Doktrin ak Alyans 2021
26 Jiyè– 1Out. Doktrin ak Alyans 84: “Pouvwa Divinite a”


“26 Jiyè– 1Out. Doktrin ak Alyans 84: ‘Pouvwa Divinite a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“26 Jiyè– 1Out. Doktrin ak Alyans 84,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021

Imaj
Joseph Smith k ap resevwa Prètriz Melkisedèk la

Retablisman, pa Liz Lemon Swindle

26 Jiyè– 1Out.

Doktrin ak Alyans 84

“Pouvwa Divinite a”

Kisa w pral fè pou envite manm klas la pataje sa yo te aprann pandan etid yo nan Doktrin ak Alyans 84 la?

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite manm klas la pou yo pataje avèk yon lòt manm nan klas la yon verite yo te jwenn nan seksyon 84 la ki te enspire yo oswa ede yo vin pi byen konprann prètriz Bondye a. Apresa envite kèk moun pou pataje avèk klas la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 84:1–5, 17–28, 31–42

Nou tout gen aksè nan pouvwa ak benediksyon prètriz Bondye a.

  • Senyè a kòmanse “revelasyon sou prètriz” sa a (Doktrin ak Alyans 84, antèt seksyon an) nan anseye ke yon tanp pral gen pou bati nan Siyon (gade vèsè 1–5). Kijan w ka ede manm klas la konprann relasyon ki genyen ant objektif sakre tanp yo ak prètriz la? Ou ta ka kòmanse pa ekri yon kesyon sou tablo a tankou Ki objektif prètriz la? epi apresa envite manm klas la pou yo chèche jwenn repons yo nan Doktrin ak Alyans 84:17–28, 31–42. Kijan tanp yo ak òdonans nan tanp yo ede akonpli objektif sa a yo?

  • Pou ede manm yo konprann pouvwa prètriz la ka genyen nan lavi yo, ou ta ka envite yo pou yo li Doktrin ak Alyans 84:17–28 epi reflechi sou fason lavi pa yo t ap diferan san prètriz Bondye a. Ankouraje yo pou yo di poukisa yo gen rekonesans pou prètriz la, ansanm ak eksperyans yo te fè avèk pouvwa prètriz la—nan fanmi pa yo, apèl yo, oswa lavi pèsonèl yo. Kijan nou jwenn aksè nan pouvwa prètriz la?

  • Sèman ak alyans nan prètriz la (gade Doktrin ak Alyans 84:31–42) gen yon aplikasyon espesyal pou moun yo ki òdone nan yon ofis nan prètriz la. Men anpil nan pwomès benediksyon yo ki nan vèsè sa yo disponib pou tout moun. Pou ede manm klas la wè kijan pwomès sa yo aplike ak yo, ou ta ka envite yo pou yo li vèsè 33–42 epi pale konsènan fason nou ka “resevwa” prètriz la (vèsè 35), sèvitè Senyè yo, ak Senyè a. Yo ta ka li deklarasyon ki nan “Resous Adisyonèl yo” tou pou yo ka wè kisa nou bezwen fè pou nou resevwa benediksyon prètriz yo. Ou ta ka ede manm klas la reflechi konsènan kisa ki ta ka enkli nan “tout sa Papa [a] posede” (vèsè 38), tankou atribi li yo ak kalite lavi l ap jwi. Ki lòt bagay ki enpresyone nou nan vèsè ak deklarasyon sa yo?

    Imaj
    fi k ap pran sentsèn

    Odonans prètriz yo beni tout pitit Bondye yo.

Doktrin ak Alyans 84:61–88

Senyè a ap soutni moun k ap sèvi l yo.

  • Pandan vèsè sa yo destine pou moun yo ki “pral mache epi preche levanjil sa a nan wòyòm nan” (vèsè 80), anpil nan prensip ki ladan yo ka aplike ak tout moun ki ap sèvi Bondye. Ou ta ka bay chak manm klas la yon pòsyon nan Doktrin ak Alyans 84:61–88 la pou yo li epi mande yo pou yo pataje avèk yon lòt manm klas la sa yo aprann ki ta ka aplike ak tout moun k ap sèvi Senyè a. Manm klas la ta ka chwazi yon vèsè oswa yon gwoup vèsè favori yo pou yo memorize oswa ekspoze yon kote y ap ka wè l chak jou. Ki pwomès ki ba yo plis antouzyas? Kisa nou t ap pataje nan vèsè sa yo pou enspire misyonè aplentan aktyèl yo oubyen moun ki ap prepare yo pou yo sèvi?

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Tout moun ka resevwa tout sa Papa a posede.

Prezidan M. Russell Ballard te anseye: “Tout moun ki te fè alyans sakre avèk Senyè a epi ki onore alyans sa yo elijib pou yo resevwa revelasyon pèsonèl, pou yo gen benediksyon ministè zanj yo, pou yo kominike avèk Bondye, pou yo resevwa plenitid levanjil la, epi finalman, pou yo vin eritye ansanm avèk Jezikri nan tout sa Papa a genyen” (“Gason ak Fi yo ak Pouvwa Prètriz la,” Ensign, Sept. 2014, 32).

Premye Prezidans Sosyete Sekou a nan Pieu Salt Lake la te ekri an 1878: “Nou santi nou vrèman rekonesan dèske atravè benediksyon Pè Selès nou an, noumenm, sèvant li yo jwenn apèl pou nou kolabore avèk frè yo nan bati wayòm Bondye a sou tè a, nan ede nan bati Tanp, kote nou ka resevwa benediksyon pou letan ak letènite yo. Nan tout òdonans ki disponib nan Kay Senyè a, yon fi kanpe bò kot yon gason , kit se pou vivan yo oswa mò yo, pou montre ke yon gason pa ka egziste san yon fi ni yon fi pa ka egziste san yon gason nan Senyè a” (Mary Isabella Horne, Elmina S. Taylor, ak Serepta M. Heywood, “pou Prezidan ak Manm yo nan Sosyete Sekou nan Pieu Siyon nan Salt Lake la, Salitasyon!Prezantasyon Fi yo, Jan. 15, 1878, 123).

Amelyore ansèyman nou

Santre ansèyman ou sou doktrin nan. Asire w ke w fè diskisyon klas ou a konsantre sou doktrin fondamantal ki nan ekriti yo. Ou ka fè sa nan mande manm klas yo pou yo li ekriti yo epi apresa pou yo pataje verite yo te jwenn yo, ansanm avèk eksperyans yo te fè lè yo t ap aplike verite sa yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 20–21.)