Ekriti yo
Elaman 14


Chapit 14

Samyèl predi limyè pandan nuit la ak yon nouvo zetwal lè nesans Kris la—Kris la rachte lèzòm anba lanmò chanèl ak lanmò espirityèl—Ap gen twa jou fènwa kòm siy lanmò Li, wòch yo ap fann epi nati a ap chanje anpil. Anviwon 6 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, se te konsa, aSamyèl, Lamanit la te pwofetize anpil lòt bagay ki pa t kapab ekri.

2 Epi gade, li te di yo: M ap ba nou yon siy; nan senk ane ankò, Pitit Gason Bondye a pral vini pou l rachte tout moun ki kwè nan non l.

3 Epi gade, se sa m ap ba nou kòm yon asiy nan lè l ap vini an; paske gade ap gen gwo limyè nan syèl la; nan nuit anvan l vini an, p ap gen fènwa, pou lèzòm, l ap sanble ak lajounen.

4 Men, pral gen yon jou, e yon nuit ak yon jou, tankou se te yon sèl jou epi p ap gen nuit; sa ap sèvi nou yon siy; paske n ap konnen lè solèy la leve ak lè l kouche; se poutèt sa, y ap konnen tout bon ap gen yon jou ak yon nuit; men, nuit la p ap fènwa epi se ap nuit anvan l afèt la.

5 Epi gade, yon nouvo azetwal pral leve, yon zetwal nou pa t janm wè anvan; se ap yon siy pou nou tou.

6 Epi gade, Se pa tout la sa, ap gen anpil siy ak gwo bagay nan syèl la.

7 Epi, se pral konsa, nou tout ap sezi e n ap tèlman etone, n ap atonbe atè.

8 Epi, tout moun yo ki akwè nan Pitit Gason Bondye a, y ap gen lavi pou tout tan.

9 Epi gade, se sa Senyè a te kòmande m pa mwayen zanj li a, pou m vin di nou; wi, li te kòmande pou m pwofetize nou bagay sa yo; wi, li te di m: Rele nan zòrèy pèp sa a, repanti e pare chemen Senyè a.

10 Epi, kounyeya, poutèt m se yon Lamanit e m pale nou pawòl Senyè a te kòmande m, e poutèt sa te blese nou, nou fache kont mwen e n ap chèche detwi m e nou achase m nan pami nou.

11 Epi, nou pral tande pawòl mwen yo, paske se pou rezon sa a m monte sou kloti vil sa a, pou nou kapab tande e pou nou kapab konnen jijman Bondye k ap rete tann nou poutèt inikite nou yo, epi tou pou nou kapab konnen kondisyon repantans yo;

12 Epi, pou nou kapab enfòme sou vini Jezikri, Pitit Gason Bondye a, aPapa syèl la ak tè a, Kreyatè tout bagay depi nan kòmansman, pou nou kapab konnen siy vini li an, nan entansyon pou nou kwè nan non l.

13 Epi, si nou akwè nan non l, n ap repanti nan tout peche nou yo, pou nou kapab gen remisyon peche nou yo pa mwayen bmerit li a.

14 Epi gade, ankò, m ap ba nou yon lòt siy, wi, yon siy konsènan lanmò l.

15 Paske gade, l ap mouri kanmèm pou asali kapab vini; wi, sa konvnab pou li e se nesesè pou l mouri, pou l kapab reyalize brezirèksyon mò yo, pou lèzòm kapab vini nan prezans Senyè a.

16 Wi gade, lanmò sa a reyalize rezirèksyon an, e li arachte tout moun anba premye lanmò a—Lanmò espirityèl la; paske tout limanite, poutèt bchit a Adan an, Senyè a te crejte yo sòti nan prezans li, e se kòm si yo te dmouri ni nan bagay tanporèl ak ni nan bagay espirityèl.

17 Men gade, rezirèksyon Kris la rachte alimanite, wi, tout limanite menm, epi li mennen yo tounen nan prezans Senyè a.

18 Wi, e li reyalize kondisyon repantans la pou nenpòt moun ki repanti kapab pa koupe jete nan dife; men, nenpòt moun ki pa repanti pral koupe jete nan dife; epi lanmò espirityèl la ap vini sou yo ankò, wi, yon dezyèm lanmò, paske yo separe ankò ak bagay ki gen rapò ak lajistis.

19 Se poutèt sa, repanti, repanti, pou lè nou konnen bagay sa yo e nou pa aplike yo, pou nou pa mete tèt nou nan kondanasyon, e pou nou pa desann nan dezyèm lanmò sa a.

20 Men gade, jan m te di nou konsènan alòt siy nan, siy lanmò li a, jou l mouri a, solèy la pral bfènwa, e l ap refize ba nou limyè li; lalin nan ak zetwal yo tou; p ap gen limyè sou sifas tè sa a, depi lè l mouri a, pou ctwa jou, jouk lè l leve nan pami mò yo.

21 Wi, nan moman li rann lespri a, ap gen aloray ak zeklè pou anpil tan, tè a pral souke, l ap tranble; e wòch yo ki sou sifas tè sa a, ki ni anlè ak ni anba, e nou wè ki solid kounyeya, oubyen plis ladan l se yon mas solid, y ap bkraze;

22 Wi, yo pral fann fè de bout, e depi lè sa a, moun pral a yo gen fant ak krak, y ap yon bann mòso sou tout tè a, wi, ni sou tè a, ak anba tè a.

23 Epi gade, pral gen gwo tanpèt, anpil montay pral fè bafon tankou vale, gen anpil kote ki rele vale kounyeya, k ap vin rele montay, y ap wo anpil.

24 Epi, anpil gwo wout pral kraze e anpil avil pral vin vid.

25 Epi, anpil atonb pral louvri bay anpil mò sòti, e anpil sen pral fè anpil moun wè yo.

26 Epi gade, se konsa azanj la te pale m; li te di m pral gen loray ak zeklè pou anpil tan.

27 Epi, li te di m pandan loray ak zeklè ak tanpèt yo, bagay sa yo gen pou yo rive, afènwa pral kouvri sifas tout tè a pou twa jou.

28 Epi, zanj la te di m konsa, gen anpil moun ki pral wè pi gwo bagay pase sa a, pou yo kapab akwè siy ak mèvèy sa yo fèt nan tout peyi sa a, pou kapab pa gen rezon pou enkredilite nan pami pitit lèzòm yo—

29 Epi, pou moun ki kwè yo kapab sove, epi tout moun ki pa kwè, yon ajijman ki jis ap tonbe sou yo; e si yo kondane, yo rale kondanasyon sou tèt yo.

30 Epi, kounyeya, sonje, sonje frè m yo, nenpòt moun ki peri, li peri pou tèt pa l, e nenpòt moun ki fè inikite, li fè l pou tèt pa l, paske nou alib; nou gen pèmisyon pou nou aji pou tèt pa nou; paske Bondye ba nou yon bkonesans e li fè nou lib.

31 Li kite nou akonnen byen ak mal, li kite nou bchwazi lavi oubyen lanmò; nou kapab fè byen pou nou kapab jwenn sa ki bon, oubyen pou nou kapab crestore nan sa ki byen; oubyen nou kapab fè mal pou nou kapab restore avèk sa ki pa bon.