Doktrin ak Alyans 2021
23–29 Out. Doktrin ak Alyans 93: “Resevwa Tout Bagay”


23–29 Out. Doktrin ak Alyans 93: ‘Resevwa Tout Bagay,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

23–29 Out. Doktrin ak Alyans 93,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Etyèn wè Bondye ak Jezikri

Mwen wè Pitit Gason Lòm nan kanpe adwat Bondye, pa Walter Rane

23–29 Out.

Doktrin ak Alyans 93

“Resevwa Plenitid Li”

Doktrin ak Alyans 93 anseye ke “verite se konesans bagay jan yo ye, epi jan yo te ye, ak jan yo pral vin ye” (vèsè 24). Pandan w ap etidye seksyon sa a, chèche verite a epi ekri sa ou aprann. Kisa nou dispoze pou n fè pou nou resevwa verite a? (gade vèsè 27–28).

Ekri Enpresyon ou

Pwofèt Joseph Smith te anseye: “Lè n ap monte sou yon echèl, nou dwe kòmanse pa anba, epi monte mach pa mach, jiskaske nou rive anlè; e se menm bagay avèk prensip yo nan levanjil la—nou dwe kòmanse avèk premye a, epi kontinye jiskaske nou aprann tout prensip egzaltasyon yo” (Enseignements des Présidents de l’Église: Joseph Smith [2007], 268).

Pafwa echèl egzaltasyon sa a sanble l wo alenposib, men nou te fèt pou nou grenpe rive anlè a. Kèlkeswa limitasyon nou ka wè nan noumenm, Pè Selès la ak Piti gason L lan wè yon bagay gloriye nan nou, yon bagay diven. Menmjan Jezikri “te la nan kòmansman an avèk Papa a,” se konsa “nou te la tou” (Doktrin ak Alyans 93:21, 23). Menmjan Li “te kontinye de gras an gras, jistan l te resevwa yon plenitid” la, se konsa tou “nou pral resevwa gras apre gras” (vèsè ,13, 20). Levanjil retabli a anseye nou konsènan vrè nati Bondye, epi konsa, li anseye nou tou konsènan noumenm ak kisa nou ka devni. Malgre efò “moun mechan an” (vèsè 39)—epi malgre sa nou ka santi nou manke—nou se pitit literal Bondye avèk potansyèl pou “lè tan an rive, nou resevwa tout bagay” (vèsè 19).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 93

Nou adore Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri.

Nan pale sou revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans 93la, Senyè a te eksplike: “M ba ou pawòl sa yo pou ou kapab konprann epi pou ou kapab konnen kouman pou ou aadore, epi pou ou konnen kisa w ap adore, pou ou kapab vin jwenn Papa a nan non mwen, epi lè tan an rive, pou nou resevwa tout bagay.” (vèsè 19). Pandan w ap etidye revelasyon sa a, make verite w jwenn konsènan Èt nou adore yo: Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri. Kisa w aprann sou “fason pou adore” Yo? sou fason pou “vini jwenn Papa a”?

Pwofèt Joseph Smith te anseye: “Si lèzòm pa konprann karaktè Bondye, yo pa konprann tèt yo” (Enseignements: Joseph Smith 40). Pandan w ap aprann konsènan Sovè a nan etidye Doktrin ak Alyans 93 la, chèche wè sa w aprann konsènan oumenm tou. Paregzanp, kisa w aprann konsènan Li nan vèsè 3, 12, 21, ak 26 yo? Ki verite tankou sa ou jwenn konsènan oumenm nan vèsè 20, 23 ak 28-29 yo? (Gade tou nan 1 Jan 3:2; 3 Nefi 27:27; Dean M. Davies, “Benediksyon Adorasyon yo,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2016, 93–95.)

Doktrin ak Alyans 93:1–39

Laglwa Bondye se limyè ak verite.

Ou ka remake ke laglwa, limyè, ak verite repete anpil nan revelasyon sa a. Pandan w ap etidye vèsè 21–39 la an patikilye, kreye yon lis sou verite w aprann konsènan laglwa, limyè, ak verite yo. Kouman verite sa yo enspire w pou w chèche pi gwo limyè ak verite? Kouman verite sa yo ka afekte fason w viv lavi w chak jou?

Imaj
fenèt anvit

Nou resevwa limyè ak verite lè nou kenbe kòmandman Bondye yo.

Doktrin ak Alyans 93:40–50

“Mete lòd nan pwòp kay pa ou.”

Nan apeprè vèsè 40 la, Doktrin ak Alyans 93 la sanble l fè tranzisyon soti nan anseye konsènan laglwa Bondye ak potansyèl diven nou pou bay enstriksyon osijè kapasite nou kòm paran ak mete lòd nan kay nou. Kouman ansèyman Senyè a konsènan limyè, verite, ak laglwa nan vèsè 1–39 yo ede ou konprann ak suiv konsèy ki nan vèsè 40–50 la?

Gade tou David A. Bednard, “Pi Dilijan ak Pi Sousye Lakay,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2009, 17-20.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 93:2.Kouman Jezikri se yon “vrè limyè” nan lavi nou? Nan ki fason nou wè Limyè Li nan lòt moun ki bò kote nou?

Doktrin Alyans 93:3–29.Pou ede fanmi ou diskite sou sa yo aprann nan seksyon 93 la konsènan Sovè a ak yomenm, ou ka jwe yon jwèt korespondans. Paegzanp, ou ka prepare yon je kat avèk vèsè ki nan seksyon 93 yo ki ansye verite konsènan Sovè a (gade nan vèsè 3, 12, 21, 26) ak yon lòt je ki anseye yon bagay menmjan an konsènan noumenm (gade nan vèsè 20, 23, 28–29). Manm fanmi yo ta ka youn apre lòt chwazi yon kat nan chak je, li vèsè yo, epi eseye jwenn verite ki koresponn yo. Kouman verite sa yo enfliyanse fason nou santi n konsènan Sovè a ak konsènan noumenm?

Doktrin ak Alyans 93:12–13, 20.Kisa sa vledi pou nou resevwa “gras sou gras” epi pou kontinye “soti nan gras ale nan gras”? (vèsè 12–13). Kisa vèsè sa yo sigjere konsènan fason pou nou grandi ak aprann? Kouman konesans sa a afekte fason nou trete lòt moun—ak noumenm?

Doktrin ak Alyans 93:24Li definisyon sou verite a ou jwenn nan vèsè sa a, epi envite manm fanmi ou pou yo pataje yon bagay nan seksyon 93 la ke yo konsidere kòm yon verite ki san pri. Ki lòt definisyon sou verite nou jwenn nan Jan 14:6; Jakòb 4:13; oubyen nan yon kantik konsènan verite, tankou “O, toi vérité!” (Cantiques, no. 175).

Doktrin ak Alyans 93:40.Petèt lè w li vèsè sa a, fanmi ou ka chante yon kantik konsènan aprantisaj nan fwaye a, tankou “Apprends-moi à marcher dans la clarté” (Chants pour les enfants, 172). Timoun yo ka twouve l amizan pou yo fè jès ki mache avèk mo yo. Kisa w santi w enspire pou w fè pou w ka envite plis “limyè ak verite” nan fwaye w?

Doktrin ak Alyans 93: 41–50.Diskite ansanm an fanmi sou sa ki ka pa “apwopriye pou lakay ou.” Kisa nou ka fè pou “mete lòd nan kay [nou]”? (vèsè 43–44).

Pou plis ide pou anseye timoun, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Je suis enfant de Dieu,” Chants pour les enfants, 2–3.

Amelyore Aprantisaj Nou

Li plis pase yon fwa. Ou gen dwa chwazi pou li Doktrin ak Alyans 93 la plis pase yon fwa pandan semèn nan. Chak fwa w li, ou ka remake ke verite diferan parèt klè pou ou oubyen enspire ou nan yon fason nouvo. Si w li plizyè fwa, sa ap ba w opòtinite pou w pou medite pi pwofondeman tou.

Imaj
Jezikri

Limyè ak Verite, pa Simon Dewey