Doktrin ak Alyans 2021
23–29 out. Doktrin ak Alyans 93: “Resevwa Tout Bagay”


“23–29 out. Doktrin ak Alyans 93: ‘Resevwa Tout Bagay,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“23–29 out. Doktrin ak Alyans 93,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch

Imaj
Etyèn wè Bondye ak Jezikri

Mwen wè Pitit Gason Lòm nan Kanpe Adwat Bondye, pa Walter Rane

23–29 out.

Doktrin ak Alyans 93

“Resevwa Tout Bagay”

Moun w ap anseye yo se pitit gason ak pitit fi espri presye Paran Selès epi yo gen potansyèl diven. Apre w te fin etidye Doktrin ak Alyans 93 la, kisa ou santi ki te enspire w pou ede yo grandi nan “limyè ak verite”? (vèsè 36).

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ekri sou tablo a Nan Doktrin ak Alyans 93, Jezikri envite nou pou nou… Envite manm klas la pou yo sigjere fason yo t ap konplete fraz la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 93

Nou adore Bondye Papa a ak Pitit Gason l lan, Jezikri.

  • Nan etid yo sou Doktrin ak Alyans 93 la, manm klas yo kapab te jwenn anpil verite konsènan Pè Selès la ak Jezikri. Envite manm klas la pou yo pataje sa yo te jwenn. Ou ta kapab divize klas la an gwoup epi bay chak gwoup plizyè vèsè pou yo etidye ansanm. Chak gwoup ta kapab pataje avèk klas apre sa sa yo te aprann sou “kijan pou nou adore, ak … kisa [nou] adore” (vèsè 19).

Doktrin ak Alyans 93:1–39

Nou kapab “resevwa tout sa [Bondye] genyen, epi glorifye.”

Imaj
fenèt an vit

Nou resevwa limyè Bondye lè nou respekte kòmandman l yo epi aprann nan men l.

  • Doktrin ak Alyans 93 la gen anpil verite konsènan nati etènèl nou ak potansyèl nou kòm pitit Bondye. Kèk manm klas nan la kapab te dekouvri verite sa yo diran etid yo nan seksyon 93 la lakay yo (gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Moun ki te fè sa yo ta kapab pataje sa yo te jwenn nan, epi nou ka dekouvri lòt verite antanke klas. Kijan verite sa yo ta kapab afekte fason nou trete moun ki bò kote nou oswa pwòp tèt nou?

  • Men yon lòt fason pou nou aprann konsènan nati ak potansyèl etènèl nou: manm klas la ta kapab li ansanm vèsè 24 la epi ekri twa tit yo sou tablo a: Jan nou ye, Jan nou te ye, ak Jan nou pral vin ye Ou ta kapab divize klas la an twa gwoup apre sa epi mande chak gwoup pou yo chèche nan Doktrin ak Alyans 93:6–39, pou yo ka jwenn verite konsènan idantite etènèl prezan, pase, ou fiti nou. Chak gwoup ta kapab ekri sa yo jwenn yo anba twa tit yo. Kijan verite sa yo enfliyanse chwa n ap fè?

Doktrin ak Alyans 93:40–50

Nou resevwa kòmandman pou nou “mete pwòp kay pa [nou] nan lòd.”

  • Kòmandman pou nou “mete pwòp kay pa [nou] nan lòd” la (vèsè 43) pa konsène sèlman òganize plaka ak pandri men li konsène anseye—ak aprann—“limyè ak verite” tou (vèsè 42). Petèt manm klas la ta kapab pataje kijan y ap eseye suiv konsèy sa a. Ki pwoblèm yo konfwonte? Ki verite ou prensip nan Doktrin ak Alyans 93 la ki kapab ede?

  • Nan kad diskisyon w lan konsènan vèsè sa yo, manm klas la ta kapab li kèk pati nan mesaj Prezidan Eyring lan “Yon Kay Kote Espri Senyè a Rete” (Ensign ou Lyawona, Me 2019, 22–25) epi pataje tout refleksyon ki gen rapò avèk verite ki nan Doktrin ak Alyans 93:40–50 la. (Gade nan deklarasyon ki nan seksyon “Resous Adisyonèl.” la tou).

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous Adisyonèl

“Asire w ke yo pi dilijan ak pi sousye lakay yo.”

Èldè David A. Bednar te anseye:

“Nan biwo m gen yon bèl tablo ki reprezante yon jaden ble. Tablo a se yon gwo koleksyon kout penso endividyèl—okenn ladan yo pa twò enteresan ni enpresyonan poukont pa yo. Anfèt, si w kanpe pre tablo a, sèl sa ou kapab wè se yon mas tras penti koulè jòn, lò ak mawon ki sanble yo pa gen rapò antreyo e ki pa atiran. Sepandan, lè w elwaye w de tablo a ti kras pa ti kras, tout kout penso endividyèl yo konbine ansanm epi yo pwodui yon peyizaj mayifik pou yon jaden ble. Anpil kout penso endividyèl, òdinè travay ansanm pou kreye yon tablo kaptivan ak bèl.

“Chak priyè familyal, chak epizòd etid ekriti familyal, e chak sware familyal se yon kout penso sou tablo nanm nou an. Okenn nan bagay sa yo gen dwa pa parèt trè enpresyonan ni memorab. Men, menmjan kout penso koulè jòn ak lò ak mawon yo youn konplete lòt pou pwodui yon chedèv enpresyonan an, se konsa tou konsistans nou nan fè bagay ki sanble yo piti yo kapab mennen nou nan rezilta espirityèl siyifikatif.” “Se poutèt sa, pa sispann fè byen, paske n ap poze fondasyon yon gwo travay. Epi se nan ti bagay, sa ki gran soti.’ (D&A 64:33). Konsistans se yon prensip kle lè n ap poze fondasyon yon travay nan lavi nou kòm moun ak lè nou vin pi dilijan ak pi sousye lakay nou” (“Pi Dilijan ak Pi Sousye Lakay,” Ensign ou Liahona, Nov. 2009, 19–20).

Amelyore ansèyman nou

Eksprime lanmou. “Selon sikonstans ou, ou gen dwa eksprime lanmou pou moun w ap anseye yo nan fè yo konpliman ki sensè, nan enterese nan lavi yo, nan koute yo avèk atansyon, nan fè yo patisipe nan leson an, nan rann yo sèvis, oubyen senpleman nan salye yo avèk chalè lè w wè yo” (Anseye nan Fason Sovè a, 6).