“Parley Mande Padon,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)
“Parley Mande Padon,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
Janvye–Jiyè 1837
Parley Mande Padon
Temwayaj yon zanmi bati lafwa li
Lè moman an te rive pou Thankful ak Parley Pratt fè tibebe yo a, yo te retounen lakay yo apre misyon yo nan Kanada. Yo te fè yon tibebe gason an sante jan Senyè a te pwomèt yo tap genyen l.
Les Saints, 1:270
Malerezman, Thankful te mouri kèk èdtan apre tibebe a te fèt. Parley te konnen li pa t ap kapab pran swen tibebe a san li. Li te mande yon dam nan Kirtland pou l pran swen tibebe a pandan li te retounen Kanada pou l fini misyon li.
Les Saints, 1:270
Nan Kirtland, Joseph Smith te kòmanse yon bank pou l te ka ranmase lajan pou travay Bondye a. Li te mande moun yo pou yo kite bank la itilize lajan yo pou lòt moun te ka prete l. Men, pou anpil rezon, bank la pa t gen ase lajan e li te oblije fèmen. Lòt bank ki te nan Etazini yo te fè fayit tou.
Les Saints, 1:260–61, 264–68
Lavi te vin difisil pou Sen yo. Kèk te pèdi travay yo e kounyea pa t gen ase lajan pou achte manje oswa rad. Kèk moun nan yo te fache kont Joseph, menm kèk nan bon zanmi l yo. Yo te panse Joseph pa t yon vrè pwofèt paske bank la te fè fayit.
Les Saints, 1:264–68, 272–275
Pandan sa t ap pase, Parley te vini lakay li soti nan misyon l lan. Pwoblèm yo avèk bank lan te fè lavi difisil pou Parley tou. Li pa t ap gen ase lajan pou l peye kay li, epi li pa t ap gen yon kote pou l viv.
Les Saints, 1:270–71
Kounyea, Parley te fache kont Joseph tou. Li te ekri Joseph yon lèt. Li te di Joseph ke li te toujou kwè nan Liv Mòmon an. Men, li te di bagay ki mal konsènan Pwofèt la tou. Li te di Joseph li pa te pran yon bon desizyon nan kòmanse bank lan an premye lye.
Les Saints, 1:271
Annapre, kèk nan zanmi Parley yo ki te sot Kanada te vini Kirtland. Parley te anseye yo levanjil la, e yo te kontan wè li ankò.
Saints, 1:279–80
Men, yo te sezi tou dèske Parley ak anpil lòt moun te pèdi lafwa yo ke Joseph Smith te yon pwofèt.
Les Saints, 1:279–80
Youn nan zanmi Parley yo ki soti Kanada sete John Taylor. Lè Parley te wè l, li te di John kijan li te fache kont Joseph Smith. Li te di John pou l pa suiv Joseph ankò.
Les Saints, 1:280
John te raple Parley ke lè yo te nan Kanada, Parley te pataje temwayaj li ke Joseph Smith te yon vrè pwofèt. “Kounyea mwen gen menm temwayaj la,” John te di. “Si travay la te vre sis mwa de sa, li vre jodia. Si Joseph Smith sete yon pwofèt lèsa a, li se yon pwofèt kounyea.”
Les Saints, 1:280
Parley te konnen zanmi l John te gen rezon. Li te santi regrè konsènan lèt li te ekri an kòlè voye bay Joseph la. Li te konnen ke Joseph t ap fè tout sa l te kapab pou l te fè travay Senyè a. Pwoblèm yo avèk bank la pa t vledi ke Joseph pa t yon vrè pwofèt Jezikri.
Les Saints, 1:283
Parley te ale lakay Joseph. Li te di Joseph ke li te gen regrè konsènan bagay ki pa janti li te di yo. Joseph te padone Parley, li te priye pou li, epi beni li. Parley te sèvi anpil misyon apre sa epi l te di moun toupatou nan mond lan ke Joseph Smith sete pwofèt Senyè a.
Doktrin ak Alyans 64:7–11; Les Saints, 1:283