Doktrin ak Alyans 2021
13–19 Septanm. Doktrin ak Alyans 102–105: “Apre anpil Tribilasyon … Benediksyon an Vini”


“13–19 Septanm. Doktrin ak Alyans 102–105: ‘Apre anpil Tribilasyon … Benediksyon an Vini,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“13–19 Septanm. Doktrin ak Alyans 102–105,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun ak Fanmi yo: 2021

Imaj
gason avèk charyo

C. C. A. Christensen (1831–1912), Kan Siyon, c. 1878, penti aluil tanpera sou twal mouslin, 78 × 114 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, kado pitit pitit C. C. A. Christensen yo, 1970

13–19 Septanm

Doktrin ak Alyans 102–105

“Apre anpil Tribilasyon … Benediksyon an Vini”

Ki prensip nan Doktrin ak Alyans 102–5 yo ki siyifikan pou ou? Konsidere pou w ekri panse ak enpresyon w resevwa sou prensip sa yo.

Ekri enpresyon ou

Sen nan Kirtland yo te gen kè brize lè yo te tande moun te chase frè ak sè nan Jackson County, Missouri yo sòti lakay yo. Sa te siman ankouraje yo lè sa a, lè Senyè a te deklare ke “redanmsyon Siyon“ t ap “vini avèk pouvwa“ (Doktrin ak Alyans 103:15.). Avèk pwomès sa a nan kè yo, plis pase 200 gason, plis anviwon 25 fi ak timoun te anwole nan sa yo te rele Kan Izrayèl la, ki te vin rele Kan Siyon nan apre. Misyon l sete pou l te mache al Missouri epi rachte Siyon.

Pou manm yo nan kan an, rachte Siyon te vledi retabli Sen yo nan tè yo. Men, prèske anvan yo te rive nan Jackson County, Senyè a te di Joseph Smith pou l te kanpe epi pou l defèt Kan Siyon an. Kèk manm nan kan an te gen konfizyon epi yo te fache poutèt nouvo enstriksyon sa a; pou yomenm, sa te vledi ekspedisyon an pa t reyisi epi pwomès la pa t akonpli. Sepandan, kèk lòt te wè l nan fason diferan. Pandan ke Sen ki te egzile yo pa t janm retounen nan Jackson County, eksperyans la te pote yon degre “redanmsyon” pou Siyon, epi l te “vini avèk pouvwa.” Nan pami manm fidèl nan Kan Siyon yo, anpil te vin dirijan Legliz la nan apre, yo te temwaye ke eksperyans la te apwofondi lafwa yo nan pouvwa Bondye, nan apèl diven Joseph Smith, ak nan Siyon—non sèlman Siyon, andwa a, men Siyon, pèp Bondye a tou. Olye ke yo te kesyone enpòtans tach sa a ki te sanble l pa t reyisi a, yo te aprann ke vrè tach la se suiv Sovè a, menm lè nou pa konprann tout bagay. Se konsa Siyon pral rachte alafen.

Gade Les Saints, 1:194–206; “L‘offrande acceptable du camp de Sion,” Révélations dans leur contexte, 213–18.

Imaj
ti rivyè

Kan Siyon an te rete bò plaj Rivyè Little Fishing nan ki nan foto sa a.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 102:12–23

Ki objektif enstriksyon ki nan vèsè sa yo?

Seksyon 102 a gen rapò sou reyinyon nan Kirtland, Ohio a, kote premye gran konsèy Legliz la te òganize a. Vèsè 12–23 dekri pwosedi gran konsèy la te suiv lè yo t ap fè konsèy disiplinè pou moun ki te komèt transgresyon grav yo.

Prezidan M. Russell Ballard te anseye: “Kèkfwa, manm yo mande poukisa Legliz la fè konsèy disiplinè. Objektif la gen twa aspè: pou sove nanm transgresè a, pou pwoteje inosan an, epi pou sovgade pureté , entegrite ak renome Legliz la” (“Yon Chans pou Rekòmanse: Konsèy Disiplinè Legliz la ak Restorasyon Benediksyon,” Ensign, Sept. 1990, 15).

Gade tou Sijè Levanjil yo, “Konsèy Disiplinè Legliz,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Doktrin ak Alyans 103:1–12, 36; 105:1–19

Se sèlman sou prensip jistis Siyon ka bati.

Poukisa Sen yo te pèdi tè pwomiz yo a nan Missouri? Epi poukisa Senyè a pa t kite Kan Siyon an remete yo sou tè yo? Sètènman, aksyon vyolan popilas Missouri yo te jwe yon wòl, epi gouvènè Missouri a te pwomèt Sen yo sipò, men l pat janm ba yo li. Men, Senyè a te di “si se pa t pou transgresyon pèp mwen an,” Siyon “ta ka rachte” (Doktrin ak Alyans 105:2). Lè w ap li Doktrin ak Alyans 103:1–12, 36; 105:1–19, ou ka remake kèk bagay ki te anpeche etablisman Siyon nan Missouri a ak lòt bagay ki ta ka ede. Kisa w aprann ki ka ede w etabli Siyon nan kè w ak nan lakay ou?

Doktrin ak Alyans 103:12–13.; 105:1–6, 13–19

Benediksyon vini apre afliksyon ak eprèv lafwa yo.

Nan anpil fason, patisipe nan Kan Siyon an sete yon eprèv lafwa. Vwayaj la te long, tanperati a te cho, epi manje ak dlo te manke pafwa. Epi apre tout sa yo te andire, Sen yo te toujou pa t ka retounen sou tè yo a. Konsidere nan ki fason prensip nan Doktrin ak Alyans 103:12–13 ak 105:1–6, 13–19 yo ta ka ede manm nan Kan Siyon yo ki t ap mande tèt yo si kòmandman pou yo te òganize a te reyèlman sòti nan Bondye toudabò. Kouman prensip sa yo ka ede w nan pwòp eprèv lafwa pa ou?

Ou ta ka li eksperyans manm Kan Siyon yo tou nan “Vwa Retablisman yo” nan fen plan leson sa a. Kisa ki enpresyone w nan atitid yo? Kisa w ka aprann nan egzanp yo?

Gade tou David A. Bednar, “Nan bò pa Senyè a: Leson nan Kan Siyon,” Ensign, Jiyè 2017, 26–35.

Doktrin ak Alyans 104:11–18, 78–83

Mwen se yon “entandan benediksyon yo ki sou tè a.”

Anplis eprèv nan Missouri yo, an 1834, Legliz la te sibi difikilte finansyè, ansanm avèk gwo dèt ak depans. Nan seksyon 104 la Senyè a te bay konsèy sou sitiyasyon finansyè Legliz la. Kijan w ka aplike prensip ki nan vèsè 11–18 ak 78–83 yo nan desizyon finansyè pa ou?

Pou w aprann youn nan fason Senyè a te prepare pou Legliz la delivre anba esklavaj dèt la, gade “Trezò nan Syèl la: Istwa John Tanner a” (videyo, ChurchofJesusChrist.org).

Pou aprann plis sou “fason” Senyè a” (vèsè 16) pou pran swen Sen Li yo, ou ta ka etidye mesaj Prezidan Dieter F. Uchtdorf la “Pran Swen nan Fason Senyè a” (Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2011, 53–56).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 103:12. 36; 105:9–13.Èske yo pa janm mande fanmi ou (oubyen youn nan zansèt ou yo) fè yon bagay ki pa t pase jan ou te atann nan? Kisa w ka aprann nan reyaksyon manm Kan Siyon yo lè vwayaj yo a pa t pase jan yo te atann nan? (gade nan “Vwa Retablisman yo” nan fen plan leson sa a).

Doktrin ak Alyans 104:13–18.Kisa Bondye ba nou? Kisa Li atann pou nou fè avèk bagay sa yo?

Doktrin ak Alyans 104:23–46.Fanmi ou ta ka fouye vèsè sa yo pou yo wè konbyen fwa Senyè a pwomèt pou L “miltipliye benediksyon” (vèsè 23) pou moun ki fidèl yo. Petèt se ta ka yon bon lè pou w “konte benediksyon w yo” (“Compte les bienfaits,” Cantiques, no. 156) epi diskite nan ki fason sa ta ka ede nou nan tan difisil. Timoun piti yo gen dwa renmen desine foto benediksyon ki fè yo espesyalman rekonesan.

Doktrin ak Alyans 105:38–41.Kouman nou ka fè “pwopozisyon pou lapè” (vèsè 40) lè lòt moun trete nou san jantiyès oubyen trete nou mal? Kisa nou ka fè pou nou rete “yon anblèm lapè” (vèsè 39) nan fwaye nou?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Kantik yo sigjere “Compte les bienfaits,” Cantiques, no. 156.

Imaj
senbòl vwa retablisman yo

Vwa Retablisman yo

Kan Siyon

Poutèt Kan Siyon an pa t janm retabli Sen yo nan tè yo nan Jackson County, anpil moun te santi efò yo sete yon echèk. Sepandan, anpil moun ki te patisipe nan Kan Siyon an te fè yon koudèy annaryè sou eksperyans yo a epi yo te wè kijan Senyè a te akonpli yon pigran objektif nan lavi yo nan wayòm ni an. Men kèk nan temwayaj yo:

Joseph Smith

Imaj
Joseph Smith

Plis pase 40 an apre Kan Siyon an, Joseph Young, ki te yon manm kan an, te rapòte ke Joseph Smith te di bagay sa yo:

“Frè m yo, kèk nan nou fache kont mwen, poutèt nou pa t goumen nan Missouri; men kite m di nou, Bondye pa t vle pou nou goumen. Li pa t ap ka òganize wayòm ni an avèk douz gason pou ouvri pòt levanjil la bay nasyon yo sou tè a, epi avèk swasanndis gason sou direksyon yo pou suiv tras yo, san l pa t chwazi yo nan yon gwoup moun ki te ofri lavi yo, epi ki te fè yon gwo sakrifis tankou Abraram.

“Kounyea, Senyè a jwenn Douz ak Swasanndis li yo, epi lòt kolèj Swasanndis pral aple, ki pral fè sakrifis, epi sa k pa t fè sakrifis yo ak ofrann yo kounyea, pral fè yo pita.”1

Brigham Young

Imaj
Brigham Young

“Lè nou te rive nan Missouri, Senyè a te pale avèk sèvitè l la, Joseph epi l te di li: ‘Mwen aksepte ofrann ou an,’ epi nou te gen privilèj pou nou te retounen ankò. Lè m te retounen, anpil zanmi te mande m ki pwofi sa te bay pou yo te aple moun pou kite travay yo pou y al Missouri epi retounen apresa, san yo pa aparaman akonpli anyen. Yo te mande: ‘Ki moun sa benefisye?’ ‘Si Senyè a te kòmande pou sa fèt, ki rezon l te genyen pou fè sa?’ … Mwen te di frè m yo ke m te byen touche—touche avèk gwo enterè—wi, mamit mwen te ranpli ap debòde avèk konesans m te resevwa paske m te vwayaje avèk pwofèt la.”2

Wilford Woodruff

Imaj
Wilford Woodruff

“M te nan Kan Siyon avèk Pwofèt Bondye a. M te wè relasyon Bondye avèk li. M te wè pouvwa Bondye avèk li. M te wè li sete yon Pwofèt. Sa k te manifeste pou li atravè pouvwa Bondye nan misyon sa a te gen gwo valè pou mwen ak pou tout moun ki te resevwa enstriksyon l yo.”3

“Lè manm Kan Siyon yo te aple, anpil nan nou pa t janm te konn wè figi lòt; nou te etranje youn pou lòt epi anpil nan nou pa t janm wè pwofèt la. Nou te epapiye nan peyi etranje, tankou mayi ki te vannen nan yon laye, atravè tout nasyon an. Nou sete jèn gason, ke yo te aple byen bonè nan jou maten sa a pou te ale epi rachte Siyon, epi sa pou nou te fè a nou te dwe fè l pa lafwa. Nou te rasanble ansanm sòti nan plizyè Eta diferan nan Kirtland epi nou te ale pou rachte Siyon, pou akonpli kòmandman Bondye te ba nou an. Bondye te aksepte zèv nou yo menmjan L te aksepte zèv Abraram yo. Nou te akonpli yon gwo bagay, menmsi aposta ak enkwayan te poze kesyon sa a anpil fwa ‘kisa nou te fè?’ Nou te fè yon eksperyans nou pa t ap janm ka fè [nan] okenn lòt fason. Nou te gen privilèj pou nou te wè figi pwofèt la, epi nou te gen privilèj pou nou te vwayaje sou dèmilye kilomèt avèk li, epi nou te wè travay lespri Bondye a avèk li, ak revelasyon Jezikri te ba li ak akonplisman revelasyon sa yo. Epi l te rasanble anviwon desan èldè ki te soti atravè tout nasyon an bonè nan jou sa a epi l te voye nou ale nan tout mond la pou nou te preche levanjil Jezikri a. Si m pa t ale avèk Kan Siyon an, mwen pa t ap la a jodia [nan Salt Lake City, ap sèvi nan Kolèj Douz yo]. … Poutèt nou te ale a, yo te twouve nou diy pou yo voye nou nan jaden an pou nou preche levanjil la, epi Senyè a te aksepte travay nou. Epi nan mitan tout travay ak anba pèsekisyon nou yo, ak lavi nou ki te souvan an danje, nou te oblije travay ak viv pa lafwa.”

“Eksperyans [nou] te fè nan vwayaje al nan Kan Siyon an te gen plis valè pase lò.”

Nòt

  1. Nan Joseph Young Sr., Istwa òganizasyon Swasanndis yo (1878), 14.

  2. “Diskou,” Deseret News, 3 Des. 1862, 177.

  3. Nan Conference Report, Avr. 1898, 29–30; gade tou Enseignements des présidents de l’église: Wilford Woodruff (2004), 135.

Imaj
Kan Siyon bòkote rivyè a

Kan Siyon (Kan Siyon nan Fishing River), tablo: Judith A. Mehr