“Yon Jou Gerizon,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)
“Yon Jou Gerizon,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
Avril–Jiyè 1839
Yon Jou Gerizon
Beni moun malad avèk pouvwa Bondye
Pandan Joseph Smith ak lòt dirijan Legliz yo te prizonye nan Missouri, kèk gad prizon an te mennen yo nan yon lòt prizon. Gad yo te janti avèk prizonye yo. Yon jou swa, lidè gad yo te di Joseph li ta pral dòmi, e si Joseph ak zanmi l yo te sove ale, li pa t ap anpeche yo.
Les Saints, 1:392–93
Joseph ak lòt dirijan Legliz yo te sove ale. Yo te jwenn fanmi yo k ap viv nan yon vil ki te rele Quincy.
Les Saints, 1:395–96
Moun nan Quincy yo te janti avèk Sen yo. Yo te bay Sen yo manje ak rad ak yon kote pou yo te rete.
Les Saints, 1:377
Sen yo te rekonesan pou jantiyès moun nan Quincy. Men, Joseph te konnen yo t ap bezwen pwòp plas yo pou yo viv. Dirijan Legliz yo te achte kèk teren ke pèsonn lòt moun pa t vle, e Sen yo te kòmanse deplase ale la.
Les Saints, 1:399–400
Teren an te toupre yon gwo rivyè. Li te mouye plen labou ak moustik. Moustik yo te fè anpil nan Sen yo malad anpil ak yon maladi ki rele malarya. Kèk nan yo te mouri.
Les Saints, 1:402
Lè Joseph te wè gen anpil moun ki malad, li te rasanble kèk dirijan Legliz epi l te mande yo pou yo vin avèk li. Pandan tout maten an, yo te deplase de fanmi an fanmi, ap vizite moun ki malad ak beni yo. Yo te sèvi ak pouvwa Jezikri pou geri maladi yo.
Les Saints, 1:402
Yon moun yo te vizite sete Elijah Fordham. Li te malad anpil, madanm li te panse li pa t ap pran tan pou l mouri. Joseph te mande Elijah si l te gen lafwa pou l geri.
Les Saints, 1:402
Elijah te di, “Mwen krenn ke li twò ta.” Joseph te mande Elijah si l te kwè nan Jezikri. “Mwen kwè, frè Joseph,” li te reponn.
Les Saints, 1:402
Joseph te beni li nan non Jezikri. Elijah te kanpe. Jezi te geri li! Apresa, Elijah te suiv Joseph nan pwochen kay la epi li te ede l beni lòt moun ki te malad.
Les Saints, 1:402–3