“Pèl Gran Pri a,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)
“Pèl Gran Pri a,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
Jiyè 1835–Mas 1842
Pèl Gran Pri a
Plis ekriti ki soti de Senyè a
Yon jou, yon mesye te vin Kirtland ak yon momi ki te soti Ejip. Avèk momi yo te genyen kèk woulo, oswa spiral papye trè ansyen. Woulo yo te gen ekriti Ejipsyen sou yo. Mesye a te montre Pwofèt Joseph Smith yo. Joseph te enterese anpil nan ekriti yo.
Les Saints, 1:219–20
Kèk zanmi te ede Joseph achte momi yo ak woulo yo. Pandan Joseph t ap etidye sa ki te ekri sou yo, Senyè a te revele ba li ansyen ekriti Abraram yo, yon pwofèt nan Bib la. Avèk èd nan men zanmi tankou Oliver Cowdery, Joseph te ekri sa Senyè a te anseye l konsènan ansèyman Abraram yo.
Les Saints, 1:220
Abraram te wè yon vizyon sou lavi nou avèk Papa nou ki nan Syèl la anvan nou te fèt. Li te wè ke Jezi te chwazi pou l vin Sovè nou. Abraram te aprann tou konsènan kreyasyon mond lan. Sen yo te kontan anpil pou yo te resevwa ansèyman Abraram sa yo. Yo te kontan Senyè a te vle anseye yo plis.
Abraram 2:6–11; 3–5; Les Saints, 1:220
Ekriti Abraram yo te vin fè pati yon liv ekriti ki rele Pèl Gran Pri a. Liv sa a gen sa Moyiz te ekri yo, yon lòt pwofèt nan Bib la. Li anseye verite ki manke nan Bib la. Senyè a te vle moun konnen verite sa yo, se konsa Li te pataje yo avèk Joseph Smith.
Pèl Gran Pri a gen temwayaj Joseph Smith la tou ak 13 Atik Lafwa yo. Joseph Smith te ekri bagay sa yo pou l di mond lan sa Sen Dènye Jou yo kwè. Pèl Gran Pri a se yon ti liv, tankou yon pèl li piti, men li trè presye.