“Pawòl Sajès la,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)
“Pawòl Sajès la,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
Fevriye 1833
Pawòl Sajès la
Lwa Sante Senyè a
Joseph Smith te envite kèk gason nan Legliz la pou yo vin nan reyinyon avèk li sou etaj anlè magazen Newel ak Ann Whitney a. Se la yo te aprann levanjil la ak lòt sijè, epi yo te priye antanke yon gwoup. Yo te rele reyinyon sa yo Lekòl Pwofèt yo.
Doktrin ak Alyans 88:117–137; Les Saints, 1:166
Anpil nan mesye yo te fimen pip epi yo te mastike tabak pandan leson yo. Lafimen an te renpli lè a ak nyaj, epi tabak la te kreye salte sou planche yo. Apre reyinyon yo, Emma Smith te monte anlè a pou l te netwaye sal la. Li te sal anpil!
Les Saints, 1:167
Emma te fwote epi fwote planche yo, men tach tabak yo pa t vle soti. Li te pale avèk Joseph konsènan salte a.
Les Saints, 1:167
Joseph te koute Emma. Pandan l t ap tande l la, sa te pouse Joseph pou l te mande tèt li kijan Senyè a te santi L konsènan tabak.
Les Saints, 1:167
Konsa Joseph te mande Senyè a konsènan tabak. Senyè a te di Joseph ke Li te gen yon Pawòl Sajès pou Sen yo.
Doktrin ak Alyans 89:1–9; Les Saints, 1:167
Senyè a te di Sen yo pa ta dwe fimen, itilize tabak, ni bwè alkòl oswa “bwason cho,” ki vledi kafe ak te.
Doktrin ak Alyans 89:1–9; Les Saints, 1:167
Senyè a te anseye Sen yo tou ke gren yo ak fwi yo bon pou manje. Li te di yo tou yo pafwa ka manje vyann.
Doktrin ak Alyans 89:10–17; Les Saints, 1:168
Senyè a te di Joseph ke Sen yo ki chwazi obeyi Pawòl Sajès Li a t ap gen pwoteksyon. Senyè a te pwomèt pou L beni yo avèk sante, konesans ak fòs. Joseph te pale mesye yo nan Lekòl Pwofèt yo konsènan Pawòl Sajès Senyè a.
Doktrin ak Alyans 89:18–21; Les Saints, 1:168
Mesye yo ki nan sal la te jete tabak yo ak pip yo nan dife pou montre ke yo te vle obeyi Pawòl Sajès Senyè a.
Les Saints, 1:168