“Lsson 4: Lwazi ak Enterè,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo (2022)
“Leson 4,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo
Lesson 4
Hobbies and Interests
Objektif: Mwen pral aprann pale konsènan sa moun renmen ak pa renmen.
Personal Study
Prepare pou konvèsasyon an gwoup ou an nan konplete aktivite A rive nan E.
Study the Principle of Learning: Love and Teach One Another
Renmen ak Anseye Youn Lòt
I can learn from the Spirit as I love, teach, and learn with others.
Mwen ka aprann apati Lespri a pandan m ap renmen, anseye, ap aprann avèk lòt moun.
Nan EnglishConnect, nou konnen ke Bondye se vrè enstriktè a, epi Li anseye nou atravè Lespri Li. Lespri a pote santiman lajwa, lapè, ak lanmou. Lespri a ede nou konprann laverite epi ka ogmante kapasite nou pou aprann. Yon fason ke nou envite Lespri a pou rete avèk nou se nan renmen, anseye, ak aprann ansanm. Alma pwofèt la nan Liv Mòmon an te responsab pou anseye moun yo. Li te divize moun yo an gwoup epi chwazi yon dirijan pou chak gwoup. Alma te anseye yo.
“Predikatè a pa te pi bon pase oditè a, ni enstriktè a pa te pi bon pase elèv la, epi konsa yo tout te egal” (Alma 1:26).
Nan EnglishConnect, nou kwè ke enstriktè yo ak elèv yo gen menm enpòtans. Nou tout se enstriktè ak elèv. Nou respekte epi tande youn lòt. Nou anseye youn lòt. Nou renmen ak valorize youn lòt. Nou felisite lòt yo lè yo reyisi epi ankouraje yo lè yo fè erè. Nou ka jwenn mwayen tou pou sipòte youn lòt epi planifye tan pou pratike youn avèk lòt pandan semèn nan. Bondye ap beni nou avèk Lespri Li si nou aprann pou renmen ak anseye youn lòt.
Ponder
-
Kisa ou ka fè pou renmen ak sipòte moun ki gen diferan kapasite nan Anglè yo?
-
Kijan eksperyans aprantisaj nan EnglishConnect la diferan de lòt eksperyans ou te fè avan?
Memorize Vocabulary
Aprann siyifikasyon ak pwononsyasyon chak mo avan konvèsasyon an gwoup ou a. Panse a sitiyasyon kote ou t ap itilize mo a nan lavi kotidyèn ou.
Verbs
|
bike |
monte bisiklèt |
|
cook |
Kuit manje |
|
dance |
Danse |
|
garden |
fè jaden |
|
go to the beach |
ale nan yon plaj |
|
listen to music |
koute mizik |
|
paint |
pentire |
|
play sports |
jwe spò |
|
play the piano |
jwe pyano |
|
read |
li |
|
run |
kouri |
|
shop |
fè acha |
|
sing |
chante |
|
sleep |
dòmi |
|
study |
etidye |
|
swim |
naje |
|
travel |
vwayaje |
|
watch movies |
gade sinema |
Practice Pattern 1
Pratike itilizasyon modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Ou ka ranplase mo ki souliye yo nan seksyon “Memorize Vocabulary” a.
Q: What do you like to do?A: I like to (verb).
Questions
Answers
Examples
Q: What do you like to do?A: I like to cook.
Q: What does he like to do?A: He likes to dance.
Q: What don’t they like to do?A: They don’t like to shop.
Practice Pattern 2
Pratike itilizasyon modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Eseye konprann règ yo nan modèl yo. Reflechi sou fason Anglè sanble oswa diferan de lang ou a.
Q: Do you like to (verb)?A: Yes, I like to (verb).
Questions
Answers
Examples
Q: Do you like to travel?A: Yes, I like to travel.
Q: Do you like to shop?A: No, I don’t like to shop.
Q: Does she like to paint?A: Yes, she likes to paint.
Use the Patterns
Ekri kat kesyon yo ou ka poze yon moun. Ekri yon reponn pou chak kesyon. Li yo awotvwa.
Additional Activities
Konplete aktivite ak evalyasyon leson an anliy nan englishconnect.org/learner/resources oswa nan EnglishConnect 1 Kaye Egzèsis.
Act in Faith to Practice English Daily
Kontinye pratike Anglè chak jou. Itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a. Repase bi etid w la epi evalye efò ou yo.
Conversation Group
Discuss the Principle of Learning: Love and Teach One Another
(20–30 minutes)
-
Li prensip aprantisaj pou leson sa a awotvwa.
-
Diskite kesyon yo.
Activity 1: Practice the Patterns
(10–15 minutes)
Repase lis vokabilè a avèk yon patnè.
Pratike modèl 1 avèk yon patnè:
-
Pratike poze kesyon.
-
Pratike reponn kesyon.
-
Pratike yon konvèsasyon nan itilize modèl yo.
Repete pou modèl 2.
Activity 2: Create Your Own Sentences
(10–15 minutes)
Gade foto yo. Poze ak reponn kesyonkonsènan rad chak moun. Youn apre lòt.
Example: Malia
Likes
Doesn’t Like
-
A: What does Malia like to do?
-
B: She likes to paint.
-
A: Does Malia like to study?
-
B: No, she doesn’t like to study.
Image Group 1: Thomas
Likes
Doesn’t Like
Image Group 2: Raoul
Likes
Doesn’t Like
Image Group 3: Mei
Likes
Doesn’t Like
Image Group 4: Pamela
Likes
Doesn’t Like
Image Group 5: Nadia
Likes
Doesn’t Like
Activity 3: Create Your Own Conversations
(15–20 minutes)
Poze ak reponn kesyon yo konsènan sa ou renmen ak sa ou pa renmen fè. Youn apre lòt. Chanje patnè epi pratike ankò.
Example
-
A: What do you like to do?
-
B: I like to dance.
-
A: What don’t you like to do?
-
B: I don’t like to read.
-
A: Do you like to listen to music?
-
B: Yes, I like to listen to music.
Evaluate
(5–10 minutes)
Evalye pwogrè w sou objektif ak efò ou yo pou pratike Anglè chak jou.
Evaluate Your Progress
I can:
-
Say what I like to do.
Di kisa m renmen fè.
-
Say what I don’t like to do.
Di kisa mwen pa renmen fè.
-
Ask what someone likes to do.
Mande kisa yon moun renmen fè.
Evaluate Your Efforts
Evalye efò ou yo pou:
-
Etidye prensip aprantisaj la.
-
Memorize vokabilè yo.
-
Pratike modèl yo.
-
Pratik chak jou.
Fikse yon bi. Konsidere sigjesyon pou etid yo nan “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” la.
Pataje bi ou avèk yon patnè.
Act in Faith to Practice English Daily
“Sentespri a se vrè enstriktè a. Okenn enstriktè mòtèl, kèlkeswa konpetans oubyen eksperyans li, pa ka pran plas Li nan temwaye laverite, temwaye sou Kris la, ak chanje kè. Men tout enstriktè yo ka vin enstriman nan ede pitit Bondye yo aprann atravè Lespri a” (“Anseye pa Lespri,” Anseye nan Fason Sovè a: Pou tout Moun ki ap Anseye nan Fwaye ak nan Legliz la [2022], 16).