Apèl Misyon
Chapit 11: Ede Moun yo Fè ak Kenbe Angajman yo


“Chapit 11: Ede Moun yo Fè ak Kenbe Angajman yo,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Chapit 11,” Preche Levanjil Mwen an

Imaj
Mwen Pa p Vle, pa Youngsung Kim

Chapit 11

Ede Moun yo Fè ak Kenbe Angajman

Reflechi Sou Sa

  • Kijan kenbe angajman yo konekte ak konvèsyon?

  • Kijan kenbe angajman yo konekte ak kenbe alyans yo?

  • Kijan mwen ka ofri envitasyon pou ede moun yo grandi spirityèlman epi ranfòse lafwa yo nan Jezikri?

  • Poukisa li enpòtan pou pataje yon temwayaj sensè?

  • Ki benediksyon mwen ka pwomèt?

  • Kijan mwen ka ede moun yo kenbe angajman yo?

Repantans, Angajman, ak Konvèsyon

Kòm yon misyonè ak disip Jezikri, dezi ou se sali pou nanm yo (gade Mozya 28:3). Sovè a gen “pouvwa pou sove” moun yo ki kenbe alyans yo fè yo nan resevwa òdonans esansyèl yo nan prètriz la, kòmanse avèk batèm (gade 2 Nefi 31:19). Ofri envitasyon ak ede moun kenbe angajman yo pral prepare yo pou batèm.

Moun jwenn sali a kondisyon yo repanti (gade Elaman 5:11). Repantans se konplètman e sensèman tounen jwenn Jezikri. Angajman se yon pati esansyèl nan repantans. Lè ou envite moun pran angajman yo kòm yon pati esansyèl nan ansèyman w, w ap envite yo repanti.

Angajman vledi chwazi yon plan daksyon epi reyalize sa w te chwazi a. Regilyèman aji selon verite yo nan levanjil la mennen nan konvèsyon.

Konvèsyon se yon chanjman nan kwayans, kè, ak lavi yon moun pou l aksepte ak suiv volonte Bondye. Se yon desizyon konsyan pou vin tounen yon disip pou Kris la. Konvèsyon rive lè moun egzèse lafwa nan Kris, repanyi pou peche yo, vin batize, resevwa don Sentespri a, epi pèsevere jiskalafen. Senyè a ak pwofèt Li yo fè referans ak chanjman sa a kòm yon renesans spirityèl (gade Jan 3:3–5; Mozya 27:25–26).

Ekspyasyon Sovè a rann konvèsyon posib, epi Sentespri reyalize chanjman puisan nan kè a (Gade Mozya 5:2; Alma 5:12–14).

Konvèsyon se yon pwosesis, pa yon evènman. Ede moun vin konvèti nan Jezikri esansyèl nan okjektif misyonè w. Selon gidans Lespri a, ou envite moun pou yo pran angajman ki pral ede yo grandi spirityèlman epi santi enfliyans Sentespri a nan lavi yo. Apre sa ou sipòte moun yo nan kenbe angajman yo te pran yo. Ou ede yo aji nan lafwa nan direksyon chanjman dirab (gade Mozya 6:3).

Moun ki kenbe angajman yo avan batèm gen plis chans pou yo fè ak kenbe alyans sakre yo apresa. Lè ou anseye moun pou kenbe angajman yo, w ap anseye yo pou yo kenbe alyans yo. Fè ak kenbe alyans yo se yon pati esansyèl nan levanjil Jezikri a ak plan Bondye pou pitit Li yo.

Chapit sa a enkli direktiv pou ofri envitasyon, pwomès benediksyon yo, pataje temwayaj ou, ak ede moun kenbe angajman yo konsa pou yo ka vin jwenn Sovè epi jwenn sali.

Imaj
misyonè k ap anseye yon fi

Ofri Envitasyon

Kòm yon reprezantan Jezikri, ou envite moun pou suiv Li epi resevwa lajwa nan levanjil Li a. Ou ofri envitasyon espesifik pou yo fè bagay yo ki pral bati lafwa yo nan Kris la. Apre sa ou sipòte moun yo nan kenbe angajman yo.

Envitasyon ak angajman yo vital pou rezon sa a yo:

  • Yo ede moun yo viv prensip yo aprann yo konsa pou yo ka santi temwayaj konfimasyon Lespri a.

  • Kenbe angajman yo se youn nan fason moun yo demontre repantans (gade Doktrin ak Alyans 20:37).

  • Repantans ede moun yo fè eksperyans lapè ak lajwa nan padon Bondye. Yo pral jwenn tou plis èd nan men Bondye devan difikilte yo.

  • Kenbe angajman yo prepare moun yo pou fè ak kenbe alyans sakre yo.

  • Ou ka montre lanmou w pou moun ak lafwa ou nan pwomès Bondye yo nan ede moun yo kenbe angajman yo.

Envite selon jan Lespri a Dirije

Chèche gidans Lespri a konsènan ki envitasyon pou ou ofri ak pou ou ofri yo. Konsidere ki ansèyman oswa doktrin, ak bonjan konpreyansyon, pral ede yon moun aksepte envitasyon w lan. Envitasyon apwopriye a nan moman pwopriye a ka pouse moun yo pou fè bagay yo ki pral bati lafwa yo. Aksyon sa yo ka mennen nan yon chanjman puisan nan kè a (Gade Mozya 5:2; Alma 5:12–14).

Envitasyon ou ofri yo gendwa tou piti, tankou li yon chapit ekriti oswa vini nan reyinyon sentsèn. Oubyen yo ka osi krisyal ke pou vin batize. Envitasyon yo ta dwe apwopriye ak kote yon moun ye nan vwayaj spirityèl li.

Envitasyon gide pa Lespri a bati youn sou lòt pou ede yon moun pwogrese spirirtyèlman (gade 2 Nefi 28:30; Doktrin ak Alyans 93:12–13). Mande tèt ou, “Ki angajman moun sa ap kenbe? Ki pwochen bagay li bezwen pou l pwogrese?

Koute moun w ap pale ak yo oswa anseye yo. Apati sa w tande ak santi, chèche gidans Lespri a konsènan ki envitasyon ki pral ede chak moun pwogrese nan sans pou fè alyans sakre yo.

Prensip yo pou Ofri Envitasyon

Ofri envitasyon mande lafwa nan Kris la. Gen lafwa ke Li pral beni moun yo lè yo aksepte ak suiv envitasyon ou yo.

Moun yo gen plis chans pou chanje lè ou envite yo pou yo aji sou yon verite nan levanjil la epi ede yo wè kijan chanjman an pral beni yo. Yo pral chanje nan nivo ke yo santi Lespri a ak fè eksperyans lajwa nan viv levanjil Jezikri a.

Nenpòt lè ou an kontak avèk yon moun, an pèsòn oswa anliy, konsidere ki envitasyon ki t aka ede yo ranfòse lafwa yo nan Kris epi santi Lespri a. Pafwa sa gendwa osi senp ke rankontre avèk yo ankò oswa vini nan yon aktivite Legliz la.

Pandan w ap prepare w pou anseye yon leson, konsidere bezwen yo ak pwogrè chak moun. Asire w ke plan leson w lan enkli youn oswa plis envitasyon ki pral ede moun nan pwogrese.

Fè atansyon pou ou pa ofri twòp envitasyon alafwa. Yon moun bezwen tan pou l aji, epi aprann apati chak envitayon.

Ou ka dirèk men pa otoritè pandan w ap envite moun yo pou pran angajman (gade Alma 38:12). Respekte libabit moun.

Etid Ekriti

Poukisa angajman yo enpòtan?

Envite avèk Langaj Janti ak Klè

Yon envitasyon souvan pran fòm yon kesyon “eske w ta” vle, ki mande yon repons wi oswa non. Fè envitasyon ou yo janti, espesifik, ak klè. Yo ta dwe envite oswa kondui moun yo pou pran yon angajman pou aji avèk lafwa nan Jezikri.

Malgre envitasyon yo pral patikilye pou chak moun, konsidere egzanp ki pi ba yo:

  • Ale legliz ofri yon moman ak yon kote pou ou pou w adore Bondye epi santi Lespri Li a. Li ka ede w tou pou vin entegre nan yon kominote k ap sipòte w pandan w ap fè chanjman yo pou vin pi pre Sovè a. Eske w ta vle vini avèk nou nan reyinyon sentsèn dimanch sa a?

  • Kounya ke nou te diskite sou enpòtans pou etidye ekriti yo, eske w ta vle li [yon pasaj espesifik nan ekriti yo]? Eske w ta vle ekri nenpòt enpresyon oswa kesyon ou ka genyen? Nou ka diskite sou refelksyon w yo pwochèn fwa nou rankontre.

  • Nou ap diskite sou lavi Sovè a ak kòmandman Li yo. Eske w ta vle suiv egzanp Li nan vin batize nan Legliz Li a epi pwomès yo avèk Li? (Gade “Envitasyon pou Vin Batize ak Konfime a” nan chapit 3.)

  • Ou te eksprime enterè pou w konekete pi plis avèk Bondye nan lavi ou. Eske w ta vle priye avèk lafwa pandan kèk jou k ap vini yo konsa pou w ka fè eksperyans beneddiksyon nan lapriyè yo?

  • Nou gen yon videyo ke nou panse ou pral jwenn ki itil. Eske nou ka montre w li oswa voye lyen an pou ou? Eske ou pral gade l? Eske nou ka tcheke ak ou demen pou wè kisa ou panse?

Chèche direksyon Sentespri a pandan w ap konsidere fason natirèl yo pou ofri envitasyon ki janti, espesifik, ak klè.

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Nan jounal etid ou, ekri yon envitasyon ki senp, dirèk, epi klè pou chak angajman nan yon leson. Si ou te fè aktivite sa a deja, repete l epi konpare nouvo envitasyon w yo ak sa anvan yo.

Repase envitasyon ou te ekri yo avèk konpayon w. Apresa diskite sou kesyon ki pi ba yo:

  • Kijan nou ka ede moun yo konprann benediksyon Senyè a pwomèt yo asosye avèk envitasyon sa a?

  • Poukisa envitasyon sa a enpòtan pou mwen pèsonèlman?

  • Kijan mwen ka ede moun yo santi lanmou Bondye pou yo lè m ap ofri envitasyon yo?

  • Kijan m ka amelyore nan ede lòt moun yo aji sou envitasyon mwen ofri yo?

Panse ak yon moun w ap anseye. Fè pratik ofri envitasyon sa yo tankou si ou t ap adrese w a moun sa a. Repase envitasyon w yo selon bezwen.

Pwomèt Moun yo Benediksyon

Bondye pwomèt pou l beni nou si nou kenbe kòmandman Li yo (gade Doktrin ak Alyans 130:20–21). Moun yo ki kenbe kòmandman yo epi rete fidèl yo “beni nan tout bagay” epi ap “kapab rete avèk Bondye nan yon bonè ki pa p fini” (Mozya 2:41).

Lè ou envite moun pou pran angajman yo, pwomèt yo benediksyon yo paske yo kenbe angajman yo? Ou ka idantifye anpil nan benediksyon sa yo nan etidye ekriti yo, ansèyman pwofèt yo nan dènye jou yo, ak leson yo nan chapit 3. Reflechi tou sou benediksyon yo nan pwòp lavi w. Nan lapriyè deside ki benediksyon pou pwomèt chak moun lè w ap ofri envitasyon yo.

Lè ou envite yon moun pou viv yon kòmandman, anseye bagay sa yo:

  • Obeyi kòmandman yo montre lanmou nou pou Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Li an, Jezikri (gade Jan 14:15).

  • Obeyi kòmandman montre Bondye nou gen konfyans nan Li (gade Pwovèb 3:5–6).

  • Benediksyon Bondye yo alafwa spirityèl ak tanporèl (gade Mozya 2:41).

  • Pi gran benediksyon Bondye a se lavi etènèl (gade Doktrin ak Alyans14:7).

  • Lè nou sensèman priye epi aji ak lafwa, Bondye pral ede nou akonpli bagay yo Li te kòmande nou pou n yo (gade 1 Nefi 3:7).

  • Bondye akonpli pwomès Li yo pou l beni nou selon fason ak tan pa Li (gade Doktrin ak Alyans 88:68).

Moun yo souvan fè fas ak opozisyon nan kenbe kòmandman yo. Sipòte moun w ap anseye yo, epi asire yo ke Bondye pral beni yo lè yo fè efò pou yo fè volonte Li. Ede yo konprann ke opozisyon se yon opòtinite pou grandi nan chwazi pou suiv Kris menm sa difisil (gade 2 Nefi 2:11, 13–16).

Eldè Jeffrey R. Holland te anseye: “Kèk benediksyon vini byen vit, kèk lòt vini nan apre, epi gen lòt ki pap vini pazavan nou nan syèl la; men, pou moun ki anbrase levanjil Jezikri yo, yo vini kanmèm” (“An High Priest of Good Things to Come,”,” Ensign,, Nov. 1999,38).

Etid Ekriti

Kisa ekriti ki pi ba yo anseye konsènan dezi Senyè pou beni nou?

Etid Pèsonèl

Li Doktrin ak Alyans 82:10 and 130:20–21. Apresa etidye ekriti ki pi ba yo: Fè de kolòn nan jounal etid ou. Nan yon bò, ekri kòmandman ou jwenn nan chak pasaj. Nan lòt bò a, ekri pwomès benediksyon pou kenbe kòmandman an.

Pataje Temwayaj Ou

Pataje temwayaj nenpòt lè w ap ofri yon envitasyon epi pwomèt benediksyon yo. Di yo kijan ou te beni lè ou te viv prensip w ap anseye a. Pataje temwayaj ou ke prensip la pral beni lavi moun nan lè li viv li.

Temwayaj sensè ou pral ede kreye yon anviwonman pou moun yo santi Sentespri a konfime verite. Sa pral ankouraje yo aksepte envitasyon ou pral ofri yo.

Pou plis enfòmasyon, gade “Pataje Temwayaj Ou” nan chapit 10.

Imaj
gwoup k ap priye

Ede Moun yo Kenbe Angajman yo

Lè moun yo aksepte envitasyon w yo pou fè yon bagay, fè suivi pou ede yo kenbe angajman yo. W ap ede moun yo devlope lafwa nan Kris la. Wòl ou se pou ede yo ranfòse lafwa yo epi pran rezolisyon pou pwogrese nan sans konvèsyon total. Pa jis envite moun pou yo chanje; sipòte yo nan fè li.

Moun yo pral resevwa yon temwayaj Lespri a lè yo egzèse lafwa pou repanti nan kenbe angajman yo. Temwayaj sa a souvan pa vini “jis apre eprèv lafwa [yo]” (Etè 12:6). Pa pran sipriz lè opozisyon soulve. Planifye kijan ou pral ede yo travèse eprèv yo konsa pou yo ka resevwa temwayaj Lespri a. Lòt manm yo nan Legliz la ka founi sipò tou.

Moun yo souvan santi enfliyans Lespri a lè ou la avèk yo. Mete aksan sou enpòtans pou priye, li ekriti yo, epi reponn envitasyon ou yo konsa pou yo ka gen santiman sa yo lè yo poukont yo.

Kenbe angajman yo prepare moun yo pou òdonans ak alyans yo sou wout yon konvèsyon pou tout lavi. Efò ou yo ka ede yo “manifeste pa mwayen zèv yo” dezi yo pou suiv Jezikri (Doktrin ak Alyans 20:37).

Imaj
Fi k ap bay akolad

Planifye pou Kontak Brèf Chak Jou

Ede moun yo kenbe kòmandman yo kòmanse lè nou premye vizite ak anseye yo. Mande yo pou yo anrejistre angajman yo sou telefòn yo, kalandriye, oswa yon bagay ou kite avèk yo.

Mande si ou, oswa yon manm ki te patisipe, ka fè yon kontak brèf chak jou ant vizit enstriksyon yo. Eksplike ke objektif kontak sa yo se pou sipòte yo, epi dekri kèk fason nou ka fè sa. Kontak sa yo se yon mwayen pou aplike prensip la ki nan Doktrin ak Alyans 84:106.

Detèmine metòd pou kontak k ap pi efikas la, tankou yon vizit brèf, apèl telefòn, tèks, oswa mesaj medya sosyal. Teknoloji ofri anpil opsyon pou rapèl adisyonèl ak sipò.

Ankouraje ak Ede Moun nan Kontak Chak Jou Ou

Pou chak envitasyon ou ofri, anrejistre nòt yo nan app Preche Levanjil Mwen an konsènan fason pou suivi a nan demen. Lè n ap planifye sou apre a, chèche gidans Lespri a pandan n ap diskite fason pou ede moun yo kenbe angajman yo.

Fè kontak chak jou w yo avèk moun yo pozitif ak ankourajan. Priye pou yo. Montre lanmou ak konpreyansyon lè w ap ede yo kenbe angajman yo. Poze kesyon epi ede yo simonte difikilte yo. Si genyen tan, li ansanm nan Liv Mòmon an. Pataje medya Legliz la ki enpòtan, enkli mizik ki pwodui pa Legliz la ki ka remonte yo. Montre respè pou tan yo ak dezi yo.

Entwodui yo ak lòt manm Legliz yo. Lè l apwopriye, mande manm yo pou yo ede moun yo kenbe angajman yo (gade chapit 10).

Konplimante moun yo k ap travay pou kenbe angjaman yo. Ede yo wè kijan Senyè a kontan pou efò yo. Moun sa yo ap chanje lavi yo, sa ki mande anpil travay ak pasyans. Ede yo rekonèt benediksyon y ap resevwa yo. Eksprime konfyans ou ke yo ka reyisi.

Montre lanmou tou si moun yo pa te kenbe angajman yo. Ankouraje ak Ede Moun nan Kontak Chak Jou Ou. Pa egzanp, si yon moun te aksepte yon envitasyon pou li yon chapit nan Liv Mòmon an men pot ko fè sa, ofri pou li l ansanm. Ede moun nan dekouvri pa eksperyans kijan kenbe angajman yo ka beni lavi li.

Li ka fè anpil tantativ pou moun kenbe yon angajman, epi ou ka bezwen fè anpil vizit pou ede yo. Diskite kijan yo ka simonte difikilte yo nan kenbe angajman yo. Rete pasyan ak solidè, san kritike ni jije.

Genyen Enfliyans Sentespri a nan Kontak Chak Jou Ou

Lè ou fè suivi avèk moun, mande yo pataje eksperyans yo nan kenbe angajman yo. Mande kisa yo te aprann ak santi. Sa pral ede yo rekonèt enfliyans Lespri a nan alvi yo epi ede yo idantifye pwochen etap la.

Lè ou kontakte moun chak jou, yon pati enpòtan nan objekltif ou se pou envite enfliyans Sentespri a nan lavi yo. Ede yo rekonèt kijan pou yo santi Lespri a lè ou pa la avèk yo. Kontak chak jou w la ta dwe ranfòse santiman spirityèl yo te santi lè ou te anseye yo. Yo pral vin konvèti lè yo santi pouvwa ak enfliyans Sentespri a.

Montre Lanmou

Pwosesis konvèsyon an santre sou lanmou Kretyen an (gade 4 Nefi 1:15). Chèche don charite a. Montre lanmou sensè ka ede moun yo santi Lespri a nan lavi yo. Ekspresyon lanmou ou ka ede yo tou pou aksepte envitasyon yo epi kenbe angajman yo ki mennen nan konvèsyon.

Lè ou renmen ak anseye lòt moun, pwòp konvèsyon pa w nan Sovè a apwofondi.

Asiste nan konvèsyon yon lòt moun se yon travay sakre. Ou pral jwenn lajwa dirab lè ou konsakre tèt ou nan travay sa a ak nan sèvi lòt moun yo (gade Matye 10:39; Mozya 2:17; Alma 27:17–18; Doktrin ak Alyans 18:10–16).

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Anrejistre nan app Preche Levanjil Mwen an plan ou yo pou kontak chak jou avèk chak moun w ap anseye. Planifye plizyè jou alavans kisa ou pral fè pou fè suivi avèk chak moun.

Chwazi yon envitasyon ou pral ofri lè w anseye chak moun. Apresa idantifye diferan preyokipasyon ki ka anpeche yon moun aksepte oswa kenbe angajman an. Diskite ak pratike kijan ou ka pi byen ede moun yo lè y ap travay pou rezoud preyokipasyon yo.

Senyè a Dezire pou Moun yo Vini epi Rete

Travay misyonè gen pi gran efè li lè moun yo fè ak kenbe angajman yo pou viv levanjil la epi rete aktif nan Legliz la pandan tout lavi yo. Li pa sifi pou pou yo senpleman vin antre Legliz la. Senyè dezire pou yo vini epi rete (gade Jan 15:16). DIrije tout ansèyman ak envitasyon w yo nan sans finalite sa a. Pou resevwa tout benediksyon yo ke Papa nou ki nan Syèl la genyen pou yo, manm yo dwe kontinye viv levanjil la nan kenbe kòmandman ak alyans yo te fè yo pandan yo rete aktif nan Legliz la.

Nefi te anseye: “lè nou fin antre nan chemen etwat ak kwense sa a, m vle mande èske tout bagay fini? Gade, Mwen di nou, Non; … nou dwe kontinye avanse avèk fèmte nan Kris, … epi [si nou] pèsevere jiskalafen, gade, Papa a di: N ap gen lavi etènèl” (2 Nefi 31:19–20).

Bay meyè efò ou pou ede moun yo kalifye pou “lavi etènèl, ki se pi gwo nan tout kado Bondye yo” (Doktrin ak Alyans 14:7).


Ide pou Etid ak Aplikasyon

Etid Pèsonèl

  • Idantifye yon kòmandman nan leson 4. Jwenn epi anrejiste referans ekriti yo ak sitasyon apati pwofèt yo ki dekri pwomès benediksyon ki asosye avèk kòmandman sa a. Reflechi sou benediksyon ou te resevwa nan obeyi kòmandman sa a, epi ekri yo nan jounal ou.

  • Lè ou kominike avèk fanmi ou oswa lòt moun, mande kijan yo te beni nan obeyi yon kòmandman espesifik (pa egzanp, kenbe Saba a sen, obeyi lwa dim nan, oswa kenbe yon kòmandman ki difisil pou yon moun w ap anseye).

  • Reponn kesyon sa yo pou ede w idantifye domèn yo kote ou ka amelyore lè w ap ofri envitasyon yo. Fè plan pou amelyore.

    • Èske moun yo konnen ke mwen renmen yo?

    • Eske mwen gen konfyans ke yo pral beni nan aji sou envitasyon nou yo.

    • Eske mwen bay tan ak atansyon apwopriye pou fè kontak chak jou avèk moun yo pou ede yo kenbe angajman yo?

    • Eske plan leson nou yo enkli envitasyon espesifik pou aji?

Etid Konpayon ak Echanj Konpayon

  • Repase envitasyon yo nan youn nan leson misyonè yo. Pou chak envitasyon, reponn kesyon ki pi ba yo:

    • Ki benediksyon Senyè a te pwomèt pou moun yo ki kenbe angajman sa a?

    • Kijan obeyi prensip sa a pral ede moun yo ogmante lafwa yo ak temwayaj yo?

    • Kijan angajman sa a pral ede moun yo repanti epi vin pi sansib pou Lespri a?

  • Apati zouti planifikasyon w yo, fè yon lis moun ou te kontakte nan de jou ki pase yo. Enkli moun w ap anseye yo ak manm yo.

    • Pou chak moun, ekri envitasyon yo ou te ofri ak angajman yo te pran.

    • Konsidere ki lòt envitasyon ou te ka ofri.

    • Diskite poukisa ou te gen posiblite jwenn angajman nan men kèk nan moun sa yo men pa nan men lòt yo.

    • Kisa w pral fè pou w fè suivi sou envitasyon sa yo?

Konsèy Distri, Konferans Zòn, ak Konsèy pou Dirijan Misyon

  • Diskite ide efikas ak kreyatif pou kontak chak jou avèk moun w ap anseye yo. Kijan misyonè yo te travay avèk manm yo efikasman? Ki medya enprime oswa dijital ki itil? Kisa nou ka fè lè moun yo pa lakay yo oswa twò okipe pou wè nou

  • Diskite fason misyonè yo te anseye avèk efikasite kòmandman yo nan leson 4.

Dirijan Misyon ak Konseye Misyon yo

  • Lè sa posib, akonpaye misyonè yo lèy ap anseye. Ede yo fokis sou ede moun yo fè ak kenbe angajman yo.

  • Ankouraje dirijan prètriz pawas yo, dirijan òganizasyon yo, ak manm yo pou fè kontak chak jou avèk moun misyonè yo ap anseye—si moun yo te dakò pou kontak sa a.