“Apwopo Doktrin ak Alyans yo,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)
“Apwopo Doktrin ak Alyans yo,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
Entwodiksyon
Apwopo Doktrin ak Alyans yo
Senyè a pale ankò
Pè Selès nou an renmen nou. Li vle nou fè alyans, oswa pwomès, avèk Li pou Li ka beni nou. Li te voye Pitit gason l lan, Jezikri, pou vin Sovè nou epi ede nou retounen jwenn Li.
Bondye voye pwofèt yo pou anseye nou konsènan Jezikri ak kòmandman Li yo. Pwofèt yo sèvi Jezikri epi ede dirije Legliz Li a.
Jezi di pwofèt yo sa pou yo anseye nou. Pawòl pwofèt ki soti nan lontan yo ekri nan ekriti yo tankou Bib la ak Liv Mòmon an.
Pandan anpil ane apre Jezi te fin sou tè a, pa t gen pwofèt. Moun yo pa t ap fè ni kenbe alyans avèk Bondye. Legliz Jezikri a pa t sou tè a.
Senyè a te aple Joseph Smith pou l vin yon pwofèt. Joseph sete yon jèn gason, men Bondye te gen yon bagay trè enpòtan pou li fè.
Joseph Smith te anseye konsènan Jezi. Li te ede òganize Legliz Jezi a. Jezi te anseye Joseph Smith levanjil Li a ak kijan pou dirije Legliz Li a.
Anpil bagay Jezi te di Joseph Smith ekri nan Doktrin ak Alyans yo. Doktrin ak Alyans yo se yon liv ekriti tankou Bib la ak Liv Mòmon an.
Istwa Doktrin ak Alyans yo rakonte kijan Jezi te retounen, oswa retabli, Legliz li a, avèk èd nan men Pwofèt Joseph Smith ak lòt moun. Jodia, manm legliz yo pote non Sen tou. Istwa sa yo montre ke Bondye renmen pitit Li yo nan tout mond lan. Li pwomèt pou L beni nou lè nou fè alyans avèk Li.