Ekriti yo
Elaman 16


Chapit 16

Nefi batize Nefit ki kwè nan pawòl Samyèl yo—Flèch ak wòch Nefit ki pa repanti yo pa kapab touye Samyèl—Kèk moun fè kè di epi kèk lòt moun wè zanj—Enkredil yo di li pa rezonab pou yo kwè nan Kris la ak vini Kris la nan Jerizalèm. Anviwon 6–1 anvan Jezikri.

1 Epi, kounyeya, te gen anpil moun ki te tande pawòl Samyèl yo, Lamanit la, ki te pale sou tèt kloti vil la. Epi tout moun ki te kwè nan non l, yo t al chèche Nefi; e lè yo te jwenn li, yo te konfese peche yo ba li yo pa t nye yo, paske yo te vle batize nan Senyè a.

2 Men, tout moun ki te la epi ki pa t kwè nan pawòl Samyèl yo te fache kont li; e yo te voye wòch dèyè l sou kloti a, epi tou anpil moun te tire flèch sou li pandan l te kanpe sou kloti a; men, Lespri Senyè a te tèlman avèk li, yo pa t kapab frape l avèk wòch yo ni avèk flèch yo.

3 Kounyeya, lè yo te wè yo pa t kapab frape l, te gen pi plis ankò ki te kwè pawòl li yo, yo te al jwenn Nefi pou yo batize.

4 Paske gade, Nefi t ap batize, pwofetize, preche, kriye repantans bay pèp la, li t ap montre siy, mèvèy, li t ap fè amirak nan pami pèp la pou yo te kapab konnen Kris la gen pou l vini nan yon btikras tan—

5 Li te di yo bagay ki gen pou rive nan yon tikras tan, pou yo kapab konnen, epi pou yo kapab sonje lè bagay sa yo rive, pou yo konnen yo davans, nan entansyon pou yo kapab kwè; se poutèt sa tout moun ki te kwè nan pawòl Samyèl yo t al jwenn li pou l te batize yo, paske yo repanti e yo te konfese peche yo.

6 Men, pi plis ladan yo pa t kwè nan pawòl Samyèl yo; se poutèt sa, lè yo te wè yo pa t kapab frape l avèk wòch epi ak flèch yo, yo te pote plent bay kaptèn yo, yo te di konsa: Pran nonm sa a epi mare l; paske, gade, yon dyab anpare l; e poutèt pouvwa dyab la ki sou li a nou pa kapab frape l avèk wòch epi ak flèch nou yo; se poutèt sa pran l, mare l e ale avèk li.

7 Epi pandan yo ta pral mete men sou li, li te lage kò l desann sòti sou kloti a, e li te kouri sòti nan peyi yo a; wi, li t ale nan peyi pa l, e li te kòmanse preche ak pwofetize nan pami pèp li a.

8 Epi gade, lè sa a, yo pa t janm tande anyen konsènan l ankò nan pami Nefit yo; e se konsa sitiyasyon pèp la te ye.

9 Epi konsa katreven-sizyèm ane gouvènman jij yo sou pèp Nefi a te fini.

10 Epi konsa katreven-setyèm ane gouvènman jij yo te fini tou; pi fò moun nan pami pèp la te rete nan lògèy ak nan mechanste yo, e pi piti kantite moun yo te mache nan dwati devan Bondye.

11 Epi tou, se te sitiyasyon yo sa nan katreven-ywityèm ane gouvènman jij yo.

12 Epi te gen yon ti kras chanjman nan sitiyasyon pèp la, eksepte pèp la te kòmanse vin pi fou nan inikite, e yo te pwofondè plis nan bagay ki opoze ak kòmandman Bondye yo, nan katreven-nevyèm ane gouvènman jij yo.

13 Men, se te konsa, nan katreven-dizyèm ane gouvènman jij yo, pèp la te resevwa agwo siy, ak mèvèy; epi pawòl pwofèt yo te bkòmanse akonpli.

14 Epi azanj yo te parèt devan lèzòm, moun ki te saj yo, e yo te deklare yo bòn nouvèl ki pote gwo lajwa; konsa, nan ane sa a, ekriti yo te kòmanse akonpli.

15 Malgre sa, pèp la te kòmanse fè kè di, yo tout, eksepte yon pati nan pami yo ki te gen plis kwayans. Ni Nefit yo ni Lamanit yo te kòmanse depann sou fòs pa yo ak asajès pa yo; e yo te di konsa:

16 Nan tout bagay pwofèt yo te pwofetize yo, gen kèk yo te byen devine; men gade, nou konnen tout gwo zèv mèvèy pwofèt yo te pale yo pa t kapab reyalize.

17 Epi, yo te kòmanse fè lojik, e yo te kòmanse diskite yonn ak lòt, yo te di konsa:

18 aSe pa rezonab pou yon èt tankou Kris la ta vini; si se vre, e si li se Pitit Gason Bondye a, Papa syèl la ak tè a, jan sa te pale a, poukisa li pa fè nou wè l, e poukisa li pa fè moun ki nan Jerizalèm yo wè l tou?

19 Wi, poukisa li pa fè wè l menm jan avèk nan peyi Jerizalèm nan?

20 Men gade, nou konnen se yon atradisyon mechan, zansèt nou yo te pase ban nou, pou fè nou kwè nan yon gwo zèv mèvèy ki dwe akonpli, se pa nan pami nou, men nan yon peyi ki lwen, yon peyi ke nou pa konnen; konsa yo kapab kenbe nou nan iyorans, paske nou pa kapab btemwen ak je pa nou si yo se verite.

21 Epi avèk mètdam, ak manèv misterye malen an, y ap akonpli kèk gran mistè nou pa kapab konprann, k ap kenbe nou atè pou nou tounen esklav pawòl yo, ak esklav yo tou, paske nou depann sou yo pou yo preche nou pawòl la; e konsa y ap kenbe nou nan iyorans si nou lage kò nou ba yo pou tout lavi nou.

22 Epi pèp la te imajine anpil lòt bagay nan kè l, ki te fou e ki te asan valè; e yo te twouble anpil, paske Satan te pouse yo fè inikite tout tan; wi, li te mache gaye tripotaj ak chirepit nan tout peyi a pou l te kapab fè kè pèp la di kont sa ki te bon ak sa ki te gen pou rive.

23 Epi malgre siy ak mèvèy ki te fèt nan pami pèp Senyè a, ak pakèt mirak yo te fè, Satan te gen gran kontwòl sou kè pèp la nan tout peyi a.

24 Epi se konsa katreven-dizyèm ane gouvènman jij yo sou pèp Nefi a te fini.

25 Epi konsa liv Elaman an te fini, daprè istwa Elaman ak istwa pitit gason li yo.