Apèl Misyon
Chapit 12: Ede Moun Prepare yo pou Batèm ak Konfimasyon


“Chapit 12: Ede Moun Prepare yo pou Batèm ak Konfimasyon,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Chapit 12,” Preche Levanjil Mwen an

Imaj
John the Baptist Baptizing Jesus (Jan Batis ki ap batize Jezi), pa Greg K. Olsen

Chapit 12

Ede Moun Prepare yo pou Batèm ak Konfimasyon

Konsidere Sa a

  • Kijan m ka ede moun prepare yo pou batèm ak konfimasyon?

  • Kijan m ka fè yon entèvyou batèm?

  • Kijan pou m prepare ak dirije yon sèvis batèm edifyan?

  • Poukisa li enpòtan pou konplete ak soumèt Fòm pou Batèm ak Konfimasyon an?

  • Kijan m ka sipòte nouvo manm yo?

Batèm se yon òdonans jwaye ki bay espwa e ki pote pouvwa Bondye nan lavi yon moun. Pouvwa sa a vini atravè resepsyon don Sentespri a. L ap kontinye pandan moun nan ap pèsevere jiskalafen nan respekte alyans batèm nan.

Objektif ansèyman w lan se pou ede lòt moun devlope lafwa yo nan Jezikri, repanti pou peche yo, epi batize avèk yon dezi sensè pou yo suiv Kris. Jan Mòmon te anseye a, “premye fwi repantans se batèm” (Mowoni 8:25). Lè moun w ap anseye yo ap respekte angajman ou envite yo pou yo pran yo, y ap prepare pou yo fè ak respekte alyans avèk Bondye e jwi benediksyon Li pwomèt yo.

Batèm ak Konfimasyon se pa yon destinasyon final. Okontrè,òdonans sa yo se pòt kote pitit Bondye yo antre nan chemen alyans lan. Chemen sa a mennen nan òdonans, alyans, ak bèl benediksyon tanp yo—e finalman nan lavi etènèl (gade nan3 Nepfi 11:20–40).

Kalifikasyon pou Batèm ak Konfimasyon

Bondye envite tout pitit Li pou yo vin jwenn Li atravè batèm ak konfimasyon (gade nan 2 Nefi 26:33; 3 Nefi 27:20). Kalifikasyon pou batèm yo se menm pou tout moun.

Gade nanDoktrin ak Alyans 20:37:

  • Imilye tètou devan Bondye.

  • Se pou gen dezi pou w batize.

  • Vini avèk yon kè brize ak yon lespri kontri.

  • Repanti pou tout peche w yo epi priye pou w jwenn padon.

  • Se pou w dispoze pou w pran non Kris la sou tèt ou.

  • Se pou w gen yon detèminasyon pou sèvi Kris la jiskalafen.

  • Montre pa zèv ou yo ke w resevwa Lespri Kris la pou remisyon peche w yo.

De Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo:

  • Reponn nan fason apwopriye a kesyon entèvyou batèm yo.

  • Resevwa tout leson misyonè yo.

  • Rakontre avèk prezidan kowòm ansyen an, prezidant Sosyete Sekou a, ak evèk la.

  • Asiste plizyè reyinyon sentsèn.

Kalifikasyon sa yo se endikatèu pwosesis espirityèl konvèsyon an. Lè moun reponn a kalifikasyon sa yo, yo pare pou òdonans sakre batèm ak konfimasyon yo.

Lè yon moun gen yon dat batèm ki fèm:

  • Byen revize rejis li nan app Preche Levanjil Mwen an pou asire ke ou te anseye doktrin ak kòmandman nesesè yo.

  • Kreye yon kalandriye pou aktivite ki nesesè prepare pou batèm ak Konfimasyon an. Revizealandriye a avèk moun nan.

  • Si sa posib, envite moun nan vini nan yon sèvis batèm anvan batèm pa l la.

Etid ekriti

Etidye ekriti sa yo. Kijan w ka ede moun w ap anseye yo prepare yo pou batèm ak konfimasyon? Ekri sa w aprann nan etid ou a.

Imaj
Boskè Sakre a, Greg K. Olsen

Ede Moun Prepare Yo pou Entèvyou Batèm yo

Entèvyou batèm nan se yon etap enpòtan ki montre ke yon moun ranpli kondisyon kalifikasyon pou batèm yo. Pwograme yon entèvyou batèm sèlman lè yon moun pare.

Ede moun yo prepare yo pou entèvyou sa a pou yo ka santi yo konfòtab avèk li. Eksplike a kisa l sanble. Di yo ke yo pral rankontre avèk yon lòt misyonè menm jan avèk ou.

Eksplike bi entèvyou a. Se yon opòtinite pou yo temwaye ke yo repanti pou tout peche yo [epi] manifeste pa zèv yo ke yo resevwa Lespri Kris la pou remisyon peche yo doktrin ak Alyans 20:37).

Pataje kesyon entèvyou yo pral poze yo (gade anba a). Sa ap ede moun nan prepare l pou l reponn yo.

Asire w ke moun nan konprann sa te anseye yo ak alyans li pral fè nan batèm nan. Alyans sa a se pou:

  • Dispoze pou pran non Jezikri sou tèt li.

  • Respekte kòmandman Bondye yo.

  • Sèvi Bondye ak lòt moun.

  • Pèsevere jiskalafen (Gade nan leson 4).

Rann temwayaj ou sou gwo benediksyon ki vini lè yon moun batize ak konfime epi l respekte alyans batèm nan. Benediksyon sa yo gen ladan yo remisyon pou peche ak don Sentespri a.

Dirije yon Entèvyou Batèm

Chak moun ki vle batize dwe fè yon entèvyou avèk yon dirijan prètriz ki otorize. Nan yon misyon, moun sa a se lidè distri oswa zòn nan. Li dirije entèvyou pou:

  • Moun laj 9 an ak plis ki pa t janm batize ni konfime.

  • Timoun ki gen laj 8 tan ak plis ki gen paran yo ki pa manm Legliz la.

  • Timoun ki gen laj 8 tan ak plis ki gen yon paran ki batize ak konfime tou.

W ap jwenn enstriksyon pou moun k ap fè entèvyou a anba la a.

  • Fè entèvyou a nan yon kote prive ki konfòtab kote Lespri a ka prezan.

  • Lè l ap fè entèvyou avèk yon timoun, yon jèn, oswa yon fi, konpayon moun ki ap fè entèvyou a dwe tou pre nan yon sal, yon koulwa, oubyen yon andwa akote. Si moun kiap pase entèvyou a vle, yon lòt adilt kapab prezan pandan entèvyou a. Misyonè yo dwe evite tout sitiyasyon yon moun ta ka mal entèprete.

  • Kòmanse avèk yon priyè.

  • Ede moun nan santi l konfòtab.

  • Fè entèvyou a vin yon eksperyans espirityè ki edifyan.

  • Asire w ke moun nan konprann bi entèvyou a.

  • Poze kesyon entèvyou pou batèm yo ki anba la a. Adapte kesyon yo a laj, matirite ak sikonstans moun nan si sa nesesè.

  • Reponn kesyon moun nan genyen.

  • Revize enfòmasyon ki sou Fòm pou Batèm ak Konfimasyon an pou wè si yo egzat. Si moun nan se yon minè, yon paran oubyen gadyen dwe siyen fòm nan anvan batèm nan (gade nan “Batèm ak Konfimasyon: Kesyon ak Repons” nan chapit sa a).

  • Envite yon moun pou rann temwayaj oubyen pataje santiman l.

  • Eksprime apresyasyon w dèske w kapab rankontre avèk moun nan.

Kesyon Entèvyou Batèm

Men kesyon pou entèvyou batèm yo:

  1. Èske w kwè ke Bondye se Papa Etènèl nou? Èske w kwè ke Jezikri se Pitit Gason Bondye ak Sovè ak Redanmtè mond lan?

  2. Èske w kwè ke Legliz la ak levanjil Jezikri a te retabli atravè Pwofèt Joseph Smith? Èske w kwè ke [prezidan aktyèl Legliz la] se yon pwofèt Bondye? Kisa sa vle di pou ou?

  3. Kisa sa vle di pou w repanti? Èske w santi ke w repanti pou peche pase w yo?

  4. Yo te anseye w ke vin manm nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo mande pou w viv prensip levanjil la. Kisa w konprann konsènan prensip sa yo? Èske w dispoze pou w obeyi yo?

    • Lwa chastete a, ki entèdi relasyon seksyèl andeyò lyen yon maryaj legal ant yon gason ak yon fi

    • Lwa dim nan

    • Pawòl Sajès la

    • Sanktifye jou Saba a, sa enkli pran sentsèn chak semèn ak sèvi lòt moun

  5. Èske w janm te komèt yon krim grav? Si wi, èske kounyeya ou an libète siveye oubyen ou an libète kondisyonèl?

  6. Èske w janm patisipe nan avòtman? (Gade nanManyèl Jeneral, 38.6.1.)

  7. Lè w batize, ou fè alyans avèk Bondye ke w dispoze pou pran non Kris la sou tèt ou, pou w sèvi lòt moun, pou w kanpe kòm temwen Bondye tout tan, ak pou respekte kenbe kòmandman L yo pandan tout lavi w. Èske w pare pou w fè alyans sa a epi fè efò pou w rete fidèl anvè li?

Pou enstriksyon si moun nan reponn afimativman pou kesyon 5 ak 6 yo, gade nanManyèl Jeneral la, 38.2.8.7 ak 38.2.8.8.

Familyarize w avèk politik ak règleman ki konsène batèm ak konfimasyon yo ki nan Manyèl Jeneral, 38.2.8yo. Kèk nan règleman sa yo konsène kèk sikonstans espesyal ke w ka rankontre.

Apre entèvyou a, misyonè a ak kandida pou batèm nan ap rejwenn lòt misyonè yo. Si moun nan pare pou batèm, misyonè yo ap eksplike l kisa k pral pase nan sèvis batèm nan. Y ap eksplike l tou ke konfimasyon an nòmalman fèt nan yon reyinyon sentsèn nan pawas kote moun nan ap viv la.

Lè Pou Ranvwaye yon Batèm

Sa ka rive ke pafwa yon batèm ranvwaye akoz pwoblèm temwayaj oubyen diyite. Lè sa rive, jere sitiyasyon an avèk delikatès epi an prive. Ede moun nan konprann kijan pou l prepare l pou batèm nan yon dat an apre.

Ankouraje moun nan epi ofri l espwa nan Kris la ak nan Ekspyasyon an. Mande manm pawas la pou yo entegre moun nan. Kontinye anseye prensip debaz levanjil la jiskaske moun nan pare pou batize ak konfime. Tann jiskaske moman an rive pou w pwograme yon nouvo dat batèm.

Batèm ak Konfimasyon: Kesyon ak Repons

Èske m bezwen pèmisyon pou m batize yon moun ki minè? Legliz la sousye pou byennèt timoun yo ak amoni nan anviwonman familyal yo. Yon minè, jan lwa lokal yo defini li, gen dwa batize lè de kondisyon sa yo reyini:

  1. Paran ki ap gade l la oubyen gadyen legal li bay pèmisyon yo alekri. Yo dwe gen yon konpreyansyon jeneral doktrin yo pral anseye pitit yo a kòm manm Legliz la. Yo dwe dispoze pou yo sipòte timoun nan nan fè ak kenbe alyans lan.

  2. Mounk ap fè entèvyou a dwe disène si timoun nan konprann alyans batèm nan. Li dwe gen asirans ke timoun nan pral fè tout efò l pou l respekte alyans sa a nan obeyi kòmandman yo, sa enkli ale nan reyinyon Legliz la.

Èske m bezwen konsantman konjwen an pou yon mari oubyen yon madanm? Wi. Yon moun marye dwe gen konsantman konjwen li anvan pou l batize.

Si gen yon paran nan yon fanmi ki pa pare pou batèm, èske m dwe batize lòt manm fanmi yo oubyen tann jiskaske paran an pare? Li ta preferab pou manm fanmi yo batize ansanm. Sepandan, si gen kèk ki pa pare, ou gen dwa batize kèk manm fanmi endividyèl akondisyon ke w gen konsantman ki nesesè a.

Èske batèm lòt manm fanmi an ta dwe retade jiskaske papa a kapab resevwa Prètriz Aawon an epi akonpli batèm yo limenm? Non. Frè ki fèk batize yo pa resevwa Prètriz Aawon an jou yo batize a. Yo dwe toudabò fè entèvyou avèk evèk la epi soutni pa manm pawas la.

Èske m ka anseye ak batize yon moun ki te demisyone kòm manm Legliz la oubyen ke yo te retire kòm manm Legliz la? Moun ki te demisyone kòm manm Legliz la oubyen ke yo te retire kòm manm Legliz la kapab retounen vin manm pa batèm ak konfimasyon. Si yo ta renmen pou w anseye yo, konsilte dirijan prètriz lokal yo ak prezidan misyon w lan sou nenpòt wòl ou ta kapab jwe.

Nan yon pieu, reyadmisyon pa batèm nan fèt sou direksyon evèk la oswa prezidan pieu a. Nan yon misyon, retounen vin manm lan fèt sou direksyon prezidan misyon an. Dirijan sa yo ap resevwa asistans Premye Prezidans lan si sa nesesè. Misyonè pa fè entèvyou batèm sa yo ni ranpli Fòm Batèm ak Konfimasyon pou yo. Men, yo ka envite yon misyonè pou l fè batèm nan.

Ansyen manm Legliz ki retounen yo, se pa konvèti yo ye. Men, pafwa misyonè ka jwe yon wòl enpòtan nan ede yo jwi benediksyon apatenans nan Legliz la ankò.

E si yon moun pwograme yon dat batèm men li pa respekte tout angajman yo? Tann jis lè moun nan respekte angajman yo epi l reponn a kalifikasyon pou batèm yo pou w pwograme yon entèvyou pou batèm. Gade “Kilè yon Batèm Bezwen Ranvwaye” nan chapit sa a.

E si yon koup vle batize men y ap viv ansanm? Yon koup ki ap viv ansanm andeyò lyen maryaj legal ant yon gason ak yon fi pa ka batize toutotan yo pa viv lwa chastete a. Sa vle di ke yo p ap viv ansanm ankò—ke se yon koup eteroseksyèl oubyen yon koup menm sèks—oubyen, pou yon gason ak yon fi, sa vle di ke yo dwe marye. Sa enkli tou egzèse lafwa ki mennen nan repantans jan yo dekri l nan Doktrin ak Alyans 20:37la. Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon pati endispansab nan plan Bondye a.

Kesyon 5 ak 6 nan entèvyou batèm nan mande si yon moun janm komèt yon krim oubyen patisipe nan avòtman. Kisa m dwe fè si yon moun reponn “wi” pou nenpòt nan kesyon sa yo? Si w vin aprann sou youn nan sitiyasyon sa yo pandan entèvyou batèm nan, pa mande detay. Pa pwomèt ke moun nan ap apwouve pou batèm. Men, eksprime lanmou w epi eksplike l jantiman ke yon moun ki gen plis matirite ak eksperyans pral pale avèk li pou ede l.

Voye yon demann entèvyou pou batèm bay prezidan misyon w lan. Limenm oubyen youn nan konseye l yo ap rankontre avèk moun sa a. Gade nan Manyèl Jeneral, 38.2.8.7 ak 38.2.8.8.

Kisa m dwe fè si yon rejis manm te kreye anvan m soumèt Fòm pou Batèm ak Konfimasyon an? Kontakte prezidan misyon w lan pou enstriksyon.

Etid pèsonèl

Reflechi sou kijan w tap santi w si se te avèk oumenm yo tap fè entèvyou a. Konsidere kesyon sa yo epi ekri enpresyon w yo.

  • Nan kisa entèvyou a ta ka parèt enkonfòtab pou ou? Kisa moun k ap fè entèvyou a ta ka fè pou mete w alèz?

  • Kijan w ta renmen moun ki ap fè entèvyou a aji avèk ou?

  • Kijan w ta vle moun ki ap fè entèvyou a reyaji si w eksprime dout ou oswa enkonpreyansyon oubyen si w te konfese yon peche grav?

Imaj
batèm

Sèvis Batèm nan

Sèvis batèm ak konfimasyon an ta dwe evenman espirityèl ki make yon nouvo manm. Sèvis batèm nan dwe pwograme osito ke moun nan reponn a kalifikasyon pou batèm. Eksplike kisa ki planifye ak poukisa. Pale de abiman kòrèk, sa enkli kijan moun nan apl resevwa rad blan pou l mete pou batèm nan.

Sèvis batèm pou konvèti yo dwe planifye sou direksyon episkopa a. Dirijan misyon pawas la (si gen youn) oubyen manm nan prezidans kowòm ansyen an ki dirije travay misyonè a planifye ak dirije sèvis sa yo. Li fè kowòdinasyon avèk misyonè aplentan yo. Sèvis batèm ta dwe senp, kout, ak edifyan espirityèlman.

Envite yon manm episkopa a, yon manm prezidans Sosyete Sekou a, ak yon manm prezidans kowòm ansyen an (si se pa li ki ap dirije) pou vin asiste sèvis batèm nan. Lè sa apwopriye, envite drijan lòt òganizasyon yo, dirijan jèn yo, ak frè ak sè sèvis pastoral yo (si yo asiyen). Travay avèk moun ki ap batize a pou envite zanmi ak fanmi pou yo vini nan sèvis batèm nan ak nan konfimasyon an.

Anvizaje envite lòt moun w ap anseye yo. Eksperyans sa yo ap ede yo santi Lespri a epi aprann plis sou levanjil la. Apre sèvis la, fè suivi pou yo pale de eksperyans yo epi mande yo si w ka anseye yo.

Yon sèvis batèm ka gen bagay sa yo ladann:

  1. Mizik prelid

  2. Yon brèf pwopo byeveni pa dirijan prètriz ki ap dirije sèvis la (yon manm episkopa a dwe prezide si sa posib)

  3. Yon kantik ak yon priyè ouvèti

  4. Youn oubyen de mesaj kout sou sijè levanjil, tankou batèm ak don Sentespri a

  5. Yon seleksyon mizikal

  6. Batèm nan

  7. Yon moman reverans pandan ke moun ki te patisipe nan batèm nan ap mete rad sèch sou yo. (Nou gen dwa jwe oubyen chante Kantik oubyen Chan Primè pandan moman sa a) Oubyen misyonè yo ta ka bay yon brèf prezantasyon sou levanjil la.)

  8. Nouvo manm yo ka rann temwayaj, si yo vle

  9. Yon kantik ak yon priyè kloti

  10. Mizik apre

Si w pwograme yon batèn nan yon jou Dimanch, chwazi yon lè ki p ap deranje reyinyon regilye jou Dimanch yo, otan sa posib.

Imaj
konfimasyon

Konfimasyon

Yon moun resevwa òdonans konfimasyon an apre l fin batize (gade nan Doktrin ak Alyans 20:41). Yo konsidere yon nouvo konvèti kòm manm Legliz la apre òdonans batèm ak konfimasyon yo fin konplete e kòrèkteman anrejistre.

Konfimasyon yo dwe fèt sou direksyon evèk la. Sepandan, li pa fè yon entèvyou separe pou konfimasyon.

Travay ansanm avèk evèk la ak dirijan misyon pawas la (si gen youn) pou asire w ke nouvo konvèti yo konfime. Konfimasyon an dwe fèt osito sa posib apre batèm nan, de preferans nan dimanch apre a. Sepandan, evèk la ka otorize pou yo fè konfimasyon an nan sèvis batèm nan kòm yon eksepsyon (gade nan Manyèl Jeneral, 18.8).

An jeneral, yo konfime konvèti yo nan yon reyinyon sentsèn nan pawas kote y ap viv la. An jeneral, evèk la envite misyonè ki ap sèvi nan pawas la pou yo patisipe nan konfimasyon an. Si se yon misyonè ki ap fè konfimasyon an, li bezwen apwobasyon prezidan misyon an tou (gade nanManyèl Jeneral, 18.8.1). Omwen yon manm nan episkopa a dwe patisipe.

Ranpli Fòm Batèm ak Konfimasyon an

Li enpòtan pou yo kreye yon rejis tousuit apre moun nan fin batize ak konfime. Konsènan rejis sa yo nan epòk pa l la, Mowoni te ekri ke nouvo manm yo “te konte nan pami pèp legliz Kris la; e non yo te enskri pou legliz la te kapab sonje yo, nouri yo avèk bon pawòl Bondye a, pou kenbe yo nan bon chemen an” (Mowoni 6:4).

Lè w ap anseye yon moun ki ap prepare pou l batize, kòmanse ranpli Fòm pou Batèm ak Konfimasyon an nan app Preche Levanjil Mwen an. Eksplike ke yo ap itilize fòm sa a pou kreye yon rejis manm. Rejis sa a ap gen enfòmasyon enpòtan sou òdonans moun nan ap resevwa yo. Lè manm Legliz la demenaje, yo voye rejis manm yo a bay nouvo pawas la pou dirijan lokal yo ak manm yo ka soutni yo.

Depi nouvo manm lan fin batize ak konfime, fè mizajou sou fòm ki gen enfòmasyon sou chak òdonans lan, sa enkli kiyès ki te akonpli li. Lè w fin konplete fòm nan, ekri enfòmasyon yo nan app Preche Levanjil Mwen an, epi soumèt li bay grefye pawas la elektwonikman. Osito grefye a resevwa fòm nan, l ap revize l epi l ap kreye yon rejis manm.

Apre l fin kreye rejis manm lan, grefye a prepare yon Sètifika Batèm ak Konfimasyon. Se evèk la ki dwe siyen sètifika sa a epi remèt li bay moun nan.

Non ak sèks ki sou rejis manm lan ak sou sètifika a dwe matche avèk non ki nan batistè a, nan rejis nesans sivil la, oswa non legal aktyèl la.

Etid Pèsonèl oubyen Etid avèk Konpayon

Etidye Mozya 6:1–3 ak Mowoni 6:1–4. Ki rapò ki genyen ant pasaj sa yo e kenbe rejis batèm ak konfimasyon ki kòrèk?

Apre Batèm ak Konfimasyon

Kontinye Sèvi

Kontinye rete zanmi avèk nouvo manm yo e sipòte yo apre yo fin batize ak konfime. Ede yo vini Legliz e bati relasyon avèk manm yo. Li Liv Mòmon an avèk yo, epi ede yo pataje levanjil la avèk manm fanmi yo ak zanmi yo. Ba yo livrè Chemen Alyans Mwen an. Kontinye itilize App Preche Levanjil Mwen an pou note pwogresyon yo, tankou asistans yo nan reyinyon sentsèn ak leson yo te resevwa.

Imaj
gason ki ap bay akolad

Apre konfimasyon an, anseye leson misyonè yo ankò. Pran direksyon ansèyman an. Sepandan, kowòdone avèk dirijan pawas la pou misyonè pawas yo oswa lòt manm ka patisipe. Pandan w ap anseye, ankouraje nouvo manm yo pou yo respektee tout angajman ki nan leson yo.

Nan reyinyon kowòdinasyon chak semèn nan, fè konsiltasyon sou kijan manm yo ka sipòte nouvo konvèti yo ak ede yo rete aktivman angaje nan Legliz la. Planifye kimoun ki ap prezante yo bay dirijan kowòm oswa lòt òganizasyon yo. Kowòdone patisipasyon lòt manm pandan w ap anseye leson yo ankò. Mande pou yo ba yo frè sèvis pastoral (ak sè sèvis pastoral pou fi yo).

Apre yon gason fin konfime, li elijib pou l resevwa Prètriz Aawon an si l ap gen omwen 12 an avan fen ane a. Òdinasyon nan Prètriz Aawon an fèt sou direksyon evèk la (gade Manyèl Jeneral, 38.2.9.1).

Si sa apwopriye, kominike pandan tout lavi w avèk moun ou te anseye yo. Ba yo sipò pou yo resevwa tout benediksyon levanjil Jezikri a.

Imaj
Èldè Gerrit W. Gong

“Lè nou vini avèk kè brize ak lespri kontri, nou ka jistifye nan Jezikri epi nou ka ansèkle nan bra sekirite Li. Òdonans sakre yo ofri yon santiman apatenans atravè alyans ak ‘pouvwa divinite a‘ pou sanktifye entansyon ki andedan nou ak aksyon eksteryè nou. [Doktrin ak Alyans 84:20]. Gras a lanmou byenveyan ak pasyans Li, Legliz Li a vin tounen Otèl nou” (Gerrit W. Gong, “Plas nan Otèl lla,” Liahona, Me 2021, 27).

Ede Nouvo Manm yo Patisipe nan Benediksyon Tanp yo

Nouvo manm ki gen laj apwopriye yo kapab resevwa yon rekòmandasyon tanp ki ap pèmèt yo batize pou manm fanmi yo ki desede (gade nan Manyèl Jeneral, 26.4.2). Yo resevwa rekòmandasyon sa a nan men evèk la. Ankouraje yo epi ede yo pran yon rekòmandasyon tanp osito ke sa rezonab. Si gen yon tanp tou pre, panse pou w bay yon envitasyon pou yon lè espesifik pou nouvo manm yo fè batèm pou zansèt yo ki mouri yo.

Nan reyinyon kowòdinasyon chak semèn nan, planifye kimoun ki ap prezante nouvo manm yo bay dirijan tanp ak istwa familyal pawas la. Dirijan sa a ka ede yo prepare yo pou yo resevwa benediksyon tanp yo nan fè pwòp alyans tanp pa yo.


Ide pou Etid ak Aplikasyon

Etid pèsonèl

  • Fè lis dirikilte yon kandida pou batèm ka rankontre. Poukisa li enpòtan pou yon moun santi lanmou ak amitye manm Legliz yo?

  • Etidye Mowoni 6 ak Doktrin ak Alyans 20:68–69. Kisa w ka aprann nan vèsè sa yo sou ede moun prepare pou batèm ak konfimasyon? Ekri sa w aprann. Pataje sa w panse avèk knpayon w lan pandan etid konpayon an.

Etid avèk konpayon ak echanj konpayon

  • Prezidan Henry B. Eyring te eksplike poukisa prensip levanjil yo enpòtan. Diskite konsèy sa a: Kijan w ka ankouraje moun yo pou yo anvi suiv prensip sa yo?

    “Senyè a etabli prensip Li yo pou L ka beni nou. Reflechi sou benediksyon sa yo: Li pwomèt moun ki obeyi prensip Li yo èd Sentespri a. Li pwomèt lapè pèsonèl. Li pwomèt chans pou yo resevwe òdonans sakre nan Kay Li a. Epi Li pwomèt moun ki pèsevere jiskalafen nan viv prensip Li yo ke y ap gen lavi etènèl. …

    “Paske nou renmen moun n ap sèvi yo, nou tout vle fè pi byen nou kapab pou pèmèt pitit Pè Selès la yo atenn nivo fidelite ak pite yo bezwen pou yo ka gen tout benediksyon Senyè a pwomèt yo. …

    “… Ou kòmanse nan pwoklame prensip Senyè a byen klèman e san timidite. Epi, plis mond lan ap detounen de prensip sa yo epi moke yo, se plis nou dwe brav nan pwoklame yo” (“Prensip Diyite,” Premye Reyinyon Fòmasyon Mondyal pou Dirijan yo, Jan. 2003, 10–11).

  • Revizee kesyon entèvyou pou batèm yo. Konsidere kijan w t ap jere sitiyasyon tankou sa yo:

    • Moun nan pa t di w ke li an libète siveye pou yon krim.

    • Moun nan pa resevwa yon repons pou priyè l fè pou l ka konnen si Joseph Smith se te yon pwofèt la.

    • Moun nan te fimen yon sigarèt sa gen de jou.

    • Moun nan pa si ke l resevwa yon repons pou priyè l.

    • Fanmi an santi presyon nan men kèk zanmi epi yo pa si ke yo pare pou batèm.

  • Revize Fòm pou Batèm ak Konfimasyon an. Poukisa enfòmasyon ou bay yo dwe kòrèk ak konplè?

Konsèy Distri, Konferans Zòn, ak Konsèy pou Dirijan Misyon

  • Revizese enpòtans entèvyou batèm nan. Diskite fason misyonè yo ka ede moun yo prepare yo pou entèvyou a.

  • Diskite sou fason pou yo itilize sèvis batèm ak konfimasyon yo kòm opòtinite pou yo jwenn moun.

Dirijan Misyon ak Konseye Misyon yo

  • Travay avèk dirijan prètriz lokal yo ak dirijan òganizasyon yo pou asire ke y ap itilize rapò Pwogresyon sou Chemen Alyans lan kòrèkteman.

  • Anseye dirijan distri yo, dirijan zòn yo, ak sè ki ap fè fòmasyon dirijan yo kijan pou yo prepare yo pou entèvyou batèm nan. Envite yo pou yo fè fòmasyon pou lòt misyonè yo sou fason pouyo prepare moun yo pou entèvyou sa a.

  • Anseye dirijan distri ak dirijan zòn yo kijan pou yo fè entèvyou batèm.

  • Anseye kijan pou yo reyaji nan yon entèvyou pou batèm lè yon moun revele ke l te komèt yon peche grav.

  • Lè sa posib, asiste sèvis batèm pou nouvo manm yo. Pale avèk nouvo manm yo epi pran enfòmasyon sou eksperyans konvèsyon yo. Pataje sa w aprann yo avèk konpayon w epi tou avèk misyonè yo.