“Konstriksyon Nauvoo,” Istwa Doktrin sk Alyans yo (2024)
“Konstriksyon Nauvoo,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
1840–1842
Konstriksyon Nauvoo
Plan Senyè a pou yon bèl vil
Senyè a te di Sen yo pou yo te rasanble nan yon nouvo kote. Li te toupre yon gwo rivyè ki rele Misisipi. Tè a te mouye ak plen labou. Pou kèk moun, li pa t sanble tankou yon bon kote pou yo te bati yon vil. Men, Pwofèt Joseph Smith te konnen ke, avèk èd Senyè a, yo te kapab fè l bèl.
Doktrin ak Alyans 124:25; Saints [Sen yo], 1:417
Sen yo te kòmanse travay di pou yo te fè l vin yon bon kote pou yo te viv. Pwofèt Joseph te rele vil la Nauvoo, sa ki vledi “yon bèl kote.”
Saints [Sen yo], 1:417
Senyè a te di Sen yo pou yo te konstwi yon kay nan Nauvoo kote vwayajè yo te ka vini ak repoze. Li te vle pou Nauvoo te yon plas kote tout moun te santi yo byenveni.
Doktrin ak Alyans 124:22–24, 60; Saints [Sen yo], 1:426
Senyè a te di Pwofèt Joseph ke li te gen gwo plan pou Nauvoo. Li te vle pou Sen Li yo rasanble isit la pou yo te kapab bati yon tanp. Li te mande yo pou yo te travay di otan yo te kapab pou yo te te kapab bati kay Li a. Sen yo te kòmanse travay rapidman.
Doktrin ak Alyans 124:25–28, 44, 55; Saints, 1:420–21, 425–27
Senyè a te vle pou Sen yo bati yon tanp paske Li te gen gwo benediksyon pou L te ba yo. Nan tanp lan, yo t ap fè alyans, oswa pwomès espesyal, avèk Senyè a. Yo t ap aprann tou konsènan plan bonè Papa nou ki nan Syèl la pou tout pitit Li yo.
Doktrin ak Alyans 124:29–41; Saints [Sen yo], 1:453–55
Sen yo te travay di pou yo te bati tanp lan, jan Senyè a te kòmande a. Sa te pran anpil tan, men yo te kontan anpil pou jou kote yo chak te ka aprann sou pwomès espesyal Senyè a te gen pou yo nan tanp Li a.
Saints [Sen yo], 1:453–55