“Leson 19: Lajan,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo (2022)
“Leson 19,” EnglishConnect 1 pou Etidyan
Lesson 19
Money
Objektif: M pral aprann poze ak reponn kesyon konsènan achte bagay.
Personal Study
Prepare pou konvèsasyon an gwoup ou an nan konplete aktivite A rive nan E.
Study the Principle of Learning: Exercise Faith in Jesus Christ
Egzèse Lafwa nan Jezikri
Jesus Christ can help me do all things as I exercise faith in Him.
Jezikri ka ede mwen fè tout bagay si mwen egzèse lafwa nan Li.
Yon jou, Jezikri t ap anseye dèmilye moun nan dezè a. Jezi ak disip Li yo te enkyete paske moun yo pat pote onkenn manje. Yon tigason nan gwoup la te ofri senk pen ak de pwason pou pataje. Anpil moun t ap mande tèt yo kouman sèlman senk pen ak de pwason ta ka nouri tout pèp la. Men, Jezi te remèsye Bondye pou manje a, Li te beni l, divize an panye, epi L te voye l bay disip yo pou yo pataje l. Bib la di:
“Epi yo tout te manje, epi yo te ranpli: epi … [te gen] douz panye ki te rete ranpli” (Matye 14:20).
Tout moun te manje, te gen manje anplis. Sete yon mirak. Menm jan an, ou ka santi ou pa gen ase tan pou w etidye Anglè. Suiv egzanp Jezi nan istwa sa a. Rèmèsye Bondye pou tan ak enèji ou genyen an epi mande L pou L beni l. Si w bay sa ou kapab avèk lafwa, Bondye ka ogmante kapasite w. Menmsi ou sèlman gen yon ti tan, petèt ou ka etidye kèk modèl oubyen ou ka eseye itilize kèk nouvo mo chak jou. Bondye ka fè efò w yo vin pi pwodiktif. Lè w gen lafwa nan Jezikri epi w suiv kòmandman L yo, sa ka ede w fè plis bagay ou ta panse ki ta ka posib.
Ponder
-
Kouman Bondye ka ede w aprann Anglè?
-
Panse a lè kote Bondye te ede w fè plis pase sa ou te panse ki te posib? Kisa w te fè? Kisa L te fè?
Memorize Vocabulary
Apran siyifikasyon ak pwononsyasyon chak mo avan konvèsasyon gwoup ou a. Eseye aplike mo yo nan lavi ou. Panse sou lè ak kote ou ta ka itilize mo yo.
|
buy |
achte |
|
cost/costs |
pri/pri yo |
|
want |
vle |
|
How much does this cost? |
Konbyen sa a koute? |
Nouns
|
coat/coats |
manto/manto yo |
|
dress/dresses |
rad/rad yo |
|
pants |
pantalon |
|
shirt/shirts |
chemiz/chemiz yo |
|
shoe/shoes |
soulye/ssoulye yo |
|
tie/ties |
kravat/kravat yo |
|
car/cars |
machin/machin yo |
|
phone/phones |
telefòn/telefòn yo |
Price
|
$50/fifty dollars |
$50/senkant dola |
Adjectives
|
cheap |
bon mache |
|
expensive |
chè |
|
good |
byen |
|
bad |
move |
Practice Pattern 1
Pratike itilizasyon modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Ou ka ranplase mo ki souliye yo avèk mo yo nan seksyon “Memorize Vocabulary” a.
Q: How much does this (noun) cost?A: It costs (price).
Questions
Answers
Examples
Q: How much does this phone cost?A: It costs five hundred dollars.
Q: How much do these pants cost?A: They cost twenty dollars.
Practice Pattern 2
Pratike itilize modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon avèk konfyans. Eseye aprann plis konsènan modèl ki nan leson sa a. Konsidere itilize liv gramè oubyen sitwèb.
Q: Do you want to buy this (noun)?A: Yes, this (noun) is (adjective).
Questions
Answers
Examples
Q: Do you want to buy that car?A: Yes, that car is cheap.
Q: Does she want to buy these shoes?A: No, those shoes are expensive.
Use the Patterns
Ekri kat kesyon ou ka poze yon moun. Ekri yon repons pou chak kesyon. Li yo awotvwa.
Additional Activities
Konplete aktivite ak evalyasyon leson an anliy nan englishconnect.org/learner/resources oswa nan EnglishConnect 1 Kaye Egzèsis.
Act in Faith to Practice English Daily
Kontinye pratike Anglè chak jou. Itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a. Repase bi etid w la epi evalye efò ou yo.
Conversation Group
Discuss the Principle of Learning: Exercise Faith in Jesus Christ
(20–30 minutes)
-
Li prensip aprantisaj pou leson sa awotvwa.
-
Diskite kesyon yo.
Activity 1: Practice the Patterns
(10–15 minutes)
Repase lis vokabilè a avèk yon patnè.
Pratike modèl 1 avèk yon patnè:
-
Pratike poze kesyon.
-
Pratike reponn kesyon.
-
Pratike yon konvèsasyon nan itilize modèl yo.
Repete pou modèl 2.
Activity 2: Create Your Own Sentences
(10–15 minutes)
Gade foto yo. Itilize yon pri pou chak objè. Pa di patnè w la ki pri ou chwazi. Poze epi reponn kesyon konsènan konbyen chak bagay koute. Pran tou.
New Vocabulary
|
apple/apples |
pòm/pòm yo |
|
motorcycle/motorcycles |
motosiklèt/motosiklèt yo |
|
table/tables |
tab/tab yo |
Example
-
A: How much do your apples cost?
-
B: They cost three dollars. Do you want to buy these apples?
-
A: Yes, those apples are cheap.
-
B: How much do your apples cost?
-
A: My apples cost five dollars. Do you want to buy these apples?
-
B: No, those apples are expensive.
Image 1
Image 2
Image 3
Image 4
Activity 3: Create Your Own Conversations
(15–20 minutes)
Jwe wòl. Patnè A a ap machande rad epi l gen 50 dola pou l depanse. Patnè B a travay nan yon magazen rad. Poze epi reponn kesyon konsènan objè nan chak foto yo. Patnè A a deside kisa pou l achte epi l pa ka depanse plis pase 50 dola. Chanje wòl.
New Vocabulary
|
pretty |
bèl |
|
ugly |
lèd |
|
Why not? |
Poukwa pa? |
|
Yes, I want to buy it. |
Wi, m vle achte l. |
|
No, I don’t want to buy it. |
Non, m pa vle achte l. |
Example
-
A: How much does this shirt cost?
-
B: It costs 15 dollars. Do you want to buy it?
-
A: No, I don’t want to buy it.
-
B: Why not?
-
A: That shirt is expensive and ugly.
Image 1
40 dollars
Image 2
20 dollars
Image 3
25 dollars
Image 4
10 dollars
Evaluate
(5–10 minutes)
Evalye pwogrè w sou objektif ak efò ou yo pou pratike Anglè chak jou.
Evaluate Your Progress
I can:
-
Ask and answer questions about how much something costs.
Poze epi reponn kesyon konsènan konbyen yon bagay koute.
-
Say why I want to buy something.
Di poukisa m vle achte yon bagay.
-
Say why I don’t want to buy something.
Di poukisa m pa vle achte yon bagay.
Evaluate Your Efforts
Evalye efò ou pou:
-
Etidye prensip aprantisaj la.
-
Memorize vokabilè yo.
-
Pratike modèl yo.
-
Pratik chak jou.
Fikse yon bi. Konsidere sijesyon pou etid yo nan “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” la.
Pataje bi w la avèk yon patnè.
Act in Faith to Practice English Daily
“Vrèman, lafwa se pouvwa ki pèmèt bagay ki enkwayab akonpli sa ki enposib. Pa minimize lafwa ou deja genyen an” (Russell M. Nelson, “Kris la Resisite, Lafwa nan Li Ap Fè Nou Deplase Montay,” Liahona, Me 2021, 104).