“Yon Revelasyon pou Emma,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)
“Yon Revelasyon pou Emma,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
Jiyè 1830
Yon Revelasyon pou Emma
Chwazi pa Senyè a pou fè travay Li
Lavi a te chanje trè rapidman pou Emma ak Joseph. Senyè a te di Joseph ke li ta dwe sispann konsantre sou agrikilti. Okontrè, Joseph ta dwe pase tan li ap anseye moun yo konsènan Jezikri epi ede Legliz Senyè a grandi.
Doktrin ak Alyans 24:7–9; Les Saints, 1:96
Emma te gen anpil kesyon konsènan chanjman sa a. Li pa t konn kisa li ta dwe fè pandan Joseph t ap sèvi Senyè a. Èske li t ap ede Senyè a ak Legliz li a tou?
Les Saints, 1:96
Senyè a te pale avèk Emma pa mwayen yon revelasyon li te ba Joseph. Li te rele “Emma Smith, pitit fi mwen.” Li te di Emma ke Li te chwazi li epi aple li pou fè travay Li. Li te yon fi espesyal, epi L te gen gwo bagay pou li te fè.
Senyè a te mande Emma pou l te vwayaje avèk Joseph. Senyè a te di ke Emma t ap esplike ekriti yo epi anseye manm Legliz yo. Li te di Emma pou l te mete Li an premye nan lavi l epi kenbe alyans Li yo. Li te pwomèt Emma ke li t ap gen lespri Li. Li te vle pou l aprann, pwogrese, epi resevwa benediksyon Li yo.
Doktrin ak Alyans 25:2, 6–10, 15
Senyè a te di Emma ke Li renmen tande pitit Li yo chante. Li te di ke chan Sen L yo se tankou yon priyè pou Li. Li te mande Emma pou l te fè yon liv kantik ke Sen yo te ka chante ansanm. Emma te jwenn anpil bèl chante konsènan Senyè a ak levanjil Li a epi li te mete yo nan yon liv kantik.
Doktrin ak Alyans 25:11–12; Les Saints, 1:221–22
Lavi Emma ak Joseph te kontinye chanje, men Emma te konnen ke Senyè a te renmen l e te gen yon objektif pou li. Li te sèvi Senyè a ak pèp la ki te bò kote l la. Li te ede Legliz Jezi a grandi.
Doktrin ak Alyans 25:13–15; Les Saints, 1:221–23