“Joseph ak Oliver Resevwa Kle Prètriz yo,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)
“Joseph ak Oliver Resevwa Kle Prètriz yo,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
Avril 1836
Joseph ak Oliver Resevwa Kle Prètriz yo
Jezikri ak zanj vizite tanp Kirtland lan
Yon semèn apre tanp Kirtland lan te fin konsakre, gen mil Sen ki te rankontre nan tanp lan pou adore Sovè a. Sete Dimanch Pak. Joseph Smith, Oliver Cowdery, ak Douz Apot yo te bay Sen yo Sentsèn.
Doktrin ak Alyans 110 antèt seksyon an; Saints, 4:239
Apre Sentsèn nan, Joseph ak Olivier te jwenn yon kote trankil nan tanp lan, dèyè rido a, pou yo te priye.
Doktrin ak Alyans 110, antèt seksyon an; Saints, 1:239
Lè yo te fin priye, yo te leve tèt yo. Jezikri te kanpe devan yo! Li te konnen ke Sen yo te travay di pou yo te bati tanp lan. “Mwen aksepte kay sa a,” Li te di. Jezi te di Joseph ak Olivier ke benediksyon tanp yo t ap pote gwo lajwa pou anpil moun.
Apre Jezi te ale, pwofèt Ansyen Testaman an Moyiz te parèt devan Joseph ak Oliver. Li te ba yo kle prètriz pou rasanbleman Izrayèl yo. Sa te vledi yo te ka dirije travay pataje levanjil la. Yo te kapab voye misyonè toupatou nan mond lan pou mennen moun nan Legliz Sovè a.
Apre sa, pwofèt Elias te parèt. Li te bay Joseph ak Oliver kle pou te retabli alyans Abraramik la. Sa te vle di ke Sen yo te ka resevwa nan men Senyè a menm alyans Abraram te resevwa a. Yo t ap gen pouvwa pou yo te pote levanjil la ak benediksyon Bondye yo bay moun toupatou pandan plizyè ane k ap vini.
Finalman, pwofèt Eli te parèt. Li te bay Joseph ak Oliver kle prètriz pou sele, oswa ini, fanmi yo pou letènite. Travay Sen yo te fè nan tanp yo t ap aksepte nan syèl la. Kounyeya, Legliz la te gen pouvwa pou l te fè travay Sovè a epi prepare pou Li pou L vin sou tè a ankò.