Doktrin ak Alyans 2021
30 Out–5 Septanm. Doktrin ak Alyans 94–97: “Pou Sali Siyon”


30 Out–5 Septanm Doktrin ak Alyans 94–97: ‘Pou Sali Siyon’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

30 Out–5 Septanm Doktrin ak Alyans 94–97,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Tanp Kirtland

Tanp Kirtland, pa Al Rounds

30 Out–5 Septanm

Doktrin ak Alyans 94–97

“Pou Sali Siyon”

Ki prensip ak doktrin ki parèt klè pou ou pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 94-97 la? Asire w ke ou ekri enpresyon ou.

Ekri Enpresyon Ou

Lè Senyè a te kòmande Moyiz pou l te bati yon tabènak la, Li te di Moyiz pou l te “fè tout bagay selon modèl yo te montre [li] sou montay lan” (Ebre 8:5; gade tou nan Egzòd 25:8–9). Tabènak la te dwe rete nan mitan kan Izrayèl la nan dezè a (gade nan Resansman 2:1–2). Pita, Bondye te kòmande Salomon ak pèp li a pou yo te bati yon tanp dapre modèl Li te revele a (gade nan 1 Kwonik 26:12, 19).

Lè Senyè a te retabli plenitid levanjil la, Li te kòmande Joseph Smith pou l te bati tanp dapre yon modèl li te revele. Senyè a te deklare, “Se pou l bati kay la, non pa selon fason mond lan”. “Se pou l bati dapre fason m pral montre a” (Doktrin ak Alyans 95:13–14; gade tou nan 97:10). Tankou tabènak la nan dezè a, tanp lan te dwe vin yon eleman santral nan Kirtland (gade Doktrin ak Alyans 94:1).

Jodia nou jwenn kay Senyè a nan tout mond lan. Menmsi yo pa nan sant vil nou yo, yo ka rete eleman santral nan lavi nou. Malgre chak tanp diferan nan aparans, andedan yo nou aprann menm modèl diven an—yon plan selès pou mennen nou tounen nan prezans Bondye. Òdonans etènèl sakre yo ede nou bati lavi nou ak fòtifye fanmi nou “non pa dapre modèl mond lan” men dapre modèl Bondye montre nou an.

Gade Les Saints, 169-70; “Une Maison pou Notre Dieu,” Révélations dans leur contexte, 165-73.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 94; 97:15–17

Senyè a ka avèk mwen chak jou nan lavi mwen.

Enstriksyon yo nan Doktrin ak Alyans 94 ak 97 yo te bay nan menm jou a—2 Out, 1833. Seksyon 97 la pale an pati de yon tanp ki te planifye nan Konte Jackson, Missouri, tandiske Seksyon 94 la pale de batiman administratif yo nan Kirtland, Ohio. Ou ka remake kèk similarite nan sa Senyè a di konsènan diferan kalite batiman sa yo (gade nan Doktrin ak Alyans 94:2-12; 97:10–17). Pandan w ap medite sou enstriksyon sa yo, anvizaje kisa ou ka fè pou fè eksperyans laglwa ak prezans Senyè a pi souvan, ni andedan batiman Legliz yo ni nan lavi ou chak jou.

Doktrin ak Alyans 95

Senyè a chatye moun Li renmen.

Apeprè senk mwa te pase depi Janvye 1833, lè Senyè a te kòmande Sen nan Kirtland yo pou yo te bati yon kay pou Bondye epi fè yon asanble solanèl la (gade nan Doktrin ak Alyans 88:117–19). Lè yo te resevwa revelasyon ki nan seksyon 95 la an Jen 1833 la, yo pa t ko obeyi kòmandman sa a. Kisa w aprann nan fason Senyè a te chatye Sen yo nan revelasyon sa a? Èske gen kòmandman oubyen pawòl konsèy nou poko obeyi? Kisa w santi w enspire pou w fè?

Gade tou nan Èldè D. Todd Christofferson, “Je reprends et châtie tous ceux que j’aime,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2011, 97–100

Doktrin ak Alyans 95:8, 11–17; 97:10–17

Nan tanp lan Bondye beni pèp Li a.

Apre yo te fin blame yo paske yo pa t bati yon kay pou Senyè a nan Kirtland, dirijan Legliz yo te chwazi yon moso tè nan yon chan ble kote yo ta pral bati li. Hyrum Smith, frè pwofèt la, te imedyatman kouri al pran yon kouto digo epi l te kòmanse netwaye teren an. Li te di: “Na p prepare pou nou bati yon kay pou Senyè a,epi mwen detèmine pou m se mwen ki premye ouvriye a” (nan Enseignements des Présidents de l’église [2007], 271, 273). Medite sou dezi Hyrum nan pandan w ap li Doktrin ak Alyans 95:8, 11–17; 97:10–17. Kisa w twouve ki enspire menm detèminasyon sa a nan ou pou w resevwa benediksyon tanp yo?

Imaj
Hyrum Smith kenbe kouto digo a

Hyrum Smith ap Netwaye Teren, pa Joseph Brickey

Doktrin ak Alyans 97:18–28

Siyon se “moun ki gen kè pi.”

Pwofèt Joseph Smith te anseye, “Nou dwe fikse konstriksyon Siyon an kòm pi gwo bi nou” (Enseignements: Joseph Smith, 186). Pou Sen yo nan ane 1830 yo, Siyon sete yon andwa, literalman “vil Bondye nou an” (Doktrin ak Alyans 97:19). Men, nan revelasyon ki anrejistre nan seksyon 97 la, Senyè a te elaji chan vizyon sa a. Siyon dekri yon pèp—“ki gen kè pi” tou (verse 21). Pandan w ap li vèsè 18–28, reflechi sou definisyon sa a lè w li mo “Siyon” an. Kisa sa vledi pou ou yon moun ki gen kè pi? Kouman tanp la ede akonpli “sali Siyon”? (vèsè 12).

Gade tou nan Moyiz 7:18; Sijè Levanjil, “Siyon,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 95:8.Kouman lè nou fè ak kenbe alyans tanp yo sa pote “pouvwa ki soti anwo” nan lavi nou? Petèt manm fanmi yo ta ka pataje fason yo santi yo konsènan tanp oubyen pataje eksperyans kote yo te santi benediksyon avèk “pouvwa ki soti anwo” atravè adorasyon nan tanp lan.

Pou ede moun k ap prepare yo pou antre nan tanp yo, ou ka repase videyo, foto, ak enstriksyon ki nan temples.ChurchofJesusChrist.org yo. Pou ede timoun yo aprann konsènan tanp, ou ta ka itilize “Votre Voie vers le Temple” (nan Temples of The Church of Jesus Christ of Latter-day Saints [piblikasyon espesyal nan Ensign oubyen Lyawona, Okt. 2010], 72–75).

Doktrin ak Alyans 95:1–11.Kisa nou aprann konsènan chatye nan vèsè sa yo? Kisa w aprann konsènan Senyè a? Kouman ide sa yo afekte fason nou resevwa chatiman oubyen chatye lòt moun?

Doktrin ak Alyans 97:8.Selon vèsè sa a, kouman nou ka jwenn “akseptasyon nan” Senyè a? Kouman sa diferan pa rapò ak jwenn akseptasyon nan mond lan? Kisa sa vledi pou n “respekte alyans [nou] yo pa sakrifis”? Kouman nou te reyisi fè sa?

Doktrin ak Alyans 97:10–21.Pwofèt Joseph Smith te anseye, “Nenpòt andwa kote Sen yo rasanble se Siyon, ke chak gason [ oubyen fi] jis pral bati yon pou l yon lye sekirite pou pitit li [fi ou gason]” (Enseignements: Joseph Smith, 186). Kouman nou ka bati Siyon nan fwaye nou? Ki prensip nou jwenn nan Doktrin ak Alyans 97:10–21 an? Antanke yon fanmi, chwazi yon prensip pou n konsantre sou li nan semèn sa a.

Pou plis ide pou anseye timoun, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan yo sigjere: “Oh, j’aime voir le temple,” Chants pour les enfants,99.

Amelyore etid pèsonèl nou

Ekri eksperyans ou yo. Ekri eksperyans ou te fè avèk prensip ak doktrin w ap aprann yo. Eksperyans sa yo ka vin fè pati istwa pèsonèl ou ki pral beni jenerasyon fiti yo.

Imaj
Konstriksyon Tanp Kirtland nan

Konstriksyon Tanp Kirtland nan, pa Walter Rane