“Fèy Suivi Etid Pèsonèl,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo (2022)
“Fèy Suivi,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo
Personal Study Tracker
Fèy Suivi Etid Pèsonèl
Ekri objektif ou pou aprann Anglè.
Objektif: Mwen vle aprann Anglè paske:
Ou kapab amelyore kapasite w pou w aprann nan suiv efò ou yo ak nan fikse bi pou w amelyore. Itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” pou mezire efò ou yo. Apre chak leson, fikse yon bi senp. Selebre pwogrè ou; chak efò mennen w pi pre bi w la.
Efò Minimal
Efò Modere
Efò Siyifikatif
“Fèy Suivi Etid Pèsonèl” Enprimab
Example
Egzanp
|
Lesson |
Study the Principle of Learning |
Memorize Vocabulary |
Practice the Patterns |
Practice Daily |
My Goal |
|---|---|---|---|---|---|
Lesson 1 | Study the Principle of Learning | Memorize Vocabulary | Practice the Patterns | Practice Daily | My Goal Li Entwodiksyon an Konplete seksyon “Etid Pèsonèl” pou leson 2 a. |
Lesson 2 | Study the Principle of Learning | Memorize Vocabulary | Practice the Patterns | Practice Daily | My Goal Etidye prensip aprantisaj la avan leson an. |
Lesson 3 | Study the Principle of Learning | Memorize Vocabulary | Practice the Patterns | Practice Daily | My Goal Lè M ap priye, M ap itilize nouvo mo vokabilè Anglè yo. |
Study Suggestions
Sigjesyon pou Etid
Konsidere itillize sigjesyon ki pi ba la yo pou amelyore etid ou.
Study the Principle of Learning
Etidye Prensip Aprantisaj la
-
Priye. Kòmanse epi fini etid ou avèk yon priyè. Mande Bondye pou ede w konprann ak aplike prensip la.
-
Koute Lespri a. Pote atansyon a panse w ak santiman w yo, menm si yo sanble yo pa anrapò avèk sa w ap li a. Ekri panse w ak santiman w yo. Fè sa Lespri a ap envite w pou w fè.
-
Ekri mo ak fraz enspiran. Ou ka jwenn sèten mo ak fraz ki enpòtan pou ou pèsonèlman epi ki enspire w ak motive w. Ekri yo nan yon espas kote ou pral wè yo. Mete yo sou mimwa ou oswa sou telefòn ou.
-
Aplike prensip aprantisaj la. Konsidere fason ou ka aplike prensip aprantisaj la, sitasyon yo, ak ekriti yo nan lavi ou. Ekri sa ou aprann pandan w aplike prensip aprantisaj la.
-
Li plis. Li ekriti yo oswa diskou konferans ki an rapò avèk prensip aprantisaj la.
-
Aprann nouvo vokabilè. Chwazi kèk mo nan prensip aprantisaj la ke w vle aprann an Anglè. Chèche mo yo. Pale avèk lòt etidyan konsènan sa mo ak fraz yo vledi pou yo.
Memorize Vocabulary
Memorize Vokabilè
-
Fokis sou siyifikasyon ak pwononsyasyon. Pratike repete mo a awotvwa epi panse ak siyifikasyon mo a. Aprann pwononsyasyon chak mo epi pratike jiskaske ou pwononse l kòrèkteman. Kontinye jiskaske ou ka di mo a avèk asirans epi konnen sa li vledi.
-
Pratike avèk kat memwa. Itilize kat ak nòt yo (oswa an app) pou kreye kat memwa. Ekri mo a sou yon bò epi yon definisyon, tradiksyon, oswa foto sou lòt bò a. Repetisyon se kle pou memorize vokabilè.
-
Pratike mo yo nan fraz. Pratike di mo a w ap aprann nan nan yon fraz. Ou ka itilize modèl fraz yo pou pratike mo w ap aprann yo.
-
Aplike mo a. Panse a sitiyasyon kote ou t ap itilize mo a nan lavi kotidyèn ou. Pratike sitiyasyon an jiskaske li vin parèt natirèl pou w itilize mo a. Pandan ou pral travay, al lekòl, nan magazen, oswa lòt kote, itilize mo yo nan lespri ou pou dekri bagay yo.
-
Remake mo yo. Chèche jwenn ak koute nouvo mo pandan jounen w ap pase. Ou ka aprann nan fim, nan pwogram televizyon, nan liv, pòdkas, oswa nan chante yo. Ekti nouvo mo.
-
Aprann plis. Itilize yon diksyonè pou w aprann plis sou nouvo mo yo. Aprann definisyon yo, pati nan diskou yo, pati nan mo yo, pwonosyasyon, ak egzanp fraz.
-
Repase. Pran tan pou w peryodikman repase mo ou te aprann nan lepase yo. Sa ap ede w wè ki kantite ou aprann epi pa bliye mo yo.
Practice the Patterns
Pratike Modèl yo
-
Fokis sou siyifikasyon ak ezans. Pratike repete yon fraz nan modèl la awotvwa epi panse sou siyifikasyon fraz la. Kontinye jiskaske ou ka di fraz la dousman, ak asirans, epi konnen kisa l vledi.
-
Anrejistre tèt ou. Anrejistre tèt ou k ap poze ak reponn kesyon sou telefòn ou. Tande anrejistreman an epi prete atansyon a ezans ou ak pwononsysasyon ou.
-
Pratike avèk yon patnè. Pratike itilizasyon modèl yo pou poze ak reponn kesyon yo avèk yon zanmi. Ou ka pratike an pèsòn oswa nan telefòn ou. Pratike itilizasyon modèl yo lè w ap ekri mesaj voye bay yon zanmi.
-
Panse epi pale sou modèl yo. Kisa w remake konsènan fason Anglè mache? Ki similarite ki genyen ant Anglè ak lang ou a? Ki diferans ki genyen ant Anglè ak lang ou a? Kijan ou ka itilize modèl la nan yon leson nan yon sitiyasyon diferan?
-
Itilize lòt resous. Liv gramè yo, app yo, sitwèb yo, ak lòt etidyan yo ka ede ou aprann plis konsènan modèl nan gramè Anglè yo.
-
Remake modèl yo. Chèche jwenn ak koute modèl w ap aprann yo lè w ap li oswa koute Anglè.
Practice Daily
Pratike Chak Jou
-
Fikse yon woutin. Planifye kilè ak kikote ou pral etidye chak jou epi fè li. Pou ede ou sonje, krii bi w la nan yon deklarasyon “kilè”. Pa egzanp, “Lè Mwen , M .” Sa yo se kèk egzanp: “Lè mwen nan bis la, M ap repase vokabilè.”; “Lè M ap prepare dine, M ap dekri sa m ap fè a an Anglè.”; epi “Lè M ap priye, M ap di pi plis m kapab an Anglè.”
-
Fè aktivite an Anglè chak jou. Jwenn fason pou ranplase lang natifnatal ou avèk Anglè nan aktivite kotidyèn ou yo. Pa egzanp, lè w ap koute mizik, koute l an Anglè. Lòt ide: gade fim an Anglè oswa avèk soutit Anglè, chanje paramèt telefòn ou yo an Anglè, epi li ekriti yo an Anglè.
-
Li. Li pi plis ou kapab an Anglè. Li ekriti yo, diskou konferans jeneral yo, revi yo, blòg yo, nouvèl, ak lòt enfòmasyon an Anglè.
-
Koute. Koute aktivman otan ou kapab. Tande pòdkas, ekriti yo, diskou yo, prezantasyon yo, videyo, oswa fim.
-
Pale Jwen zanmi, fanmi, ak kòlèg travay epi pratike pale avèk yo. Pataje sa w ap aprann ak fè pou pratike Anglè yo. Kreye yon gwoup kozri epi voye nòt vokal.
-
Ekri. Chèche opòtinite pou ekri an Anglè. Kòmanse yon jounal kotidyen oswa kreye yon gwoup kozri. Itilize fraz ak vokabilè w ap aprann yo.
-
Konplete aktivite ki nan leson yo. Fè aktivite ak evalyasyon pou leson an anliy nan englishconnect.org oswa nan Kaye Egzèsis EnglishConnect la.