Apèl Misyon
Chapit 10: Anseye pou Bati Lafwa nan Jezikri


“Chapit 10: Anseye pou Bati Lafwa nan Jezikri,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Chapit 10,” Preche Levanjil Mwen an

Imaj
Diskou sou Mòn nan, pa Harry Anderson

Chapit 10

Anseye sou Bati Lafwa nan Jezikri

Reflechi Sou Sa

  • Kijan mwen ka anseye selon Lespri a?

  • KIjan mwen ka anseye apati ekriti yo?

  • Kijan mwen ta dwe pataje temwayaj mwen lè m ap anseye?

  • Kijan mwen ka planifye ak ajiste ansèyman mwen yo pou satisfè bezwen moun yo?

  • Kijan mwen ka poze pi bon kesyon epi vin pi byen nan koute?

  • Kijan mwen ka ede moun yo jwenn repons pou kesyon yo epi resevwa gidans ak fòs?

Ou jwenn apèl pou anseye levanjil retabli Jezikri a bay tout moun ki pral resevwa w yo. Ansèyman se sant tout bagay ou fè. Pandan ou konte sou Senyè a pou èd, Li te pwomèt:

“Epi nenpòt moun ki resevwa nou, m ap la tou, paske m prale devan nou. M ap sou kote dwat nou ak sou kote goch nou, epi Lespri m ap nan kè nou, epi zanj mwen yo ap alantou nou pou pote nou anlè” (Doktrin ak Alyans 84:88).

Priye, etidye, ak pratike pou amelyore abilte w pou anseye. Aplike prensip yo nan chapit sa a ak nan lòt chapit yo nan liv sila. Sensèman chèche don ansèyman an konsa pou w ka beni lòt moun yo epi glorifye Bondye. Senyè a ap ede ou anseye avèk pouvwa ak otorite lè ou dilijaman chèche Li epi aprann pawòl Li.

Chèche pou ansenye jan Sovè a te ansenye a

Pandan ministè tèrès Li a, Jezi “te ale toupatou pou l … anseye … , preche … , ak geri” (Matye 4:23). Li te anseye nan diferan anviwònman—nan sinagòg yo, fwaye yo, ak sou wout li. Li te anseye nan gran rasanbleman yo ak nan konvèsasyon prive yo. Kèk nan entèaksyon ki pi puisan Li yo te trè brèf oswa nan anviwònman inabityèl. Li te anseye atravè aksyon Li yo ansan ak pawòl lI yo tou.

Sovè te anseye chak moun selon bezwen patikilye li. Pa egzanp, lè l t ap sèvi mesye paralize a, Li te padone peche li yo epi geri li (gade Mak 2:1–12). Lè l t ap rann sèvis patoral pou fi ki te komèt adiltè a, Li te pwoteje l epi envite l pou l pa peche ankò (gade Jan 8:2–11). Lè l tap pale avèk nonm rich la ki te dezire lavi etènèl la, Li “te renmen l” malgre jèn gason an te refize aksepte envitasyon Li pou suiv Li (Mak 10:21; see vèsè 17–21).

Ou ka amelyore ansèyman w nan apran fason Sovè a te anseye. Pa egzanp: Li te renmen Papa a ak moun lI te anseye yo. Li te rete nan lapriyè. Li te anseye apati ekriti yo. Li te prepare espirityèlman. Li te poze kesyon ki enspire. Li te envite moun yo aji avèk lafwa. Li te konekte prensip levanjil yo avèk lavi chak jou.

Chèche pou ansenye jan Sovè a te ansenye a se yon demach tout yon lavi. Sa pral vini pou ou liy apre liy pandan w ap suiv Li (gade 2 Nefi 28:30; Etè 12:41).

“Chèche pou Akeri Pawòl Mwen”

Pou anseye levanjil Jezikri a; ou bezwen konnen doktrin ak prensip debaz li yo. Ou pral bezwen konesans espirityòl ak konfimasyon tou sou verite levanjil yo. Senyè a te di, “Pa chèche deklare pawòl mwen an, men chèche pou ou jwenn pawòl mwen an dabò.”

Pou “jwenn” pawòl Senyè a vledi pou editye l epi kite l plonje fon nan kè w. Pandan w ap fè efò sa a, Li te pwomòt, “Apresa lang ou va lage; apre sa si ou vle, w ap gen Lespri m ak pawòl mwen an, wi, pisans Bondye pou konvenk lèzòm” (Doktrin ak Alyans 11:21).

Imaj
moun k ap make ekriti yo

Senyè a te di pou “medite pawòl lavi yo tout tan nan panse nou” (Doktrin ak Alyans 84:85). Medite sou pawòl Senyè a pral ogmante konesans ou epi fòtifye temwayaj ou. Dezi ak abilte ou pou anseye levanjil la pral ogmante menmjan tou. (Gade Jakòb 4:6–7; Alma 32:27–42; 36:26; 37:8–9.)

Nan lapriyè jwenn ak medite sou pawòl a nan etidye ekriti yo, pawòl pwofèt vivan yo, ak leson yo nan chapit 3.

Anseye pa Lespri a

Levanjil Jezikri a se “pouvwa Bondye pou sali tout moun ki kwè” (Women 1:16). Pou rezon sa a, mesaj Retablisman levanjil la bezwen anseye pa pouvwa diven—pouvwa Sentespri a.

Li enpòtan pou ou devlope talan pou anseye yo. Li enpòtan tou pou ou aprann doktrin ak prensip w ap anseye yo. Sepandan, lè w ap anseye verite espirityèl yo, ou pa repoze prensipalman sou pwòp abilte ak konesans ou yo.

Verite espeirityòl yo anseye pa pouvwa Sentespri a. Senyè a di: “Epi n ap resevwa Lespri a avèk priyè ki fèt avèk lafwa; epi si nou pa resevwa Lespri a nou pa dwe anseye” (Doktrin ak ALyans 42:14; gade tou Doktrin ak Alyans 50:50:13–14, 17–22).

Kisa Sa Vledi pou Anseye pa Lespri a

Lè ou anseye pa Lespri a, ou priye pou w genyen pouvwa Sentespri a nan ansèyman ou. Ou priye tou pou moun yo ka resevwa verite yo pa Lespri a. Moun yo gendwa pèsyade sou kèk verite, men pou yo konvèti, y ap bezwen fè eksperyans avèk Lespri a (gade Doktrin ak Alyans 8: 2–3).

Prepare tèt ou pou vin yon enstriman pou Lespri a itilize pou l ka anseye. Konsidere Sentespri a kòm konpayon ou nan anseye.

Konte sou Lespri a pou ede w konnen kisa pou w di. Li pral pèmèt ou sonje doktrin ou te etidye a. Li pral ede w planifye ak ajiste ansèyman mwen yo pou satisfè bezwen moun yo.

Lè w anseye pa Lespri a, Li pral pote mesaj ou a nan kè moun w ap anseye yo. Li pral konfime measj ou a lè ou rann temwayaj ou. Ou ak moun ki resevwa sa w ap anseye pa Lespri a pral edifye, konprann youn lòt, epi rejwi ansanm. (Gade 2 Nefi 33:1; Doktrin ak Alyans 50:13–22.)

Imaj
Prezidan Ezra Taft Benson

“Lespri a se grenn eleman ki pi enptan nan travay sa a. Avèk Lespri pou mayifye apèl ou, ou ka fè mirak pou Senyè a nan chan misyon an. San Lespri a, ou pa p janm gen siksè kelkeswa talan ak abilte w” (Ezra Taft Benson, seminar for new mission presidents, 25 Jen, 1986).

Pwomès la nan Apèl Ou

Ou te jwenn apèl ak mizapa “Pu preche levanjil mwen an pa Lespri a, ki se Konsolatè ke mwne te voye pou anseye laverite a” (Doktrin ak Alyans 50:14). Pafwa nou kapab santi ou strese oswa ensatisfè. Petèt ou enkyete dèske w pa konnen ase oswa ke w pa gen ase eksperyans.

Papa nou ki nan Syèl la, ki konnen ou pafètman, aple ou pou w anseye akoz sa ou ka ofri kòm yon disip devwe Jezikri. Li p ap abandone ou. Fè konfyans ke Lespri a pral mayifye abilte w yo epi pral anseye verite pou moun ki reseptif yo.

Imaj
Èldè Neil L. Andersen

Eldè Neil L. Andersen te di: “Mwen t ap kontanple defi nan yon misyon, mwen te santi inadekwa e non prepare. M sonje m te priye, ‘Pè Selès, kijan m ka sèvi yon misyon pandan konesans mwne limite anpil?’ Mwen te kwè nan Legliz la, men mwen te santi konesans espirityèl mwen te trè limite. Lè m te priye, yon santiman te anvayi: ‘Ou pa konnen tout bagay, men ou konnen ase!’ Rasirans sa a te ban m kouraj pou m te fè pwochen pa a antre nan chan misyon an ” (“Ou Konne Ase,” Lyawona, Nov. 2008, 13).

Envite Lespri a Ou Kòmanse Anseye

Premye moman yo avèk moun ap trè enpòtan. Rete natirèl ak respektye. Montre enterè ak lanmou sensè. Chèche pou jwenn konfyans yo. Youn nan fason pou jwenn konfyans se lè moun yo santi Lespri a avèk ou.

Poze kèk kesyon senp pou ede ou konprann kontèks yo ak sa y ap atann konsènan vizit ou yo. Koute avèk atansyon.

Avan ou kòmanse, envite tout moun ki prezan yo pou patisipe nan lesan an. Ankouraje yo pou retire distraksyon yo konsa yo ka santi Lespri Senyè a.

Eksplike ke ou t arenmen kòmanse epi fini chak leson avèk yon priyè. Ofri pou ou fè priyè ouvèti a. Priye senp e sensèman pou BOndye ka beni moun w ap anseye yo nan chak aspè nan lavi yo. Priye pou yo ka santi verite sou sa w ap aseye yo. Sonje ke “priyè lafwa yon [moun] jis efikas anpil” (Jak 5:16).

Gne lafwa nan pouvwa konèsyon Sentespri a. Selon jan Lespri a gide w, ou gendwa eksprime panse tankou sa yo lè w ap kòmanse anseye:

  • Bondye se Papa nou ki nan Syèl la ki eman. Nou tout se frè ak sè. Li vle pou nou gen jwa.

  • Nou tout genyen defi ak difikilte. Kelkeswa s aw ap travèse, Jezikri ak Ansèyman Li yo ka ede ou. LI ka ede ou jwenn lapè, lespwa, gerizon, ak bonè. Jezi ka ede ou genyen pi plis fòs devan defi yo nan lavi a.

  • Nou tout fè erè, ki ka kreye santiman kilpabilite, lawont, ak regrè. Santiman sa yo pral ekate nou sèlman lè nou repanti epi chèche padon Bondye. Gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, nou ka rekonsilye avèk Bondye.

  • Nou pral vin gid konsa nou ka aprann verite nan mesaj nou an pou tèt pa nou. Nou pral envite ou pou fè kèk bagay, tankou li, priye, ak ale legliz. Wòl nou se pou ede ou aji sou envitasyon sa yo epi eksplike benediksyon ou ka resevwa yo. Tanpri poze kesyon.

  • Nou te aple pa yon pwofèt Bondye pou pataje sa nou konnen. Nou konnen ke mesaj nou an vrè.

  • Nou prla anseye ou kijan pou fè alyans, oswa pwomès espesyal yo, avèk Bondye. Alyans sa yo pral konekte ou ak Bondye epi pèmèt ou resevwa lajwa,fòs, ak pwomès espesyal ki soti de Li.

  • Ou pral aprann kijan pou fè chanjman yo nan lavi w epi suiv Jezikri ak ansèyman Li yo. Yon ansèyman esansyèl Jezikri, ak premye alyans nou fè, se pou suiv egzanp Li epi vin batize pa otorite apwopriye a (gade Jan 3:5; Doktrin ak Alyans 22).

Imaj
misyonè ap priye

Avan ou anseye yon leson, bay yon senp rezime sou sa ou pral anseye yo. Ede yo wè kijan sa pral gen enpòtans pou yo. Pa egzanp, ou gendwa di, “Nou vini la pou pataje mesaj ke Jezikri te etabli Legliz Li a sou tè a jodia epi te aple pwofèt vivan yo pou gide nou.” Oswa ou gendwa di, “Nou vini la pou ede ou konnen ke Bondye renmen ou epi li gen yon plan pou bonè w.”

Tout moun pral benefizye lè yo aksepte epi viv levanjil Jezikri a. Papa nou ki nan Syèl la ka te beni moun ou jwenn nan avèk preparasyon espirityèl presye (gade Alma 16:16–17).

Envite Lespri epi pataje verite nan premye reyinyon an pral ede moun yo rekonèt nou kòm sèvitè pou Senyè a.

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Itilize sigjesyon yo nan seksyon sa a pou pratike diferan fason pou kòmanse yon leson.

Itilize Ekriti yo

Ouvraj kanonik yo nan Legliz la se sous debaz pou anseye levanjil retabli Jezikri a. Genyen anpil rezon ki fè li vital pou itilize ekriti yo kòm baz pou ansèyman ou. Pa egzanp:

Nan itilize ekriti yo nan ansèyman w, ou ka ede lòt moun yo kòmanse etidye ekriti yo pou kont yo. Pandan lanmou w pou ekriti yo vin evidan, yo pral jwenn ankourajman pou yo etidye. Montre kijan etidye ekriti yo prla ede yo aprann levanjil la ak santi lanmou Bondye. Bay egzanp sou fason ekriti yo ka ede moun yo jwenn repons pou kesyon yo epi resevwa gidans ak fòs.

Konsakre tèt ou nan etidye ekriti yo.konsa pou w ka anseye apati yo efikasman (gade chapit 2). Abilte w pou anseye apati ekriti yo pral amelyore lè ou etidye yo chak jou, alfwa pèsonèlman epi avèk konpayon w.

Ede moun yo devlope lafwa nan Jezikri atravè etid ekriti yo, patikilyèman Liv Mòmon an. Sigjesyon ki pi ba yo ka ede.

Imaj
gwoup ki ap etidye ekriti yo

Entwodui Ekriti yo

Briyèvman dekri kontèks pasaj la. Egzanp ki pi ba yo montre kèk fason pou entwodui yon ekriti:

  • “Nan istwa Joseph Smith, Joseph di nou nan pwòp mo pa li sa ki te rive li te ale nan boskè a pou l priye. Li te di, ‘M te wè yon kolòn limyè…’”

  • “Nan pasaj sa a, pwofèt Alma ap anseye moun ki pòv yo pou yo egzèse lafwa nan yo nan pawòl Bondye a. Li te konpare pawòl Bondye a avèk yon semans ki ka plante nan kè nou. Eske w ka kòmanse li vèsè … ?”

Li Pasaj la

Li vèsè yo awotvwa oswa mande moun w ap anseye a pou li awotvwa. Montre sansiblite pou moun ki gen difikilte pou li. Si yon pasaj difisil pou yo konprann, li avèk yo epi eksplike si nesesè. Defini nenpòt mo oswa fraz ki difisil. Oubyen ba yo yon pasaj pi senp pou yo li. Envite yo pou yo chèche jwenn pwen patikilye yo nan mesaj la

Aplike Ekriti yo

Nefi te di: “M te konpare tout ekriti yo avèk nou, pou nou kapab pwofite ak aprann” (1 Nefi 19:23). Pou “konpare” vledi pou aplike ekriti yo nan lavi ou.

Konpare ekritti yo ak moun w ap anseye yo nan montre kijan istwa ak prensip yo enpòtan pou yo pèsonèlman. Pa egzanp:

  • “Tankou ou, pèp Alma a te gen fado lou, preske plis pase sa yo te ka pote. Men lè yo te egzèse lafwa epi priye, Bondye te fòtifye yo pou yo te ka andire difikilte yo. Apresa Li te delivre yo anba eprèv yo. Menjman LI te fè pou moun sa yo, mwen konnen Bondye pral ede ou nan eprèv ou lè ou …” (Gade Mozya 24.)

  • “Enstriksyon Alma pou moun yo ki te nan Dlo Mòmon yo aplike ak nou jodia. Jan, eske ou dispoze pou … ?” (Gade Mozya 18.)

Anseye moun yo kijan pou yo “konpare” ekriti yo ak tèt pa yo. Dekouvri aplikasyon pèsonèl yo pral ede yo aplike e fè eksperyans pouvwa nan pawòl Bondye a.

Envite epi Ede Moun pou Li Pou Kont Yo

Moun w ap anseye yo bezwen li ekriti yo, patikilyèman Liv Mòmon an, pou akeri yon temwayej sou verite a. Nan itilize ekriti yo efikasman nan ansèyman w, ou ka ede lòt moun yo kòmanse etidye ekriti yo pou kont yo.

Apre chak vizit, sigjere chapit oswa vèsè espesifik pou yo li. Sigjere kesyon pou yo konsidere pandan y ap li. Ankouraje yo pou yo etidye ekriti yo chak jou pou kont yo ak avèk fanmi yo. Ou ta ka mande manm yo tou pou li avèk yo nan entèval leson yo.

Avan w kòmanse pwochen leson an, fè suivi nan diskite sa ou te envite moun yo pou li a. Si nesesè, ede yo konprann epi “konpare” ekriti sa yo. Ankouraje yo pou yo ekri enspirasyon sa yo epi suiv yo.

Lè ou ede moun yo li, konprann, ak aplike ekriti yo—espesyalman Liv Mòmon an—yo pran fè eksperyans espirityèl avèk pawòl Bondye a. Yo pral gen plis chans pou li pou kont yo epi fè ekriti yo vin yon pati enpòtan nan lavi yo.

Imaj
misyonè ki ap anseye yon fanmi

Ede Moun yo Aksede nan Ekriti yo

Ekriti yo ak pawòl pwofèt vivan yo disponib nan plizyè fason ak plis lang ke jamè avan. Aprann ki opsyon emprime oswa dijital ki disponib pou moun w ap anseye yo. Ede moun yo aksede nan ekriti yo nan fason ki matche bezwen ak preferans yo. Konsidere bagay sa yo:

  • Mande moun yo nan ki lang yo ta renmen li oswa tande ekriti yo.

  • Moun ki gen difikilte pou li, oswa gen difikilte pou konprann sa yo li, gendwa benefisye lèkti ansanm awotvwa oswa tande anrejistreman odyo yo. Bagay sa yo disponib nan sit entènèt ak app Legliz la gratis.

  • Si yon moun gen yon aparèy dijital, ede li aksede nan ekriti yo, espesyalman Liv Mòmon an. App Liv Mòmon an ak bibliyotèk Levanjil la yo gratis epi fasil pou pataje.

  • Si w ap itilize tèks, oswa imel, voye lyen oswa imaj ekriti yo. Lè w ap anseye nan konvèsasyon videyo, konsidere pataje ekran w konsa nou ka li vèsè yo ansanm.

  • Ede moun yo aksede nan pawòl pwofèt dènye jou yo.

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Asire w ke ou ak konpayon w genyen resous ekriti ki ajou yo sou telefòn nou, ki enkli app Liv Mòmon an ak Libreri Levanjil la.

Seleksyone youn nna pasaj ekriti sa yo: paj tit nan LIv Mòmon an; 3 Nefi 11; Mowoni 10:3–8; Jan 17:3; Women 8:16–17; 1 Korentyen 15:29; Jak 1:5; 1 Pyè 3:19–20; Amòs 3:7.

Detèmine kijan ou ta vle:

  • Entwodui pasaj la.

  • Bay orijin ak kontèks.

  • Li pasaj la epi eksplike sityifikasyon l.

  • Eksplike mo difisil yo.

  • Ede moun w ap anseye yo aplike l nan lavi yo.

Etid ekriti

Poukisa li enpòtan pou anseye apati ekriti yo?

Pataje temwayaj ou

Yon temwayaj se yon konfimasyon spirityèl nou resevwa pa Sentespri a. Pou pataje temwayaj ou se bay yon deklarasyon senp dirèk, sou konesans oswa kwayans konsènan yon verite levanjil. Pataje temwayaj ou ajoute konfimasyon pèsonèl ou sou verite yo ou te anseye apati ekriti yo.

Pataje temwayaj ou se yon fason puisan pou envite Lespri a epi ede lòt moun santi enfliyans Li. Youn nan misyon Sentespri se pou temwaye de Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Li souvan akonpli sa an kolaborasyon avèk ou lè w rann temwayaj ou.

Yon temwayaj puisan pa depann de elokans oswa gwosè vwa w—men konviksyon ak senserirte kèyon moun. Fè atansyon pou ou pa presipite ni dramatize temwayaj ou. Bay moun yo yon chans pou santi Sentespri rann temwayaj pou yo ke sa ou te anseye a se verite.

Temwayaj ou gendwa osi senp ke “Jezikri se Sovè ak Redanmtè nou” oubyen “Mwne te apran pou tèt mwen ke Liv Mòmon an vrè.” Ou kapab pataje tou yon eksperyans brèf konsènan fason ou te akeri temwayaj sa a.

Lè w ap anseye, pataje temwayaj ou ou santi enpresyon an, pa sèlman nan fen an. Lè konpayon w ap anseye, pataje temwayaj ou pou ofri yon dezyèm konfimasyon sou sa li te anseye a.

Pataje temwayaj ou ke prensip w ap anseye a pral beni lavi moun nan si li deside suiv li. Pale kijan prensip la te beni lavi ou. Temwayaj sensè ou pral ede kreye yon anviwonman pou moun yo santi Sentespri a konfime verite.

Etid pèsonèl

Pasaj ekriti ki pi ba yo se egzanp sou rann temwayaj. Konsidere kesyon yo pandan w ap li chak ekriti. Ekri panse w yo nan jounal etid ou.

Etid Ekriti

Kisa ekriti ki pi ba yo anseye konsènan prensip ak pwomès yo nan rann temwayaj?

Planifye e Ajiste Ansèyman Ou pou Satisfè Bezwen yo

Chak moun w ap anseye patikilye. Chèche konprann enterè, bezwen, ak enkyetid spritityèl li. Poze kesyon epi tande avèk atansyon. Malgre ou gendwa pa totalman konprann bezwen moun nan, sonje ke Papa nou ki nan Syèl la konnen. L ap gide ou atravè Sentespri a.

Imaj
misyonè k ap ansenye yon koup

Kite Lespri a Endike Sekans Leson yo

Kite Lespri a endike sekans ou suiv pou anseye leson yo. Ou gen fleksibilite pou anseye leson yo nan sekans ki pi bon pou bezwen, kesyon, ak sikonstans moun w ap anseye yo.

Okazyonèlman ou ka konbine prensip yo apati yon leson diferan pou adrese bezwen ak enterè yon moun. Gade twa egzanp ki pi ba yo:

Yuki te jwenn ou anliy epi ap mande poukisa zanmi li yo nan Legliz la pa fimen ni bwè. Ou gendwa anseye li konsènan benediksyon ki nan kòmandman yo nan itilize seksyon ki pi ba yo nan chapit 3:

Samyèl pa santi tankou li entegre okenn kote. Ou gendwa itilize seksyon ki pi ba yo nan chapit 3 a pou anseye li konsènan idantite l ak plas li nan fanmi Bondye a:

Tatyana etidye anpil relijyon epi li vle konnen kisa ki fè Legliz la diferan. Ou gendwa itilize seksyon ki pi ba yo nan chapit 3 a pou anseye li konsènan Retablisman levanjil Jezikri a:

Papa nou ki nan Syèl la konnen pitit Li yo, konsa chèche enspirasyon pou pran desizyon sa yo lè w ap prepare pou anseye. Priye pou don disèneman lè w ap deside kisa pou anseye. Pote atansyon a panse ak santiman ki vin jwenn ou yo.

Imaj
fanmi k ap li ekriti yo

Akòde Tan pou Moun yo Aplike Sa Y ap Aprann Yo

Lè wap anseye, akòde tan pou moun yo aplike sa y ap aprann yo (gade 3 Nefi 17:2–3). Chèche jwenn fason pou sipòte yo nan kenbe kòmandman yo. Fokis sou ede yo avèk aksyon ki pral bati lafwa, tankou priye, li, ak ale legliz. Sa pral abilite yo pou yo kenbe angajman adisyonèl yo.

Lè w ap planifye ak anseye, monrte sansiblite konsènan kantite enfòmasyon w ap pataje. Objektif prensipal ansèyman w yo se pou ede yon moun bati lafwa nan Jezikri konsa li ka kondui nan repantans. Objekrif ou se pa pou gade ki kantite enfòmasyon ou ka dispanse.

Anseye nan rit ki apwopriye pou moun nan. Poze kesyon epi tande avèk atansyon konsa ou ka konprann kijjan moun nan aprann ak aplike sa w ap anseye yo.

Verite w ap anseye yo, marye avèk pouvwa Sentespri a, ka enfliyanse moun yo pou egzèse libabit yo nan fason ki bati lafwa yo nan Kris la. Lè yo egzèse lafwa nan Senyè a nan aplike sa yo aprann, yo pral vin konnen pa Lespri a ke levanjil la vrè.

Itilize yon Varyete Opòtinite pou Anseye

Opòtinite pou anseye yo pran anpil fòm, tankou yon vizit an-pèsòn, videyo kominikasyon, kout fil yo, tèks mesaj, ak medya sosyal.

Respekte Tan Moun yo

Kenbe ansèyman w lan senp ak brèf. Moun yo gen plis chans pou rankontre avèk ou lè ou respekte tan yo ak rekèt yo. Mande ki kantite tan yo genyen pou vizit la. Kòmanse epi fini tout konvèsasyon nan lè n te dakò a, kit se ansèyman an pèsòn ou anliy. Sonje ke nan kèk kote, apèl telefòn oswa kominikasyon videyo ka koute anpil.

Ou pral bezwen anpil reyinyon pou anseye prensip yo nan yon grenn leson. Tipikman yon vizit pou anseye pa ta dwe pi long pase 30 minit, epi ou ka anseye yon moun nan apeprè 5 minit. Ajiste ansèyman dapre tan moun nan.

Itilize Teknoloji avèk Sajès

Ou gen anpil opòtinite pou itilize teknoloji pou anseye moun. Kèk moun prefere konvnans oswa entimite yon entèaksyon atravè mwayen elektwonik yo. Menm moun ou vizite an pèsòn yo ka benefisye de sipò adisyonèl atravè teknoloji. Diskite resous ki disponib pou kominike yo. Apresa fè suivi epi rete konekte. Pèmèt prefereans chak moun gide entèaksyon w yo.

Teknoloji tankou apèl videyo ka espesyalman itil pou anseye moun ki okipe anpil oswa viv byen lwen. Pafwa li pi fasil pou manm yo patisipe nan yon leson pa teknoloji.

Ede pi Jèn Etidyan yo

Pandan ministè Sovè a, Li te di disip Li yo: “Kite timoun yo vin jwenn mwen, e pa anpeche yo; paske wayòm Bondye a se pou moun ki sanble avèk yo” (Mak 10:14). Lè w ap anseye timoun yo, ajiste apwòch ou ak mesaj ou pou satisfè bezwen yo. Ede yo aprann levanjil la nan diskite bagay ki familye pou yo. Asire w ke yo konprann sa w ap anseye yo.

Etid Ekriti

Li Doktrin ak Alyans 84:85 Kisa sa vledi pou w resevwa “pòsyon sa ki pral satisfatè chak moun”? Kijan w ka aplike sa a nan ansèyman w?

KIsa Senyè a te pwomèt misyonè fidèl yo konsènan kisa pou yo di?

Anseye avèk Konpayon W nan Inite

The Lord said, “Nou prale avèk pouvwa Lespri m nan, pou preche levanjil mwen an, de moun ansanm” (Doktrin ak Alyans 42:6). Li te mandate ou ak konpayon w tou pou “fè youn” (Doktrin ak Alyans 38:27). Ansèyman ou pral pi puisan ak enteresan si ou ak konpayon w travay nan inite. Altène bay brèf pòsyon nan leson yo.

Pandan etid konpayon, diskite ak pratike kijan nou pral anseye pou nou ka rete ini. Prepare fason nou pral travay ansanm pou anseye moun anliy. Suiv pwoteksyon yo pou itilize teknoloji, ki prezante nan chapi 2.

Imaj
misyonè k ap ansenye yon mesye

Lè konpayon w ap anseye, priye pou li, koute li, epi gade l. Sipòte konpayon w nan ofri dezyèm temwayaj pou verite li te anseye yo (gade Alma 12:1). Suiv enpresyon ou yo lè Lespri a pouse ou pou di yon bagay.

Rete sensèman enterese nan moun w ap anseye yo. Koute yo. Kenbe kontak je nan je lè w ap pale. Obsève repons yo avèk atansyon, epi koute pou w jwenn enpresyon sptirityèl yo.

Envite Manm yo Patisipe

Envite manm yo ede nou anseye ak sipòte moun n ap travay avèk yo. Sa ka rive an pèsòn oswa adistans. Pandan reyinyon kowòdinasyon chak semèn nan, diskite avèk dirijan pawas yo konsènan kimoun ki ka ede.

Lè manm yo patisipe nan anseye ak devlope amitye, yo ka ajoute pèspèktiv epi devlope koneksyon yo kòm zanmi. Yo pral santi lajwa ki genyen nan travay misyonè.

Envite Manm yo pou Ede Nou Anseye

Avan leson yo, planifye avèk manm yo kijan pou nou travay ansanm. Nou ta ka itilize yon tèks mesaj oswa yon brèf apèl telefòn pou konfime ki sa nou pral anseye, kiyès ki pral priye, kiyès ki pral dirije konvèsasyon an, ak lòt detay yo.

Wòl prensipal manm yo nan leson yo se pou ofri temwayaj sensè, pataje eksperyans pèsonèl toukout, epi devlope relasyon avèk moun w ap anseye yo. Ou gendwa mande manm yo pataje kijan yo te gen posiblite aprann, aksepte, ak viv yon prensip patikilye nan leson an. Si yo se konvèti, envite yo pou yo pataje kijan yo te deside rantre nan Legliz la.

Lè mnam yo refere yon moun, mande yo pou yo patisipe nan ansèyman an. Manm yo gendwa vin pi enplike nan sitiyasyon sa yo. Pale avèk yo konsènan fason yo ta renmen patisipe.

Konsidere kijan itilizasyon teknoloji pou anseye avèk manm yo gendwa apwopriye. Teknoloji pèmèt manm yo akonpaye nou san sa pa pran tan ke yon vizit an-pèsòn mande.

Nan reyinyon kowòdinasyon chak semèn, planifye avèk dirijan pawas pou jwenn yon manm patisipe nan pi plis leson ke posib (gade chapit 13). Konsidere manmde nouvo manm yo pou ede nou anseye.

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Imajine ke ou gen yon randevou pou anseye yon leson pou yon fanmi lakay yon manm. Diskite kijan nou ta renmen enklipe chak nan manm sa yo nan ede nou anseye:

  • Yon misyonè pawas ki te resaman retounen soti nan yon misyon aplentan.

  • Yon prèt

  • Yon nouvo manm

  • Prezidan kowòm ansyen oswa Sosyete Sekou

Envite Manm yo pou Bay Sipò

Manm yo ka bay sipò valab pou moun yo nan entèval vizit yo. Yo ka tèks, li ekriti yo ansanm, envite moun yo nan kay yo oswa nan aktivite yo, oswa envite yo pou chita ansanm nan legliz la. Yo ka reponn kesyon yo epi monrte kisa lavi yo ye kòm manm Legliz la. Eksperyans ak pèspèktiv lavi yo ka ede yo konekte ak moun yo nan fason ki pafwa trè diferan de fason misyonè yo.

Konsilte manm yo konsènan fason nou ka travay ansanm pou sipòte moun yo andeyò de vizit anssyman yo.

Anseye pou moun Konprann

Anseye Levanjil Jezikri a yon fason pou moun konprann li. Etidye ekriti yo ak leson yo yon fason pou n ka anseye klèman apati yo. Plis ou anseye ak klate, se pi bon opòtinite pou Sentespri a temwaye verite a.

Poze kesyon.pou ede moun yo reflechi konsènan sa n ap anseye yo. Apresa koute pou wè si yo konprann ak eksepte l.

Yon pati nan anseye pou moun konprann se pou eksplike mo, fraz, ak ide yo. Ou ka amelyore abilte w pou anseye levanjil la nan:

  • Konprann mo ou itilize yo.

  • Defini mo yo ke lòt moun pa konprann.

  • Poze moun yo kesyon tankou “Eske w ka pataje avèk nou sa ou konprann sou sa nou fèk eksplike a?” oubyen “Eske w ta dispoze pou rezime sa nou te pale de li a?”

Pandan w ap anseye doktrin lan nan chapit 3, note tout mo, fraz, ak ide yo ke moun ka pa konprann. Pou defini yo Itilize resous yo nan Bibliyotèk Levanjil la, tankou Gid pou Ekriti yo, Diksyonè Bib la, ak Sijè Levanjil yo.

Kenbe ansèyman w lan senp ak brèf. Kenbe l fokis sou levanjil Jezikri a; nan bati konpreyansyon sou doktrin ak prensip debaz yo. Ede moun chèche konpreyansyon ki vini de Sentespri a. Lè yo akeri konpreyansyon sa a, yo pral rive konprann mesaj levanjil la.

Etid Ekriti

Poukisa nou ta dwe eksplike doktrin nan avèk atansyon?

Kijan nou aprann? Poukisa li enpòtan pou nou anseye enfòmasyon gradyèlman?

Poukisa senplisite enpòtan?

Kisa nou ka aprann nan suiv sa yo konsènan fason Bondye kominike avèk pitit Li yo?

Poze Kesyon

Sovè a te konn poze kesyon ki te envite moun yo reflechi ak santi verite li t ap anseye yo pwofondeman. Kesyon li yo te ankouraje sonde nanm ak angajman.

Bon kesyon yo toujou enpòtan nan ansèyman w. Yo pral ede ou konprann enterè, enkyetid, ak kesyon moun yo. Mizik ka envite Lespri a epi rasanble moun ansanm.

Poze Kesyon ki Enspire

Chèche gidans Lespri a nan poze bon kesyon yo. Bonjan kesyon yo nan bonjan moman yo ka ede moun yo aprann levanjil la ak santi Lespri a.

Kesyon enspire yo ak koute sensèman pral ede moun yo vin pi alèz pou pale ouvètman epi pataje santiman yo. Sa ka ede yo dekouvri yon temwayaj k ap grandi. Yo pral vin pi alèz tou pou poze w kesyon lè yo pa konprann yon bagay oswa gen yon enkyetid.

Tablo ki pi ba a montre kèk prensip sou poze kesyon ki enspire, ansanm ak kèk egzanp.

Prensipak Egzanp sou Kesyon ki Enspire

Prensip

Egzanp

Poze kesyon ki ede moun santi Lespri a.

  • Eske ou ka pataje lè ou te santi enfliyans Bondye nan lavi ou?

  • Kijan ou te santi lanmou Bondye pou ou?

Poze kesyon ki senp ak fasil pou konprann.

  • Kisa w te aprann osijè Jezikri nan ekriti sa a?

Poze kesyon ki ede moun reflechi konsènan sa n ap anseye yo.

  • Ki resanblans ki genyen ant sa eou deja kwè? Kijan sa diferan?

Poze kesyon ki ede w konnen ak ki nivo moun yo byen konprann sa w ap anseye yo.

  • Ki kesyon ou genyen konsènan sa nou te anseye jodia?

  • Kijan w t ap rezime konvèsasyon nou jodia?

Poze kesyon ki ede moun pataje sa yo santi.

  • Kijan Jezikri te ede ou nan lavi ou?

  • Kisa ki pi enpòtan pou ou nan sa nou te pale sou li jodia?

Poze kesyon ki montre lanmou ak sousi.

  • Kijan nou ka ede ou?

Poze kesyon ki ede moun aplike sa yo aprann.

  • Kisa nou ka aprann nan ekriti sa a?

  • Kijan ekriti sa a ka ede ou nan lavi w?

  • Pandan nou t ap pale a, kisa ou te santi ou pouse pou fè apati sa ou te aprann ?

Etid ak Konpayon

Repase plan leson w lan ki nan dènye leson ou te anseye a. Ekri yon kesyon pou chak nan gran prensip ki prezante nan plan w lan.

Repase kesyon ou yo pou wè si yo an amoni avèk prensip yo nan seksyon sa a.

Apresa, reponn chak kesyon tankou si ou te moun y ap anseye a.

Pataje kesyon w yo avèk konpayon w. Ansanm, evalye epi amelyore kesyon ou yo.

Etid Pèsonèl oubyen Etid avèk Konpayon

Moun w ap anseye yo gendwa rankontre eksperyans ki pi ba yo:

  • Yo fè yon eksperyans pandan y ap li Liv Mòmon an.

  • Kòlèg travay regilyèman griyen dan sou bagay spirityèl yo.

  • Manm fanmi yo se manm solid nan yon lòt legliz.

  • Zanmi yo kwè ke “Mòmon yo” pa Kretyen.

Panse ak yon kesyon ou ta gendwa poze pou aprann plis konsènan chak nan sitiyasyon sa yo. Ekri pkesyon sa yo nan jounal etid ou. Diskite avèk konpayon ou kijan nou ka amelyore kesyon ou te ekri yo.

Evite Kesyon Inefikas oswa Eksesif yo

Esye pa poze kesyon ki:

  • Gen repons evidan yo.

  • Gendwa anbarase yon moun si li pa konnen repons la.

  • Enkli plis ke yon ide.

  • Atache ak doktrin ou pat ko anseye.

  • Pa gen yon objektif klè.

  • Eksesif.

  • Ap fouye oswa ta ka irite ak ofanse moun.

Egzanp ki pi ba yo se kesyon ki mwens efikas yo:

  • Kiyès ki te premye pwofèt la? (Moun nan gendwa pa konnen repons la.)

  • Kijan kenbe kò nou pur pral ede nou genyen Lespri a epi montre ke nou dispoze pou suiv yon pwofèt Bondye? (Genyen plis ke yon ide.)

  • Eske li enpòtan pou nou konnen osijè kòmandman Bondye yo? (Sa se yon wi-non kesyon, epi repons lan evidan.)

  • Ki bagay nou ka fè chak jou ki pral ede nou santi n pre Bondye? (Sa a se yon kesyon vag k ap chèche yon repons spesifik: priye.)

  • Kiyès ki te pwochen pwofèt apre Nowe? (Moun nan gendwa pa konnen repons la, epi kesyon an pa enpòtan pou mesaj ou a.)

  • Èske w konprann sa m ap di a? (Moun nan gendwa santi tankou w ap denigre li.)

Etid Pèsonèl oubyen Etid avèk Konpayon

Konsidere bezwen moun w ap anseye a. Diskite kijan li ka reponn kesyon w yo. Planifye kèk kesyon pou poze ki suiv direktiv yo nan seksyon sa a. Diskite kijan kesyon sa yo ta ka envite Lespri a epi ede moun nan aprann levanjil la.

Koute

Lè w koute lòt moun avèk atansyon, ou konprann yo pi byen. Lè yo konnen ke panse ak santiman yo enpòtan pou ou, yo pral gen plis chans pou yo reseptif pou ansèyman ou yo, pataje eksperyans pèsonèl yo, epi pran angajman yo.

Lè ou koute, ou pral jwenn ide sou fason pou adapte ansèyman ou yo pou bezwen ak enterè yo. Ou pral gen yon pi bon konpreyansyon sou ki verite levanjil la k ap plis benefisye yo.

Chèche koute espesyalman chichotman Lespri a. Lè lòt moun yo pataje santiman yo, Sentespri a ka enspire ou avèk pane oswa ide. Lespri a kapab ede w tou pou konprann kisa lòt moun yo ap eseye eksprime.

Imaj
misyonè k ap pale ak yon fanmi

Koute avèk Atansyon Sensè

Koute mande efò ak atansyon sensè. Pandan lòt moun ap pale, asire w ou konsantre sou sa y ap di a. Evite tandans pou w ap planifye kisa ou pral di.

Èldè Jeffrey R. Holland te anseye: “Li pi enpòtan pou koute pase pale. Moun sa yo se pa objè san lavi ki degize an statistik sou batèm. … Mande zanmi sa yo kisa ki gen plis enpòtans pou yo. Ki bagay yo apresye plis, ak kisa ki pi chè pou yo? Epi apresa koute. Si anbyans lan apwopriye ou ka mande kisa yo gen krent, a kisa yo aspire, oswa kisa yo santi yo manke nan lavi yo. Mwen pwomèt ou ke yon bagay nan sa yo di yo pral toujou mete aksan sou yon verite levanjil la ke ou ka rann temwayaj konsènan li epi ou ka ofri plis konsènan li apresa. … Si nou koute avèk amou, nou p ap bezwen mande tèt nou kisa pou n di. Nou pral resevwa li—atravè Lespri a epi atravè zanmi nou yo” (“Witnesses unto Me,” Ensign, May 2001, 15).

Obsève Mesaj ki ka Eksprime yo

Moun kominike tou atravè langaj kò a. Remake fason yo chita, ekspresyon vizaj yo, sa yo fè ak men yo, ton nan vwa yo, ak kote y ap gade. Obsève mesaj ki pa eksprime sa yo ka ede ou konprann santiman moun w ap anseye yo.

atansyon tou ak langaj kò pa w. Voye yon mesaj enterè ak antouzyas nan koute sensèman.

Akòde Moun yo Tan pou Reflechi ak Reponn

Sovè a te souvan poze kesyon ki te mande tan pou yon moun ka reponn. Lè ou poze yon kesyon, pran yon pòz pou ba moun nan yon chans pou reflechi epi reponn. Pa kite silans fè w pè. Moun souvan bezwen tan pou reflechi konsènan kesyon epi reponn oswa eksprime sa yo santi.

Ou gendwa pran yon pòz apre yon kesyon, apre w pataje yon eksperyans spirityèl, oswa lè moun yo gen difikilte pou eksprime tèt yo. Asire w ou ba yo tan pou konplete panse yo avan ou reponn. Pa entèwonp yo pandan y ap pale.

Reponn avèk Anpati

Lè yon moun reponn yon kesyon, kòmanse repons ou nan eksprime anpati si sa apwopriye. Anpati montre ke ou sensèman nan yo. Evite kouri tire konklizyon, ofri solisyon imedyatman, oswa montre tankou ou gen tout repons yo.

Konfime Ke Ou Konprann Kisa Moun nan Di

Lè w ap chèche konprann kisa yon moun ap di, mande pou asire w ou konprann. Pa egzanp, ou ta ka mande, “Donk sa w ap di se . Eske se sa?” oubyen “Si m konprann byen, ou santi ke .” Lè ou pa sèten si w konprann, mande moun nan fè klarifikasyon.

Travèse Entèaksyon Difisil yo

Ou pral ede moun plis nan anseye yo levanjil Jezikri a. Kèk moun ka vle pou yo kontwole pifò konvèsasyon an. Pafwa moun yo senpleman bezwen yon moun pou tande yo avèk konpasyon difikilte yo ak sa yo santi. Lòt moun gendwa ap chèche pou domine oswa agimante.

Aprann jere kalte sitiyasyon sa yo avèk tak epi lanmou. Ou petèt ka adapte ansèyman ou yo pou adrese yon bagay yon moun te pataje. Oubyen ou ka bezwen poliman di ke ou ta renmen diskite sousi yo a nan yon lòt okazyon. Lespri a kapab ede w konnen kijan pou reponn nan sitiyasyon difisil yo.

Ede Moun yo Santi yo Alèz pou Pataje Vrè Santiman yo

Pou evite yo anbarase, kèk moun pral reponn kesyon yo yon fason yo panse ou vle yo reponn olye yo pataje vrè santiman yo. Chèche pou devlope yon relasyon ki pèmèt yo rete alèz pou pataje vrè santiman yo avèk ou.

Konprann ak konekte avèk moun pral pèmèt ou ede yo, reponn ak enterè ak bezwen yo, epi eksprime lanmou Sovè a pou yo. Kreye yon relasyon konfyans nan rete onèt avèk yo, mentni yon relasyon misyonè apwopriye, epi montre respè.

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Reflechi sou nanki nivo ou konn byen tande lòt moun. Ekri repons yo nan jounal etid ou pou kesyon ki pi ba yo. Oubyen diskite yo avèk konpayon w.

A = Pa janm vrè pou mwen, B = Pafwa vrèpou mwen, C = Dabitid pou mwen, D = TOujou pou mwen

  • Lè lòt moun ap pale ak mwen, M panse a eksperyans similè olye mwen koute avèk atansyon.

  • Lè lòt moun ap pale konsènan santiman yo, mwen eseye mete tèt mwen nan pozisyon yo pou wè kijan mwen t ap santi m.

  • Lè m ap anseye moun, mwen reflechi konsènan sa mwen pral di oswa anseye apre.

  • Mwen santi m fristre lè moun pale anpil.

  • M gen difikilte pou suiv oswa konprann kisa lòt moun ap eseye pou yo di m.

  • Lespri mwen toujou ap vagabonde pandan konpayon m ap anseye.

  • Mwen fache si yon moun ap pale ak mwen epi lòt moun jis koupe pawòl la epi detounen atansyon m.

  • Mwen resevwa enspirasyon spirityèl pou di oswa fè yon bagay, men mwen inyore yo.

Ede Moun yo Jwenn Repons pou Kesyon ak Enkyetid yo

Fè yon efò sensè pou adrese kesyon moun yo epi ede yo rezoud enkyetid yo. Toutfwa, se pa responsablite w pou reponn tout kesyon. Finalman, moun yo dwe rezoud kesyon yo ak enkyetid yo pou tèt yo.

Reyalize ke se pa tout kesyon ak enkyetid ki ka jwenn repons konplètman. Kèk repons vin pi klè avèk letan. Gen lòt ki poko revele. Fokis sou bati yon fondasyon fèm sou verite debaz, esasnsyèl yo nan levanjil la. Fondasyon sa a pral ede ou ak moun w ap anseye yo pou kontinye pwogrese avèk pasyans ak lafwa lè genyen kesyon difisil oswa ki pa jwenn repons.

Gen prensip pou reponnn kesyon ki prezante nan seksyon sa a.

Imaj
Jezi ak Fi Samaritèn nan Bò Pui A

Konprann Enkyetid lan

Kèk nan sa ou anseye moun yo gendwa parèt difisil oswa etranj pou yo. Si moun yo gen kesyon oubyen preyokipasyon, chèche dabò konprann yo klèman. Pafwa preyokipasyon moun yo se tankou yon aysbèg. Se sèlman yon ti pati ki vizib anlè sifas la. Preyokipasyon sa yo ka byen konplèks. Priye pou don disèneman an, epi suif Lespri a sou fason pou w reponn. Papa nou ki nan Syèl la konnen kè ak ekspeyans tout moun (aysbèg konplè a). Li ap ede w konnen kisa k pi pi bon pou chak moun.

Souvan preyokipasyon yo plis sosyal ke doktrinal. Pa egzanp, kèk moun gendwa pè opozisyon nan manm fanmi yo si yo rantre nan Legliz la. Oubyen yo gendwa pou zanmi nan travay yo pa rejte yo.

Chèche pou konprann sous preyokipasyon an nan poze kesyon epi koute. Eske preyokipasyon an te soulve paske moun nan pa te gen yon konfimasyon spirityèl sou verite nan Retablisman an? Eske l te soulve paske moun nan pa te vle pran angajman pou viv yon prensip levanjil la? Konnen rasin preyokipasyon yo pral ede ou konnen si pou w fokis sou temwayaj oswa angajman.

Itilize Ekriti yo, Espesyalman Liv Mòmon an, pou Ede Reponn Kesyon yo

Montre moun yo kijan verite yo nan ekriti yo ka ede reponn kesyon yo epi adrese preyokipasyon yo. (Gade “Liv Mòmon An Adrese Kesyon konsènan Nanm yo” nan chapit 5.) Lè moun ap chèche enspirasyon nan etidye ak aplike ekriti yo, yo pral ogmante kapasite yo pou tande ak suiv Senyè a. Lafwa yo nan Li pral ogmante. Avèk lafwa ki ogmante vini temwayaj, repantans, epi òdonans batèm nan.

Imaj
Prezidan Henry B. Eyring

“Pafwa mwen ale nan ekriti yo pou doktrin. Pafwa mwen ale nan ekriti yo pou enstriksyon. Mwen ale avèk kesyon, epi kesyon an dabitid se ‘Kisa Bondye ta vle pou m fè?’ oswa ‘Kisa Li ta renmen pou m santi?’ Regilyèman mwen jwenn ide nèf, panse ke m pa t janm genyen avan, epi m resevwa enspirasyon ak enstriksyon ak repons pou kesyon m yo” (Henry B. Eyring, in “Yon DIskisyon sou Etid Ekriti yo,” Ensign, Jiyè 2005, 22).

Li ka itil pou eksplike ke pifò nan sa nou konprann nan levanjil Jezikri a soti nan sa ki te revele bay Pwofèt Joseph Smith ak moun ki siksede l yo. Kesyon konsènan verasite levanjil la ka rezoud nan akeri yon temwayaj ke Joseph Smith sete yon pwofèt Bondye. Li ak priye konsènan Liv Mòmon an se yon mwayen kle pou akeri temwayaj sa a.

Ede moun yo fokis sou fòtifye lafwa yo nan Jezikri. Li ak priye konsènan Liv Mòmon an se yon mwayen enpòtan pou fòtifye lafwa yo.

Envite Moun yo Aji ak Lafwa

Lè moun yo devlope ak fòtifye temwayaj yo nan levanjil retabli a, yo pral gen posiblite pou adrese kesyon ak preyokipasyon yo apati yon fondasyon lafwa. Lè yo aji ak lafwa sou verite yo kwè yo, yo pral akeri temwayaj sou verite levanjil yo.

Kèk fason pou aji ak lafwa enkli:

  • Priye souvan epi ak entansyon reyèl pou enspirasyon ak gidans.

  • Etidye ekriti yo, espesyalman Liv Mòmon an.

  • Ale legliz

Etid ak Konpayon

Chwazi yon envitasyon pou w ka ofri lè w ap anseye yon leson. Apresa idantifye preyokipasyon ki ka anpeche yon moun aksepte envitasyon an oswa kenbe angajman an. Diskite ak pratike kijan ou ka ede moun yo travay pou rezoud preyokipasyon yo.

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Nan jounal etid ou, ekri kijan ou ta p fè referans ak Joseph Smith ak Liv Mòmon an pou reponn preyokipasyon ki pi ba yo:

  • “Mwen pa kwè ke Bondye pale avèk pèsonn moun.”

  • “Mwen kwè ke m ka adore Bondye nan pwòp fason pa m nan plas yon relijyon òganize.”

  • “Poukisa mwen ta dwe sispann bwè diven avèk repa mwen yo si m rantre nan legliz la ?”

  • “Poukisa m bezwen relijyon?”

Kite yon Bagay pou Etidye Ak Priye Konsènan l

Alafen chak vizit ansèyman, bay moun yo yon bagay pou etidye, medite, ak priye konsènan li pou prepare pou pwochen reyinyon an. Li, priye, ak medite ant vizit ansèyman yo envite enfliyans Sentespri a nan lavi yo.

Ou gendwa envite moun yo pou li chapit espesifik nan Liv Mòmon an. Oubyen ou gendwa ankouraje yo itilzie resous Legliz la, tankou Libreri Levanjil la, pou jwenn repons pou kesyon yo, aprann konsènan yon sijè, oswa gade yon videyo. Sa ka tounen yon sijè pou louvri diskisyon pwochèn fwa nou rankontre.

Imaj
yon moun ka etidye ekriti yo

Evite bay moun yo twòp pou yo fè, espesyalman si ou gen entèaksyon pou anseye ki kout, frekan avèk yo.

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Konsidere chak moun ke ou planifye pou ou anseye nan semèn sa a. Ki chapit nan Liv Mòmon an ki pral pi itil pou yo. Ki lòt resous ki ta p benefisye yo? Anrejistre kisa ou gen antansyon ofri pou chak moun. Anrejistre tou kisa ou pral fè pou fè suivi pandan pwochen vizit ou a.

Ede Moun Ki gen Adiksyon

Ou ka ede moun k ap lite pou simonte adiksyon nan diskite difikilte yo ak lanmou, sipòte yo, epi konekte yo avèk resous yo. Ou gendwa ankouraje yo pou asiste youn nan gwoup sipò Legliz la pou rekipere anba adiksyon Gwoup sa yo gendwa rankontre an pèsòn oswa anliy. (Gade AddictionRecovery.ChurchofJesusChrist.org.) Ankouraje yo pou yo itilize resous yo nan seksyon “Adiksyon” an ann Ed pou Lavi nan Libreri Levanjil la.

Dirijan Legliz lokal yo ak manm yo ka ofri sipò yo tou. Kèk moun ki gen adiksyon gendwa bezwen tretman pwofesyonèl medikal ak sante mantal.

Men kèk sigjesyon pou fason ou ka sipòte moun k ap lite pou simonte adiksyon:

  • Ranfòse yo pou vin jwenn Kris la. Ede yo wè ke Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri rekonèt ak valorize efò yo pou rekipere epi geri. Anseye yo ke yo ka jwenn fòs atravè Sovè a ak Ekspyasyon Li a. Li rekonèt totalman entansyon nan kè yo pou yo fè byen.

  • Priye pou yo nan priyè pèsonèl ou yo, epi priye avèk yo. Si sa apwopriye, ankouraje yo pou chèche pran yon benediskyon prètriz la nan men dirijan prètriz lokal yo.

  • Kontinye anseye yo levanjil Jezikri a. Anseye yo ke Papa nou ki nan Syèl la, Sovè a, ak Sentespri a renmen yo epi vle yo gen siksè.

  • Ankouraje yo ale legliz regilyèman epi devlope amitye avèk manm yo.

  • Rete pozitif ak solidè, espesyalman si yo rechite.

Imaj
Jezi ki ap lonje lamen bay yon fi

Adiksyon difisil pou simonte, epi moun ka rechite. Dirijan legliz yo ak manm yo pa ta dwe etone pou sa. Yo ta dwe montre lanmou, pa jijman.

Yon nouvo manm ki sispann vini legliz gendwa te retounen nan yon ansyen adiksyon epi ka santi li endiy ak dekouraje. Yon vizit imedyat pou bay ankourajman ak sipò ka ede. Manm yo ta dwe montre nan pawòl ak nan aksyon yo ke Legliz la se yon plas kote moun ka jwenn lanmou Kris la (gade 3 Nefi 18:32).

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Panse ak yon moun w ap anseye oswa yon nouvo oswa manm ka p retouenen ki ap eseye simonte yon adiksyon. Repase “Lafwa nan Jezikri” ak “Repantans” nan “Levanjil Jezikri a” leson nan chapit 3.

  • Kisa ou ta ka anseye moun sa a nan leson sa a ak nan chapit sa a ki ta ka ede l?

  • Kreye yon plan leson pou ede moun sa a.

Anseye Moun Ki Pa Gen yon Orijin Kretyen

Kèk nan moun w ap anseye yo gendwa pa gen yon Orijin Kretyen oubyen gendwa pa kwè nan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Toutfwa, anpil nan moun sa yo gen kwayans, pratik, ak plas ki sakre pou yo. Li esansyèl pou ou montre respè pou kwayans ak tradisyon relijye yo.

Ede Yo Konprann Kiyès Bondye Ye

Ou gendwa ap mande kijan ou ta dwe ajiste ansèyman ou pou moun ki pa gen yon Orijin Kretyen. Prensip ki ede yon moun bati lafwa yo se menm nan tout kilti yo. Ede moun akeri yon konpreyansyon kòrèk de Bondye ak misyon diven Jezikri a. Pi bon mwayen pou yo aprann verite sa yo se nan fè eksperyans spirityèl pèsonèl yo. Kèk fason ou ka ede yo fè eksperyans sa yo prezante pi ba a:

  • Anseye ke Bondye se Papa nou ki nan Syèl la, e Li renmen nou. Nou se pitit Li. Envite yo pou chèche jwenn temwayaj sa pou yo menm.

  • Anseye yo konsènan plan sali a.

  • Anseye ke Bondye Papa a ak Jezikri te parèt kote Pwofèt Joseph Smith.

  • Rann temwayaj sensè sou levanjil la, ki enkli fason ou santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la ak poukisa ou chwazi pou suiv Jezikri.

  • Envite yo pou yo ofri priyè senp, sensè—avèk ou ak pou kont yo.

  • Envite yo pou li Liv Mòmon an chak jou—avèk ou ak pou kont yo.

  • Envite yo pou yo ale legliz

  • Entwodui yo ak manm yo nan Legliz la ki ka eksplike kijan yo te vin kwè nan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

  • Envite yo pou yo kenbe kòmandman yo.

Pifò moun gen dezi pou yo gen yon pi gran koneksyon avèk Bondye ak pou jwenn rezondèt ak sans nan lavi a Ede yo wè kijan yo se pitit yon Pè Selès eman ak kijan Li gen yon plan pou yo. Pa egzanp, ou ta ka kòmanse nan di yon bagay tankou sa a:

Bondye se Papa nou ki nan Syèl la, epi Li renmen nou. Nou se pitit Li. Nou te viv avèk Li anvan nou te pran nesans. Paske nou tout se pitit Li, nou tout se frè ak sè. Li vle nou retounen al jwenn Li. Akoz lanmou Li pou nou, Li te founi yon mwayen pou nou retounen jwenn Li atravè pitit gason Li an.

Adapte Ansèyman Ou selon Bezwen

Anpil konvèti ki gen orijin non-Kretyen di ke yo pa te konprann twòp bagay nan sa misyonè yo ap anseye a. Toutfwa, yo te santi Lespri a epi vle fè sa misyonè yo te mande a. Fè tout sa ou kapab pou ede moun yo konprann doktrin levanjil la. Rete pasyans ak solidè. Li ka pran tan pou moun yo aprann pou idantifye ak eksprime santiman yo. Ou gendwa bezwen ajiste rit ak pwofondè nan ansèyman w pou ede yo.

Sigjesyon sa yo ka ede pandan w ap prepare pou anseye moun yo ki pa Gen yon orijin Kretyen:

  • Konprann ki bezwen oswa enterè spirityèl ki pouse yo pou rankontre avèk ou.

  • Ofri apèsi ak revizyon senp pou chak leson.

  • Mande yo pou yo di w kisa yo konprann ak ki eksperyans yo te fè.

  • Defini mo ak prensip esansyèl yo. Moun yo gendwa pa abitye avèk anpil nan mo yo ou itilize pandan w ap anseye.

  • Retounen nan leson ou te anseye avan an pou anseye doktrin nan pi klèman. Sa gendwa nesesè nenpòt lè pandan pwosesis ansèyman an.

  • Idantifye envitasyon ke ou ta ka ofri pou ede moun yo fè eksperyans benediksyon yo nan levanjil la.

Pi ba a w ap jwenn lis kèk resous nan Libreri Levanjil la ke ou ka itilize pou ede moun yo ki pa gen yon orijin Kretyen.

  • Kiyès Bondye Ye?

  • Kiyès Jezikri Ye?

  • Jezikri, Pitit gason Bondye

  • Kisa pou Atann Lè W ap Rankontre avèk Misyonè yo nan Legliz Jezikri pou Sen-dènye yo

  • Mizilman ak Sen-dènye jou yo: Kwayans, Valè ak Stil lavi

Etid Pèsonèl oubyen ak Konpayon

Si posib, idantifye yon konvèti ki pa te gen yon orijin Kretyen avan w rankontre avèk misyonè yo. Aranje w pou rankontre epi mande l konsènan eksperyans konvèsyon li. Pa egzanp, ou ta ka mande moun nan konsènan:

  • Kisa ki te mennen l kwè nan Pè Selès la ak Jezikri.

  • Kijan eksperyans priye pou premye fwa a te ye.

  • Kijan sa te ye pou ou lè ou te santi yon repons pou priyè premye fwa.

  • Wòl ekriti yo nan konvèsyon li.

  • Kijan premye ale legliz la te ye.

Ekri sa ou te aprann nan jounal etid ou.

Konsidere envite moun nan pou ede ou anseye yon moun ki pa te gen yon orijin Kretyen.


Ide pou Etid ak Aplikasyon

Etid Pèsonèl

  • Imajine ou twouve w nan youn nan sitiyasyon sa yo. Kijan w ka itilize prensip ak kalite yo nan chapit sa a pou ede moun sa yo pwogrese? Planifye kijan ou ta renmen aplike yo nan chak sitiyasyon.

    • Yon moun ki t ap prepare pou batèm di ou ke li pa vle kontinee rankontre avèk nou.

    • W ap rankontre pou setyèm fwa avèk yon moun ke plizyè misyonè te anseye sou yon peryòd de ane. Pa te vrèman genyen okenn siy pwogrè.

  • Seleksyone youn nan leson misyonè yo. Idantifye youn oswa de pasaj ekriti nan chak prensip debaz yo. Pratike anseye apati pasaj sa yo ki prezante nan seksyon “Itilize Ekriti yo”nan chapit sa a.

Etid avèk konpayon ak echanj konpayon

  • Li resi sou Amon ak Wa Lamoni nan Alma 18–19 ak resi sou Aaron nan Alma 22:4–18. Pandan w ap li, idantifye ak dekri kijan Amon ak Arawon:

    • Te suiv Lespri a ak anseye avèk lanmou.

    • Te kòmanse anseye.

    • Te adapte ansèyman yo pou reponn bezwen yo.

    • Te rann temwayaj

    • Te itilize ekriti yo.

    • Te poze kesyon, koute, ak ede moun yo t ap anseye yo rezoud preyokipasyon yo.

    • Te ankouraje moun yo t ap anseye yo pou pran angajman yo.

    Diskite kijan sèvis ak ansèyman yo te gen enpak sou Wa Lamoni, papa li, ak Abish.

Konsèy Distri, Konferans Zòn, ak Konsèy pou Dirijan Misyon

  • Envite manm yo oswa moun w ap anseye kounya yo nan reyinyon nou an. Eksplike pou gwoup la ke ou vle misyonè yo amelyore abilte yo pou pataje mesaj enpòtan yo a. Seleksyone yon leson ak yon abilte. Fè misyonè yo anseye moun nan oswa moun yo leson ou te seleksyone a nan 20 minit, ak fokis sou abilte ou te idantifye a. Fè yo chanje moun yo ap anseye a apre 20 minit. Apre misyonè yo fin anseye, reyini gwoup la ansanm. Fè moun nan oswa moun yo di misyonè yo ki grenn mwayen ki te pi efikas yo te ka amelyore.

  • Montre videyo egzanp misyonè k ap anseye oswa kontakte moun. Seleksyone yon abilte ak diskite nan ki nivo misyonèyo te byen aplike prensip yo pou abilte sa a.

  • Seleksyone yon abilte, epi idantifye doktrin oswa pasaj ekriti ki sipòte l. Anseye misyonè yo fondasyon doktrinal abilte a.

Dirijan Misyon ak Konseye Misyon yo

  • Okazyonèlman akonpaye misyonè yo y ap anseye. Planifye kijan ou ka patisipe nan ansèyman an.

  • Ankouraje dirijan lokal yo patisipe avèk misyonè yo nan vizit ansèyman yo.

  • Demontre ak ede misyonè yo pratike youn nan taktik ansèyman yo ki dekri nan chapit sa a, tankou poze kesyon ak koute.

  • Demontre itilizasyon efektif ekriti yo lè y ap anseye nan konferans zòn yo, konsèy dirijan misyon, ak antrevi yo. Fè menmjan an lè w ap anseye avèk yo.

  • Ede misyonè yo konprann ekriti yo epi devlope yon lanmou pou yo. Èldè Jeffrey R. Holland te konseye dirijan misyon yo:

    “Mete lanmou pou pawòl Bondye a totalman nan sant kilti misyon ou. … Mete familyarite avèk revelasyon yo ak itilizasyon regilye ouvraj kanionik yo kòm youn nan karakteristik prensipal misyonè nou yo pou rès lavi yo.

    “Lè w ap anseye misyonè yo—e sa se pou tout tan—anseye yo apati ekriti yo. Pèmèt yo wè kote ou jwenn fòs ak enspirasyon w. Anseye yo pou yo renmen ak depann de revelasyon ki te akimile yo.

    “Prezidan misyon [mwen] te anseye apati Liv Mòmon an ak [lòt] ekriti yo chak fwa nou te nan prezans li, oubyen se sa l te sanble. Antrevi pèsonèl yo te mare avèk ekriti yo. Prezantasyon pou … reyinyon yo te tire nan ouvraj kanonik yo. …

    “Nou pa te konnen nan moman an, men prezidan nou t ap ame nou sou tout ang lavi n, egzòte nou avèk tout enèji nanm li epi avèk tout fakilte li te posede pou rete tache fèm nan ba fè a yon fason pou nou pa t janm peri [gade 1 Nefi 15:23–25]” (“Pouvwa nan EKriti yo” seminè pou nouvo dirijan misyon yo, 25 Jen, 2022).