Doktrin ak Alyans 2021
2–8 Out. Doktrin ak Alyans 85–87: “Kanpe nan Kote ki Sen”


“2–8 Out. Doktrin ak Alyans 14-17: ‘Kanpe nan Kote ki Sen,’” Vini, Suiv Mwen -- Pou Lekoldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“2–8 Out. Doktrin ak Alyans 85–87,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
fanmi ka p mache ale nan tanp

2–8 Out.

Doktrin ak Alyans 85–87

“Kanpe nan kote ki sen”

Pa santi w oblije kouvri chak vèsè—ni menm chak seksyon—ki nan Doktrin ak Alyans pou Lekòldidimanch la. Kite Lespri a gide ou, epi rete atantif ak sa manm klas la jwenn ki ka aplike nan lavi pa yo.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Manm klas la ta ka fouye nan Doktrin ak Alyans 85–87 pou jwenn yon mo oswa yon pasaj ki sanble gen enpòtans pou yo (petèt youn yo te make nan ekriti pa yo). Mande yo pou yo ekri mo oswa pasaj yo sou tablo a, epi chwazi kèk nan yo pou yon diskisyon.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 85:6

Lespri a pale avèk yon “ti vwa dous piti.”

  • Nan Doktrin ak Alyans 85:6, Pwofèt Joseph Smith te itilize yon langaj deskriptif pou li pale konsènan fason Lespri a te pale ak li. Kisa nou aprann konsènan Sentespri a apati deskripsyon li an? Ou ta ka mande manm klas la pou yo reflechi konsènan moman kote lespri a te pale ak yo—kijan yo ta p dekri eksperyans pa yo a? Yo ka jwenn deskripsyon adisyonèl nan pasaj ekriti tankou sila yo: Lik 24:32; Mozya 5:2; Alma 32:28; Elaman 5:30; Doktrin ak Alyans 6:22–23; 11:12–13.

  • Èske nou ka reflechi sou yon leson objè oswa demonstrasyon ki ta ilistre chichotman trankil, tou piti Lespri a? Petèt ou ta ka kite kèk mizik sakre ap jwe tou ba pandan manm klas la ap rantre nan sal la. Manm klas la ta ka pale konsènan fason mizik la te fè yo santi yo ak kijan li ta ka pi difisil pou yo ta tande mizik sa si te genyen distraksyon anpil bri. Sa ta ka mennen nan yon diskisyon konsènan distraksyon nan lavi nou yo ki anpeche nou tande ti vwa dous, tou piti a. Manm klas la ta ka pataje sa yo fè pou ogmante sansiblite yo pou Lespri a—yo ka jwenn kèk konsèy nan “Resous Adisyonèl yo .”

Doktrin ak Alyans 86:1–7

Jis yo ap rasanble nan dènye jou yo.

  • Aktivite ki pi ba a ta ka ede manm klas la konprann senbolis ki nan parabòl sou ble a ak move zèb la: Ou ta ka ekri pasaj senbolik yo nan parabòl la (tankou “moun ka p lage semans yo,” “livrè yo toufe ble a,” “kouto a ap jayi ,” epi “l ap rekòlte ble a” [vèsè 2–4, 7]) ak entèpretasyon posib yo (tankou “Apot yo,” “Apostazi a,” “Retablisman an,” ak “travay msyonè”) sou moso paye separe epi ekspoze yo sou tablo a. Apresa manm klas la ta ka travay ansanm pou fè koresponn senbòl yo ak siyifikasyon yo, pandan yo itilize sa yo aprann nan Doktrin ak Alyans 86:1–7 (yo ta ka li tou Matye 13:37–43). Poukisa li fè anpil sans ke Senyè a di ke li te bay revelasyon sa a “pou sèvitè mwen yo”? (vèsè 1). Ki mesaj nou jwenn ki an rapò ak sèvis nou pou Senyè a? (gade tou vèsè 11).

Doktrin ak Alyans 87:2, 6, 8

N ap jwenn lapè nan “kote ki sen“ yo.

Imaj
yon fi ki deyò yon tanp

Tanp lan se yon andwa ki sen kote nou ka santi lanmou Bondye.

  • Pou ede manm klas la konprann nesesite pou nou “rete … nan kote ki sen yo,” ou ta ka kòmanse pa envite yo pou yo drese lis kèk nan pwoblèm yo rankontre nan dènye jou yo. Yo ta ka jwenn kèk egzanp nan Doktrin ak Alyans 87:2, 6. Apresa ou ta ka diskite kijan envitasyon Senyè a nan vèsè 8 la ka ede avèk pwoblèm sa yo. Kesyon tankou sila yo ta ka ede:

    Kisa ki enpòtan nan mo “kanpe“ a nan vèsè sa a?

    Kisa ki rann yon kote sen?

    Kisa ki ka deplase yon moun fè l kite yon kote ki sen?

    Kijan nou ka asire nou ke moun p ap deplase nou?

  • Petèt manm klas la ta ka gen dezi pou yo pataje youn avèk lòt kèk egzanp sou “kote ki sen yo” ak kisa ki rann yo sakre (ou ta ka fè remake ke yon kote ki sen ka plis pase jis yon espas fizik). Videyo sou “Rete nan Kote ki Sen yo” (ChurchofJesusChrist.org) ka bay kèk ide adisyonèl. Pandan y ap pataje, ankouraje yo pou yo pale konsènan rezon ki fè kote sa yo sen pou yo. Kijan kote ki sen sa a yo ede nou jwenn lapè nan mitan danje yo nan dènye jou yo?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous adisyonèl

Chèche jwenn “yon moman trankilite ak kalmi chak jou.”

Sè Vicki F. Matsumori, yon ansyèn konseyè nan Prezidans Jeneral Primè a, te bay konsèy sa a: “Paske yo souvan dekri Lespri a kòm yon ti vwa dous, tou piti, li … enpòtan pou nou jwenn yon moman trankilite nan lavi nou ki menmjan an tou. Senyè a ba nou konsèy pou nou ‘rete poze, epi konnen ke m se Bondye’ [Sòm 46:10]. Si nou jwenn yon moman trankilite ak kalmi chak jou kote nou pa bonbade ak televizyon, konpitè, jwèt videyo, oswa aparèy elektwonik pèsonèl, nou pèmèt ti vwa dous, tou piti a jwenn opòtinite pou founi nou revelasyon pèsonèl epi pou chichote gidans, asirans sensè, ak rekonfò pou nou” (“Ede Lòt yo Rekonèt Chichotman Lespri a,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2009, 11).

Amelyore ansèyman nou

Prepare avèk moun yo nan lespri w. “Kite sa w konprann de moun w ap anseye yo gide [preparasyon ou]. … Enstriktè ki tankou Kris yo pa oblije atache a yon estil oswa yon metòd patikilye; yo pran angajman pou ede moun yo devlope lafwa nan Jezikri epi vin pi plis tankou li” (Anseye nan Fason Sovè a, 7).