Doktrin ak Alyans 2021
16–22 Out. Doktryn ak Alyans 89–92: “Yon Prensip ki Akonpaye pa Yon Pwomès”


“16–22 Out. Doktryn ak Alyans 89–92: ‘Yon Prensip ki Akonpaye pa Yon Pwomès’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“16–22 Out. Doktrin ak Alyans 89–92,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
yon mesye ak yon fi k ap fè manje

16–22 Out.

Doktrin ak Alyans 89-92

“Yon Prensip ki Akonpaye pa Yon Pwomès”

Nan lapriyè, etidye Doktrin ak Alyans 89-92 la, epi ekri enpresyon w resevwa yo. Pote atansyon a fason “Lespri a [manifeste] verite” a pou ou pandan w ap etidye a (Doktrin ak Alyans 91:4).

Ekri enpresyon ou

Nan Lekòl Pwofèt yo, Pwofèt Joseph Smith te anseye ansyen Izrayèl yo sou bati wayòm Bondye a sou tè a. Yo te diskite sou verite espirityèl yo, yo te priye ansanm, jene, epi prepare yo pou yo te preche levanjil la. Men te gen yon bagay nan atmosfè a ki te ka parèt etranj pou nou jodia, e sa pa t sanble l te nòmal pou Emma Smith nonplis. Pandan reyinyon yo, mesye yo te konn ap fimen ak tchike tabak, sa ki pa t inabityèl nan epòk la, men sa te kite tach nwa sou planche anbwa a ak yon gwo odè nan lè a. Emma te di Joseph kijan sa pa t fè l plezi, epi Joseph te mande Senyè a. Rezilta a sete yon revelasyon ki ta pral odela lafimen ak tach tabak. li te bay Sen yo, pou dè jenerasyon k ap vini, “yon prensip avèk yon pwomès”—pwomès sante fizik, “sajès,” ak “gwo trezò konesans” (Doktrin ak Alyans 89:3, 19).

Gade Les Saints, 1:166–68 tou.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 89

Pawòl Sajès la se “yon prensip avèk yon pwomès.”

Lè ansyen yo nan Lekòl Pwofèt la te tande Joseph Smith li Pawòl Sajès la pou lapremyèfwa, yo te imedyatman “voye pip yo avèk bwat tabak yo t ap tchike a nan dife ” (Les Saints, 1:168). Nan moman sa a, yo te konsidere Pawòl Sajès la plis kòm yon avètisman pase yon kòmandman, men yo te vle montre dispozisyon yo pou yo te obeyi l tou. Petèt ou siman deja “voye jete” sibstans Pawòl Sajès la avèti nou kont yo soti nan lavi ou, men ki lòt bagay ou ka aprann nan revelasyon sa a? Konsidere ide sa yo:

  • Chèche fraz ke w petèt pa t remake—oubyen ou pa t panse—anvan sa. Kisa w aprann nan yo?

  • Doktrin ak Alyans 89 la gen plizyè pwomès (gade vèsè 18–21). Kisa w panse pwomès sa yo vle di?

  • Kisa revelasyon sa a anseye w sou Senyè a?

  • Ki egzanp ou wè sou “mechanste ak plan … nan kè moun k ap konspire yo”? (vèsè 4).

  • Panse a revelasyon an kòm “yon prensip avèk yon pwomès” (vèsè 3)—dè verite dirab ki gide desizyon n ap pran—non pa jis yon senp lis bagay pou n fè ak sa pou nou pa fè. Ki prensip ou wè ki ka gide desizyon ou?

Pwofèt aktyèl yo avèti nou kont sibstans ak konpòtman danjere tou ki ale odela sa yo mansyone nan Pawòl Sajès la (gade “Sante Fizik ak Emosyonèl,” Pou Fòs Jèn yo, 25–27). Kisa w santi w pouse pou w fè pou pi byen pran swen lespri w ak kò ou?

Gade tou: Danyèl 1; 1 Korentyen 6:19–20; Sijè Levanjil, “Pawòl Sajès,” topics.ChurchofJesusChrist.org; “La Parole de Sagesse,” Révélations dans leur contexte, 183–91; addictionrecovery.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
tigason k ap kouri sou yon plaj

Pawòl Sajès la anseye nou pou nou pran swen kò nou.

Doktrin ak Alyans 90:1–17

Premye Prezidans lan detni “kle wayòm” yo.

Nan seksyon 90 la, Senyè a te bay enstriksyon sou “ministè a ak prezidans lan” (vèsè 12) pou Joseph Smith, Sidney Rigdon, ak Frederick G. Williams—ki te manm sa nou rele Premye Prezidans lan jodia. Kisa w aprann apwopo Premye Prezidand lan nan vèsè 1–17 yo? Repase kèk mesaj manm Premye Prezidans yo fèk bay. Kijan pawòl yo “devwale mistè yo ki nan wayòm nan” pou ou? (vèsè 14). Kijan yo “mete tout zafè legliz sa a ak wayòm sa a nan lòd”? (vèsè 16).

Gade Henry B. Eyring , “Pouvwa Soutyen Lafwa a,” Ensign oswa Liahona, Me 2019, 58–60.

Doktrin ak Alyans 90:24

“Tout bagay ap travay ansanm pou byen [mwen].”

Medite sou nenpòt eksperyans ou te fè ki temwaye de pwomès Senyè a ki nan Doktrin ak Alyans 90:24 la. Panse pou w ekri eksperyans ou yo epi pataje yo avèk yon manm fanmi oubyen yon moun ki chè pou ou—petèt yon moun ki bezwen reyasirans oswa ankourajman. Si gen benediksyon w ap tann toujou, reflechi sou sa w ka fè pou w rete fidèl pandan w ap tann pou w wè kijan “tout bagay pral travay ansanm pou byen w” la.

Doktrin ak Alyans 101:30–31

Kiyès Vienna Jaques te ye?

Vienna Jaques te fèt 10 Jen 1787 nan Massachussetts. Kòm yon fi plen lafwa ki te gen gwo mwayen finansye, Vienna te rankontre misyonè yo pou lapremyè fwa an 1831. Apre l te fin jwenn yon temwayaj nan men Lespri a pou di l ke mesaj la te vrè, li te vwayaje pou l t al rankontre Pwofèt la nan Kirtland, nan Ohio, kote li te batize.

Vienna te obeyi konsèy Senyè a te bay pou li nan Doktrin ak Alyans 90:28-31 an. Konsekrasyon l nan Senyè a, enkli don li te bay nan Kirtland anvan sa, te rive nan yon moman vital pou Legliz la, kote dirijan yo t ap eseye achte tè kote Tanp Kirtland nan ta pral bati a. Vienna te “fidèl, epi li pa t … parese” pandan tout lavi li e finalman li te “tabli nan lapè” (vèsè 31) nan Vale Salt Lake la, kote l te mouri nan laj 96 zan.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 89.Manm fanmi w yo ta gen dwa kontan desine oubyen chèche foto sou manje ak lòt sibstans yo mansyone nan Doktrin ak Alyans 89la. Apresa, nou gen dwa jwe yon jwèt—kote youn apre lòt manm fanmi an ka chwazi kèk foto pa aza, jete bagay nou pa dwe itilize yo nan poubèl epi bagay nou dwe itilize yo nan yon asyèt. Kijan pwomès yo fè nan vèsè 18–21 yo te akonpli nan lavi ou?

Li “Sante Fizik ak Emosyonèl” nan Pou Fòs Jèn yo (25–27) ta ka soulve yon diskisyon sou lòt fason pou nou pran swen sante nou ak sou benediksyon Bondye pwomèt yo.

Doktrin ak Alyans 90:5.Pale de fason w “resevwa revelasyon oubyen pwofèt Bondye yo.” Kijan nou ka montre ke nou pa pran yo “alalejè”?

Doktrin ak Alyans 91.Diskite sou fason konsèy Senyè a osijè Apocryphes yo (gade vèsè 1–2) aplike pou sa n ap wè nan medya yo jodia (gade Gid Ekriti yo, “Apocryphes,” tou nan scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Ou gen dwa pataje eksperyans pèsonèl kote w te “Lespri a te eklere ou” (vèsè 5) pou te ede w disène ant verite ak erè.

Doktrin ak Alyans 92:2.Kisa savle di pou nou se “yon manm vivan” Legliz la?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Je demeure dans un temple,” Chants pour les enfants,73

Amelyore ansèyman nou

Itilize divèsite. Chèche diferant fason pou angaje fanmi w nan etid ekriti familyal. Paregzanp, manm fanmi yo ka chante kantik oswa chan nan chan timoun yo ki anrapò avèk yon vèsè, desine foto sou sa yo li a, oubyen fè rezime yon vèsè avèk pwòp mo pa yo.

Imaj
fwi ak legim

“Epi tout sen ki … obsève pawòl sa yo, ki mache nan obeyisans nan kòmandman yo, ap resevwa sante nan lonbrit yo ak mwèl nan zo yo” (Doktrin ak Alyans 89:18).