Istwa nan Ekriti yo
Telii Sèvi Senyè a


“Telii Sèvi Senyè a,” Istwa Doktrin ak Alyans (2024)

“Telii Sèvi Senyè a,” Istwa Doktrin ak Alyans

Avril 1844–Mas 1852

Telii Sèvi Senyè a

Bati Legliz la nan Tibuai

Telii ak lòt moun k ap gade misyonè Sen Dènye Jou yo ki rive.

Gen yon dam ki rele Telii ki t ap viv sou yon ti zile ki te rele Tubuai. Misyonè ki te soti nan diferan legliz te pafwa konn vizite Tubuai, men anjeneral yo pa t rete trè lontan. Yon jou an 1844, Telii te kontan tande misyonè ki soti nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ki te rive nan Tibuai.

Doktrin ak Alyans 1:1; 133:8

Telii ak Nabota envite misyonè yo pou yo rete avèk yo.

Misyonè yo te nan wout pouyo t ale nan kèk pi gwo zile. Men pèp la nan Tibuai te vle yo rete epi anseye levanjil la. Telii ak mari l, Nabota, te di ke misyonè yo te kapab rete lakay yo. Youn nan misyonè yo, Addison Pratt, te dakò.

Saints, 1:573–74

Telii ak Nabota k ap pataje yon repa avèk youn nan misyonè yo.

Telii ak Nabota te pataje tout sa yo te genyen avèk Addison. Yo te anseye l pale lang yo a. Addison te anseye yo sou Jezikri.

Telii k ap batize pandan Nabota ap gade.

Sentespri a te di Telii ak Nabota ke levanjil Sovè a vrè. Yo sete premye moun nan Tibuai ki te batize.

Saints, 1:573–74

Telii ak lòt moun k ap pataje levanjil la avèk moun nan Tibuai.

Telii, Nabota, ak Addison te vin bon zanmi. Yo te vwayaje ansanm epi yo te anseye levanjil la nan Tibuai ak nan lòt zile yo. Lè moun te eseye di Sen yo nan Tibuai ke yo pa ta dwe rantre nan Legliz la, Telii te anseye yo nan ekriti yo ke Legliz la vrè.

Saints, 2:27, 45

Telii, Nabota, ak lòt Sen k ap chante ansanm.

Telii te vle ede plis moun nan Tibuai aprann levanjil Jezikri a. Li te konpoze mizik avèk ekriti yo epi li te envite gwo gwoup pou te chante avè l nan aswè. Chante Telii yo te ede anpil moun aprann nan ekriti yo epi sonje sa yo te aprann yo.

Doktrin ak Alyans 25:12

Telii ak fanmi li k ap akeyi fanmi Addison.

Plizyè ane apre, gen plis misyonè ki te vin nan Tubuai, enkli fanmi Addison. Telii te akeyi yo lakay li. Li te travay avèk madanm Addison, Louisa, pou te sèvi fi yo nan Tibuai.

Saints, 2:133–34

Telii ak fanmi li kontinye pataje levanjil la avèk lòt moun.

Apre yon tan, misyonè yo te oblije kite Tibuai ak lòt zile yo. Men Telii te kontinye anseye ak dirije Sen yo. Akoz egzanp ak sèvis Telii, Legliz la nan Tibuai te rete fèm.

Saints, 2:150–51