“Leson 1: Leson Entwodiksyon,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo (2022)
“Lsson 1,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo
Lesson 1
Introductory Lesson
Byenveni nan EnglishConnect! Nou kontan anpil ou isit la. Nou se yon kominote moun k ap chèche aprann Anglè pou elaji kominote nou an. Nou ka gen fondasyon diferan, pale lang diferan, epi nou gen nivo kapasite Anglè diferan, men, ansanm, nou ka atenn objektif nou.
EnglishConnect diferan pase tout lòt pwogram aprantisaj Anglè. EnglishConnect prepare pou ede ou devlope konpetans Anglè nan yon anbyans lafwa, kamaradri, ak pwogresyon. Sa vle di, ou pap fè sa poukont ou. Chak moun nan gwoup EnglishConnect ou a pral sipòte ak ankouraje yonn lòt. Sa vle di tou ke ou pral aplike prensip aprantisaj espirityèl pandan w ap etidye ak aprann.
Nan leson sa, nou pral entwodwi pwosesis ou pral itilize pou chak leson nan etid pèsonèl ak nan konvèsasyon an gwoup w ap genyen yo.
An nou kòmanse!
Conversation Group
Objektif: M pral aprann prezante tèt mwen bay lòt moun.
Discuss the Principle of Learning: You Are a Child of God
(10–20 minutes)
Chak leson nan manyèl sa a kòmanse avèk yon prensip aprantisaj. Yo se prensip espirityèl ki ka ede ou amelyore aprantisaj ou atravè etid ak lafwa. Nan chak leson, nou pral:
-
Li prensip aprantisaj la fò.
-
Diskite sou kesyon yo.
Ou Se yon Pitit Bondye
Èske ou te konnen ke yonn nan bagay ki pi enpòtan ou ka fè pou akonpli yon objektif se konsantre sou kwayans ou konsènan tèt ou? Kwayans ou konsènan kapasite ou ap gen yon enpak siyifikatif sou efò ak rezilta ou yo. Ou gen dwa doute sou kapasite w akoz echèk pase ou yo. Bòn nouvèl la sèke ou ka chanje kwayans ou! Lè ou chanje kwayans ou konsènan oumenm, ou ka chanje rezilta ou. Pouvwa pou chanje kwayans ou konsènan tèt ou a vini lè ou konprann vrè nati ou.
Ou se yon pitit Bondye. Li renmen ou. Kòm piti Li, ou gen potansyèl ak objektif etènèl. Ou gen kapasite pou w aprann ak chanje. Ou gen kapasite pou w devlope ak amelyore. Bondye vle ede w pwogrese. Li vle vle tounen asosye w pou ede w atenn potansyèl ou. Vin tounen asosye Bondye nan aprann Anglè ap ede w konnen L pibyen. Li ap ede w konnen tèt ou pibyen tou.
Ou ka priye Bondye. L ap koute ou. Ou ka mande L ede w aprann Anglè. Ou ka remèsye L pou benediksyon w yo. Pandan w ap priye, prete atansyon a panse ak santiman ou yo. Ou ka konnen ke Bondye la, Li renmen ou, epi L vle ede ou. Ou ka chwazi pou w kwè ke ou se yon pitit Bondye ki gen potansyèl etènèl, epi ou ka chèche èd Li pou w aprann Anglè.
Ponder
-
Lè w konnen ou se yon pitit Bondye, kouman sa ka enfliyanse kwayans ou konsènan oumenm.
-
Lè w konnen ou se pitit Bondye, kouman sa ka ede w aprann Anglè?
Activity 1: Practice the Pattern
(10–15 minutes)
Part 1: Revize lis vokabilè a avèk yon patnè.
Pandan w ap aprann vokabilè, konsantre w sou siyifikasyon ak pwononsyasyon chak mo.
|
I/my |
M/pa m |
|
you/your |
ou/pa w |
|
he/his |
li/pa l |
|
she/her |
li/pa l |
|
no |
Non |
|
yes |
Wi |
|
name |
non |
|
please |
Tanpri |
|
thank you/thanks |
mèsi/mèsi |
|
What is … ? |
Kisa ki … ? |
|
Nice to meet you. |
M kontan rankontre ou. |
Part 2: Modèl pratik 1 avèk yon patnè.
Pratike modèl la avèk yon patnè. Objektif ou se pou poze ak reponn kesyon avèk konfyans epi konprann kisa y ap di.
Pratike poze kesyon.
Kreye otan kesyon ou kapab.
Example 1
What is your name?
Example 2
What’s his name?
Pratike reponn kesyon yo.
Kreye otan repons ou kapab. Ou ka ranplase mo souliye yo pa pwòp mo pa ou.
Example 1
My name is Rosa.
Example 2
His name is Niko.
Itilize modèl yo pou w pratike konvèsasyon.
Itilize modèl yo pou w poze kesyon.
Questions
Answers
Example
-
A: Hi! What is your name?
-
B: Hello! My name is .
-
A: Nice to meet you.
-
B: What’s your name?
-
A: My name is .
-
B: Nice to meet you.
-
A: What’s her name?
-
B: Her name is Rosa.
Activity 2: Create Your Own Sentences
(5–10 minutes)
Objektif aktivite sa a se pou w itilize modèl ak vokabilè pou w bati pwòp fraz pa ou.
Gade foto yo. Poze ak reponn kesyon konsènan non chak moun. Chak moun pran tou pa yo.
Example: Talia
-
A: What’s her name?
-
B: Her name is Talia.
Marco
Nat
Mari
Jean
Sam
Activity 3: Create Your Own Conversations
(10–15 minutes)
Objektif aktivite sa a se pou fè yon konvèsasyon an Anglè.
Part 1
Rankontre gwoup ou a. Mande non chak moun nan gwoup ou a. Se pou w kreyatif. Itilize otan mo ou konnen.
Example
-
A: Hi, what’s your name?
-
B: My name is Mei. What is your name?
-
A: My name is Sione. Nice to meet you.
-
B: Nice to meet you. Goodbye.
-
A: Bye!
Part 2
Chèche jwenn yon patnè epi prezante patnè w la bay gwoup ou a.
Example
-
A: Hi, what’s her name?
-
B: Her name is Luna. What is his name?
-
A: His name is Seth.
Evaluate
(5–10 minutes)
Ou se yon pitit Bondye epi ou gen potansyèl ilimite pou w aprann ak devlope. Ou ka aprann kouman pou w amelyore lè w evalye pèfòmans ak efò ou yo. Apre chak leson, evalye pwogrè ou nan akonpli chak objektif. Apresa, itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a pou w evalye efò ou epi chwazi yon fason pou amelyore anvan pwochen leson an.
Evalye pwogrè w sou objektif ak efò ou yo pou pratike Anglè chak jou.
Evaluate Your Progress
I can:
-
Say my name and others’ names.
Di non m ak lòt non.
-
Say hello and goodbye.
Di alo ak orevwa.
-
Understand how EnglishConnect can help me learn English.
Konprann kouman EnglishConnect ka ede m aprann Anglè.
Evaluate Your Efforts
Evalye efò ou pou:
-
Etidye prensip aprantisaj la.
-
Memorize vokabilè yo.
-
Pratike modèl yo.
-
Pratik chak jou.
Fikse yon bi. Konsidere sijesyon pou etid yo nan “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” la.
Pataje bi w la avèk yon patnè.
Prepare pou leson suivan an
(5 minutes)
Bondye toujou la pou sipòte nou. Li atann pou nou fè tout sa nou kapab tou. Ou pral benefisye de chak efò w fè pou prepare pou leson an. Men twa bagay pou w fè pou chak leson anvan ou patisipe nan gwoup konvèsasyon w lan:
-
Etidye prensip aprantisaj la.
-
Memorize vokabilè a
-
Pratike modèl yo.
Ou ka wè twa bagay sa yo nan seksyon “Etid Pèsonèl” la ki nan kòmansman chak leson. Sonje pou w etidye ak pratike chak jou.
Act in Faith to Practice English Daily
Nan fen chak leson, gen yon seksyon “Aji avèk Lafwa pou Pratike Anglè Chak Jou”: Pase yon minit ap li sitasyon an a vwa fò avèk gwoup ou a.
“Nou chak gen yon potansyèl diven paske nou chak se yon pitit Bondye. Nou tout egal nan je Li. Enplikasyon verite sa a pwofon” (Russell M. Nelson, “Kite Bondye gen Priyorite,” Lyawona, Nov. 2020, 94).