Istwa nan Ekriti yo
Fanmi Knights ak Lòt Rasanble nan Siyon


“Fanmi Knights ak Lòt Rasanble nan Siyon,” Istwa Doktrin ak Istwa Alyans yo (2024)

“Fanmi Knights ak Lòt Rasanble nan Siyon,” Istwa Doktrin ak Alyans yo

Desanm 1830–Out 1831

Fanmi Knights ak Lòt Rasanble nan Siyon

Obeyi apèl Senyè a

Polly ak Joseph Knight k ap deplase ale Ohio avèk lòt Sen yo.

Polly ak Joseph Knight t ap viv avèk fanmi yo nan Nouyòk. Yo te konnen Pwofèt Joseph byen. Apre yo te fin aprann levanjil la, yo te chwazi antre nan Legliz la. Lè Senyè a te mande Sen yo pou yo deplase al Ohio, Fanmi Knights te obeyi.

Doktrin ak Alyans 37; Les Saints, 1:33, 94, 109–110

Leman Copley k ap salye Sen yo nan Ohio.

Fanmi Knights te kontan lè yo te rive Ohio. Leman Copley, yon manm Legliz la, te di ke kèk nan Sen yo te kapab viv sou tè li. Te gen ase espas sou tè a pou plante jaden ak bati kay. Joseph Knight ak pitit gason l yo te travay di pou prepare chan yo pou plante.

Les Saints, 1:126–27

Sen yo k ap kite tè Leman Copley a.

Men, yon jou, Leman te chanje lide l konsènan tè li a. Li pa t vle pou Sen yo viv la ankò. Li te di Fanmi Knights ak tout lòt yo pou yo ale.

Les Saints, 1:127

Sen yo k ap mande Joseph Smith kisa yo ta dwe fè.

Sen yo te enkyete. Kounyea, yo pa t gen okenn kote pou yo viv. Yo te mande Pwofèt Joseph kisa yo ta dwe fè.

Doktrin ak Alyans 54; Les Saints, 1:127

Joseph k ap di Sen yo pou yo ale Missouri pou konstwi Siyon.

Senyè a te di ke Sen sa yo ta dwe ale nan Missouri epi bati Siyon. Siyon t ap vin yon vil kote pèp Senyè a te ka rasanble. Nan Siyon, yo ta pral konstwi yon tanp kote yo t ap fè alyans, oswa pwomès avèk Bondye. Li t ap beni yo si yo te kenbe alyans sa yo. Fanmi Knights te kontan anpil pou yo ale.

Doktrin ak Alyans 29:1–8; 42:30–36; 45:59–66; 54:6–9; 57:1–2; Les Saints, 1:128

Fanmi Polly k ap pran swen li sou wout pou ale Missouri a.

Pandan Fanmi Knights t ap vwayaje ale Missouri, Polly te vin malad anpil. Mari li, Joseph, ak pitit gason li yo te enkyete ke li te ka pa viv twò lontan. Men Polly te di fanmi li ke li te vle rive nan Siyon anvan l mouri. Li te vle sa plis pase tout bagay!

Les Saints, 1:128

Fanmi Knights ki rive nan Missouri.

Apre yon vwayaj long, Fanmi Knights te rive nan Misouri. Polly te vrèman rekonesan pou Senyè a ke li te viv pou l wè sa. Fanmi Knights te panse peyi a te bèl. Yo te gen lafwa ke yo t ap kapab kenbe kòmandman Senyè a pou yo bati Siyon la a.

Les Saints, 1:132

Sen yo k ap mete yon wòch pou make kote nouvo tanp lan pral ye.

Sen yo te di yon priyè espesyal epi rele peyi a Siyon, kote pèp Senyè a t ap vini. Pwofèt Joseph te mete yon wòch pou l make kote kwen tanp lan t ap ye. Kèk jou apre, Polly te mouri. Senyè a te pwomèt ke Sen ki te vin nan Siyon epi ki te mouri t ap repoze nan syèl la.

Doktrin ak Alyans 59:1–2; Les Saints, 1:132–33