Doktrin ak Alyans 2021
2–8 Out. Doktrin ak Alyans 85–87: “Kanpe nan Kote ki Sen”


“2–8 Out. Doktrin ak Alyans 85–87: ‘Kanpe nan Kote ki Sen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“2–8 Out. Doktrin ak Alyans 85–87,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
yon fanmi k ap mache antre nan tanp

2–8 Out.

Doktrin ak Alyans 85-87

“Kanpe nan kote ki sen”

Lespri a gen dwa pouse w al etidye kèk prensip ki nan seksyon 85–87 la ke yo pa souliyen nan plan leson sa a. Suiv enspirasyon li.

Ekri enpresyon ou

Jou Nwèl la se abityèlman yon moman pou nou medite sou mesaj tankou “lapè sou tè a” ak “bòn nouvèl pou lèzòm” (gade Lik 2:14). Men, jou 25 Desanm 1832 a, lespri Joseph Smith te preyokipe pa menas lagè. Kawolin diSid te fèk lanse defi bay gouvènman Etazini an epi yo t ap prepare yo pou batay. Epi, Senyè a te revele Joseph ke sa sete sèlman kòmansman an: “Lagè,” Li te deklare, “pral vide sou tout nasyon.” (Doktrin ak Alyans 87:2). Sete kòmsi pwofesi sa a ta pral akonpli byenvit.

Men, lè sa a, se potko sa. Nan lespas kèlke semèn, Kawolin diSid ak gouvènman Etazini an te jwenn yon konpwomi, epi lagè a pa t fèt. Men, revelasyon yo pa toujou akonpli nan moman oubyen nan fason nou atann nan. Prèske 30 ane apresa, lontan apre yo te fin asasinen Joseph Smith epi Sen yo te vwayaje al nan lwès, Kawolin diSid te rebele epi gè sivil la te fèt. Depi lè sa a, lagè atravè tout mond lan lakoz “tè a plenyen” (Doktrin ak Alyans 87:6). Byenke pwofesi sa a te finalman akonpli, valè revelasyon sa a se pa nan predi kilè yon kalamite ap rive men se plis nan anseye nou kisa pou nou fè lè l rive. Konsèy la se menm nan ni pou ane 1831, 1861, ak 2021: “Rete nan kote ki sen, epi pa kite moun deplase nou” (vèsè 8).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 85:1–2

Sa bon pou nou “ekri istwa nou.”

“Istwa” yo dekri nan vèsè 1 an te gen non moun ki te “resevwa eritaj legalman” nan Siyon yo (gade tou Doktrin ak Alyans 72:24–26). Men, istwa sa a te plis pase yon senp bagay administratif—li sete yon rejis presye sou “fason Sen yo te viv, sou lafwa yo, ak zèv yo” (vèsè 2).

Èske w ekri istwa pèsonèl oubyen w kenbe yon jounal? Kisa w ta ka ekri sou fason w viv, sou lafwa ou ak zèv ou ki ta ka yon benediksyon pou fiti jenerasyon yo? Kijan istwa sa a ta ka yon benediksyon pou ou?

Gade tou: “Jounal”: ‘Notre journal personnel est bien plis précieux que l’or,’” Enseignements des présidents de l’église: Wilford Woodruff (2011), 125–33; “Turning Hearts” (video, ChurchofJesusChrist.org).

Doktrin ak Alyans 85:64

Lespri a pale avèk yon “ti vwa dous.”

Medite sou pawòl Joseph Smith te itilize pou dekri Lespri a nan Doktrin ak Alyans 85:6 la. Nan ki sans “vwa” Lespri a se yon “ti vwa” ki “dous”? Ki kèk bagay li “pèse” nan lavi ou?

Pandan w ap panse sou fason Lespri a pale avèk ou, konsidere deskripsyon sa yo nou jwenn palentèmedyè Joseph Smith: Doktrin ak Alyans 6:22–24; 8:2–3; 9:7–9; 11:12–13; 128:1. Baze sou sa w sot li yo, kisa w santi w bezwen fè pou w pi byen pèsevwa vwa Lespri a?

Gade tou: 1 Wa 19:11–12; Elaman 5:30.

Imaj
yon fi k ap li ekriti yo

Etidye ekriti yo ede nou tande Sentespri a.

Doktrin ak Alyans 86

Moun ki jis yo pral rasanble nan dènye jou yo.

Doktrin ak Alyans 86:1–7 gen eksplikasyon Senyè a bay sou parabòl ble move zèb la, avèk yon aksan lejèman diferan pase sa l te bay nan Matye 13:24–30, 37–43 yo. Pandan w ap konpare de eksplikasyon sa yo, ki diferans ou remake? Konsidere poukisa parabòl sa a—ak diferans sa yo—vo lapèn pou nou repete yo “nan dènye jou yo sa yo” (Doktrin ak Alyans 86:4). Kisa w ka aprann nan parabòl sa a ak nan entèpretasyon li sou dènye jou yo?

Jan sa ekri nan vèsè 8–11 yo, Senyè a te pale apresa de prètriz, retablisman, ak sali pèp li a. Ki koneksyon ou wè ant vèsè sa yo ak parabòl ble ak move zèb la? Kijan w ka tankou “yon sovè pou pèp [Senyè a]”? (vèsè 11).

Gade tou: Sijè Levanjil, “Apostazi,” “Retablisman Prètriz la,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Doktrin ak Alyans 87

Nou jwenn lapè nan “kote ki sen.”

Anplis danje fizik tankou “san koule … [ak] famin, ak epidemi, ak tranbleman tè” yo (Doktrin ak Alyans 87:6), konsèy ki nan revelasyon sa a ka aplike pou danje espirityèl n ap fè fas nan dènye jou sa yo tou. Ki kote ki “lye sen” ou (vèsè 8) kote w ka jwenn lapè ak sekirite? Kisa ki fè yon lye sen? Anplis de lye fizik, petèt gen moman sen, pratik sen, oswa panse ki sen ki ka pote lapè. Kisa sa vledi pou nou pa kite moun “deplase” nou soti nan lye sa yo?

Gade Henry B. Eyring, “Yon fwaye kote Lespri Senyè a abite,” Ensign oswa Liahona, Me 2019, 22–25; Les Saints, 1:163–64; “La paix et la guerre,” Révélations dans leur contexte, 158–64.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 85:6.Kijan w ka anseye fanmi w pou yo rekonèt ti vwa dous Lespri a? Petèt ou ta ka jwe yon jwèt kote yon moun chichote kèk enstriksyon enpòtan nan mitan pil bri k ap distrè moun. Kisa ki ka distrè nou pou anpeche nou tande Sentespri a? Petèt manm fanmi w yo ta ka di kisa yo fè pou yo tande vwa Lespri a.

Doktrin ak Alyans 86.Desine oubyen gade foto ta ka ede fanmi w konprann parabòl ble a ak ivrè a. Ou gen dwa kòmanse avèk foto bagay yo dekri nan Matye 13:24–30 yo. Apresa, fanmi an ka make foto yo avèk eksplikasyon yo bay nan Doktrin ak Alyans 86:1-7 yo. Nan ki fason nou tankou ble a? Kijan nou ka tankou zanj yo k ap ranmase ble a?

Doktryn ak Alyans 87:8.Pou kòmanse yon diskisyon sou fason pou fè fwaye w vin yon lye ki pi sen, ou ta gen dwa envite manm fanmi w yo pou yo desine yon kay pou yon moun ki renmen Sovè a. Sa ka petèt mennen nan ide sou fason pou “redesine” kay ou pou fè l vin tounen yon lye lapè nan mitan danje espirityèl nan mond lan. Chan tankou: “Dans nos foyers tout est beau,” “Notre foyer ici-bas” (Cantiques, nos. 186, 188), oswa “C’est l’amour” (Chants pour les enfants, 76) ta ka ba w kèk ide.

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “C’est l’amour,” Chants pour les enfants, 76.

Amelyore ansèyman nou

Itilize kreyativite ou. Lè w ap anseye fanmi w apati ekriti yo, pa limite tèt ou a kesyon ak ide yo sigjere pou aktivite yo nan plan leson sa a. Kite ide sa yo aktive pwòp kreyativite pa w. Panse a sa fanmi w ta renmen ak sa k pral ede yo fè koneksyon ant ekriti yo ak lavi yo.

Imaj
yon chan ble

Senyè a te itilize parabòl ble ak ivrè a pou ilistre kijan pèp li a pral rasanble nan dènye jou yo.