespri a ba nou fòs espirityèl pou ede nou simonte feblès. Li ede nou reziste anba tantasyon. Li ka avèti nou de danje espirityèl ak fizik.

Sentespri a ap ede nou atravè pwoblèm lavi yo. L ap rekonfòte nou nan moman eprèv oswa chagren yo, l ap ranpli nou avèk espwa (gade Mowoni 8:26). Atravè Sentespri a, nou ka santi lanmou Bondye pou nou.

Etid Ekriti

Nati Sentespri a

Benediksyon ak Enfliyans Sentespri a

Enpòtans Don Sentespri a

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Imaj
Jezi ki kenbe timoun

Pèsevere Jiskalafen

Lè nou batize ak konfime, nou antre nan yon alyans avèk Bondye. Pami tout lòt bagay, nou pwomèt pou nou kenbe kòmandman L yo epi pou nou sèvi Li pou tout rès lavi nou (gade Mozya 18:8–10, 13; Doktrin ak Alyans 20:37).

Apre nou fin antre nan chemen levanjil la atravè batèm ak knfimasyon, nou fè tout efò nou pou rete sou li. Lè nou ekate nou yon ti kras de chemen an, nou egzèse lafwa nan Kris la pou nou repanti. Benediksyon repantans lan pèmèt nou retounen sou chemen levanjil la epi kenbe benediksyon alyans nou fè avèk Bondye yo. Si nou repanti sensèman, Bondye ap toujou dispoze pou L padone nou ak akeyi nou ankò.

Pèsevere jiskalafen vledi rete fidèl anvè Bondye jiska lafen vi nou—atravè bon tan kou move tan, atravè pwosperite ak advèsite. Nou enbleman pèmèt Kris la modle nou epi fè nou pi plis menmjan avèk Li. Nou vire gade Kris la ak lafwa, konfyans, ak esperans kèlkeswa sa ki vini nan lavi nou.

Pèsevere jiskalafen pa senpleman vledi kenbe jiskaske nou mouri. Olyesa, li vledi pou konsantre lavi nou, panse nou, ak aksyon nou sou Jezikri. Li enkli kontinye egzèse lafwa nan Kris la chak jou. Nou egalman kontinye repanti, kenbe alyans nou avèk Bondye, epi chèche konpayi Sentespri a tou.

Pèsevere jiskalafen vledi pou nou “avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak pou tout moun.” Papa nou ki nan Syèl la pwomèt ke si nou pèsevere jiskalafen, nou “ap gen lavi etènèl” (2 Nefi 31:20).

Etid Ekriti

Pèsevere Jiskalafen

Benediksyon pou Moun Ki Pèsevere

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Imaj
yon fanmi k ap souri

Levanjil Jezikri a Beni Tout Pitit Bondye yo

Levanjil Jezikri a se pou tout pitit Bondye. Ekriti yo anseye ke “tout moun se menm pou Bondye” kèlkeswa milye oswa sitiyasyon nou. Li envite “tout moun pou vin jwenn li pou yo kapab goute nan bonte li; epi li pa rejte pèsonn ki vin jwenn li” (2 Nefi 26:33).

Levanjil la beni nou atravè lavi mòtèl nou ak atravè letènite. Nou gen plis chans pou n gen bonè—endividyèlman epi antanke fanmi—lè nou viv selon ansèyman Jezikri yo (gade Mozya 2:41; “Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” ChurchofJesusChrist.org). Viv levanjil la apwofondi lajwa nou, enspire aksyon nou, ak anrichi relasyon nou.

Viv levanjil Jezikri a ka pwoteje nou tout kont fè move chwa ki ka nui nou fizikman oswa espirityèlman. Li ede nou jwenn fòs ak rekonfò nan moman eprèv ak chagren. Li bay fason pou nou gen yon lavi etènèl plen lajwa.

Youn nan pi gwo mesaj levanjil retabli a sèke nou tout fè pati fanmi Bondye. Nou se pitit gason ak pitit fi byeneme Li. Kèlkeswa sitiyasyon familyal nou sou tè a, nou chak se yon manm fanmi Bondye a.

Yon lòt aspè enpòtan nan mesaj nou an sèke fanmi yo kapab ini pou letènite. Se Bondye ki òdone fanmi. Plan bonè Papa nou ki nan Syèl la pèmèt relasyon familyal yo kontinye menm apre lanmò. Òdonans ak alyans sakre tanp yo rann posib pou fanmi yo ansanm pou tout tan.

Atravè limyè levanjil la, fanmi yo kapab rezoud malantandi, konfli, ak pwoblèm. Fanmi ki dechire pa diskòd yo kapab geri atravè repantans, padon, ak lafwa nan pouvwa Ekspyasyon Jezikri a.

Levanjil Jezikri a ede nou devlop relasyon familyal pi solid. Fwaye a se pi bon kote pou anseye ak aprann prensip levanjil yo. Yon fwaye ki etabli sou prensip levanjil yo ap yon lye refij ak sekirite. L ap yon andwa kote Lespri Senyè a ka abite.

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Plan pou Leson Kout ak Mwayen

Plan leson sa a se yon echantiyon sou sa ou ta ka anseye yon moun si w pa gen anpil tan. Lè w ap itilize plan leson sa a, chwazi youn oubyen plis prensip pou w anseye. Yo bay fondasyon doktrinal pou chak prensip nan kòmansman leson an.

Pandan w ap anseye, poze kesyon epi koute. Fè envitasyon ki ap ede moun yo aprann kijan pou yo rapwoche yo de Bondye. Envitasyon ki pi enpòtan an se pou moun nan rankontre avèk ou ankò. Dire leson an ap depann sou kesyon w poze ak tan w pran pou w koute.

Imaj
misyonè k ap ansenye kèk fi

Sa W Ka Anseye Moun nan 3-10 Minit

  • Bondye te voye Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri, sou tè a pou rachte nou anba peche ak lanmò

  • Lafwa nan Jezikri se yon prensip aksyon ak pouvwa. Lafwa ede nou fè eksperyans avèk pouvwa fòtifyan Sovè a nan lavi nou.

  • Lafwa nan Jezikri mennen nou repanti. Repantans se pwosesis pou nou tounen al jwenn Bondye epi vire do bay peche. Lè nou repanti, aksyon nou, dezi nou, ak panse nou chanje pou yo vin plis an amoni avèk volonte Bondye.

  • Lè nou repanti, Bondye padone nou. Padon posib paske Jezikri te ekspye pou peche nou.

  • Batèm gen de pati: batèm nan dlo ak batèm nan Sentespri a. Lè nou batize ak konfime, nou pwòpte anba peche nou, sa ki ba nou yon nouvo depa nan lavi.

  • Apre nou fin batize nan dlo a, nou resevwa don Sentespri a atravè yon òdonans ki rele konfimasyon.

  • Si nou suiv chemen levanjil la fidèlman jiskalafen lavi nou, Bondye pwomèt ke n ap gen lavi etènèl.