EnglishConnect for Missionaries
Entwodiksyon


“Entwodiksyon,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo (2002)

“Entwodiksyon,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo

Gason ak fi ki ap ri

Introduction

Entwodiksyon

Welcome to EnglishConnect!

Byenveni nan EnglishConnect!

EnglishConnect mete moun ki ap chache elaji opòtinite yo atravè etid lang Anglè a ansanm. Nou tou gen pase ki diferan epi nou pale lang ki diferan. Nou gendwa gen diferan nivo nan kapasite nou pou n pale anglè, men ansanm nou kapab atenn objektiv nou.

Why Are You Learning English?

Poukisa n ap Aprann Anglè?

Lè nou gen yon rezon ki klè sa ap ede nou rete konsantre epi l ap ba n motivasyon. Ann konside poukisa n ap aprann Anglè. Èske nou swete jwenn yon travay ki pi bon? Èske nou bezwen aprann Anglè pou n kapab avanse edikasyon nou? Pran yon moman pou nou ekri tout rezon nou genyen pou n aprann Anglè?

Mwen bezwen aprann Anglè paske:

Aprann Anglè ka ogmante opòtinite nou nan edikasyon, anplwa, sèvis ak amitye. EnglishConnect ka ede nou atenn objektif nou yo.

What Is EnglishConnect?

Kisa EnglishConnect ye?

EnglishConnect se yon pwogram inik Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ofri pou aprann lang Anglè. Nou kreye EnglishConnect pou ede moun devlope konpetans yo nan lang Anglè nan yon anbyans lafwa, kamaradri, ak pwogresyon. Sa vle di nou pa p poukont nou. N ap aprann avèk lòt moun epi n ap ede ak ankouraje youn lòt. N ap rive fè lafwa nou grandi dèske Bondye ka ede nou aprann.

EnglishConnect gen plizyè nivo ladann. EnglishConnect 1 ak 2 ede devlope konesans debaz nan lang-Anglè. EnglishConnect 3 prepare etidyan yo pou opòtinite akademik yo—espesifikman BYU–Pathway Worldwide. Nou ka aprann plis konsènan BYU–Pathway Worldwide nan byupathway.org. Aprann plis konsènan englishconnect.org.

tablo ki montre pwogresyon EnglishConnect 1, EnglishConnect 2, EnglishConnect 3, ak BYU - Pathway Worldwide

What Makes EnglishConnect Unique?

Kisa ki fè EnglishConnect san parèy?

de fi ki ap pratike Anglè

Nan EnglishConnect, nou devlope konpetans lang Anglè nan yon anbyans lafwa, kamaradri, ak pwogresyon.

Faith

Lafwa

Nan EnglishConnect, nou aprann pa letid epi pa lafwa. Chak leson kòmanse avèk yon prensip aprantisaj. Yo se prensip espirityèl ki ede nou konte sou Bondye pou ogmante kapasite nou pou n aprann. Kwayans nou genyen konsènan kapasite nou pou n aprann ap gen yon gwo enpak sou efò nou ak rezilta nou yo. Prensip aprantisaj yo ka ede nou konprann vrè potansyèl nou ak kapasite Bondye genyen pou L ede nou. Se prensip sa yo nou pral etidye:

Nou Se Pitit Bondye

“M se yon pitit Bondye avèk potansyèl ak objektif etènèl.”

(Gade Women 8:16–17; Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan)

Egzèse Lafwa nan Jezikri

“Jezikri ka ede mwen fè tout bagay si mwen egzèse lafwa nan Li.”

(Gade Filipyen 4:13; Etè 12:27; Mowoni 7:33)

Pran Responsablite

“Mwen gen pouvwa pou m chwazi, epi mwen responsab pwòp aprantisaj mwen.”

(Gade 2 Nefi 2:14, 16; Doktrin ak Alyans 58:27–28)

Renmen ak Anseye Youn Lòt

“Sentespri a kapab anseye m pandan m ap renmen, anseye, ak aprann avèk lòt moun.”

(Gade Jan 13:34–35; Jan 14:26–27; Doktrin ak Alyans 88:77, 88:122–123)

Kontinye Avanse

“Avèk èd Bondye, mwen ka kontinye avanse menm lè m rankontre obstak yo.”

(Gade 2 Nefi 31:20; 2 Nefi 32:9; Doktrin ak Alyans 50:41–42)

Konsilte Senyè a

“Mwen amelyore aprantisaj mwen nan konsilte Bondye chak jou konsènan efò m yo.”

(Gade Pwovèb 3:5–6; Matye 7:7–8; Alma 37:37)

Prensip aprantisaj yo se deklarasyon vertite. Nou kapab repete deklarasyon sa yo poukont nou lè nou bezwen motivasyon oubyen ankourajman. Lè nou mete prensip sa yo an pratik, kapasite nou pou n aprann ap ogmante. N ap konnen ke avèk èd Bondye ba nou, nou kapab atenn bi nou yo.

Fellowship

Kamaradri

Yon pati enpòtan nan eksperyans EnglishConnect la se aprann avèk lòt moun. Gwoup EnglishConnect yo renmen, ede, ak bay youn lòt sipò. Reyinyon gwoup ou yo se yon kote ou kapab santi w alèz pou w pratike pale epi pou w fè erè. Pratike nan yon gwoup EnglishConnect kapap ede w rete motive epi bati amitye.

Growth

Devlopman

EnglishConnect se plis pase jis yon pwogram pou w aprann Anglè. Kote nap kòmanse pa gen enpòtans, eksperyans on genyen ap ede w vin yon pi bon etidyan. N ap gen opòtinite pou nou:

  • Fè pratik Anglè chak jou.

  • Evalye pwogrè nou.

  • Apran avèk lòt moun.

  • Priye Bondye pou L ede nou atenn bi nou yo.

What Will I Do in EnglishConnect?

Kisa nou pral fè nan EnglishConnect?

Nan EnglishConnect, nou pral fè yon etid pèsonèl, yon pratik konvèsasyon an gwoup, ak yon pratik kotidyen. Chak leson nan manyèl EnglishConnect pou Etidyan yo divize an de pati— “Etid Pèsonèl” ak “Konvèsasyon an Gwoup.”

chema ki ap montre ke lè nou chache aprantisaj atravè lekti ak lafwa, sa gen ladann yon sèk etid pèsonèl, konvèsasyon an gwoup, ak pratik kotidyen

Personal Study

Etid Pèsonèl

mesye k ap etidye sou biwo li

Seksyon “Etid Pèsonèl” la prepare nou pou gwoup konvèsayon nou. Nan “Etid Pèsonèl”, nou konplete aktivite sa yo:

senbòl a
Study the Principle of Learning

Etidye Prensip Aprantisaj la.

Chak leson gen yon prensid aprantisaj ladann. Yo se prensip espirityèl ki ede nou asosye avèk Bondye pou n aprann Anglè. Anvan gwoup konvèsayon an, li prensip aprantisaj la, medite kesyon yo, epi ekri sa nou panse.

senbòl b
Memorize Vocabulary

Memorize Vokabilè yo

Li siyifikasyon ak pwononsyasyon chak mo yo. Sèvi ak vokabilè a pou pratike modèl yo. Nou kapab chache plis mo vokabilè ki kapab itil nan modèl la.

senbòl c
senbòl d
senbòl e
Practice the Patterns

Pratike Modèl yo

Kòmanse memorize modèl fraz yo. Apresa itilize modèl sa yo pou n kreye pwòp kesyon ak repons pa nou. Nou kapab ranplase mo yo souliye yo avèk lòt mo ki sou lis vokabilè a. Kontinye pratike awotvwa jiskaske nou kapab alèz pou nou sèvi ak modèl yo pou poze ak repons kesyon yo.

Conversation Group

Konvèsasyon an Gwoup

twa mesye k ap ri

Nan seksyon “Konvèsasyon an Gwoup” lan gen aktivite nou pral sèvi pou n aprann ak lòt moun ladann. Nan “Konvèsasyon an Gwoup”, nou konplete aktivite ki la yo:

Discuss the Principle of Learning (20–30 minutes)

Etidye Prensip Aprantisaj la (20– 30 minit)

Nan goup nou, etidye ak aplike prensip aprantisaj la. Sa se yon opòtinite pou nou pataje ak aprann de lòt moun.

Activities

Aktivite

Nan aktivite 1, 2 ak 3, sèvi ak modèl vokabilè ak fraz yo pou nou angaje nan konvèsayon ki siyifyan. Aktivite yo ede etidyan yo pwogrese soti apati de pratik repetisyon rive jiska kreye pwòp konvèsasyon pa nou. Chak aktivite prepare nou pou pwochen aktivite a.

senbòl  1
Activity 1: Practice the Patterns (10–15 minutes)

Aktivite 1: Pratike modèl yo (10– 15 minit)

Nan aktivite 1, repase vokabilè a ak modèl ou te aprann nan sesyon etid pèsonèl la. Bi nou se pou n sèvi ak modèl yo pou nou di ak konprann kesyon senp ak repons yo.

senbòl 2
Activity 2: Create Your Own Sentences (10–15 minutes)

Aktivite 2: Kreye pwòp Fraz pa w (10– 15 minit)

Nan aktivite 2, repase vokabilè a ak modèl ou te aprann nan sesyon etid pèsonèl la. Se pou w kreyatif. Bi nou se pou nou sèvi ak modèl yo pou nou kreye tout kantite kesyon ak repons nou kapab.

senbòl 3
Activity 3: Create Your Own Conversations (15–20 minutes)

Aktivite 3: Kreye pwòp Konvèsasyon pa nou (15– 20 minit)

Nan aktivite 3, pratike konvèsayon konplè nan sitiyasyon reyèl lavi. Bi nou se pou gen bon jan konvèsasyon pandan n ap sèvi ak Anglè nou te aprann nan.

Evaluate (5–10 minutes)

Evalye (5—10 minit)

Nan fen chak konvèsasyon an gwoup, evalye pwogrè nou yo sou objektif leson yo. Itilize “Kontwòl Etid Pèsonèl” la pou evalye efò nou nan etid pèsonèl, epi plase bi pou nou amelyore. Pran tan pou nou fete pwogrè nou ak efò nou.

Daily Practice

Pratik Kotidyen

Pou aprann Anglè, nou bezwen devlope yon abitid kote nou pratike chak jou. Anplis pou dedye tan pou etid nou, jwenn fason pou nou ranplase aktivite kotidyen nou avèk Anglè. Pa egzanp, lè y ap koute mizik, yo ka koute l an Anglè. Lè w ap gade yon fim, gade li an Anglè oswa mete soutit yo an Anglè. Si n ap rete tann yon kote, pratike konvèsastyon an Anglè yo nan tèt ou. Lè n ap priye, di tout sa nou kapab an Anglè. Kle pou pratike chak jou a se pou itilize Anglè nan woutin nòmal nou.

Nou kapab konplete aktivite leson ak evalyasyon yo anliy tou nan englishconnect.org/learner/resources ak nan Kaye Egzèsis EnglishConnect

Lè nou konplete aktivite etid pèsonèl yo pou chak leson epi nou pratik chak jou, n ap aprann pi vit epi n ap pi byen prepare pou konvèsasyon an gwoup nou an. Itilize “Kontwòl Etid Pèsonèl” nou ajoute nan fen entwodiksyon sa a pou kontwole efò nou ak bi nou yo.

Remember This

Sonje Sa

Lè nou konplete aktivite etid pèsonèl yo, nou pratike chak jou, epi nou byen patisipe nan konvèsasyon an gwoup nou, n ap devlope konpetans nou nan konvèsasyon an Anglè. Pi enpòtan ankò, lè nou aplike prensip aprantisaj kote nou aprann priye pou jwenn èd Bondye, Li kapab ede nou reyisi bi nou yo kounyea ak nan lavni.