“Leson 25: Revizyon,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo (2022)
“Leson 25,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo
Lesson 25
Review
Objektif: M pral revize EnglishConnect 1 epi reflechi sou eksperyans mwen.
Personal Study
Prepare pou konvèsasyon an gwoup ou an nan konplete aktivite A rive nan D.
Study the Principle of Learning: Learn by Study and by Faith
Aprann atravè etid ak lafwa
I can rely on God to seek learning by study and by faith.
M ka depann sou Bondye pou chèche aprann atravè etid ak lafwa.
Senyè a ban nou modèl pou aprann:
“Chèche avèk dilijans epi aprann youn lòt pawòl sajès; wi, chèche pawòl sajès nan pi bon liv yo, chèche konesans nan etid epi nan lafwa” (Doktrin ak Alyans 88:118)
Reflechi sou eksperyans ou yo nan EnglishConnect. Kouman ou aplike modèl sa a? Refloech sou prensip aprantisaj ak deklarasyon nou te aprann ansanm yo:
-
“Ou se yon pitit Bondye”—M se yon pitit Bondye avèk potansyèl ak objektif etènèl.
-
“Egzèse lafwa nan Jezikri”—Jezikri ka ede m fè tout bagay si m egzèse lafwa nan Li.
-
“Pran responsablite”—M gen pouvwa pou m chwazi, epi m responsab pwòp aprantisaj mwen.
-
“Renmen ak anseye yonn lòt”—M ka aprann nan men Lespri a lè m renmen, anseye, ak aprann avèk lòt.
-
“Avanse devan”—Avèk èd Bondye, mwen ka kontinye avanse menm lè m rankontre obstak.
-
“Chèche Konsilte Senyè a”—Mwen amelyore aprantisaj mwen nan konsilte Bondye chak jou konsènan efò m yo.
Gwoup EnglishConnect ou a gen dwa pral fini, men, gen anpil bagay Bondye vle ou aprann ak eksperimante. Papa w ki nan Syèl la renmen w epi Li vle ede w atenn potansyalite diven ou. Ou ka konte sou Bondye epi kontinye “chèche aprann, menm atravè etid ak lafwa tou.”
Ponder
-
Kouman ou eksperimante amou ak èd Bondye pandan w ap aprann Anglè a?
-
Kouman ou aplike prensip aprantisaj yo nan EnglishConnect?
-
Kouman w ap aplike prensip aprantisaj sa yo nan lòt pati nan lavi ou?
Prepare for Activity 1
Li enstriksyon pou aktivite 1 yo. Gade lis sijè yo. Ekri yon kesyon ou ka poze konsènan chak sijè. Li kesyon ou yo awotvwa.
Sijè
Prepare for Activity 2
Li enstriksyon pou aktivite 2 yo. Gade lis sijè yo. Ekri yon kesyon ou ka poze konsènan chak sijè. Li kesyon w yo awotvwa.
Sijè
Prepare for Activity 3
Li enstriksyon pou aktivite 3 yo. Panse a vil ou a. Ekri twa kesyon ak repons konsènan vil la. Li yo awotvwa. Gade nan leson 21 ak leson 22 pou vokabilè ak modèl.
Additional Activities
Konplete aktivite ak evalyasyon leson an anliy nan englishconnect.org/learner/resources oswa nan EnglishConnect 1 Kaye Egzèsis.
Act in Faith to Practice English Daily
Kontinye pratike Anglè chak jou. Itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a. Repase bi etid w la epi evalye efò ou yo.
Conversation Group
Discuss the Principle of Learning: Learn by Study and by Faith
(20–30 minutes)
-
Li prensip aprantisaj pou leson sa awotvwa.
-
Diskite kesyon yo.
Activity 1: Create Your Own Conversations
(10–15 minutes)
Poze epi reponn kesyon konsènan non ou, kouman ou ye jodi a, kikote ou sòti, ak kay ou. Pran tou.
Example
-
A: Hi. My name is Ana. What’s your name?
-
B: Hi, Ana. My name is Niko. How are you?
-
A: I am great. Thanks. How about you?
-
B: I am well. Thanks for asking.
-
A: Where are you from?
-
B: I’m from Brazil. And you?
-
A: Nice. I’m from Guatemala. How many people are in your family?
-
B: There are seven people in my family.
-
A: That’s a big family. Do you live in a house or in an apartment?
-
B: I live in an apartment.
Activity 2: Create Your Own Conversations
(10–15 minutes)
Poze epi reponn kesyon konsènankisa ou renmen fè, woutin chak jou ou, ak ki manje ou manje. Pran tou. Chanje patnè epi pratike ankò.
New Vocabulary
|
banana |
Fig bannann |
|
blender |
blender |
|
orange |
oranj |
|
peach |
pèch |
|
smoothie |
fresko |
|
strawberry |
franbwaz |
Example
-
A: What do you like to do?
-
B: I like to read. Do you like to read?
-
A: Yes, I like to read too. Do you read every day?
-
B: Yes, I read every day. Before I go to bed, I read. What food do you like?
-
A: I like fruit because it’s delicious.
-
B: Me too! I eat a smoothie for breakfast every morning.
-
A: Wow! How do you make it?
-
B: First, put an orange, a banana, strawberries, and peaches in a blender. Then, mix all the fruit together.
Activity 3: Create Your Own Conversations
(10–15 minutes)
Jwe-wòl sityasyon an. Patnè A a poze kesyon. Patnè B a reponn kesyon. Chanje wòl.
Partner A
W ap vizite vil Patnè B a.
Mande patnè w la:
-
Pou pale w de vil yo a.
-
Pou direksyon pou soti kote w ye a pou al nan lòt kote nan vil la.
Partner B
Ou abite nan vil la.
Pale patnè w la:
-
Konsènan vil ou a.
-
Kouman pou ale lòt kote nan vil la.
Example
-
A: This is my first time in this city. Tell me about the city.
-
B: It is big and busy.
-
A: Where is the train station?
-
B: It’s on D Street.
-
A: How do I get there from the grocery store?
-
B: Turn right on Main Street. Go straight. Turn left on D Street. The train station is across from the bank.
Reflection
(5–10 minutes)
Felisitasyon! Ou fè anpil efò. Nou fyè de tout efò ak tan ou mete nan aprann Anglè a.
Reflechi sou eksperyans ou nan EnglishConnect 1 an epi fikse bi pou lavni.
-
Pataje twa bagay ou aprann ki te pi itil pou ou.
-
Kouman ou pral kontinye amelyore Anglè ou?
-
Panse sou prensip aprantisaj yo. Kijan w ka aplike prensip sa yo nan lavi ou?
Pwochen Pa Ou
Kounyea ke w fin konplete EnglishConnect 1 an, panse pou w kontinye al nan EnglishConnect 2. Pou w aprann plis, vizite join.englishconnect.org.
Ou pa pare pou w kòmanse EnglishConnect 2? Kontinye aprann Anglè nan EnglishConnect 1.
Kèlkeswa sa w ap fè nan apre, sonje ke ou se yon pitit Bondye epi Li ka ede w pwogrese.
Act in Faith to Practice English Daily
“Pran tout edikasyon ou kapab. … Edikasyon se kle ki ouvri pòt opòtinite pou ou. Li vo lapèn pou w sakrifye pou sa. Li vo lapèn pou w travay sou sa, epi si w edike panse w ak men ou, ou pral ka pote yon gran kontribisyon pou sosyete kote w ap viv la, epi w ap kapab reflete onorableman sou Legliz kote ou se manm nan” (Enseignements des présidents de l’église: Gordon B. Hinckley [2016], 241).