Ekriti yo
2 Nefi 18


Chapit 18

Kris la pral tankou yon pyèdachopman ak yon wòch pou ofans—Chèche Senyè a, pa chèche bòkò k ap pale ansekrè nan zòrèy—Chèche lalwa ak temwayaj kòm gid—Konpare Ezayi 8. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Anplis, pawòl Senyè a te di m: Pran yon gwo woulo, epi ekri ladan l avèk yon plim moun fè, konsènan Mayè-chalal-achbaz.

2 Epi m te pran temwen fidèl pou anrejistre, prèt ki rele Iri a, ak Zakari, pitit gason Jeberekya a.

3 Epi, m te ale kote pwofetès la; li te ansent e l te fè yon pitit gason. Epi Senyè a te di m: Rele l Mayè-chalal-achbaz.

4 Paske gade, timoun nan p ap kò konnen kòman pou l di, papa, manman, anvan richès Damas yo ak piyay Samari yo disparèt devan wa Asiri a.

5 Senyè te pale avèk mwen ankò, li di:

6 Paske pèp sa a te meprize dlo k ap koule dous nan Siloye a, e rejwi yo nan Retsen ak pitit gason Remalya a;

7 Kounyeya poutèt sa, gade Senyè a ap voye gwo dlo rivyè yo sou yo, epi ak fòs, wa Asiri a menm avèk tout laglwa li; epi li pral ranpli tout kanal yo, li pral anvayi tout rivaj yo.

8 Epi li pral travèse Jida; li pral anvayi ak debòde, li pral ranpli jis nan kou; epi zèl li pral gaye pou l kouvri lajè peyi w la, O Emanyèl.

9 Mete tèt nou ansanm, O pèp yo, men nou pral kraze fè ti mòso; epi koute, tout moun ki nan peyi lwen yo; mare senti nou, paske nou pral kraze fè miyèt mòso; mare senti nou, paske nou pral kraze fè miyèt mòso.

10 Reyini Reyini ansanm, men sa p ap sèvi anyen; pale pawòl la; men li p ap kanpe; paske Bondye avèk nou.

11 Paske Senyè a te di m sa avèk fèmte, e li te ban m enstriksyon pou m pa mache nan chemen pèp sa a, li te di m konsa:

12 Pa rele Konplo tout sa pèp sa a rele Konplo; ni tou pa pè, e pa krenn.

13 Sanktifye Senyè tout Lame yo, se Limenm nou dwe pè, se Limenm nou dwe krenn.

14 Li pral tankou yon refij; men tou li pral tankou yon pyèdachopman, ak yon wòch pou tou de kay Izrayèl yo, tankou yon pyèj ak yon pèlen pou abitan Jerizalèm yo.

15 Epi anpil ladan yo pral frape pye yo e tonbe, yo pral kraze, yo pral tonbe nan pyèj, e moun pral pote y ale.

16 Mare temwayaj la, sele lalwa a nan pami disip mwen yo.

17 Epi, m pral rete tann Senyè a ki kache figi l pou kay Jakòb la, e m pral chèche l.

18 Gade, mwen menm ak pitit Senyè a te ban mwen yo, nou se siy ak mirak nan Izrayèl pou Senyè tout Lame yo, ki rete nan Mòn Siyon an.

19 Epi, lè yo di nou: Chèche moun ki gen lespri zansèt yo, ak sòsye k ap fè maji yo—èske yon pèp pa ta dwe chèche nan men Bondye yo ki vivan an pou yo tande nouvèl mò yo?

20 pou lalwa a ak temwayaj la; epi pou si yo pa pale konsa, yo pa gen limyè nan yo.

21 Epi, yo pral pasipala, grangou ak akable, e se pral konsa, lè yo grangou, se paske yo pral fè kòlè, yo pral modi wa yo ak Bondye yo a, e yo pral leve je yo anlè.

22 Epi yo pral bese je yo atè, e yo pral wè detrès, fènwa, tenèb ak lapenn e yo pral chase yo al nan fènwa.