Apèl Misyon
Chapit 2: Sonde Ekriti yo epi Mete Zam Bondye yo sou Ou


“Chapit 2: Sonde Ekriti yo epi Mete Zam Bondye yo sou Ou,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Sonde Ekriti yo epi Mete Zam Bondye yo sou Ou,” Preche Levanjil Mwen an

Imaj
Joseph Smith chèche bon konprann nan Bib la, pa Dale Kilbourn

Chapit 2

Sonde Ekriti yo epi Mete Zam Bondye yo sou Ou

Reflechi Sou Sa

  • Poukisa li enpòtan pou nou etidye pawòl Bondye a nan ekriti yo regilyèman?

  • Kijan mwen ka fè etid ekriti m pi efikas?

  • Kijan mwen ka itilize teknoloji kòrèkteman pou ede m akonpli objektif mwen?

  • Kisa sa vledi pou nou mete zam Bondye yo sou nou?

Chèche ekriti yo

Jezikri “se lavi ak limyè pou mond lan. Gade, li se pawòl verite ak lajistis” (Alma 38:9; gade tou Jan 1). Etidye pawòl Bondye a nan ekriti sent yo pral pote abondans nan lavi ou (gade Jan 10:10). Pawòl Li yo pral ranpli ou—ak moun w ap anseye yo—avèk limyè ak verite. Yo pral ede ou—ak moun w ap anseye yo—viv nan lajistis epi resevwa pwoteksyon divin ak fòs. Yo pral ede ou vin konnen Li ak goute lanmou Li, ki dous pase tout lòt bagay dous. Pawòl Li yo pral ranpli nanm ou avèk lajwa (1 Nefi 8:11–12; gade vèsè 1–34).

Ekriti yo se yon trezò selès. Youn nan pi gran benediksyon nan misyon w se genyen yon lè fiks pou etidye yo chak jou.

Etid levanjil la se youn nan kalte travay spirityèl ki pi anrichisan yo ou ka fè. Li vivifyan alafwa mantalman ak spirityèlman. Jan Alma te anseye, nou “plante” pawòl Bondye a nan kè nou, li pral “eklèsi konpreyansyon [nou]” epi kòmanse gen bon gou pou nou (Alma 32:28; gade tou Enòs 1:3–4). Lè nou kontinye etidye ak aplike pawòl Bondye a, l ap “pran rasin; epi … vin yon plant k ap devlope pou lavi etènèl” (Alma 32:41; gade tou vèsè 42–43). Konesans ak temwayaj ou sou levanjil la pral ogmante. Dezi ak abilte ou pou anseye levanjil la pral ogmante menmjan tou.

Aprann de yon bon enstriktè enpòtan, men li enpòtan tou pou pou w ka fè eksperyans aprantisaj apati pwòp etid ou nan ekriti yo. Sa vrè tou pou moun w ap anseye yo.

Konprann ekriti yo gendwa difisil nan kòmansman an. Toutfwa, lè ou pasyaman pèsiste nan etidye pawòl Bondye a, konpreyansyon w pral grandi. Ou pral rive konsidere tan w nan ekriti yo kòm yon trezò. Nou pral pa ka tann pou sa nou pral aprann ak fè eksperyans yo.

Vin konnen ak renmen ekriti yo ka tounen yon gran benediksyon tout yon lavi ki soti nan sèvis misyonè w. Lè w fè eksperyans benediksyon nan etid ekriti yo pandan misyon w, ou pral anvi kontinye pou rès lavi ou.

Imaj
Èldè D. Todd Christofferson

“Objektif santral tout ekriti se pou ranpli nanm nou avèk lafwa nan Bondye Papa a ak nan Pitit gason Li a, Jezikri—lafwa ke Yo egziste; lawfa nan plan Papa a pou imòtalite ak lavi etènèl nou; lafwa nan Ekspyasyon ak Rezirèksyon Jezikri a, ki fasilite plan bonè sa a; lawfa pou fè levanjil la tounen mòd lavi nou; epi lafwa pou vin konnen ‘yon sèl vrè Bondye a, ak Jezikri, ke [Li te] voye a’ (Jan 17:3)” (D. Todd Christofferson, “Benediksyon nan Ekriti yo,” Lyawona, Me 2010, 34).

Etid Pèsonèl

Gade foto Joseph Smith la nan kòmansman chapit sa a. Li Joseph Smith—Istwa 1:11–13. Reponn kesyon sa yo nan jounal etid ou.

  • Kijan lekti ak meditasyon Joseph Smith nan Jak 1:5 te mennen l nan resevwa revelasyon?

  • Ki enfliyans etid sa a te genyen sou jenerasyon alavni yo?

  • Ki efè desizyon l pou etidye ak chèche te genyen nan lavi ou?

  • Kijan etid ou nan levanjil la te enfliyanse lavi ou ak lavi lòt moun?

Etid Ekriti

Kisa w ka aprann nan ekriti sa yo konsènan fason pou apwoche etid levanjil la?

Suiv Lespri a

Aprann levanjil la se plis pase akeri enfòmasyon. Se yon pwosesis spirityèl tou pou aplike verite etènèl anba gidans Sentespri a (gade Jakòb 4:8; Doktrin ak Alyans 50:19–25). Chèche epi konfye w nan Lespri a pou l anseye w pandan w ap etidye ekriti yo. Sa pral rive nan menm nivo ke ou konpare ekriti ak oumenm avèk entansyon reyèl pou aprann (gade 1 Nefi 19:23; Mowoni 10:4; Joseph Smith—Istwa 1:18).

Etidye ekriti yo nan lapriyè pral louvri yon fenèt revelasyon pou Lespri a pale nan lespri ak lnan kè w. L ap beni ou avèk gidans, enspirasyon, ak repons pou kesyon ou yo. Atravè etid ekriti w yo, Sentespri a pral fòtifye ak rekonfòte w. Li pral ba ou konesans ak konviksyon ki pral beni lavi w epi abilite w pou beni lòt moun etènèlman.

Etid Ekriti

Ki wòl Sentespri a nan ede yon moun aprann levanjil la?

Chèche Repons pou Kesyon yo.

Kòm yon misyonè, ou pral tande anpil kesyon. Ou pral gen kesyon tou pou tèt ou. Sonde ekriti yo ak lòt resous ki apwouve yo pou reponn kesyon sa yo se yon fason puisan pou etidye. Anrejistre kesyon yo ak sa ou aprann ak santi nan jounal etid ou.

Itilize sous presi, fyab yo nan etid ou—prensipalman ekriti yo, pawòl la pwofèt vivan yo, ak Preche Levanjil Mwen an. Itilize resous yo nan Libreri Levanjil, tankou Gid pou Ekriti yo, Diksyonè Bib la, endèks nan konbinezon triptik la, Sijè Levanjil yo, ak diskou Sijè Levanjil yo. Aprann ki resous ki disponib nan lang moun w ap anseye yo pale.

Imaj
Prezidan M. Russell Ballard

“Yon bagay mwen te aprann nan lavi a se kijan frekaman Senyè a reponn kesyon nou yo epi ba nou konsèy atravè ekriti yo. … Apresa an nou ale kote Senyè a nan priyè, sipliye l pou èd oswa repons; epi repons sa yo pral vini lè nou louvri ekriti yo epi kòmanse etidye yo. Pafwa se tankou yon pasaj ki genyen san oubyen mil ane pase ki te ekri espesifikman pou repons kesyon ou” (M. Russell Ballard, “Rete fèm nan Senyè a, ak nan Pouvwa Puisans Li” [Brigham Young University fireside, 3 Mar, 2002], 5, speeches.byu.edu).

Viv Sa W Aprann

Pandan w ap santi lajwa ki vini apati ogmante an konpreyansyon levanjil la, w ap vin gen dezi pou w aplike sa w ap aprann yo Fè efò pou w viv an amoni avèk sa w aprann. Si w fè sa, lafwa ou, konesans ou, ak temwayaj ou pral fòtifye. Aji selon sa ou aprann pral pote konpreyansyon adisyonèl ak dirab. (Gade Jan 7:17.)

Imaj
Prezidan Boyd K. Packer

“Vrè doktrin nan, lè nou konprann ni, ap chanje atitid ak konpòtman. Etidye [doktrin] levanjil la ap amelyore konpòtman pi vit pase yon etid sou konpòtman ap amelyore konpòtman” (Boyd K. Packer, “Little Children,” Ensign, Nov. 1986, 17).

Etid Pèsonèl

Kisa ekriti ki pi ba yo anseye konsènan aprann levanjil la?

Itilize Libreri (Medyatèk) Levanjil la

Libreri Levanjil la se yon resous anliy ki ka amelyore etid ak ansèyman w grandman. Familyarize ou avèk diferan fonksyon li yo. Kèk benefis nan itilize Libreri (Medyatèk) Levanjil kòm yon pati nan etid ak ansèyman w nan lis ki pi ba a.

  • Li ba ou aksè nan ekriti yo, pawòl pwofèt vivan yo, ak lòt kontni Legliz la nan anpil lang nan fòma tèks, odyo, ak videyo.

  • Si ou anrejistre nan Libreri Levanjil la sa w ap aprann ak enpresyon ou te resevwa yo, ou ka kontinye gen aksè epi jwemm fòtifye pa enfòmasyio sa aprè misyon w.

  • Li pèmèt ou pataje fasilman ekriti yo, sitasyon pwofèt vivan yo, ak videyo avèk moun w ap anseye yo.

  • Pifò moun ou anseye ak batize yo pral itilize Libreri (Medyatèk) Levanjil la pou aksede nan resous Legliz yo. Familyarize ou avèk fonksyon yo nan Libreri Levanjil la konsa pou w ka apran itilize yo.

Etid Pèsonèl

Repase “Gid pou Itilizatè Libreri Levanjil la.” Seleksyone yon fonksyon an Libreri Levanjil la pou eseye nan pwochen etid pèsonèl e konpayon w. Kijan fonksyon sa a te ede w avèk etid ou? Kisa w pral eseye pwochèn fwa? Anseye lòt misyonè yo sa ou aprann.

Itilize Teknoloji avèk Sajès

Senyè a ak pwofèt Li yo te fè w konfyans ak teknoloji a pou ede akonpli travay Li a. Teknoloji ka amelyore etid ou nan ekriti yo ak Preche Levanjil Mwen an. Resous dijital yo ka ede w planifye tou. Yo kapab ede w nan ansèyman w ak efò w pou w jenn moun pou w anseye.

Itilizasyon teknoloji avèk sajès ak jistès ka ede ou akonpli objektif misyon w epi itilize tan efikasman. Li ka ede w tou pou evite materyèl inapwopriye.

Suiv Lespri a konsènan ak kijan pou itilize teknoloji nan fason ki pral fòtifye lafwa ou nan Jezikri ak lafwa ou nan moun w ap sèvi ak anseye yo.

Suiv Prekosyon yo nan Itilizasyon Teknoloji

Kat prekosyon yo ki prezante pi ba a pral ede w itilize teknoloji konvenableman. Suiv prekosyon sa yo se yon mwayen enpòtan pou ou pou w “mete gwo zam Bondye yo, pou ou ka gen posiblite reziste kont riz malen an” (Efezyen 6:11).

Rete an Amoni avèk Enpresyon Spirityèl yo

Nefi te pwomèt, “Si nou antre nan chemen an, e nou resevwa Sentespri a, l ap montre nou tout bagay nou dwe fè” (2 Nefi 32:5). Papa nou ki nan Syèl la te ba nou de kado pusian ki pral ede nou: libabit moral ak don Sentespri a. Ou gen pouvwa pou chwazi pou suiv gidans Sentespri a. Gidans li vital nan ede nou byen aji nan itilize teknoloji. Li ede pwoteje nou tou kont mal.

Rete Fokis sou Objektif Misyonè W lan

Senyè a te di, “Si je nou fikse sèlman sou laglwa m, tout kò nou ap ranpli avèk limyè, epi p ap gen tenèb nan nou; epi kò sa a ki ranpli avèk limyè a konprann tout bagay” (Doktrin ak Alyans 88:67). Pou gen je nou fikse sèlman sou laglwa Bondye vledi mentni fokis ou konplètman sou objektif Bondye, ki se tou objektif ou kòm yon misyonè.

Itilizasyon w de teknoloji a ta dwe santre sou objektif ou. Limen aparèy ou a sèlman apre ou fin idantifye pou ki objektif misyonè ou pral itilize l. Aprèsa etenn li lè ou fin akonpli objektif sa a.

Ou gen plis chans pou rankontre kontni inapwopriye sou entènèt la lè w ap navige nayivman sou wèb la san yon objektif espesifik nan lespri w.

Imaj
misyonè k ap gade telefòn

Rete Disipline

Mòmon te ekri: “Mwen se yon disip Jezikri, Pitit Gason Bondye a. Li te chwazi m pou m deklare pawòl nan pami pèp li a pou yo kapab gen lavi pou tout tan.” (3 Nefi 5:13). Tankou Mòmon, ou se yon disip Kris la. Sèvi yon misyon aplentan se yon opòtinite spesyal pou vin yon disip pi ankre.

Mo disip ak disiplin yo soti nan menm rasin lan ki vledi “apranti” oswa “elèv.” Pou vin yon disip Kris la vledi ke w ap chèche suiv Li epi kenbe kòmandman Li yo. Li veldi ke ou regilyèman ap aprann ak anseye sou Kris la.

Rete disipline epi fè chwa jis yo nan fason w ap itilize teknoloji a. Chwazi pou suiv prekosyon yo. Lè w ap pale fas-a-fas avèk moun, pa tcheke mesaj oswa reponn telefòn. Pran kontwòl sou fason ou itilize aparèy sa yo. Pa kite yo kontwole w.

Senyè a te deklare, “Yon moun ki resevwa lalwa mwen an epi ki obsève l, moun sa a se disip mwen; epi yon moun ki di li resevwa l epi ki pa obsève l, moun sa a pa disip mwen” (Doktrin ak Alyans 41:5). Pandan pèsonn pa pafè, Senyè a ap tann nou fè efò konsistan, pèsistan pou suiv Li.

Bote levanjil la se ke nou ka jwenn padon lè nou repanti—epi Senyè a vle nou repanti san ranvwaye sa (gade Doktrin ak Alyans 109:21). Si ou fè yon erè, ki enkli itilizasyon inapwopriye teknoloji, repanti nan menm moman an epi kontinye eseye viv lwa Li a. Sa a antre nan rete yon disip Kris la.

Nou dwe fè youn

Li te di, “Nou dwe fè youn; epi si nou pa fè youn, nou pa moun mwen” (Doktrin ak Alyans 38:27 Ede misyon w devlope yon kilti inite, konfyans, responsablite, ak konpasyon konsa pou nou ka fòtifye ak sipòte youn lòt.

Tout misyonèyo ta dwe alèz pou mande èd lè yo bezwen. Yon misyonè ki fèm nan Lespri a ka ede youn ki santi l fèb (gade Doktrin ak Alyans 84:106). Si ou santi w tante, mande konpayon oswa dirijan misyon w pou ede w.

Prèske tout difikilte ki asosye ak entènèt yo oswa avèk pònografi rive nou izole. Itilize aparèy yo sèlman lè nou youn ka wè ekran lòt. Gen kouraj epi rete responsab youn pou lòt.

Senyè a gen konfyans nan chak misyonè Li te aple, enkli ou. Li te ba ou konpayon ak dirijan yo pou ede pwoteje ak sipòte w. Menmjan Alma te sipòte konpayon Amilèk, chèche fòtifye youn lòt (gade Alma 15:18).

Kisa Ou Ta Dwe Fè Si Ou Santi W Vilnerab oswa Siseptib?

Aprann suiv kat prekosyon yo mande efò, disiplin, ak pratik. Menm apre prekosyon yo vin yon pati natitèl nan fason ou panse ak aji, ou pral genyen moman kote ou santi ou vilnerab oswa siseptib. Petèt ou te gen move abitid ak teknoloji avan misyon w ki te difisil pou w simonte. Kèk misyonè te gen difikilte avèk pònografi avan apèl yo epi gendwa tante pou retonbe nan ansyen modèl konpòtman yo.

Prensip ki pi ba yo pral ede ou respekte prekosyon yo epi fòtifye tèt ou kont tantasyon.

  • Fè atansyon ak panse w yo, sansasyon, ak konpòtman w yo. Konprann kijan yo ka rann ou vilnerab nan malitilize teknoloji.

  • Chwazi pou aji. Reponn nan fason jis, pwodiktif ak sa ou santi yo.

  • Aprann, repanti, ak amelyore. Itilize eksperyans ou yo pou kontinye aprann ak amelyore.

Ou pa oblije simonte difikilte yo poukont ou. Konte sou fòs ki vini atravè Ekspyasyon Sovè a ak alyans ou te fè yo avèk Li yo. Senyè a konnen difikilte wap rankontre yo, epi Li pral ede ou nan gwo travay sa a.

Toujou sonje Sovè a ka ede w itilize teknoloji avèk sajès. Rete fidèl ak konfyans Li te w. Pran desizyon pou “mache dwat devan li” (Alma 53:21; gade also vèsè 20). Santi rekonesans pou tout sa Li ak Papa a te fè pou ou pral ede w fè bon chwa yo konsènan fason pou w itilize resous dijital yo.

Misyon w se yon bèl opòtinite pou w aprann itilize teknoloji avèk sajès. Angajman ak bon abitid ou devlope pandan misyon w pral benefisye w pou rès lavi ou.

Mete Zam Bondye sou ou

Kapasite w pou reziste ak tantasyon pral ogmante pandan w ap etidye ak aplike ekriti yo, pawòl pwofèt vivan yo, Preche Levanjil Mwen an, Prensip Misyonè pou Disip Jezikri yo, ak prekosyon yo ki prezante nan chapit sa a.

Imaj
misyonè k ap salye yon mesye

Si w mete “tout zàm Bondye yo sou ou,” sa ap pèmèt ou kapab disène verite de erè. Ou pral mete nan pye w “levanjil lapè a.” Mete “kuiras lajistis la” pral pwoteje w. Avèk “boukliye lafwa a,” ou pral gen posiblite pou etenn flèch anflame advèsè a yo. Ou pral pran “epe Lespri [Li a]” pou anseye laverite a avèk pouvwa ak otorite. Ou pral fòtifye kont enfliyans mond lan ki ta ka kontrèman mennen w aladeriv. (Gade Efezyen 6:10–18; gade tou 1 Nefi 8:20, 30; 15:24–25; Elaman 3:29–30; Doktrin ak Alyans 27:15–18; Joseph Smith—Matye 1:37; 2 Timote 3:15–17.)

Etid Pèsonèl

Idantifye nan lapriyè youn nan prekosyon yo pou fokis sou li nan semèn sa a. Chèche èd Senyè a. Anrejsitre santiman ou yo ak sa w ap aprann yo.


Ide pou Etid ak Aplikasyon

Etid Pèsonèl

  • Eseye kèk nan sigjesyon sa yo pou anrichi etid ou:

    • Li ekriti yo avèk kesyon oswa sousi nan nan lespri ou.

    • Pataje sa ou aprann avèk lòt misyonè yo epi avèk moun w ap anseye yo. Eksplike yon doktrin oswa prensip pral ede ou sonje l epi klarifye l ankò.

    • Etidye daprè Sijè. Fokis sou sijè yo ki pral ede ou ak moun w ap anseye yo.

    • Mande tèt ou, “Kisa otè a ap pale? Kisa mesaj prensipal la ye? Kijan bagay sa aplike pou mwen? Kijan sa gendwa ede yon moun n ap anseye.

    • Vizyalize oswa desinen sa w ap etidye a. Pa egzanp, imajine kisa l te sanble pou Amon te kanpe devan Wa Lamoni.

    • Ekri ide prensipal la nan pasaj la nan yon fraz oswa yon paragraf kout.

    • Memorize ekriti yo ki eksplike ak sipòte prensip w ap anseye yo.

  • Evalye tèt ou sou bagay sa yo (1=jamè, 3=kèk fwa, ak 5=preske toutan).

    • M ap grandi nan lafwa mwen epi vin konnen Pè Selès la ak Jezikri pi byen.

    • Mwen panse a moun w ap ansenye yo lè m ap etidye.

    • Pandan tout jounen an, mwen panse sou sa m te etidye nan maten an.

    • Pandan m ap etidye, ide vini nan espri ke m pa t vin jwenn mwen avan sa.

    • Mwen anrejistre enpresyon spirityèl ak ide yo nan yon andwa ki apwopriye.

    • Mwen rete jeklè lè m ap etidye.

    • Mwen toujou pa ka tann etid pèsonèl.

    • Mwen pa ka tann etid ak konpayon.

    Revize repons ou yo. “Kisa w ap fè byen?” Kijan w ta ka amelyore? Tabli youn oswa de bi pou amelyore kalite etid ou.

Etid ak Konpayon ak Echanj Konpayon

Konsèy Distri, Konferans Zòn, ak Konsèy pou Dirijan Misyon

  • Mande misyonè yo pou yo ekri youn oswa de kesyon konsènan levanjil la apati yon leson nan chapit 3. Kesyon sa yo ta ka pèsonèl oswa soti de moun yo anseye. Envite misyonè yo pou yo pataje kesyon yo avèk gwoup la. Pou chak kesyon, diskite sa ki pi ba yo:

    • Kijan repons pou kesyon sa a ta ka beni lavi misyonè a?

    • Kijan li ta ka beni lavi moun l ap anseye yo?

    • Kijan yon misyonè ta ka jwenn repons la?

  • Divize misyonè yo an gwoup, epi bay chak gwoup asiyasyon pou etidye youn nan kat prekosyon yo ak ekriti ki akonpaye yo. Envite misyonè yo pataje sa yo te aprann ak fason prekosyon yo te ede yo.

Dirijan Misyon ak Konseye Misyon yo

  • Okazyonèlman akonpaye misyonè yo nan etid ak konapyon yo.

  • Pandan antrevi oswa konvèsasyon yo, poze kèk nan kesyon ki pi ba yo:

    • Ki enpresyon ou te jwenn resaman nan etid ekriti w?

    • Ki chapit oswa seksyon nan Preche Levanjil Mwen an ki te ede w plis nan de semèn ki pase yo? Kijan li te ede w?

    • Kisa w ap fè nan etid pèsonèl ou ki ede w aprann?

  • Nan antrevi yo, konsidere repase prekosyon nan Itilizasyon teknoloji yo epi mande misyonè yo kisa y ap aprann pandan yo aplike yo.

  • Pataje ide ki soti nan etid pèsonèl ou. Pataje sa ki ekri nan jounal etid ou ak temwayaj ou sou enpòtans etid levanjil la.