“Joseph ak Hyrum Bay Lavi Yo pou Levanjil la,” Istwa Doktrin ak Alyans yo (2024)
“Joseph ak Hyrum Bay Lavi Yo pou Levanjil la,” Istwa Doktrin ak Alyans yo
Mas–Jen 1844
Joseph ak Hyrum Bay Lavi yo pou Levanjil la
Pwofèt la mouri, men travay Senyè a kontinye
Joseph Smith te enkyete. Kisa ki t ap rive Legliz la si li te mouri? Li te vle asire l ke travay Senyè a ta kontinye avanse. Konsa, li te rasanble Apot yo epi li te bayo kle prètriz Jezikri te ba li yo. Sa te vledi ke Apot yo te kapab dirije Legliz Senyè a epi fè travay Li. Sa te ede Joseph santi l pi byen.
Saints [Sen yo], 1:519–20
Men, te gen anpil moun ki te fache kont Joseph. Kèk te menm vle touye li. Yo pa t renmen sa l t ap anseye. Yo te ekri sou li nan yon jounal pou yo te fè plis moun fache kont Joseph ak Legliz la. Kèk nan yo te vle atake Nauvoo.
Saints [Sen yo], 1:526–28, 530–32, 533–34
Joseph ak lòt dirijan nan Nauvoo yo te fè detwi enprimri a pou anpeche rayiman an kontinye simaye. Sa te fè moun yo vin pi fache toujou. Gouvènè a te di Joseph pou l t al nan vil Carthage lan pou yon jij te ka deside si l te vyole lalwa. Joseph te konnen si l t al Carthage, moun yo t ap touye l.
Doktrin ak Alyans 135:4; Saints, 1:533–37, 539–41
Men, Joseph te vle Sen yo an sekirite tou. Si l t al Carthage, petèt moun yo t ap kite Sen nan Nauvoo yo anrepo. Joseph te deside ale. Li te beni Emma ak pitit li yo, ba yo akolad orevwa, epi pati pou Carthage.
Saints [Sen yo], 1:542–44
Frè Joseph la, Hyrum te ale avè l. Konsa tou, John Taylor, Willard Richards, ak lòt zanmi. Pandan yo t ap kite, Joseph te kanpe cheval li epi li te vire gade Nauvoo. “Sa se kote ki pi agreyab ak kote ki gen pi bon moun anba syèl yo,” li te di.
Saints [Sen yo], 1:543–45
Lè yo te rive nan Carthage, yo te mete yo nan prizon. Pandan yo te nan prizon, Hyrum te li pou yo nan Liv Mòmon an. Joseph te di gad yo ke Liv Mòmon an se verite.
Saints [Sen yo], 1:546
Pou konsole zanmi l yo, John Taylor te chante yon kantik konsènan Jezi. Kantik la te bèl, e Hyrum te mande l pou l te chante l ankò.
Saints [Sen yo], 1:549
Pita nan jou sa a, moun ankòlè avèk zam nan men yo te kouri antre nan prizon an. Yo te pouse pòt la e yo te kòmanse tire nan chanm kote Joseph ak zanmi l yo te ye a. John Taylor te gravman blese. Yo te touye Hyrum ak Joseph.
Doktrin ak Alyans 135:1–2; Saints [Sen yo], 1:550–52
Sen yo te tris anpil lè yo te aprann ke Joseph ak Hyrum te mouri. Men, yo te konnen ke touye Pwofèt la pa t ap kanpe Legliz la. Se Legliz Sovè a, e Li t ap kontinye dirije l. Legliz la t ap kontinye grandi ak beni pitit Bondye yo toupatou nan mond lan.
Saints [Sen yo]1:279–80