Ekriti yo
Elaman 15


Chapit 15

Senyè a chatye Nefit yo paske Li renmen yo—Lamanit konvèti yo vin fèm epi yo mache dwat nan lafwa—Senyè a ap gen mizèrikòd pou Lamanit yo nan dènye jou yo. Anviwon 6 anvan Jezikri.

1 Epi, kounyeya, frè byenneme mwen yo, m deklare nou, si nou pa repanti kay nou yo ap rete avid.

2 Wi, si nou pa repanti madanm nou ap gen bon rezon pou yo plenyen lè y ap bay pitit yo tete, paske, n ap chèche kouri, e p ap gen kote pou nou kache; wi, malè pou moun ki aansent, paske y ap lou, yo p ap kapab kouri, se poutèt sa, moun ap pilonnen yo e y ap ret peri.

3 Wi, malè pou pèp sa a ki rele pèp Nefi a, si yo pa repanti lè yo wè tout siy ak mèvèy sa yo Bondye gen pou l montre yo; paske gade se yon pèp Senyè a te chwazi; wi, li te renmen pèp Nefi a e li te achatye yo; wi li te chatye yo nan jou inikite yo paske li renmen yo.

4 Men gade, frè m yo, li te rayi Lamanit yo paske zèv yo te move nèt ale poutèt inikite atradisyon zansèt yo men gade, yo vin sove poutèt predikasyon Nefit yo, e se poutèt sa Senyè a bpwolonje lavi yo.

5 Epi, m ta renmen nou wè, amajorite ladan yo ap mache nan chemen devwa yo; y ap mache nan lòd devan Bondye, yo eseye respekte kòmandman li yo ak regleman li yo ak jijman li yo daprè lalwa Moyiz la.

6 Wi, m ap di nou konsa, majorite ladan yo fè sa, e y ap fè efò ak dilijans, san yo pa fatige, pou yo kapab mennen rès frè yo nan konesans verite a; se poutèt sa, gen anpil ki ajoute sou kantite yo te ye a chak jou.

7 Epi gade, nou konnen pou tèt pa nou, paske nou se temwen, nou konnen tout kantite ladan yo ki vin gen konesans verite a, e ki vin konnen konsènan move tradisyon abominab zansèt yo, ki vin kwè nan ekriti ki sen yo; wi, pwofesi pwofèt ki sen yo ki ekri, ki mennen yo avèk lafwa nan Senyè a, ak nan repantans; lafwa ak repantans sa a ki mete yon achanjman nan kè yo—

8 Se poutèt sa, tout moun ki vini nan bagay sa a, nou konnen pou tèt pa nou ki jan yo afèm, e ki jan yo djanm nan lafwa a, e nan bagay ki ba yo libète a.

9 Epi, nou konnen yo te aantere lèzam pou lagè yo, e yo te pè detere yo pou yo pa t fè peche; wi, nou kapab wè yo pè fè peche—paske gade, yo pito ènmi yo pyetine yo, touye yo, e yo p ap leve epe kont yo poutèt lafwa yo genyen nan Kris la.

10 Epi, kounyeya, poutèt fèmte yo lè yo kwè nan bagay yo kwè a, paske, poutèt fèmte yo yon fwa yo resevwa limyè a, Senyè a ap beni yo e l ap fè yo viv lontan, malgre inikite yo—

11 Wi, menm si yo ta dejenere nan enkredilite Senyè a ap apwolonje jou yo jistan jou zansèt nou yo ak pwofèt bZenòs, ak anpil lòt pwofèt yo te pale a rive, pou crestorasyon frè nou yo, Lamanit yo, nan konesans verite a ankò—

12 Wi, m di nou, nan dènye tan yo, apwomès Senyè a pral akonpli pou frè nou yo, Lamanit yo; e malgre tout kantite afliksyon y ap genyen, e malgre y ap bgaye pasi-pala sou sifas tè a, y ap chase, y ap frape, y ap gaye tout kote, yo p ap gen kote pou yo kache, Senyè a ap gen cmizèrikòd pou yo.

13 Epi, se daprè pwofesi a; yo gen pou yo avini nan vre konesans la, ki se konesans Redanmtè yo a ak gwo bbèje tout bon yo a, e y ap konte nan twoupo li a.

14 Se poutèt sa, m di nou, l ap api bon pou yo pase nou, si nou pa repanti.

15 Paske gade, si l ate montre yo gwo travay li te montre nou an, wi, yo menm ki te dejenere nan enkredilite poutèt tradisyon zansèt yo; nou kapab wè pou tèt pa nou, yo pa t ap janm dejenere nan enkredilite ankò.

16 Senyè a di konsa, se poutèt sa m p ap detwi yo nèt, men, nan jou lasajès pa m, m ap fè yo retounen vin jwenn mwen.

17 Epi kounyeya gade, Senyè a di, konsènan pèp Nefit yo: Si yo pa repanti, e si yo pa fè volonte m, m ap adetwi yo nèt, poutèt enkredilite yo, malgre tout gwo travay m te fè nan pami yo; e menm jan mwen menm Senyè a, m vivan tout bon an, se konsa bagay sa yo gen pou yo rive.