Doktrin ak Alyans 2021
16–22 Out. Doktrin ak Alyans 89–92: “Yon Prensip avèk Pwomès”


“16–22 Out. Doktrin ak Alyans 14-17: ‘Doktrin ak Alyans 89–92: “Yon Prensip avèk Pwomès”,’” Vini, Suiv Mwen -- Pou Lekoldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“16–22 Out. Doktrin ak Alyans 89–92,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch

Imaj
gason ak fi ka p fè manje

16–22 Out.

Doktrin ak Alyans 89–92

“Yon Prensip avèk Pwomès”

Lè w ap prepare pou ou anseye, reflechi sou prensip ki pi enpresyone ou yo pandan w t ap etidye seksyon 89–92 yo semèn sa a.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Sa yo se kèk kesyon ou ka itilize pou ankouraje manm klas la pou yo pataje yon bagay apati etid nan ekriti yo a: Kisa nou te li nan semèn sa ki te fòtifye temwayaj nou nan Jezikri? nan apèl pwofetik Joseph Smith la? Kisa nou te li ki te ede nou pi byen konprann plan Pè Selès la pou pitit li yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 89

Pawòl Sajès la se yon “prensip avèk pwomès.”

  • Anpil moun ka konsidere Pawòl Sajès la kòm yon senp lis sou “sa pou fè” ak “sa pou pa fè.” Pou ede manm klas la medite sou prensip yo ki dèyè enstriksyon sa a, envite yo pou yo sonde Doktrin ak Alyans 89 avèk kesyon ki tankou sa ki pi ba yo nan espri yo: Pou ki rezon Senyè a te ba nou Pawòl Sajès la? Kisa revelasyon sa a anseye nou konsènan Pè Selès la ak plan li pou nou? Deklarasyon ki nan “Resous Adisyonèl yo” ta ka gen itilite yo. Si ou santi sa ta ka pote benefis pou manm klas la, ou ta ka envite yo drese yon lis sou tablo a sou abitid ki bon ak danje pou sante nou ke Senyè a te idantifye nan Doktrin ak Alyans 89:5–17. Apresa yo ta ka repase “Sante Fizik ak Emosyonèl” nan Pou Fòs Jèn yo (25–27) epi ajoute nan lis pa yo a lòt bagay yo te jwenn. Kijan pwomès nan 3 Nefi 14: 7–8 yo te akonpli nan lavi nou?

  • Sa se yon lòt fason pou ou ede manm klas la diskite prensip yo nan Pawòl Sajès la. Ou ta ka divize klas la fè twa gwoup epi mande chak gwoup yo pou yo li seksyon 89, pou chèche jwenn repons pou youn nan kesyon ki pi ba yo: Ki prensip ki ka bay ankourajman pou yon moun ki gen difikilte pou li obeyi Pawòl Sajès la? Ki prensip ki ka ede nou pou nou pa pote jijman sou moun ki gen difikilte pou obeyi li? Ki prensip ki ka rekonfòte nou lè nou gen pwoblèm sante malgre n ap viv Pawòl Sajès la? Kòm yon pati nan aktivite sa a, ou ta ka pataje eksperyans Prezidan Dieter F. Uchtdorf la pandan fòmasyon li pou l te vin tounen yon pilòt pou lagè (gade “Kontinye ak Pasyans,” Ensign oswa Lyawona, Me 2010, 58). Ankouraje manm klas la pou yo reflechi sou yon bagay ke yo te santi enpresyon pou yo fè pandan diskisyon an, epi ba yo tan pou yo ka ekri enpresyon yo te jwenn lan.

    Imaj
    tigason k ap kouri sou yon plaj

    Bondye te revele Pawòl Sajès la pou ede pitit li yo.

Doktrin ak Alyans 90:1–17

Premye Prezidans la kenbe “kle yo nan wayòm lan.”

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere pou manm yo sonde Doktrin ak Alyans 90:1–17 la pou yo aprann konsènan Premye Prezidans lan. Ou ta ka mande manm klas la pou yo pataje sa yo te aprann lakay yo apati aktivite sa a, oswa ou ta ka etidye vèsè sa yo ak tout klas la. Manm klas la ta ka chèche jwenn tou pasaj nan “Viens écouter la voix de Dieu” (Hymnes, no. 21) oswa yon lòt chan konsènan pwofèt yo ki gen rapò ak ansèyman yo nan vèsè sa yo. Kijan sèvis Premye Prezidans la te ede nou vin konnen Pè Selès la ak Jezikri?

Doktrin ak Alyans 91

“Lespri a manifeste verite.”

  • Nan mond la jodia, nou ekspoze anba mesaj ki gen “anpil bagay … ki se verite” ak “anpil bagay … ki se pa verite” (vèsè 1–2). Envite manm klas la pou yo chèche nan seksyon 91 la pou yo ka jwenn konsèy konsènan Apokrif yo ki ka ede yo disène verite nan mesaj yo jwenn yo. Ki egzanp yo ka pataje sou fason Lespri a ede yo disène laverite?

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Pawòl Sajès la.

Prezidan Boyd K. Packer te anseye:

“Pawòl Sajès la te ‘revele kòm yon prensip ak pwomès’ [Doktrin ak Alyans 89:3]. Mo prensip la nan revelasyon an gen yon trè gran enpòtans. Yon prensip se yon verite dirab, yon lwa, yon règ ou ka adopte pou gide ou nan pran desizyon w yo. An jeneral prensip yo pa revele avèk anpil detay. Sa kite nou lib pou nou jwenn wout nou avèk yon verite dirab, yon prensip, kòm ankraj nou.

“Manm yo ekri pou yo mande si bagay sa a oswa yon lòt kont Pawòl Sajès la. Tout moun konnen ke te, kafe, likè, ak tabak kont li. Sa pa t fin revele avèk tout detay yo. Okontrè, nou anseye prensip la ansanm ak benediksyon ki pwomèt yo. Gen anpil sitiyasyon ki tounen abitid, bagay ki bay adiksyon ke yon moun ka bwè oswa mastike oswa rale nan nen yo oubyen enjekte nan kò yo ki domaje kò a ak espri a ke yo pa mansyone nan revelasyon an. …

“Onore prensip la ki nan Pawòl Sajès la epi n ap resevwa benediksyon yo pwomèt yo” (“Pawòl Sajès la: Prensip la ak Pwomès yo,” Ensign, Me 1996, 17–18).

Amelyore ansèyman nou

Rann temwayaj souvan. Temwayaj senp e sensè ou sou verite espirityèl yo kapab gen yon enfliyans puisan sou moun w ap anseye yo. Temwayaj ou pa bezwen grandyoz ni byen long. Li ka, paegzanp, se yon temwayaj senp sou yon benediskyon ou te resevwa paske w te respekte Pawòl Sajès la. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 35.)