Istwa nan Ekriti yo
Sidney ak Phebe Rigdon


“Sidney ak Phebe Rigdon,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2024)

“Sidney ak Phebe Rigdon,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans

Oktòb–novanm 1830

Sidney ak Phebe Rigdon

Chanje lavi yo pou aksepte levanjil la

Parley Pratt k ap bay konpayon li yo sijesyon pou y al vizite zanmi li Sidney.

Parley Pratt ak lòt moun t apral pataje levanjil la avèk Endyen Ameriken yo. Sou wout yo, Parley te vle kanpe epi l t al vizite zanmi l Sidney Rigdon. Sidney sete yon predikatè ki te anseye Parley konsènan Jezikri ki nan Bib la. Kounyea, Parley te vle anseye Sidney konsènan Jezi ki nan Liv Mòmon an.

Doktrin ak Alyans 32; Les Saints, 1:99

Parley k ap pataje Liv Mòmon an avèk Sidney Rigdon.

Parley te pale Sidney de Liv Mòmon an e li te envite l li l. Sidney pa t sèten, men paske Parley sete yon zanmi, Sidney te pwomèt li ke l t ap fè sa.

Les Saints, 1:100

Sidney k ap li Liv Mòmon an epi k ap pataje li avèk madanm li.

Lè Sidney te li Liv Mòmon an, li te konnen ke l te soti nan Bondye. Li te pataje santiman l avèk madanm li, Phebe.

Les Saints, 1:101

Sidney k ap pale avèk fanmi li.

Men Sidney pa t sèten sou kisa pou l te fè apre sa. Si l te batize, li t ap pèdi travay li antanke predikatè nan legliz li a. Kisa li ta pral fè pou l te pran swen Phebe ak sis pitit li yo? Kijan moun ki nan legliz li a t ap santi yo? Li te priye Papa nou ki nan Syèl la pou l te mande èd, epi li te gen yon santiman lapè.

Les Saints, 1:101; Doktrin ak Alyans 19:23

Phebe Rigdon k ap di Sidney ke li dispoze mache nan Legliz la.

Sidney te mande Phebe si li te dispoze abandone lavi konfòtab yo a epi manche nan nouvo legliz sa a avèk li. “De mwen se pou m fè volonte Bondye,” li te di, “keseswa pou lavi oswa lanmò.” Yo te deside batize.

Les Saints, 1:101

Sidney k ap rankontre Joseph Smith.

Annapre, Sidney te rankontre Pwofèt Joseph Smith. Senyè a te bay Sidney yon mesaj atravè Joseph. Li te di ke Li te wè bon bagay Sidney te fè e Li te tande priyè l yo. Senyè a te di Sidney Li te gen yon gwo travay pou li pou l te fè. Sidney te gen pou l te fè anpil gwo bagay.

Doktrin ak Alyans 35:3–4