EnglishConnect for Missionaries
Leson 20: Lakay


“Leson 20: Fwaye,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo (2022)

“Leson 20,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo

jènfi nan tanp lan

Lesson 20

Home

Objektif: Mwen pral poze ak reponn kesyon sou kote yon moun viv.

Personal Study

Prepare pou konvèsasyon an gwoup ou a nan konplete aktivite A rive nan E.

senbòl a
Study the Principle of Learning: Love and Teach One Another

Renmen ak Anseye Youn Lòt

I can learn by the Spirit as I love, teach, and learn with others.

Mwen ka aprann pa Lespri pandan m ap renmen, anseye, ap aprann avèk lòt moun.

Ou se yon pitit Bondye. Li vle ede ou grandi ak pwogrese. Li vle ede ou devlope nouvo kapasite epi aprann anpil bon bagay. Yon mwayen enpòtan pou aprann se anseye yon lòt moun. Lè ou anseye yon lòt moun, pwòp konpreyansyon pa w ka grandi. Bondye fè nou yon pwomès ekstraòdinè.

“Epi mwen ba nou kòmandman pou nou ansenye youn lòt doktrin wayòm nan.

“Ansenye avèk dilijans epi lagras mwen ap vini sou nou, pou nou ka enstwi pi pafètman,…

“Pou nou ka prepare nan tout bagay” (Doktrin ak Alyans 88:77–78, 80).

Lè nou anseye ak sèvi youn lòt, nou envite Lespri a pou rete avèk nou. Lespri a ka ede nou konprann pi byen epi aprann pi vit. Anseye lòt moun se yon fason Bondye ogmante kapasite nou pou aprann. Pafwa nou pè anseye lòt moun. Pafwa nou pa panse nou genyen anyen pou ofri. Men Bondye konnen ke nou genyen anpil bon bagay pou nou pataje avèk lòt moun. Lè nou pataje sa nou ap aprann, n ap anseye youn lòt. Lè ou anseye lòt moun epi pataje eksperyans ou yo, Lespri a ap ede ou aprann plis toujou.

twa moun ka p souri nan klas Anglè

Ponder

  • Kijan anseye yon lòt moun ka ede ou amelyore sa w ap aprann?

  • Site kèk nan mwayen ou ka ede anseye ak sipòte moun yo nan gwoup EnglishConnect ou a?

senbòl b
Memorize Vocabulary

Aprann siyifikasyon ak pwononsyasyon chak mo avan konvèsasyon an gwoup ou a. Eseye mete etikèt sou bagay yo nan fwaye ou pou ede ou sonje mo Anglè yo.

Where do you live?

Ki kote w ap viv?

I live in …

M ap viv nan …

Nouns 1

apartment

apatman

house

kay

Nouns 2

bathroom/bathrooms

saldeben/saldeben yo

bedroom/bedrooms

chanm/chanm yo

closet/closets

bifèt/bifèt yo

dining room

salamanje/salamanje yo

family room

chanm familyal/chanm familyal yo

kitchen

kizin

living room

salonSal sèlman

room/rooms

sal/sal yo

stairs

eskalye yo

Prepositions

above

anwo

across from

anfas

below

pi ba.

next to

akote

left of/to the left of

agoch/sou kote goch

right of/to the right of

adwat/sou kote dwat

senbòl c
Practice Pattern 1

Pratike itilizasyon modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Ou ka ranplase mo ki souliye yo avèk mo yo nan seksyon “Memorize Vocabulary” a.

Q: Where do you live?A: I live in an (noun 1).

Questions

kesyon modèl 1 kote w ap viv

Answers

repons modèl 1 m ap viv nan yon non 1

Examples

bilding apatman plizyè-etaj

Q: Where do you live?A: I live in an apartment.

kay avèk pye palmis

Q: Where does she live?A: She lives in a house.

senbòl d
Practice Pattern 2

Pratike itilize modèl yo jisaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Eseye repete modèl yo awotvwa. Anvizaje anrejistre tèt ou. Fè atansyon ak pwononsyasyon ak vitès ou.

Q: Where is the (noun 2)?A: It’s (preposition) the (noun 2).

Questions

kesyon modèl 2 ki kote non 2 a ye

Answers

repons modèl 2  se prepozisyon non 2 a

Examples

plan etaj pou cham akouche ak bifèt apatman

Q: Where is the closet?A: It’s next to the bedroom.

plan etaj  pou kuizin ak salamanje apatman

Q: Where is the dining room?A: It’s to the right of the kitchen.

senbòl e
Use the Patterns

Ekri kat kesyon ou ka poze yon moun. Ekri yon repons pou chak kesyon. Li yo awotvwa.

Additional Activities

Konplete aktivite ak evalyasyon leson an anliy nan englishconnect.org/learner/resources oswa nan EnglishConnect 1 Kaye Egzèsis.

Act in Faith to Practice English Daily

Kontinye pratike Anglè chak jou. Itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a. Repase bi etid w la epi evalye efò ou yo.

Conversation Group

Discuss the Principle of Learning: Love and Teach One Another

(20–30 minutes)

twa moun ka p souri nan klas Anglè

senbòl 1
Activity 1: Practice the Patterns

(10–15 minutes)

Repase lis vokabilè a avèk yon patnè.

Pratike modèl 1 avèk yon patnè:

  • Pratike poze kesyon.

  • Pratike reponn kesyon.

  • Pratike yon konvèsasyon nan itilize modèl yo.

Repete pou modèl 2.

senbòl 2
Activity 2: Create Your Own Sentences

(10–15 minutes)

Poze ak reponn kesyon konsènan kote oumenm ak fanmi ou ap viv. Youn apre lòt. Chanje patnè epi pratike ankò.

yon fi ki ap vide te
  • A: Where do you live?

  • B: I live in an apartment.

  • A: Where is the kitchen in your apartment?

  • B: In my apartment, the kitchen is next to the living room.

senbòl 3
Activity 3: Create Your Own Conversations

(15–20 minutes)

Part 1

Gade plan etaj la. Poze ak reponn kesyon yo konsènan kote chanm yo ye. Youn apre lòt.

plan etaj apatman an
Example
  • A: Where is the dining room?

  • B: The dining room is to the right of the kitchen.

Part 2

Desine rapidman yon plan etaj. Mete etikèt sou chanm yo. Poze ak reponn kesyon konsènan kote chanm yo ye yo. Di pi plis ou kapab. Youn apre lòt.

New Vocabulary

How many bedrooms are there?

Ki kantite chanm ki genyen?

Is there a living room?

Èske genyen yon salon?

Example
  • A: How many rooms are there?

  • B: There are two rooms.

  • A: Is there a kitchen?

  • B: Yes, there is.

  • A: Where is the living room?

  • B: The living room is next to the kitchen.

Evaluate

(5–10 minutes)

Evalye pwogrè w sou objektif ak efò ou yo pou pratike Anglè chak jou.

Evaluate Your Progress

I can:

  • Talk about where I live.

    Pale konsènan kote m ap viv.

    figi endiferan, figi kontan, ak figi jwaye
  • Ask and talk about where others live.

    Mande epi pale konsènan kote lòt moun ap viv.

    figi endiferan, figi kontan, ak figi jwaye
  • Say where rooms are in a house or an apartment.

    Di ki kote chanm yo ye nan yon kay oswa yon apatman.

    figi endiferan, figi kontan, ak figi jwaye

Evaluate Your Efforts

Evalye efò ou pou:

  1. Etidye prensip aprantisaj la.

  2. Memorize vokabilè yo.

  3. Pratike modèl yo.

  4. Pratik chak jou.

Fikse yon bi. Konsidere sijesyon pou etid yo nan “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” la.

Pataje bi w la avèk yon patnè.

Act in Faith to Practice English Daily

“Si nou anseye ak aprann nan fason Senyè a preskri a, l ap voye Lespri li a pou edifye ak eklere lè nou fè sa” (Dallin H. Oaks, “Anseye ak Aprann pa Lespri,” Ensign, Mas 1997, 6).