Apèl Misyon
Chapit 3: Leson 1—Mesaj Retablisman Levanjil Jezikri a


“Chapit 3: Leson 1—Mesaj Retablisman Levanjil Jezikri a,” Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Pataje Levanjil Jezikri a (2023)

“Chapit 3: Leson 1,” Preche Levanjil Mwen an

Chapit 3: Leson 1

Mesaj Retablisman Levanjil Jezikri a

Imaj
Premye Vizyon an

Moun Gendwa Mande

  • Eske Bondye egziste?

  • Kijan M ka santi m pi pre Bondye?

  • Kijan m ka aprann verite a nan mond konfizyon jodia?

  • Kijan relijyon ta ka ede m?

  • Poukisa genyen anpil relijyon konsa?

  • Poukisa mwen genyen anpil difikilte konsa?

  • Kijan m ka jwenn lapè nan peryòd boulvès yo?

  • Kijan m ka vin pi kontan?

  • Kijan yon pwofèt ta ka ede mond lan jodia?

Depi nan kòmansman mond lan, Bondye te revele levanjil li a pou pitit Liu yo atravè pwofèt yo. Li te fè sa atravè Pitit Gason L lan, Jezikri. Nan tan lontan, Jezi te revele levanjil la bay pwofèt tankou Adan, Noe, Abraam, ak Moyiz. Men anpil moun te rejte l.

Sa gen de mil ane, Jezikri Limenm te anseye levanjil Li a epi etabli Legliz Li a. Moun te toujou rejte Jezi. Pa lontan apre lanmò Li, tout kote moun t ap pèdi konfyans nan Senyè a ak Legliz la. Plenitid levanjil la ak otorite prètriz la pa te sou tè a ankò.

Kèk syèk apre, Bondye te aple yon lòt pwofèt, Joseph Smith. Bondye te retabli plenitid levanjil la atravè li epi otorize l òganize Legliz Jezikri a ankò.

Genyen plenitid levanjil Jezikri a sou tè a se youn an pi gran benediksyon pou epòk nou an. Levanjil la ede nou reponn kesyon moun plis poze nan lavi a. Pwofèt vivan yo gide nou atravè moman difisil yo. Otorite prètriz Bondye a egziste sou tè a ankò pou beni pitit Li yo.

Imaj
misyonè k ap anseye yon fanmi

Sigjesyon pou Anseye

Seksyon sa a ofri yon modèl prezantasyon pou ede w prepare pou anseye. Li enkli tou egzanp sou kesyon ak envitasyon ou gendwa itilize.

Lè w ap prepare pou w anseye, konsidere nan lapriyè sitiyasyon ak bezwen spirityèl chak moun. Deside kisa ki pral pi itil pou anseye. Prepare pou defini tèm yo ke moun gendwa pa konprann. Planifye dapre kantite tan ou pral genyen, sonje pou kenbe leson yo brèf.

Seleksyone ekriti yo pou itilize pandan w ap anseye. Seksyon “Fondasyon Doktrinal” la nan leson an enkli anpil ekriti ki ka ede.

Konsidere ki kesyon pou w poze pandan w ap anseye. Planifye envitasyon pou ofri ki pral ankouraje chak moun aji.

Mete aksan sou pwomès benediksyon Bondye yo, epi pataje temwayaj ou sou sa w ap anseye yo.

Kisa Ou Ka Anseye Moun nan 15-25 Minit

Seleksyone youn oswa plis nan prensip sa yo pou anseye. Fondasyon doktrinal pou chak prensip yo disponib apre prezantasyon sa a.

Bondye se Papa Eman nou ki nan Syèl la.

  • Bondye se Papa nou ki nan Syèl la, e nou se pitit Li. Li te kreye nou dapre imaj Li.

  • Bondye konnen nou pèsonèlman epi renmen nou.

  • Bondye genyen yon kò lachè ak zo ki glorifye, pèfèksyone.

  • Bondye vle beni nou avèk lapè ak yon plenitid lajwa ki pral dire pou letènite.

  • Paske Bondye renmen nou, Li te voye Pitit Gason L lan, Jezikri, pou rachte nou anba peche ak lanmò.

Bondye Revele Levanjil la Atravè Pwofèt yo nan Chak Dispansasyon

  • Bondye aple pwofèt yo pou reprezante Li sou tè a.

  • Nan tan lontan, Jezi te revele levanjil la bay pwofèt tankou Adan, Noe, Abraam, ak Moyiz.

  • Yon pwofèt vivan resevwa revelasyon nan men Bondye pou anseye ak gide nou jodia.

Ministè Tèrès ak Ekspyasyon Jezikri.

  • Jezikri se Pitit Gason Bondye.

  • Pandan ministè tèrès Li, Jezi te anseye Levanjil Li a epi etabli Legliz Li a.

  • Jezi te aple douz Apot epi ba yo otorite pou dirije Legliz Li a.

  • Nan fen lavi tèrès Li, Jezi te ekspye pou peche nou yo nan soufrans Li nan Jaden Jetsemani ak pandan Krisifiksyon an. Apre lanmò Jezi, Li te resisite.

  • Gras avèk sakrifis ekspyatwa Jezi a, nou ka jwenn padon epi netwaye de peche nou yo lè nou repanti. Sa a pote lapè pou nou epi rann li posib pou nou retounen nan prezans Bondye epi resevwa yon plenitid lajwa.

  • Gras ak Rezireksyon Jezikri a, nou tout pral resisite apre nou mouri. Sa vledi ke espri ak kò chak moun pral reyini epi viv pou tout tan.

Chit la

  • Apre Apot Jezi yo te mouri, tout kote moun t ap pèdi konfyans nan Senyè a ak Legliz la.

  • Pandan tan sa, moun yo te chanje anpil ansèyman levanjil la. Moun yo te chanje òdonans prètriz yo, tankou batèm. Otorite prètriz la ak Legliz ke Jezi te tabli a pa te sou tè a ankò.

Retablisman Levanjil Jezikri a atravè Joseph Smith.

  • Joseph te bezwen konnen ki legliz ki te vrè Legliz Bondye a konsa li te ka rantre ladan. Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri te parèt devan Li an 1820. Evenman sa a rele Premye Vizyon an.

  • Bondye te aple Joseph Smith pou vin yon pwofèt, menmjan Li te aple pwofèt yo nan epòk avan yo.

  • Levanjil Jezikri a te retabli atravè pwofèt la Joseph Smith.

  • Lòt mesaje selès te retabli prètriz la, epi Joseph te jwenn otorizasyon pou l òganize Legliz Jezikri a.

  • Jezikri kontinye dirije Legliz Li a jodia atravè pwofèt ak apot vivan yo.

Liv Mòmon an: Yon Lòt Temwayaj Konsènan Jezikri

  • Liv Mòmon an se yon volim ekriti ki te ekri nan tan ansyen yo pa pwofèt nan Amerik yo. Joseph Smith te tradui pa don ak pouvwa Bondye.

  • Avèk Bib la, Liv Mòmon an founi yon temwayaj sou ministè, ansèyman, ak misyon Jezikri kòm Sovè nou.

  • Nou ka vin pi pre Bondye nan li Liv Mòmon an epi respekte presèp li yo.

  • Nou ka konnen ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye nan li l, medite sou li, epi priye konsènan li. Pwosesis sa a pral ede nou tou pou rive konnen ke Joseph Smith sete yon pwofèt.

Priye pou Konnen Verite Atravè Sentespri a

  • Priyè se yon kominikasyon ki ale nan de sans ant Bondye ak pitit Li yo.

  • Atravè priyè sensè, nou ka konnen ke mesaj Retablisman levanjil Jezikri a se verite.

  • Lè ou priye, Sentespri a anseye ak konfime verite pou ou.

Imaj
misyonè k ap ansenye jèn gason

Kesyon Ou Ka Poze Moun

Kesyon sa yo se egzanp sou sa ou ka poze moun. Kesyon sa yo ka ede ou genyen konvèsasyon enteresan epi konprann bezwen ak pèspèktiv yon moun.

  • Kisa ou kwè konsènan Bondye?

  • Kijan santi pi pre Bondye t ap ede w?

  • Kisa w konnen konsènan Jezikri? Kijan lavi ak ansèyman Li yo te enfliyanse w?

  • KIjan ou jwenn repons fyab nan mond konfizyon jodia?

  • Kijan sa t ap ede w pou w konnen ke genyen yon pwofèt vivan sou tè a jodia?

  • Eske ou te tande pale de Liv Mòmon an? Eske nou ka pataje poukisa ki enpòtan?

  • Eske w vle pataje kwayans ou konsènan lapriyè? Eske nou ka pataje kwayans nou konsèman lapriyè?

Envitasyon Ou Ka Ofri yo

  • Eske w ap mande Bondye nan lapriyè pou ede w konnen ke sa nou te anseye w se verite? (Gade “Ide pou Anseye: Priyè” nan dènye seksyon nan leson sa a.)

  • Eske w ap vini legliz dimanch sa a pou aprann plis konsènan sa nou te anseye yo?

  • Eske w ap li Liv Mòmon an epi priye pou konnen ke li se pawòl Bondye? (Ou ka sigjere chapit oswa vèsè espesifik.)

  • Eske w ap suiv egzanp Jezi a epi vin batize? (Gade “Envitasyon pou Vin Batize ak Konfime a,”ki imedyatman presede leson sa a.)

  • Eske nou ka fikse yon lè pou pwochèn vizit nou?

Fondasyon Doktrinal

Seksyon sa a founi doktrin ak prensip pou ou etidye yo pou ranfòse konesans ou ak temwayaj ou sou levanjil la epi ede w anseye.

Imaj
fanmi

Bondye se Papa Eman nou ki nan Syèl la.

Bondye se Papa nou ki nan Syèl la, epi nou se pitit Li. Li te kreye nou dapre imaj Li. Li gen yon kò glorifye, ak pèfèksyone “lachè ak zo ki osi tanjib ke kò moun” (Doktrin ak Alyans 130:22).

Bondye konnen nou pèsonèlman, epi Li renmen nou plis ke nou ka konprann. Li konprann eprèv yo, tristès yo, ak feblès nou yo, epi Li ofri pou l sipòte nan mitan yo. Li rejwi nan nou epi ap pral ede nou fè chwa ki jsi yo. Li vle kominike avèk nou, epi nou ka kominike avèk Li atravè lapriyè.

Bondye te ba nou eksperyans sa asou tè a pou nou ka aprann, grandi, epi vin pi plis tankou Li. Avèk lanmou pafè, Li vle nou retounen jwenn Li apre nou mouri. Toutfwa, nou pa ka fè sa poukont nou. Paske Bondye renmen nou, Li te voye Pitit Gason L lan, Jezikri, pou rachte nou. “Paske Bondye sitèlman renmen mond la, li bay sèl Pitit Gason literal li a, … pou mond lan ka sove gras ak li” (Jan 3:16–17).

Bondye vle beni nou avèk lapè ak yon plenitid lajwa ki pral dire pou letènite. Li te ofri yon plan ki ba nou opòtinite pou resevwa benediksyon sa yo. Plan sa a rele plan sali a (gade leson 2).

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Imaj
Moyiz ak Tablèt yo, pa Jerry Harston

Bondye Revele Levanjil la atravè Pwofèt yo nan Chak Dispansasyon

Pwofèt yo Se Reprezantan Bondye sou Tè a

Yon fason enpòtan Bondye montre lanmou Li pou nou se nan aple pwofèt, ba yo otorite prètriz la, epi enpire yo pou pale pou Li. Pwofèt yo se reprezantan Bondye sou tè a. Pwofèt Ansyen Testaman an Amòs te ekri ke “Senyè a pap janm fè anyen san li pa fè pwofèt yo, moun k ap sèvi l yo, konnen” (Amòs 3:7). Kèk nan benediksyon nou resevwa apati pwofèt vivan yo prezante pi ba a:

Temwayaj sou Jezikri. Pwofèt yo se temwen espesyal pou Jezikri, ki temwaye de li kòm Sovè ak Redanmtè nou.

Ansèyman. Pwofèt yo resevwa direksyon de Bondye pou ede nou disène verite de erè. Yo anseye nou pou n obeyi kòmandman Bondye yo epi pou nou repanti lè nou fè erè. Yo denonse peche epi avèti sou konsekans li yo.

Ansèyman pwofèt yo leve nou nan direksyon Bondye epi ede nou resevevwa benediksyon Li vle pou nou yo. Pi gwo sekirite nou chita nan suiv pawòl Senyè a bay palentèmedyè pwofèt Li yo.

Otorite Prètriz la Pwofèt aktyèl la se detantè prètriz k ap prezide sou tè a. Prètriz la se otorite ak pouvwa Bondye. Pwofèt la gen otorite pou pale ak aji nan non Bondye pou sali pitit Li yo.

Direksyon Legliz la. Legliz Jezikri a bati sou fondasyon pwofèt yo ak apot yo (gade Efezyen 2:19–20; 4:11–14).

Pwofèt yo nan Tan Ansyen yo

Adan sete premye pwofèt sou tè a. Bondye te revele levanjil Jezikri a ba li epi ba li otorite prètriz la. Adan ak Èv te anseye pitit yo verite sa yo epi ankouraje yo pou devlope lafwa epi viv levanjil la.

Finalman posterite Adan ak Èv la te rebele epi vire ale lwen levanjil la. Sa te kondui nan yon kondisyon ki rele apostazi, oswa yon chit. Lè apostazi jeneralize a rive, Bondye retire otorite prètriz la, ki nesesè pou anseye ak administre òdonans yo nan levanjil la.

Ansyen Testaman an anrejistre anpil egzanp sou apostazi jeneralize yo. Pou mete fen ak peryòd sa yo, Bondye te aple yon lòt pwofèt pou rekonekte ak pitit Li yo. Li te revele verite yo nan levanjil la anouvo bay pwofèt sa yo epi ba yo otorite prètriz la. Kèk nan pwofèt sa yo sete Noe, Abraam, ak Moyiz. Malerezman, dapre yon modèl ki repete avèk letan, moun yo te finalman rejte pwofèt yo epi chite.

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

  • Gid Ekriti yo: “Pwofèt

  • Sijè Levanjil yo: “Pwofèt yo,” “Retablisman Legliz la

Imaj
O Papa Mwen, tablo Simon Dewey

Ministè Tèrès ak Ekspyasyon Jezikri.

Jezikri se Pitit Gason Bondye. Jezikri ak Ekspyasyon Li a se eleman santral nan plan Bondye pou nou an. Ekspyasyon Li a te enkli soufrans Li nan Jaden Jetsemani a, soufrans ak lanmò Li sou kwa a, ak Rezireksyon Li a.

Depi nan epòk Adan ak Èv, moun yo t ap rete tann Jezikri ka p vini kòm Sovè ak Redanmtè yo. Papa nou ki nan Syèl la te voye Jezi sou tè a sa gen plis pase 2.000 ane.

Jezi te viv yon lavi pafè, san peche. Li te anseye levanjil Li a epi etabli Legliz Li a. Li te aple douz Apot epi L te ba yo otorite prètriz la pou anseye ak pèfòme òdonans sakre yo, tankou batèm. Li te ba yo otorite tou pou dirije Legliz Li a.

Nan fen lavi tèrès Li, Jezi te ekspye pou peche nou yo nan soufrans Li nan Jaden Jetsemani ak pandan Krisifiksyon an. Gras ak sakrifis ekspyatwa Jezi a, nou kapab vin netwaye pou peche nou yo lè nou repanti. Sa a rann li posib pou nou retounen nan prezans Bondye epi resevwa yon plenitid lajwa.

Apre Jezi te krisifye, Li te resisite, ranpòte viktwa sou lanmò pa pouvwa Papa nou ki nan Syèl la. Gras ak Rezireksyon Jezikri a, nou tout pral resisite apre nou mouri. Sa vledi ke espri ak kò chak moun pral reyini, epi nou chak pral viv pou tout tan nan yon kò pèfèksyone, resisite. (Gade “Ekspyasyon Jezikri a” nan leson 2.)

Imaj
Pwofèt Joseph Smith la

Pwofèt Joseph Smith te anseye: “Prensip fondamantal yo nan relijyon nou an se temwayaj Apot yo ak Pwofèt yo, konsènan Jezikri, ke Li te mouri, li te antere, epi li te leve ankò nan twazyèm jou a, epi li te monte nan syèl; epi tout lòt bagay ki anrapò avèk relijyon nou an se sèlman ekspansyon li” (Enseignements des Présidents de l’église: Joseph Smith, [2007], 49).

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Chit la

Apre lanmò Jezikri a, Apot Li yo te chèche kenbe doktrin Kris la pur epi pou mentni lòd nan Legliz la. Toutfwa, anpil manm Legliz la te vire do kite Apot yo epi kite doktrin nan ke Jezi te anseye a.

Apre yo te toute Apot Jezi yo, tout kote moun t ap pèdi konfyans nan levanjil la ak Legliz Jezikri a. Chit sa a souvan pote non Gran Apostazi a. Akoz de sa, Bondye te retire otorite prètriz la sou tè a. Pèt sa enkli otorite ki nesesè pou dirije Legliz la. Kòm rezilta, Legliz ke Jezi te etabli apa te sou tè a ankò.

Pandan tan sa a, moun yo te chanje anpil ansèyman levanjil la. Pifò nan konesans konsènan nati Pè Selès la, Jezikri, ak Sentespri a te defòme oswa pèdi. Moun yo te chanje òdonans prètriz yo tou, tankou batèm.

Dè syèk pita, gason ak fi k ap chèche verite te eseye pou refòme ansèyman ak pratik yo ki te chanje. Yo te chèche pi gran limyè spirityèl, epi kèk nan yo te pale de bezwen pou yon retablisman verite a. Efò sa yo te mennen nan òganizasyon anpil legliz.

Peryòd sa a te kondui nan yon ogmantasyon ensistans sou libète relijyon, ki te louvri wout la pou retablisman verite a ak otorite Bondye.

Pwofèt ak apot yo te predi chit la (gade 2 Tesalonisyen 2:1–3). Yo te predi tou ke levanjil la ak Legliz Jezikri a t ap retabli sou tè a (gade Travay 3:20–21). Si pa te genyen yon chit, pa t pa gen okenn nesesite pou yon retablisman.

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Retablisman Levanjil Jezikri a atravè Joseph Smith.

Premye Vizyon an ak Apèl Joseph Smith kòm yon Pwofèt

Pandan syèk yo kote plenitid levanjil Jezikri a pa te sou tè a, Pè Selès la te kontinye rete an kontak ak pitit Li yo. Avèk letan, Li te prepare wout la pou yo te ka beni ankò avèk plenitid levanjil Li a. Lè sikonstans yo te apwopriye, Li te aple Joseph Smith kòm yon pwofèt ki te sèvi pou levanjil la ak Legliz Jezikri a t ap vin retabli.

Joseph Smith te viv nan lès Etazini nan yon peryòd anpil moun te zele nan relijyon. Manm fanmi li yo te devwe pou Bondye epi t ap chèche verite. Anpil legliz te revandike ke yo genyen verite a, epi Joseph te anvi pou l konnen kiyès ki te gen rezon (gade Joseph Smith—Istwa 1:18). Bib la anseye ke genyen “yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm” (Efezyen 4:5). Lè Joseph te asiste diferan legliz yo, li te nan konfizyon konsènan nan kiyès pou l te rantre. Pita li te di:

“Tèlman konfizyon ak konfli te gran nan pami diferan denominasyon yo, li te enposib pou yon moun ki te jèn tankou m … pou fè konklizyon sou kiyès ki gen rezon ak tò. …

“Nan mitan lagè pawòl anpil ak batay opinyon sa yo, m te di tèt mwen souvan: Kisa ki te dwe fèt? Kiyès nan tout pati sa yo ki gen rezon; oubyen èske yo tout ansanm nan erè? Si nenpòt ladan yo te gen rezon, kiyès ladan yo, epi kòman m ap fè konnen?” (Joseph Smith—Istwa 1:8, 10).

Tankou anpil moun, Joseph Smith te gen kesyon tou konsènan sali pou nanm li a. Li te vle pou jwenn padon pou peche li yo epi pou l vin pwòp devan Bondye. Lè li t ap chèche verite nan mitan diferan legliz yo, li te li nan Bib la: “Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l’ mande Bondye, ki bay tout moun san mezire; epi li te ba li l.” (Jak 1:5).

Akoz pasaj sa a, Joseph Smith te deside mande Bondye kisa li ta dwe fè. Nan prentan 1820 an, li te ale nan yon forè pyebwa tou prè lakay li a epi l te mete ajenou an priyè. Genyen kat resi sou vizyon an ki te vini apre, ke Joseph Smith ak ekriven yo anba direksyon li te ekri (gade Diskou sou Sijè Levanjil yo, “Resi sou Premye Vizyon yo”). Nan resi ki kanonize kòm ekriti, li te dekri eksperyans li jan l eksprime pi ba a:

Imaj
Premye Vizyon an, pa Linda Christensen ak Michael Malm

“Mwen te wè yon kolòn limyè ki te egzakteman anlè tèt mwen, ki te pi klere pase solèy la, epi ki te desann tikras pa tikras sou mwen. … Lè limyè a te repoze sou mwen, m te wè de pèsonaj, ekla yo ak laglwa yo te depase tout deskripsyon, ki te kanpe sispandi anlè devan mwen. Youn ladan yo te pale avèk mwen, li te site non mwen, epi l te di, pandan l te lonje dwèt li sou lòt la—Se Pitit Gason Byenneme m nan. Koute Li!” (Joseph Smith—Istwa 1:16–17).

Nan vizyon sa a, Bondye Papa a ak Pitit Gason Li a, Jezikri, te parèt devan Joseph Smith. Sovè a te di l pou l pa antre nan okenn nan legliz yo.

Nan yon lòt resi sou vizyon sa a, Joseph te pataje ke Sovè a te di tou: “Peche w yo te padone. … Gade, m se Senyè laglwa a. M te krisifye pou mond lan, pou tout moun ki kwè nan non mwen ka gen lavi Etènèl.

Apre vizyon an, Joseph te reflechi, “Nanm mwen te ranpli avèk lanmou, epi pandan anpil jou mwen te gen anpil lajwa epi Senyè a te avèk mwen” (Istwa Joseph Smith, circa Summer 1832, 3, josephsmithpapers.org; òtograj ak pwen yo te modènize).

Atravè vizyon sa a, Joseph Smith te vin tounen yon temwen pou Jezikri epi aprann verite enpòtan yo konsènan Divinite a. Pa egzanp, li te aprann ke Pè Selès la ak Jezikri se de èt separe. Lè yo te rele pa non li, li te aprann ke Yo te konnen l pèsonèlman. Lè Joseph te aprann ke li te jwenn padon, li te aprann ke Bondye te gen mizerikòd. Eksperyans sa a te ranpli l ak lajwa.

Jan Bondye te fè avèk anpil pwofèt avansa, Li te aple Joseph Smith pou vin yon pwofèt ki te sèvi pou plenitid levanjil la t ap vin retabli. Retablisman sa a t ap ede pitit Bondye yo jwenn lajwa nan mond sa a ak lavi etènèl nan mond ki gen pou vini an—tout se atravè Jezikri.

Retablisman Prètriz la ak Kle Prètriz yo

Imaj
Sou Noumenm, Sèvitè Parèy Mwen yo, pa Linda Curley Christensen ak Michael Malm

Apre aparisyon Papa a ak Pitit Gason an, te gen lòt mesaje selès te vin vizite Joseph Smith ak asosye li Oliver Cowdery. Jan Batis la te parèt kòm yon èt resisite epi konfere Prètriz Arawon an ak kle yo pou li. Prètriz Arawon an enkli otorite pou batize a.

Imaj
Vwa Pyè, Jak ak Jan, tablo Welden C. Andersen

Yon ti tan apresa,, Pyè, Jak, ak Jan—twa nan Apot orijinal Kris la—te parèt kòm èt resisite epi te konfere Prètriz Melkisedèk la ak kle l yo sou Joseph Smith ak Oliver Cowdery. Prètriz sa a se menm otorite ke Kris la te bay Apot nan tan ansyen Li yo.

Imaj
Image of Moses Elias and Elijah descending into the Kirtland temple and appearing to Joseph Smith.

Nan Tanp Kirtland nan, Moyiz, Elyas, ak Eli te parèt devan Joseph Smith epi yo te ba li otorite adisyonèl ki te nesesè pou l te akonpli travay Bondye a nan dènye jou yo. Moyiz te pote tounen kle pou rasanbleman Izrayèl yo. Elyas te pote tounen dispansasyon levanjil Abraram nan. Eli te pote tounen kle pouvwa sèlman an. (Gade Doktrin ak Alyans 110:11–16; gade tou Manyèl Jeneral, 3.1.)

Ȯganizasyon Legliz la

Joseph Smith te resevwa enstriksyon pou òganize Legliz Jezikri a ankò sou tè a. Atravè li, Jezikri te aple douz Apot.

Pwofèt yo nan epòk biblik yo te fè referans a epòk kote n ap viv la kòm dènye tan yo oswa dènye jou yo. Sa se moman tousuit avan Dezyèm Vini Jezikri a. Se pou rezon sa a Legliz la rele Legliz Jezikri pou Sen dènye jou yo (gade Doktrin ak Alyans 115: 3–4; gade tou 3 Nefi 27:3–8).

Pwovèt Vivan yo ak Apot yo Jodia

Menm jan Jezi te aple Apot yo pandan ministè mòtèl Li a pou dirije Legliz Li a, Li te aple Apot yo pou dirije l jodia. Premyè Prezidans yo ak Kolèj Douz Apot yo se pwofèt, vwayan, ak revelatè.

Se sèlman Apot senyò a ki rele pwofèt la paske li prezide sou tout Legliz la epi li inikman otorize pou pale pou Senyè a. Li se siksesè otorize pou Joseph Smith. Li ak Apot jodia yo retrase otorite yo rive sou Jezikri nan yon chèn òdinasyon san entèripsyon ki te kòmanse lè Joseph Smith te òdone anba men mesaje selès yo.

Etid Ekriti

Aprann Plis sou Prensip Sa a

Liv Mòmon an: Yon Lòt Temwayaj Konsènan Jezikri

Liv Mòmon an se yon liv ekriti sen ki konparab ak Bib la. Bib la se yon temwen sou Jezikri, epi Liv Mòmon an se dezyèm tenwen sou ministè Li, ansèyman Li yo, ak misyon Li kòm Sovè nou.

Joseph Smith te jwenn direksyon yon mesaje selès ki rele Mowoni pou ale sou yon kolin kote yon rejis ansyen te antere pandan dè syèk. Rejis sa a, ki grave sou plak lò (fèy metal mens), te genyen ekri pwofèt yo konsènan relasyon Bondye avèk kèk nan ansyen abitan yo nan Amerik yo. Joseph Smith te tradui rejis sa a pa don ak pouvwa Bondye.

Pwofèt yo nan Liv Mòmon an te gen konesans de misyon Jezikri a epi te anseye levanjil Li a. Apre Jezi te resisite, Li te parèt kote moun sa yo epi rann yo svvis pastoral pèsonèlman. Li te anseye yo epi etabli Legliz Li a.

Liv Mòmon an ede nou rapwoche pi pre Bondye pandan n ap aprann, konprann, ak aplike ansèyman li yo. Pwofèt Joseph Smith te di ke “yon moun ap vin pi pre Bondye si l suiv presèp liv la, pase si l suiv presèp nenpòt lòt liv” (Ansèyman: Joseph Smith64).

Imaj
mesye ki ap li

Pou konnen ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye nan, nou bezwen li l, medite sou li, epi priye konsènan li. Yon pwofèt Liv Mòmon an te pwomèt ke Bondye ap revele verite sou li la bay nou lè nou priye avèk yon kè sensè, yon entansyon reyèl, epi avèk lafwa nan Kris la (gade Mowoni 10:3–5). Etidye Liv Mòmon esansyèl pou konvèsyon dirab.

Lè nou li Liv Mòmon an epi priye konsènan li, nou pral aprann verite yo konsènan Jezikri ki pral beni lavi nou. Nou pral vin konnen tou ke Joseph Smith sete yon pwofèt Bondye epi ke levanjil la ak Legliz Jezikri a t ap vin retabli atravè li.

Imaj
Prezidan Russell M. Nelson

“Mwen pwomèt ke si nou etidye Liv Mòmon an nan espri lapriyè chak jou, n ap ka pran pi bon desizyon—chak jou. Mwen pwomèt ke si nou medite sou sa nou etidye yo, fenèt syèl yo ap louvri, epi n ap resevwa repons pou pwòp kesyon nou yo ak direksyon pou pwòp lavi nou. Mwen pwomèt ke si nou plonje tèt nou nan Liv Mòmon an, nou ka pwoteje kont mal nan epòk nou yo” (Russell M. Nelson, “Liv Mòmon an: Kisa Lavi Ou t Ap Ye san limenm? Lyawona, Nov. 2017, 62–63).

Etid Ekriti

Aprann Plis konènan Prensip Sa a

  • Gid Ekriti yo: “Liv Mòmon

  • Sijè Levanjil yo: “Liv Mòmon

Imaj
Yon fi k ap priye

Priye pou Konnen Verite a atravè Sentespri a

Paske Bondye se Papa nou, Li ap ede nou rekonèt verite a. Nou ka konnen ke mesaj Retablisman levanjil Jezikri a se verite lè nou li Liv Mòmon an epi priye Bondye. Lè nou priye avèk lafwa ak entansyon reyèl, Li pral reponn kesyon nou yo epi gide lavi nou.

Bondye dabitid reponn priyè nou yo atravè Sentespri a. Lè nou priye, Sentespri a anseye ak konfime verite pou nou. Kominikasyon ki soti nan Sentespri a gen puisans. Dabitid yo vini kòm yon asirans trankil atravè santiman nou, panse, ak enpresyon nou yo (gade 1 Wa 19:11–12; Elaman 5:30; Doktrin ak Alyans 8:2).

Etid konsistan nan ekriti yo (patikilyèman Liv Mòmon an), patisipe nan reyinyon sentsèn chak semèn, ak priyè sensè ede nou santi pouvwa Sentespri a epi dekouvri verite.

Etid ekriti

Aprann Plis konsònan Prensip Sa a

  • Gid pou Ekriti yo: “Priyè

  • Diksyonè Bib la: “Priyè

  • Sijè Levanjil yo: “Priyè

Plan Leson Kout ak Mwayen

Prezantasyon ki pi ba a se yon modèl sou sa ou ta ka anseye yon moun si ou sèlman genyen yon kantite tan brèf. Lè w ap ititilize prezantasyon sa a, seleksyone youn oswa plis prensip pou w anseye. Fondasyon doktrinal pou chak prensip yo te founi anvansa nan leson an.

Pandan w ap anseye, poze kesyon epi koute. Ofri envitasyon ki pral ede moun yo aprann kijan pou yo pwogrese vin pi pre Bondye. Yon envitasyon enpòtan se pou moun nan rankontre avèk nou ankò. Longè leson an pral depann de kesyon ou poze yo ak tan ou pran pou koute.

Imaj
misyonè k ap pale ak yon mesye

Kisa Ou Ka Anseye Moun nan 3-10 Minit

  • Bondye se Papa nou ki nan Syèl la, e Li te kreye nou dapre imaj Li. Li konnen nou pèsonèlman epi renmen nou. Li vle beni nou avèk lapè ak yon plenitid lajwa ki pral dire pou letènite.

  • Jezikri se Pitit Gason Bondye. Misyon li sete pou rann posib pou nou netwaye anba peche nou yo, simonte lanmò, epi resevwa lavi etènèl.

  • Bondye aple pwofèt yo pou reprezante Li sou tè a. Nan tan lontan, Li te aple pwofèt tankou Adan, Noe, Abraam, ak Moyiz. Yon pwofèt vivan resevwa revelasyon nan men Bondye pou anseye ak gide nou jodia.

  • Pandan ministè mòtèl Jezi, Li te di etabli Legliz Li a. Apre Apot Jezi yo te mouri, tout kote moun t ap pèdi konfyans nan levanjil la ak Legliz la. Moun yo te chanje anpil ansèyman levanjil la ak òdonans prètriz yo, tankou batèm.

  • Bondye te aple Joseph Smith pou vin yon pwofèt, menmjan Li te aple pwofèt yo nan epòk avan yo. Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri te parèt devan Joseph Smith. Levanjil Jezikri a te retabli atravè pwofèt li.

  • Liv Mòmon an se yon volim ekriti. Tankou Bib la, li se yon temwayaj sou Jezikri epi li ede nou rapwoche pi pre Bondye lè nou li l ak aplike presèp li yo. Joseph Smith te tradui pa don ak pouvwa Bondye.

  • Atravè priyè sensè, nou ka kominike avèk Bondye. Nou ka konnen ke mesaj Retablisman levanjil Jezikri a se verite.