Doktrin ak Alyans 2021
9–15 Out. Doktrin ak Alyans 88: “Etabli … yon kay Bondye”


“9–15 Out. Doktrin ak Alyans 88: ‘Etabli … yon kay Bondye’”, Vini, Suiv Mwen -- Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“9–15 Out. Doktrin ak Alyans 88,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021

Imaj
sal avèk chèz ak ban

9–15 Out.

Doktrin ak Alyans 88

“Etabli … yon kay Bondye”

Kòm yon enstriktè levanjil la, ou gen yon responsablite pou ede klas ou a “anseye youn lòt doktrin sou wayòm lan” ak “pawòl sajès yo” (Doktrin ak Alyans 88:77, 118). Anplis pataje bagay ou te enspire pou w anseye nan Doktrin Ak Alyans 88 yo, ankouraje manm klas la pou yo anseye youn lòt sa yo te aprann.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pafwa yon imaj kapab ankouraje pataj. Ou ta ka montre foto yon branch pye oliv (oswa desinen youn sou tablo a) epi envite manm klas la pou pataje vèsè nan Doktrin ak Alyans 88 ki ede yo konprann kisa ki petèt te fè Joseph Smith rele revelasyon sa a yon “‘fèy olivye’ … , mesaj sou lapè Senyè a pou nou” (antèt seksyon an).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 88:6–50

Limyè ak lwa yo soti nan Jezikri.

  • Pou ede klas la konprann Doktrin ak Alyans 88:6–50, ou ta ka ekri limyè ak lwa sou tablo a epi divize klas la an de gwoup. Yon gwoup ta ka repase Doktrin ak Alyans 88:6–13, 40–50, pou chèche jwenn bagay yo aprann konsènan Jezikri apati referans yo sou limyè nan vèsè sa a yo. Lòt gwoup la ta ka chèche nan vèsè 13–26, 34–42, pou jwenn sa yo te aprann konsènan enpòtans pou suiv lwa l yo. Kisa verite yo konsènan limyè ak lwa a nan seksyon 88 la anseye nou konsènan Sovè a? Kijan yo enspire nou pou nou vin pli plis tankou li?

Doktrin ak Alyans 88:62–76, 119–26

Nou ka vin tounen pwòp atravè ekspyasyon Jezikri a.

  • Kòmandman Senyè a pou “sanktifye tèt nou” an parèt defwa nan seksyon 88 la (vèsè 68, 74). Si ou santi w enspire pou diskite kisa sa vledi, ou ta ka kòmanse pa eksplore ansanm definisyon mo tankou sanktifye a oubyen repase kèk nan pasaj ki anba tit “Sanktifikasyon” an nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Ou ta ka envite manm klas la pou yo li Doktrin ak Alyans 88:62–76, 119–26 tou epi diskite kesyon tankou sila yo avèk yon patnè: Kijan nou rive vin sanktifye? Ki pwomès Senyè a nou jwenn nan vèsè sa a yo? Poukisa Senyè a vle pou nou pwòp? Yo ta ka jwenn repons tou pou kesyon sa a yo nan mesaj Prezidan Dallin H. Oaks la “Pwòpte atravè Repantans” (Ensign oswa Lyawona, Me 2019, 91–94; gade sou “Resous Adisyonèl yo”).

Doktrin ak Alyans 88:77–78, 118–26

Senyè a vle pou nou chèche konesans nan etid ak pa lafwa.

  • Konsèy Senyè a te bay pou etabli “lekòl pou pwofèt yo” nan Kirtland (vèsè 137) ta ka ede klas la nan efò yo pou “anseye youn lòt sou doktrin wayòm nan” (vèsè 77). Petèt ou ta ka eksplore vèsè 77–78 ak 118–26 epi diskite kijan pou fè klas ou a vin yon “kay pou aprann” (vèsè 119). Manm klas la ta ka ekri kèk “regleman pou klas” oswa prensip ki baze sou vèsè sa a yo ki pral gide aprantisaj nou nan klas la. Ou ta ka mande manm klas la tou pou yo pataje kijan y ap eseye pou aplike prensip sa yo pandan y ap “chèche aprann” (vèsè 118).

    Imaj
    timoun k ap etiidye ekriti yo

    Lakay nou ka tounen plas pou aprantisaj espirityèl.

Doktrin ak Alyans 88:119

Tanp lan se kay Bondye.

  • Si posib, afiche foto tanp ki pi pre a sou tablo a, epi envite klas la pou tou ekri tou pre li mo nan vèsè 119 yo ke yo itilize pou dekri kay Senyè a. Envite yo pou yo pataje eksperyans ki montre kijan tanp lan koresponn ak chak deskripsyon yo. Ou ta ka diskite tou kijan vèsè sa a yo ta ka gide lavi nou.

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Pwòpte atravè repantans.

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye:

“Repantans kòmanse avèk Sovè nou an, e li se yon jwa, pa yon fado. …

“Pou repantans ka pwòpte nou, nou dwe abandone peche nou yo epi konfese yo bay Senyè a ak jij li nan mòtalite a lè sa nesesè (gade Doktrin ak Alyans 58:43). Alma te anseye ke nou dwe ‘pwodui zèv lajistis’ tou (Alma 5:35). Tout sa fè pati envitasyon ekriti yo toujou ba nou pou nou vin jwenn Kris la.

“Nou bezwen pou nou pran Sentsèn nan chak jou Saba. Nan òdonans sa a, nou fè alyans epi nou resevwa benediksyon ki ap ede nou simonte tout zak ak dezi ki anpeche nou atenn pèfeksyon Sovè a envite nou pou nou atenn nan (gade Matye 5:48; 3 Nefi 12:48). Si nou ‘debarase kò [nou] anba tout endiyite, e si nou renmen Bondye avèk tout pouvwa [nou], panse nou, ak fòs nou,’ lè sa a nou kapab ‘vin pafè nan Kris la epi vin ‘sanktifye’ atravè san lki ki te koule, pou nou vin ‘psen, san tach’ (Mowoni 10:32–33). Ala yon pwomès! Ala yon mirak! Ala yon benediksyon!” (“Pwòpte atravè Repantans,” Ensign oswa Lyawona, Me 2019, 92).

Amelyore ansèyman nou

Chèche jwenn dokimantasyon k ap kore prensip yo. Anplis sigjesyon an nan plan sa a, ou ta ka chèche jwenn videyo Legliz la, mizik, oswa pyès atistik pou anseye prensip yo ki nan Docktrin ak Alyans 88. (Gade Anseye nan Fason Sovè a, 17–18.)