Apèl Misyon
Mesaj Premye Prezidans lan


“Mesaj Premye Prezidans,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Mesaj Premye Prezidans,” Preche Levanjil Mwen an

Mesaj Premye Prezidans

Chè Asosye Misyonè:

Nou felisite ou pou gran opòtinite ou genyen pou vin yon misyonè pou Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Pa genyen anyen ki pi detèminan oswa enpòtan pase travay nan rasanbleman Izrayèl la.

Preche Levanjil Mwen an gen objektif pou ede w vin yon misyonè pi byen prepare, ak plis matirite spirityèl. Li gen objektif tou pou ede ou vin yon enstriktè ki pi efikas. Nou egzòte ou pou ou itilize l chak jou nan preparasyon pèsonèl ou ak etid konpayon. Nou ankouraje ou pou w itilize l nan reyinyon konsèy distri yo ak konferans zòn yo. Etidye ekriti ki nan referans yo epi aprann doktrin nan ak prensip yo.

Nou envite ou pou jwenn yon nouvo sans angajman pou asiste Papa nou ki nan Syèl la nan travay gloriye Li a. Chak misyonè gen yon wòl enpòtan nan ede Senyè a nan travay Li a “pou reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” (Moyiz 1:39).

Senyè a ap beni ou lè ou konsakre tèt ou enbleman pou sèvi Li. Se pou ou jwenn anpil lajwa ak bonè pandan w ap travay nan mitan pitit Papa nou ki nan Syèl la.

Premye Prezidans lan